Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou imite pi gwo misyonè a

Annou imite pi gwo misyonè a

Annou imite pi gwo misyonè a

“ Se pou nou vin imitatè m, menm jan mwen menm mwen se imitatè Kris. ” — 1 KOR. 11:1.

1. Poukisa nou dwe imite Kris ?

APOT Pòl te imite Jezi Kris, pi gwo Misyonè a. Li te ankouraje lòt kretyen yo pou yo fè menm jan avè l. Men sa li te di yo : “ Vin imitatè m, menm jan mwen menm mwen se imitatè Kris. ” ​(1 Kor. 11:1). Apre Jezi te fin bay disip li yo yon bèl leson sou imilite lè l te lave pye yo, li te di yo : “ Mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen te fè pou nou an. ” ​(Jan 13:12-15). Antanke kretyen k ap viv nan dènye jou yo, nou gen obligasyon pou nou imite Jezi Kris nan pawòl nou ak nan aksyon nou e pou nou manifeste menm kalite li te genyen yo. — 1 Pyè 2:21.

2. Menmsi Kolèj santral la pa voye w nan yon lòt peyi antanke misyonè, ki etadespri ou kapab devlope ?

2 Nan atik anvan an, nou te aprann yon misyonè se yon moun yo voye al fè yon travay evanjelizasyon, yon moun k al pote bon nouvèl bay lòt moun. Anrapò ak sa, Pòl te poze kèk kesyon enteresan. (Li Women 10:11-15.) Remake apot la te mande : “ Ki jan yo pral fè tande san pa gen moun k ap preche ? ” Epi apre sa li site pawòl ki annapre yo ki soti nan pwofesi Izayi a : “ Ala bèl pye moun k ap anonse bon nouvèl bon bagay yo bèl ! ” ​(Iza. 52:7). Menmsi yo pa voye w nan yon peyi etranje pou w sèvi antanke misyonè, ou kapab devlope etadespri k ap fè w toujou anvi evanjelize a, sètadi k ap fè w imite Jezi antanke yon pwoklamatè k ap preche bon nouvèl la avèk zèl. Ane pase, te gen 6 957 852 pwoklamatè Wayòm nan ki te “ fè yon travay evanjelizatè ” nan 236 peyi. — 2 Tim. 4:5.

“ Nou kite tout bagay e nou suiv ou ”

3, 4. Ki sa Jezi te kite nan syèl la, e ki sa nou dwe fè si nou vle vin disip li ?

3 Pou Jezi te kapab akonpli misyon l sou tè a, “ li te vide tèt li, li te pran fòm yon esklav ”, lè l te kite vi li te gen nan syèl la ak glwa li te genyen (Fil. 2:7). Kèlkeswa sa nou abandone pou nou imite Kris, li pap reprezante anyen parapò ak sa Jezi te kite lè l te vin sou tè a. Sepandan, antanke disip Jezi, nou kapab kontinye rete fidèl, san nou pa regrèt bagay nou te kite dèyè nan monn Satan an. — 1 Jan 5:19.

4 Yon lè, apot Pyè te di Jezi : “ Ou wè, nou kite tout bagay e nou suiv ou. ” ​(Mat. 19:27). Lè Jezi te mande Pyè, Andre, Jak ak Jan pou yo suiv li, yo te abandone filè yo san pèdi tan. Yo te abandone biznis lapèch yo te genyen an e se ministè a ki te vin prensipal travay yo. Selon Evanjil Lik la, men sa Pyè te di : “ Ou wè, nou kite afè pa nou e nou suiv ou. ” ​(Lik 18:28). Pifò nan nou pa t oblije ‘ kite tout afè pa nou ’ dèyè pou nou suiv Jezi. Sepandan, nou te oblije ‘ renye tèt nou ’ pou nou vin disip Kris e pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou (Mat. 16:24). Lefètke nou te fè sa, nou jwenn anpil benediksyon. (Li Matye 19:29.) Si nou zele menm jan ak Jezi pou nou patisipe nan travay evanjelizasyon an, sa ap ban nou kè kontan, sitou si nou te gen okazyon ede lòt moun pwoche bò kote Bondye ak Pitit li a li renmen anpil la.

5. Bay yon egzanp ki montre ki sa yon moun ki te kite peyi l kapab deside fè apre l fin aprann laverite.

5 Valmir, yon Brezilyen ki t ap travay nan yon min lò, t ap viv nan yon zòn ki nan sant peyi Sirinam. Li te yon alkolik e li t ap viv yon fason imoral. Yon lè, pandan li te nan yon vil nan peyi Sirinam, Temwen Jewova yo te kòmanse etidye Labib avè l. Li te etidye chak jou, li te fè anpil chanjman nan lavi l e li pa t pran lontan pou l te batize. Lè l te remake travay li te fè sa difisil pou l viv ann amoni ak prensip biblik yo, li te vann biznis li a ki te rapòte e li te retounen o Brezil pou l al ede fanmi l jwenn trezò espirityèl. Gen anpil moun ki te kite peyi yo pou y al viv nan yon peyi rich ki kite travay yo te genyen nan peyi sa a pou yo retounen lakay yo nan objektif pou yo ede fanmi yo ak pwochen yo nan domèn espirityèl. Pwoklamatè sa yo se moun ki montre yo gen yon vrè espri evanjelizasyon.

6. Ki sa nou kapab fè menmsi nou pa ka deplase al yon kote gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan ?

6 Gen yon kantite Temwen Jewova ki konn deplase al nan zòn kote gen plis bezwen pwoklamatè Wayòm nan. Gen moun ki menm deplase al nan peyi etranje pou yo preche. Petèt ou menm pèsonèlman ou pa kapab fè yon deplasman konsa, men ou kapab imite Jezi lè w toujou fè tout sa w kapab nan ministè a.

Jewova ban nou fòmasyon ki nesesè

7. Site diferan lekòl ki la pou fòme moun ki vle devlope kapasite yo antanke pwoklamatè Wayòm nan.

7 Menm jan Jezi te resevwa fòmasyon nan men Papa l, nou menm tou nou kapab pwofite fòmasyon Jewova ap bay kounye a. Jezi te di : “ Men sa ki ekri nan liv Pwofèt yo : ‘ Se Jewova ki pral anseye yo tout. ’ ” ​(Jan 6:45 ; Iza. 54:13). Jodi a, nou gen kèk lekòl ki la espesyalman pou fòme nou antanke pwoklamatè Wayòm nan. Se sèten nou tout nou tire pwofi yon fason oubyen yon lòt nan Lekòl ministè teyokratik la ki fèt nan kongregasyon yo. Frè ak sè ki pyonye yo gen privilèj pou yo asiste Lekòl pyonye. Gen yon kantite frè ak sè ki pyonye lontan ki menm gen privilèj pou yo pase nan lekòl sa a de fwa. Ansyen ak asistan ministeryèl yo konn asiste Lekòl ministè Wayòm, yon lekòl ki ede yo amelyore kapasite yo antanke anseyan e ki ede yo pi byen sèvi frè ak sè yo. Anpil ansyen ak asistan ministeryèl ki selibatè pase nan Lekòl fòmasyon ministeryèl, yon lekòl ki ekipe yo pou yo ede lòt moun nan travay predikasyon an. Anplis, anpil nan frè ak sè yo voye kòm misyonè nan peyi etranje yo se moun ki fòme nan Lekòl Gileyad.

8. Ki sa kèk Temwen Jewova dispoze fè pou yo ka benefisye fòmasyon Jewova ap bay ?

8 Anpil Temwen Jewova fè anpil chanjman nan lavi yo pou yo kapab pase nan lekòl sa yo. Gen yon frè ki rele Yugu k ap viv o Kanada ki te kite travay li paske mèt travay li a pa t vle ba l konje pou l al nan Lekòl fòmasyon ministeryèl. Men sa li di : “ Mwen pa regrèt anyen. Okontrè, si yo te ban m konje a, se t ap yon favè yo t ap fè m, e yo ta gendwa atann pou m toujou rete nan konpayi an pou m montre rekonesans mwen pou sa. Kounye a mwen disponib pou m aksepte kèlkeswa asiyasyon mwen ta resevwa nan men Jewova. ” Gen anpil moun ki kite volontèman yon seri bagay nan monn nan yo te bay anpil valè pou yo ka pwofite fòmasyon Bondye ap bay. — Lik 5:28.

9. Site yon egzanp ki montre ki jan ansèyman biblik yo ak bonjan efò yon moun fè kapab bay bon rezilta.

9 Ansèyman biblik yo ak bonjan efò yon moun fè kapab ede l fè pwogrè yon fason remakab (2 Tim. 3:16, 17). Kòm egzanp, annou pran sa k te pase Saulo nan peyi Gwatemala. Li te fèt ak yon ti pwoblèm ki te afekte kapasite mantal li e youn nan pwofesè l yo te di manman l li pa ta dwe fòse l aprann li paske sa t ap sèlman fè l santi l fristre. Poutèt sa, Saulo te kite lekòl san li pa t aprann li. Sepandan, gen yon Temwen Jewova ki te aprann li li. Li te sèvi ak bwochi Fè jèfò pou w konn li ak ekri a. Avèk letan, Saulo te fè pwogrè nan pwen pou l bay diskou nan Lekòl ministè teyokratik. Yon jou, manman Saulo te rankontre ansyen pwofesè Saulo a nan predikasyon kay an kay. Lè l tande Saulo te aprann li, li mande manman an pou l tounen vin wè l semèn apre a ansanm avè l. Semèn apre a, lè Saulo ansanm ak manman l te vini, men sa pwofesè a te mande l : “ Ki sa w vin anseye m ? ” Saulo te kòmanse li yon paragraf pou li nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Lè sa a, pwofesè a di l : “ Mwen pa ka kwè kounye a se ou menm k ap anseye m. ” Li te tèlman kontan, li pran Saulo nan bra l e li kòmanse kriye.

Yon ansèyman ki touche kè moun yo

10. Ki bon zouti nou genyen pou ede nou anseye verite ki nan Bib la ?

10 Jezi te baze ansèyman l yo sou sa Jewova te aprann li dirèkteman e sou enstriksyon li te jwenn nan Pawòl Bondye a (Lik 4:16-21 ; Jan 8:28). Nou imite Jezi lè nou suiv konsèy li yo e nou suiv ansèyman ki baze sou sa ki nan Ekriti yo. Konsa, nou tout gen menm pawòl ak menm panse, e sa fè nou ini (1 Kor. 1:10). Ala rekonesan nou rekonesan lefètke “ esklav fidèl ki prevwayan an ” prepare piblikasyon ki baze sou Bib la, yon seri piblikasyon ki ede nou bay menm ansèyman an e ki ede nou akonpli travay nou antanke evanjelizatè (Mat. 24:45 ; 28:19, 20) ! Youn nan piblikasyon ki ede nou nan sans sa a, se liv Sa Labib anseye a. Li disponib kounye a nan 179 lang.

11. Ki jan yon sè nan peyi Etyopi te itilize liv Sa Labib anseye a pou l rezone ak yon moun ki te opoze ?

11 Lè nou itilize liv Sa Labib anseye a pou nou anseye moun yo Labib, sa ka menm chanje kè moun ki opoze ak nou yo. Lula, yon sè ki pyonye nan peyi Etyopi, t ap kondui yon etid lè yon dam ki te yon manm fanmi etidyan an te antre kote yo te ye a bridsoukou e li te di yo pou yo sispann fè etid la. Avèk kalm, Lula te sèvi ak egzanp fo lajan an ki nan chapit 15 liv sa a pou l rezone avè l. Fi a te vin kalme e li te kite yo kontinye etid la. Nan pwochen etid la, li te la e li te mande pou yo etidye Labib avè l tou. Li te menm ofri pou l peye pou sa. Sa pa t pran lontan pou l kòmanse etid la ki te fèt twa fwa pa semèn e pou l fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl.

12. Site yon egzanp ki montre fason jèn yo kapab anseye verite biblik yo avèk efikasite.

12 Jèn yo tou kapab sèvi ak liv sa a pou yo ede pwochen yo. Keanu gen onz an, l ap viv ann Awayi. Yon jou, pandan li t ap li liv Sa Labib anseye a nan lekòl li, youn nan kamarad lekòl li yo te mande l : “ Pou ki rezon w pa selebre jou fèt yo ? ” Keanu t al nan apendis liv sa a nan sijè ki gen tit “ Èske nou dwe selebre fèt ” la e li te li repons lan pou li ladan l. Apre sa, li t al nan lis chapit yo epi li te mande l kiyès nan sijè yo ki pi enterese l. Yon etid biblik te kòmanse. Pandan ane sèvis ki sot pase a, Temwen Jewova yo te kondui 6 561 426 etid biblik. Anpil nan etid sa yo se nan liv Sa Labib anseye a yo te fèt. Èske w sèvi ak zouti sa a pou w kondui etid biblik ?

13. Ki jan etid Labib n ap fè ak moun yo ka gen yon gwo enfliyans sou yo ?

13 Si nou itilize liv Sa Labib anseye a pou nou fè etid Labib ak moun ki vle fè volonte Bondye yo, sa ap gen yon gwo efè sou yo. Gen yon koup marye ki pyonye espesyal nan peyi Nòvèj ki te kòmanse etidye Labib ak yon fanmi ki sot nan peyi Zanbi. Koup sa a ki te sot Zanbi a te gen twa pitit fi, men yo pa t vle gen timoun ankò. Donk, lè madanm nan te vin ansent, yo te deside fè yon avòtman. Kèk jou anvan yo t al wè yon doktè, yo te etidye chapit ki gen tit “ Chèche gen menm pwennvi ak Bondye sou lavi ”. Nan chapit sa a, gen foto yon timoun ki nan vant. Foto sa a te tèlman touche koup sa a, yo te deside pa fè avòtman an ankò. Yo te kontinye fè bèl pwogrè nan domèn espirityèl. E yo te bay pitit yo a menm non ak frè ki t ap kondui etid la.

14. Bay yon egzanp ki montre lè nou pratike sa nou anseye, sa ka bay bon rezilta.

14 Yon bagay ki te enpòtan nan fason Jezi te konn anseye, sèke li te pratike sa l te anseye a. Lefètke Temwen Jewova yo imite Jezi nan sans sa a, anpil moun apresye bèl konduit yo genyen. Yo te kase machin yon biznismann nan peyi Nouvèl Zelann e yo te vòlè valiz li. Lè li te fè yon polisye konn sa, polisye a te di l : “ Sèl chans ou genyen pou w rejwenn valiz ou a se si yon Temwen Jewova ta jwenn li. ” Efektivman, yon sè Temwen Jewova ki t ap fè livrezon jounal te jwenn li. Lè mèt valiz la te vin aprann sa, li te ale kay sè a. Misye te santi l soulaje lè l te wè yon dokiman ki gen anpil valè pou li te ladan l. Men sa sè a te di l : “ Li toutafè nòmal pou m remèt ou valiz la ak tout sa ki ladan l yo, paske mwen se yon Temwen Jewova. ” Biznismann nan te etone anpil, li te sonje sa polisye a te di l nan menm maten an. Sa klè, vrè kretyen yo imite Kris e yo viv ann amoni ak ansèyman biblik yo. — Ebre 13:18.

Imite fason Jezi te konn trete moun

15, 16. Ki jan nou kapab fè moun yo enterese nan mesaj n ap preche a ?

15 Fason Jezi te konn trete moun te fè yo enterese nan mesaj li a. Pa egzanp, lanmou l ak imilite l te atire pòv yo sou li. Li te montre li gen konpasyon pou moun ki te vin bò kote l, li te rekonfòte yo ak bon ti pawòl li te konn di yo e li te konn geri anpil moun ki malad. (Li Mak 2:1-5.) Se vre, nou pa gen kapasite pou nou fè mirak pou pwochen nou yo, men nou ka demontre lanmou pou yo, nou ka aji ak yo avèk imilite e nou ka montre nou gen konpasyon pou yo. Kalite sa yo ap fè laverite atire moun yo.

16 Tariua, yon pyonye espesyal, t al lakay yon mesye aje ki rele Beere k ap viv nan youn nan zile ki pi izole ki fè pati Kiribati, yon gwoup zile ki nan Pasifik Sid la. Konpasyon li te gen pou mesye sa a te bay bon rezilta. Byenke mesye a te bay enpresyon li pa t dispoze koute, Tariua te gen konpasyon pou li paske li te remake li te gen yon pati nan kò l ki te paralize. Li te di l : “ Èske w tande pale de pwomès Bondye fè pou moun ki malad e pou moun ki aje yo ? ” Apre sa, li li yon pasaj nan pwofesi Izayi a. (Li Izayi 35:5, 6.) Sa te enterese mesye a anpil. Men sa li te di : “ Mwen gen dèzane depi m ap li Labib e plizyè ane depi yon misyonè nan relijyon m nan ap vizite m, sepandan, mwen pa t janm wè sa nan Labib. ” Tariua te kòmanse yon etid biblik avèk Beere e li te fè bonjan pwogrè nan domèn espirityèl. Se vre, li te andikape anpil, men, kounye a li batize, l ap pran swen yon gwoup izole e li anmezi pou l mache preche bon nouvèl la sou tout zile a.

Annou kontinye imite Kris

17, 18. a) Ki sa w kapab fè pou w vin yon evanjelizatè ki efikas ? b) Ki sa ki sere pou moun ki pran ministè yo oserye ?

17 Jan bèl eksperyans moun fè nan ministè a toujou montre sa, nou kapab jwenn siksè nan travay evanjelizasyon an si nou devlope menm kalite Jezi te genyen yo e nou manifeste yo. Kidonk, li vrèman bon pou nou imite Jezi e pou nou preche avèk zèl !

18 Lè kèk moun te vin disip Jezi nan premye syèk la, Pyè te mande Jezi : “ Ki sa menm k ap genyen pou nou ? ” Jezi te di l : “ Nenpòt moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa papa, oswa manman, oswa pitit, oswa jaden, akoz non mwen, ap jwenn plizyè fwa plis pase sa, e l ap eritye lavi etènèl. ” ​(Mat. 19:27-29). Se sèten pawòl sa yo ap akonpli sou nou si nou kontinye imite Jezi Kris, pi gwo Misyonè a.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan Jewova ban nou fòmasyon pou nou ka evanjelize ?

• Ki sa k fè liv Sa Labib anseye a efikas nan ministè a ?

• Ki jan nou ka imite Jezi nan fason nou trete lòt moun ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Lè Jezi te envite Pyè, Andre, Jak ak Jan suiv li, yo te reyaji san pèdi tan.

[Foto nan paj 19]

Piblikasyon tankou liv “ Sa Labib anseye ” a ede nou kontinye anseye menm bagay.