Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mache nan chemen Jewova yo

Annou mache nan chemen Jewova yo

Annou mache nan chemen Jewova yo

“ Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l. ” — SÒM 128:1.

1, 2. Poukisa nou kapab sèten yon moun ka gen kè kontan toutbonvre ?

TOUT moun ta renmen gen kè kontan. Men, sandout, w ap dakò ak sa : se pa paske yon moun anvi gen kè kontan oswa li menm ap chèche genyen l, ki vle di li genyen l pou sa.

2 Sepandan, li posib pou yon moun gen kè kontan. Sòm 128:1 di : “ Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l. ” Nou kapab gen kè kontan si nou adore Bondye e si nou mache nan chemen l yo lè nou fè volonte l. Men, ki efè sa ka gen sou konduit nou e sou kalite moun nou ye ?

Annou demontre nou se moun ki diy de konfyans

3. Ki rapò ki genyen ant vwe nou vwe lavi nou bay Bondye a ak nesesite ki genyen pou nou diy de konfyans ?

3 Moun ki gen krent pou Jewova yo diy de konfyans, paske li menm li diy de konfyans. Jewova te reyalize tout pwomès li te fè Izrayèl tan lontan an (1 Wa 8:56). Vwe lavi nou bay Bondye se pi gwo pwomès nou te ka fè, e si nou priye souvan, sa ap ede nou kenbe pwomès sa a. Nou ka fè menm priyè sa a salmis David te fè a : “ Ou menm, o Bondye, ou koute ve m fè yo. [...] M ap fè melodi pou non w pou toutan, yon fason pou m ka respekte ve m fè yo jou apre jou. ” ​(Sòm 61:5, 8 ; Ekl. 5:4-6). Pou nou ka zanmi Jewova, fòk nou diy de konfyans. — Sòm 15:1, 4.

4. Ki jan Yifta ak pitit fi l la te konsidere ve Yifta te fè bay Jewova a ?

4 Nan epòk jij yo ann Izrayèl, Yifta te fè Jewova yon pwomès. Li te di l si l fè l ranpòte laviktwa sou Amonit yo, premye moun ki vin rankontre l lè l retounen sòt nan batay la, l ap ba li l kòm “ olokos ”. Premye moun ki te soti a se te pitit fi Yifta a, sèl pitit li te genyen an. Piske Yifta ak pitit fi l la ki pa t marye te gen lafwa nan Jewova, yo te respekte ve Yifta te fè a. Byenke yo te bay maryaj ak fè pitit anpil enpòtans ann Izrayèl, pitit fi Yifta a te aksepte rete selibatè, e li te pwofite privilèj li te genyen pou l bay Jewova yon sèvis sakre nan sangtyè l la. — Jij 11:28-40.

5. Ki jan Ana te montre li diy de konfyans ?

5 Ana, yon fi ki te gen krent pou Bondye te montre li se yon moun ki diy de konfyans. Li menm ak mari l Èlkana, ki te yon Levit, ansanm ak yon lòt madanm mari l te genyen, Penina, te rete nan Efrayim, nan yon zòn ki te gen mòn. Penina te fè plizyè pitit e li te konn pase Ana nan rizib poutèt li pa t fè pitit. Li te konn fè sa sitou lè fanmi an te konn al nan tabènak la. Nan youn nan okazyon sa yo, Ana te fè yon ve bay Jewova. Li te di l si l fè yon pitit gason, l ap ba li l. Yon ti tan apre, li te vin ansent e li te vin fè yon tigason. Yo te rele l Samyèl. Kou Ana te fin sevre Samyèl, li te mennen l Chilo e li te prete Jewova Samyèl pou l sèvi L pandan “ tout lavi l ”. (1 Sam. 1:11.) Konsa, li te respekte ve li te fè a, menmsi li pa t konnen si l t apral fè lòt pitit ankò annapre. — 1 Sam. 2:20, 21.

6. Ki jan Tichik te demontre li diy de konfyans ?

6 Tichik, youn nan kretyen premye syèk yo, te yon moun ki diy de konfyans e li te yon “ minis fidèl ”. (Kol. 4:7.) Li te vwayaje ak Pòl soti Lagrès pase Masedwàn pou al ann Azi Minè, e petèt menm li t al jis Jerizalèm avè l (Tra. 20:2-4). Petèt se li ki “ frè ” yo di ki te ede Tit separe don yo te bay pou lòt kwayan ki te nan bezwen ki t ap viv nan Jide yo (2 Kor. 8:18, 19 ; 12:18). Lè Pòl te nan prizon nan vil Wòm pou premye fwa, se Tichik li te voye antanke yon reprezantan ki diy de konfyans pou pote lèt bay kwayan Efèz ak Kolòs yo (Efe. 6:21, 22 ; Kol. 4:8, 9). Dezyèm fwa Pòl t al nan prizon an, li te voye Tichik Efèz (2 Tim. 4:12). Si nou diy de konfyans, nou menm tou n ap jwenn anpil benediksyon nan sèvis Jewova.

7, 8. Poukisa nou ka di David ak Yonatàn se te de vrè zanmi ?

7 Bondye atann pou nou zanmi ki diy konfyans (Pwo. 17:17). Yonatàn, pitit wa Sayil te vin zanmi David. Lè l te tande David te touye Golyat, “ nanm li te vin atache ak nanm David, e Yonatàn te kòmanse renmen l kòmsi se te pwòp nanm li ”. (1 Sam. 18:1, 3.) Lè Sayil t ap chèche touye David la, Yonatàn te menm fè l konnen sa. Apre David te fin chape, Yonatàn te rankontre l e li te fè yon alyans avè l. Li te prèske pèdi lavi l akoz li te pale ak Sayil konsènan David, men, de zanmi yo te rankontre ansanm ankò e yo te renouvle amitye yo a (1 Sam. 20:24-41). Nan dènye rankont yo a, Yonatàn te bay men David fòs “ pou sa ki gen rapò ak Bondye ”. — 1 Sam. 23:16-18.

8 Yonatàn te mouri nan yon batay ki te fèt ak Filisten yo (1 Sam. 31:6). David te eksprime tristès li genyen nan yon chante, li te di : “ Mwen nan lapenn pou ou, Yonatàn, frè m. Mwen te renmen w anpil. Lanmou w te gen pou mwen te pi estrawòdinè pase lanmou fi. ” ​(2 Sam. 1:26). David ak Yonatàn se te de vrè zanmi. Lanmou yo te genyen youn pou lòt la se te afeksyon ki genyen ant de zanmi e pa t gen okenn kesyon seksyèl ladan l.

Se pou nou toujou “ gen imilite ”

9. Ki jan Jij chapit 9 montre nou enpòtans imilite genyen ?

9 Pou nou zanmi Bondye, nou dwe “ gen imilite ”. (1 Pyè 3:8 ; Sòm 138:6.) Nan Jij chapit 9, yo montre nou enpòtans imilite genyen. Yotam, pitit Gideyòn, te di pawòl sa yo : “ Yon jou, pyebwa yo te ale pou yo wenn yon wa sou tèt yo. ” Li te pale de pye oliv, pye fig frans ak pye rezen. Yo te reprezante moun ki diy de konfyans ki pa t chèche dirije lòt Izrayelit parèy yo. Men, ti pye pikan an, ki sèvi sèlman pou moun fè dife, te reprezante wayote Abimelèk, yon nonm ògeye, yon asasen ki te vle domine sou lòt moun. Byenke li ‘ te aji kòm prens sou Izrayèl pandan twazan ’, li te mouri anvan lè l (Jij 9:8-15, 22, 50-54). Èske l pa pi bon lontan pou nou “ gen imilite ” ?

10. Ki leson nou tire nan sa k te rive Ewòd paske li pa t “ bay Bondye glwa ” ?

10 Nan premye syèk epòk nou an, te gen anpil tansyon ant Ewòd Agripa, yon wa Jide ki te ògeye, ak moun ki rete nan vil Ti ak vil Sidon yo ki te vle fè lapè avèk li. Yon lè, pandan li t ap bay yon diskou an piblik, men sa moun yo t ap di byen fò : “ Sa se vwa yon dye, se pa vwa yon moun ! ” Ewòd pa t refize resevwa glwa sa a, se sa k fè yon zanj Jewova te frape l. Konsa, li te mouri yon fason terib “ paske li pa t bay Bondye glwa ”. (Tra. 12:20-23.) Bon, ki atitid nou ta dwe genyen si nou se yon bon oratè oswa nou anseye laverite byen ? Nan ka sa a, se pou nou louwe Bondye pou tout sa li pèmèt nou fè. — 1 Kor. 4:6, 7 ; Jak 4:6.

Se pou nou mete kouraj sou nou e se pou nou djanm

11, 12. Ki jan eksperyans Enòk la montre nou Jewova bay sèvitè l yo kouraj ak fòs ?

11 Si nou mache nan chemen Jewova yo avèk imilite, l ap ban nou kouraj ak fòs (Det. 31:6-8, 23). Enòk, ki te setyèm moun nan liy fanmi ki soti depi nan Adan an, te mache avèk Bondye avèk kouraj. Li te fè sa lè li te kontinye gen yon konduit ki dwat pami moun mechan ki t ap viv nan menm epòk avè l yo (Jen. 5:21-24). Jewova te ba l fòs pou l te bay moun yo yon mesaj pisan konsènan pawòl yo ak aksyon yo ki te montre yo pa gen respè pou Bondye. (Li Jid 14, 15.) Èske w gen ase kouraj pou w pwoklame jijman Bondye yo ?

12 Jewova te egzekite jijman l sou moun ki pa t gen respè pou li pa mwayen delij ki te fèt sou tout tè a nan epòk Noye a. Sepandan, pwofesi Enòk la ban nou ankourajman, paske li di miryad zanj Bondye yo ki sen pral detwi moun ki san respè pou Bondye nan epòk pa nou an talè konsa (Rev. 16:14-16 ; 19:11-16). Pou Jewova reponn priyè nou fè l konsènan ministè nou, li ban nou kouraj pou nou pwoklame mesaj li a, kit se konsènan jijman l yo, kit se konsènan benediksyon li pral bay anba dominasyon Wayòm nan.

13. Sa k fè nou kapab sèten Bondye kapab ban nou kouraj ak fòs nou bezwen pou nou fè fas ak pwoblèm ki aflije nou yo ?

13 Nou bezwen kouraj ak fòs Bondye bay pou nou fè fas ak pwoblèm ki aflije nou yo. Lè Ezayi te pran de fi Itit kòm madanm li, “ Izarak ak Rebeka [paran l yo] te gen anpil lapenn nan lespri yo akoz de [medam] yo ”. Sa te tèlman fè Rebeka mal, men sa li te di : “ Mwen vin rayi lavi m akoz pitit fi Èt yo. Si se pami pitit fi Èt yo, menm jan ak sa yo ki abite nan peyi a, Jakòb [pitit nou an] ta chwazi yon madanm, sa m bezwen viv fè ? ” ​(Jen. 26:34, 35 ; 27:46). Izarak te pran bagay yo an men e li te voye Jakòb al chèche yon madanm pami moun ki t ap adore Jewova. Byenke Izarak ak Rebeka pa t ka chanje sa Ezayi te fè a, Bondye te ba yo sajès, kouraj ak fòs yo te bezwen pou yo rete fidèl ak li. Si nou priye Jewova pou l ban nou èd ki nesesè, l ap fè menm jan an pou nou tou. — Sòm 118:5.

14. Ki jan yon tifi izrayelit te demontre li gen kouraj ?

14 Plizyè syèk apre, te gen yon tifi izrayelit yon bann vòlè te pran kaptif. Li te vin yon sèvant lakay Naamàn, kòmandan lame siryen an, yon nonm ki te gen lèp. Tifi a te tande mirak Bondye konn fè pa mwayen Elicha, pwofèt li. Avèk kouraj, li te di madan Naamàn : ‘ Si seyè m nan ta al ann Izrayèl, pwofèt Jewova a t ap geri lèp li a. ’ Vrèmanvre, Naamàn te ale ann Izrayèl, e li te geri grasa yon mirak (2 Wa 5:1-3). Ala yon bèl egzanp tifi sa a ye pou jèn ki konte sou Jewova pou l ba yo kouraj pou yo bay pwofesè yo, kamarad lekòl yo ak lòt moun ankò temwayaj !

15. Ki aksyon Obadya, entandan lakay wa Ahab la, te fè ki demontre li te mete kouraj sou li ?

15 Kouraj Bondye ban nou ede nou andire pèsekisyon. Ann pran egzanp Obadya. Li te yon entandan lakay wa Ahab e li te yon moun ki t ap viv nan menm epòk ak pwofèt Eliya. Lè rèn Jezabèl te bay lòd pou yo touye pwofèt Bondye yo, Obadya te kache 100 ladan yo. Li te kache yo “ pa senkant nan yon gwòt ”. (1 Wa 18:13 ; 19:18.) Èske ou menm tou ou dispoze ede avèk kouraj kretyen parèy ou y ap pèsekite menm jan Obadya te ede pwofèt Jewova yo ?

16, 17. Ki jan Aristak ak Gayis te reyaji lè yo te jwenn pèsekisyon ?

16 Si nou jwenn pèsekisyon, nou mèt gen konfyans Jewova ap avèk nou (Wom. 8:35-39). Nan yon sal teyat ki pa kouvri nan vil Efèz, Aristak ak Gayis, konpayon travay Pòl, te fè fas ak yon foul moun petèt ki te gen plizyè milye moun ladan l. Demetriyis, yon òfèv, t ap chofe foul la. Li menm ak lòt òfèv ankò te konn fè sangtyè ann ajan pou deyès Atemis. Lefètke travay predikasyon Pòl t ap fè a tè fè anpil moun nan vil la kite adorasyon zidòl yo, sa te fè Demetriyis ak lòt òfèv yo santi sa te yon menas pou biznis yo a ki te rapòte yo anpil. Foul la te trennen Aristak ak Gayis nan teyat la e yo te pran rele byen fò, yo t ap di : “ Atemis Efezyen yo gran ! ” Petèt Aristak ak Gayis te panse yo t ap tou touye yo, men grefye vil la te kalme foul la. — Tra. 19:23-41.

17 Si se ou ki te fas ak yon sitiyasyon konsa, èske w t ap chanje fason w ap viv pou w ka gen yon vi pi fasil ? Pa gen anyen ki montre Aristak ak Gayis te pèdi kouraj. Aristak te soti Tesalonik, donk li te konnen predikasyon bon nouvèl la te kapab fè l jwenn pèsekisyon. Kèk tan anvan sa, te gen moun ki te soulve yon foul moun kont Pòl pandan li t ap preche nan vil sa a (Tra. 17:5 ; 20:4). Piske Aristak ak Gayis t ap mache nan chemen Jewova yo, Jewova te ba yo fòs ak kouraj pou yo andire pèsekisyon yo te jwenn.

Toujou voye je sou enterè lòt moun

18. Ki jan Priska ak Akila te “ voye je ” sou enterè lòt moun ?

18 Kit nou jwenn pèsekisyon kounye a, kit nou pa jwenn, nou ta dwe gen sousi pou lòt kretyen parèy nou yo. Priska ak Akila te “ voye je ” sou enterè lòt moun. (Li Filipyen 2:4.) Petèt koup marye sa a ki te egzanplè te bay Pòl kote pou l dòmi lè l t al Efèz, kote Demetriyis, òfèv la, te soulve foul moun nan, jan nou te mansyone sa anvan. Petèt sitiyasyon sa a te oblije Akila ak Priska ‘ riske kou yo ’ pou Pòl (Wom. 16:3, 4 ; 2 Kor. 1:8). Jodi a, lè nou gen sousi pou frè nou yo y ap pèsekite, sa fè nou “ pridan tankou sèpan ”. (Mat. 10:16-18.) Nou fè aktivite predikasyon nou an avèk pridans e nou pa aksepte trayi yo, lè nou pa bay moun k ap pèsekite yo non yo ak lòt enfòmasyon sou yo.

19. Ki bon bagay Dòkas te konn fè pou lòt moun ?

19 Gen plizyè fason nou kapab montre nou voye je sou enterè lòt moun. Gen kèk kretyen ki nan bezwen, e nou kapab anmezi pou nou ede yo (Efe. 4:28 ; Jak 2:14-17). Nan premye syèk la, nan kongregasyon Jope, te gen yon kretyèn ki te renmen bay ki te rele Dòkas. (Li Travay 9:36-42.) Dòkas “ te konn fè anpil bon aksyon ak anpil don mizèrikòd ”, e an patikilye li te konn fè rad pou vèv ki te pòv yo. Lè l te vin mouri nan ane 36 epòk nou an, anpil vèv te nan lapenn. Bondye te sèvi ak apot Pyè pou l resisite Dòkas, e sandout, kretyèn sa a te pase rès vi l sou tè a ap preche bon nouvèl la avèk kè kontan e li te kontinye fè byen pou pwochen l. Se pa ti kontan nou kontan lefètke nou gen kretyèn konsa nan mitan nou jodi a ki gen sousi pou lòt moun !

20, 21. a) Ki rapò ki genyen ant ankouraje lòt moun ak gen sousi pou yo ? b) Pou w ankouraje lòt moun, ki sa w kapab fè ?

20 Nou montre nou gen sousi pou lòt moun lè nou ankouraje yo (Wom. 1:11, 12). Silas, ki te konpayon travay Pòl, te yon sous ankourajman pou lòt moun. Apre yo te fin regle kesyon sikonsizyon an ozanviwon ane 49 epòk nou an, kolèj santral la ki te nan Jerizalèm te voye kèk reprezantan l pote yon lèt bay kwayan yo ki te nan lòt zòn. Silas, Jida, Banabas ak Pòl te pote l Antyòch. Nan vil sa a, Silas ak Jida “ te ankouraje frè yo ak anpil diskou, e yo te fòtifye yo ”. — Travay 15:32.

21 Annapre, Pòl ak Silas te nan prizon nan Filip, men apre yon tranblemanntè, yo te gen posiblite bay yon bon temwayaj e yo te wè gadyen prizon an ansanm ak moun lakay li vin kwayan. Anvan yo te kite vil sa a, yo te ankouraje frè yo (Travay 16:12, 40). Menm jan ak Pòl ak Silas, ou bezwen chèche ankouraje lòt moun pa mwayen kòmantè w ap fè, pa mwayen diskou w ap fè e lè w preche avèk zèl. Anplis, lè w gen “ yon pawòl ankourajman ” pou yo, pa pèdi tan pou w “ di l ”. — Travay 13:15.

Kontinye mache nan chemen Jewova yo

22, 23. Ki jan nou kapab vrèman tire pwofi nan istwa biblik yo ?

22 Ala rekonesan nou ta dwe rekonesan anvè Jewova, “ Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an ”, pou istwa reyèl sa yo sou lavi yon seri moun li te fè ekri nan Pawòl li a (2 Kor. 1:3, Bib la) ! Si nou vle tire pwofi nan eksperyans sa yo, nou dwe aplike leson nou aprann yo nan lavi nou e nou dwe kite lespri sen Bondye dirije nou. — Gal. 5:22-25.

23 Lè nou medite sou istwa biblik yo, sa ka ede nou devlope kalite ki fè Bondye plezi. Meditasyon konsa ap fè relasyon nou genyen ak Jewova vin pi solid, li menm ki ban nou “ sajès, konesans ak lajwa ”. (Ekl. 2:26.) Konsa, n ap kapab fè kè Bondye kontan (Pwo. 27:11). Annou pran detèminasyon pou nou fè sa lè nou kontinye mache nan chemen Jewova yo.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou kapab pwouve nou se moun ki diy de konfyans ?

• Poukisa nou ta dwe “ gen imilite ” ?

• Ki jan kèk istwa nan Bib la ede nou pou nou mete kouraj sou nou ?

• Ki fason nou ka voye je sou enterè lòt moun ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Byenke sa te difisil, Yifta ki te yon moun ki diy de konfyans ansanm ak pitit fi l la te respekte ve Yifta te fè a.

[Foto nan paj 10]

Jèn, ki sa tifi izrayelit la aprann nou ?

[Foto nan paj 11]

Ki fason Dòkas te konble bezwen kretyen parèy li ?