Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te anrichi lavi yo — Èske w ka fè menm jan avèk yo ?

Yo te anrichi lavi yo — Èske w ka fè menm jan avèk yo ?

Yo te anrichi lavi yo — Èske w ka fè menm jan avèk yo ?

MARC se yon frè k ap viv nan peyi Kanada. Li t ap travay pou yon gwo antrepriz ki fabrike sistèm wobo sofistike ajans espasyal yo itilize. Li te konn travay yon pati nan tan l e li te pyonye pèmanan. Gen yon sipèvizè nan travay Marc la ki te ofri l yon pwomosyon. Si Marc te aksepte pwomosyon sa a, li t ap touche anpil lajan, men li t ap oblije travay aplentan. Ki sa Marc te fè ?

Amy se yon sè k ap viv nan peyi Filipin, li te nan fen etid li e li te pyonye pèmanan anmenmtan. Apre li te fin gradye nan sa li t ap aprann nan, yo te ofri l yon travay ki mande anpil tan, men ki byen peye. Ki chwa Amy te fè ?

Marc ak Amy pa t pran menm desizyon, e rezilta chwa yo te fè a montre sajès ki genyen nan konsèy apot Pòl te bay kretyen ki t ap viv nan vil Korent nan tan lontan yo. Men sa li te di yo : “ Se pou moun k ap sèvi ak monn nan tankou moun ki pap sèvi avè l nèt. ” — 1 Kor. 7:29-31.

Pa sèvi ak monn nan nèt

Anvan nou pale de sa k te pase Marc ak Amy, annou egzamine ekspresyon “ monn nan ” ​(oswa kòsmos an grèk) Pòl te itilize nan lèt li te voye bay Korentyen yo. Nan pasaj biblik sa a, ekspresyon kòsmos la fè referans ak sistèm n ap viv ladan l lan, sosyete lèzòm fòme a. Li gen ladan l bagay nòmal ki fè pati lavi n ap mennen chak jou a, tankou lojman, manje, abiye *. Pou nou rive gen bagay sa yo ki nesesè pou nou viv chak jou, pifò nan nou oblije travay. Anfèt, nou pa gen chwa, nou oblije sèvi ak monn nan pou nou ranpli obligasyon Bib la fè nou pou nou bay fanmi nou sa yo gen bezwen (1 Tim. 5:8). Men anmenmtan, nou konnen se pase “ monn nan ap pase ”. (1 Jan 2:17.) Se sa k fè nou sèvi ak monn nan nan yon limit rezonab, men nou pa sèvi avè l “ nèt ”. — 1 Kor. 7:31.

Konsèy sa a nou jwenn nan Bib la pouse anpil frè ak sè mete yon limit nan fason y ap sèvi ak monn nan. Pou yo fè sa, yo reegzamine sitiyasyon yo. Genyen ki redui kantite tan yo pase ap travay e yo senplifye lavi yo. Apre yo fin fè sa, yo rann yo kont lavi yo vin anrichi an reyalite, paske yo vin gen plis tan pou yo pase ak fanmi yo e yo gen plis tan tou pou yo pase nan sèvis Jewova. Anplis de sa, lavi senp y ap mennen an fè yo vin depann mwens de monn nan e yo depann plis de Jewova. Èske w ka fè menm jan an ? Èske w ka senplifye lavi w yon fason pou w fè enterè Wayòm nan avanse ? — Mat. 6:19-24, 33.

“ Nou santi nou pi pwòch Jewova pase nenpòt lòt lè anvan ”

Marc, nou te mansyone nan kòmansman atik la, te koute konsèy biblik sa a ki di pou nou pa sèvi ak monn nan nèt. Li te refize pwomosyon yo te ofri l la. Kèk jou apre sa, sipèvizè Marc la te ofri l yon pòs ki pi byen peye pase premye sa l te ofri l la. Marc di “ se te yon tès, men mwen te refize ankò ”, li esplike poukisa, li di : “ Mwen menm ak madanm mwen Paula nou te vle pou lavi nou baze sou sèvis Jewova, nou te vle sèvi l ak tout nou menm otank sa posib. Se sa k fè nou te pran rezolisyon pou nou senplifye lavi nou. Nou te priye Jewova pou l ban nou sajès pou nou te ka atenn objektif sa a e pou nou te fikse yon dat pou nou rann nou disponib pou nou sèvi Jewova plis toujou. ”

Men sa Paula fè remake : “ Mwen te konn travay twa jou pa semèn nan yon lopital kòm sekretè e yo te byen peye m. Mwen t ap sèvi antanke pyonye pèmanan tou. Sepandan, menm jan ak Marc, mwen te vle rann tèt mwen disponib pou m sèvi Jewova kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Poutan, lè m te vin bay demisyon m kote m t ap travay la, sipèvizè m nan te di m mwen kalifye pou pòs sekretè an chèf nan lopital la, yon pòs ki te vin disponib. Antanke sekretè an chèf, se mwen menm ki t apral touche plis lajan, men mwen te rete fèm sou desizyon mwen te pran an. Lè mwen te di sipèvizè m nan rezon ki fè mwen pa prezante m kòm kandida pou pòs sa a, li te felisite m pou lafwa m. ”

Yon ti tan apre sa, Marc ak Paula te jwenn asiyasyon pou y al sèvi nan yon ti kongregasyon ki nan yon zòn izole nan peyi Kanada. Ki rezilta yo te jwenn ? Men sa Marc di : “ Apre mwen te fin kite yon djòb kote mwen te byen touche e mwen te stab, yon djòb mwen te fè prèske mwatye vi m ladan l, mwen te gen yon ti enkyetid, men Jewova te beni ministè m. Nou santi yon jwa estrawòdinè lefètke n ap ede lòt moun pou yo vin sèvi Jewova. Sèvis aplentan an anrichi maryaj nou tou. Konvèsasyon nou toujou santre sou bagay ki vrèman enpòtan, bagay ki gen rapò ak sèvis n ap bay Jewova a. Nou santi nou pi pwòch Jewova pase nenpòt lòt lè anvan. ” ​(Tra. 20:35). Men sa Paula ajoute : “ Lè w kite travay ou e ou kite konfò w te genyen nan fanmi w, ou bezwen mete tout konfyans ou nan Jewova. Se sa nou te fè, e Jewova beni nou. Frè ak sè nou yo ki nan nouvo kongregasyon kote nou ye a fè nou santi yo renmen nou e yo fè nou santi nou itil. Kounye a, mwen sèvi ak enèji mwen te konn depanse nan travay mwen an pou m ede lòt moun nan domèn espirityèl. Se pa ti kontan mwen kontan sèvi nan tèritwa sa a ! ”

‘ Li pa manke anyen, epoutan kè li pa kontan ’

Amy, nou te mansyone pi wo a, te fè yon chwa ki diferan. Li te aksepte pòs yo te ofri l la, yon pòs kote li t ap byen touche, men li t ap gen pou l travay aplentan. Men sa l di : “ Pandan premye ane a, mwen te rete aktif nan ministè a. Men, mwen te vin rann mwen kont, tikras pa tikras, priyorite mwen te gen nan lavi m yo t ap chanje. Mwen te vin mwens enterese nan bagay espirityèl e se karyè m ak pwomosyon m ki te vin plis enterese m. Mwen te jwenn lòt òf ki tantan pou m kontinye avanse nan karyè m e mwen te kòmanse depanse plis enèji pou m ka vin nan pi gwo pòs. Piske responsablite m t ap ogmante nan travay la, ofiramezi mwen te vin rete mwens tan pou m pase nan ministè a. Finalman, mwen te vin sispann preche nèt. ”

Lè Amy fè yon gade dèyè, men sa li note : “ Nan domèn ekonomik, mwen pa t manke anyen. Mwen te konn vwayaje anpil e mwen te jwenn prestij djòb sa a te gen ladan l. Sepandan, kè m pa t kontan. Malgre mwen te gen lajan, mwen te gen yon pakèt pwoblèm. Mwen t ap mande tèt mwen sa k pase. Se lè sa a mwen vin rann mwen kont, lefètke m ap pousuiv yon karyè nan monn nan, mwen prèske ‘ pèdi chemen lafwa a ’. E kòm rezilta, jan Pawòl Bondye a di sa, mwen te jwenn ‘ anpil soufrans ’. ” — 1 Tim. 6:10.

Ki sa Amy te fè ? Men sa li di : “ Mwen te ale kote ansyen yo, mwen te mande yo pou yo ede m rejwenn sante espirityèl mwen e mwen te kòmanse asiste reyinyon. Pandan yo t ap chante yon kantik, mwen te kriye. Mwen sonje jan mwen te gen kè kontan pandan senk an mwen t ap preche antanke pyonye, byenke lè sa a mwen pa t posede anpil bagay nan domèn materyèl. Mwen te rann mwen kont mwen te dwe sispann gaspiye tan m nan chèche fè lajan e mwen te dwe mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi m. Mwen te aksepte yon pòs ki pi ba nan travay la, sa te vle di mwen t apral touche 50 pousan an mwens parapò ak sa m te konn touche anvan. Mwen te rekòmanse preche ankò. ” Ak kè kontan, men sa Amy fè remake : “ Mwen te gen lajwa pou m sèvi antanke pyonye pandan kèk ane. Kounye a, mwen gen yon santiman satisfaksyon mwen pa t janm genyen lè mwen te pase prèske tout tan m ap travay nan monn nan. ”

Èske w ka fè ajisteman pou w senplifye lavi w ? Si w fè sa e ou sèvi ak tan sa a pou w fè enterè Wayòm nan avanse, ou menm tou w ap anrichi lavi w. — Pwo. 10:22.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Gade liv Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 318-9.

[Antrefilè nan paj 19]

Èske w ka fè kèk ajisteman oswa èske w ka senplifye lavi w ?

[Kare/Foto nan paj 19]

“ Mwen deja renmen l ! ”

David se yon ansyen k ap viv nan peyi Etazini. Li te vle vin jwenn madanm li ak pitit li nan sèvis aplentan. Pou l te fè sa, li te fè aranjman pou l travay mwatye tan nan yon konpayi li t ap travay ladan l. Konsa, li te vin sèvi kòm pyonye pèmanan. Èske chanjman sa a te anrichi lavi David ? Kèk mwa apre, men sa li te ekri yon zanmi l : “ Pa gen anyen ki bay yon moun plis satisfaksyon pase lè li menm ak tout fanmi l ap sèvi Jewova. Anvan sa, mwen te panse mwen t ap pran plis tan anvan mwen abitye ak sèvis la, men mwen deja renmen l ! Li tèlman bay satisfaksyon. ”

[Foto nan paj 18]

Marc ak Paula k ap preche.