Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou tire leson nan erè Izrayelit yo te fè

Annou tire leson nan erè Izrayelit yo te fè

Annou tire leson nan erè Izrayelit yo te fè

LÈ IZRAYELIT yo t ap antre nan Latè pwomiz, yo te deja konnen sa Jewova te vle yo fè. Men kòmandman Jewova te ba yo pa mwayen Moyiz : “ Nou dwe chase tout moun ki abite nan peyi a devan nou, nou dwe detwi tout estati an wòch yo fè yo, nou dwe detwi tout imaj yo fè ak metal yo fonn e nou dwe detwi tout andwa ki wo e ki sakre yo fè. ” — Nonb 33:52.

Pèp Izrayèl la pa t dwe fè okenn alyans avèk moun ki te nan peyi a, ni yo pa t dwe marye avèk yo (Det. 7:2, 3). Vrèman, Bondye te avèti pèp li te chwazi a. Li te di yo : “ Veye pou w pa fè yon alyans ak moun ki abite nan peyi kote w prale a, yon fason pou sa pa tounen yon pyèj nan mitan w. ” ​(Egz. 34:12). Malgre sa, Izrayelit yo te dezobeyi Bondye e yo te tonbe nan pyèj. Ki sa k te fè yo tonbe nan pyèj sa a ? Ki leson nou ka tire nan sa k te rive yo a ki ka sèvi nou avètisman ? — 1 Kor. 10:11.

Zanmitay te mennen yo nan idolatri

Lè Izrayelit yo t ap pran Latè pwomiz, okòmansman yo te ranpòte plizyè viktwa sou moun ki te abite ladan l yo. Sepandan, Izrayelit yo pa t obeyi kòmandman Bondye yo konplètman. Yo pa t chase ènmi yo (Jij 1:1–2:10). Okontrè, lefètke yo te kòmanse ap viv pami “ sèt nasyon ” ki te nan Latè pwomiz yo, yo te konn pran kontak avèk yo toutan e kòm rezilta, yo te vin mare zanmitay avèk yo (Det. 7:1). Ki efè sa te genyen sou Izrayelit yo ? Men sa Labib di : “ E yo te pran pitit fi yo kòm madanm e yo te bay pitit gason yo pwòp pitit fi pa yo, e yo te kòmanse sèvi dye yo t ap sèvi yo. Konsa, pitit Izrayèl yo te kòmanse fè sa ki mal nan je Jewova, yo te bliye Jewova Bondye yo a e yo te kòmanse sèvi Baal ak poto sakre yo. ” ​(Jij 3:5-7). Lefètke pèp Izrayèl te mare zanmitay ak moun ki te abite nan zòn nan, yo te vin ap marye avèk yo e yo te tonbe nan idolatri. Yonfwa maryaj sa yo te fèt, posiblite ki te egziste pou Izrayelit yo te chase payen yo nan peyi a te vin redui. Vrè adorasyon an te vin kòwonpi, e Izrayelit yo te vin ap sèvi fo dye.

Moun ki te abite nan Latè pwomiz yo te reprezante yon pi gwo danje pou Izrayelit yo nan domèn espirityèl lè yo te vin zanmi yo pase lè yo te ènmi yo. Men, annou egzamine yon lòt bagay ankò ki petèt te lakòz vrè adorasyon an vin kòwonpi.

Kiltive latè te mennen yo nan adorasyon Baal

Lè Izrayelit yo te antre nan Latè pwomiz, yo te sispann viv kòm nomad, sètadi moun ki pa gen yon kote fiks pou yo rete, e gen anpil nan yo ki te vin kiltivatè. Li posib pou metòd yo te itilize pou yo kiltive latè yo se te menm metòd Kananeyen yo te itilize yo. Men, yo te fè plis pase suiv metòd Kananeyen yo. Lefètke Izrayelit yo te konn frekante moun peyi a, sa te fè yo vin aksepte kwayans relijye yo te genyen anrapò ak agrikilti.

Kananeyen yo te konn sèvi anpil Baal, yon seri dye yo te panse ki te fè tè yo vin fètil. Nonsèlman Izrayelit yo te travay tè a e yo te rekòlte sa l pwodui, men, rive yon lè, yo te vin mete ansanm ak Kananeyen yo pou yo sèvi dye kananeyen yo ki te swadizan bay abondans yo te genyen an. Konsa, gen anpil moun ann Izrayèl ki te fè kòmsi yo t ap adore Jewova, men an reyalite, yo te lage kò yo nèt nan apostazi.

Yon kokenn avètisman pou nou jodi a

Sandout, lè Izrayelit yo te fèk pran kontak ak moun ki te abite nan Latè pwomiz yo, yo pa t gen entansyon patisipe nan adorasyon Baal e nan tout debòch ki lye ak adorasyon dye sa yo. Sepandan, se nan pyèj sa a menm yo te tonbe lefètke yo te mare zanmitay ak yo. Èske se pa move konsekans konsa nou dwe atann n ap jwenn si nou gen zanmitay ak moun ki gendwa janti, men ki pa pataje kwayans nou antanke kretyen, ki pa gen menm moralite avèk nou e ki pa gen menm prensip avèk nou ? Se vre, li ka nesesè pou nou pran kontak ak enkwayan nan travay nou, nan lekòl nou oswa menm lakay nou. Sepandan, sa k te rive Izrayelit yo se yon avètisman pou nou : lè yon moun gen mòd zanmi sa yo, sa ka mennen nan pwoblèm. Nan sans sa a, Labib bay yon kokenn verite lè l di : “ Move frekantasyon kòwonp abitid ki pwofitab. ” — 1 Kor. 15:33.

Jodi a, nou fè fas ak anpil eprèv ki sanble ak sa Izrayelit yo te jwenn yo. Sosyete nou ladan l lan plen ak bagay moun yo konsidere kòm dye yo. Pa egzanp, lajan, vedèt sinema, vedèt spò, sistèm politik, kèk lidè nan domèn relijyon e menm kèk manm fanmi yo. Nenpòt nan bagay sa yo kapab vin pi enpòtan pou nou nan lavi nou. Lè nou fè zanmi sere ak moun ki pa renmen Jewova, sa ka kraze relasyon nou genyen avèk li.

Relasyon seksyèl imoral te fè pati adorasyon Baal e se youn nan bagay ki te atire anpil Izrayelit. Jis jodi a, gen moun nan pèp Bondye a ki tonbe nan pyèj sa a. Pa egzanp, yon moun ki kirye oswa ki nayif ka annik klike sou odinatè l etan l anndan lakay li san pèsonn pa wè l, epi konsa, konsyans li ki te pwòp vin sal nan gade imaj pònografik sou entènèt. Ala tris sa t ap tris si yon kretyen ta pran nan pyèj gade pònografi sou Entènèt !

“ Byennere moun ki obsève rapèl li yo ”

Desizyon nou pran pou nou swa obeyi Bondye swa dezobeyi l nan chwa zanmi n ap fè, se yon desizyon pèsonèl (Det. 30:19, 20). Se pou sa nou dwe mande tèt nou : ‘ Ak kiyès mwen ye lè m ap detann mwen ? Ki jan moun mwen frekante yo konsidere prensip Bondye yo e ki kalite moralite yo genyen ? Èske y ap sèvi Jewova ? Èske konpayi yo ap ankouraje m vin yon pi bon kretyen ? ’

Men sa yon salmis te di nan yon chante : “ Byennere moun ki entèg nan wout yo, moun ki mache nan lwa Jewova a. Byennere moun ki obsève rapèl li yo. Ak tout kè yo, yo kontinye chèche l. ” ​(Sòm 119:1, 2). Vrèman, “ byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l ”. (Sòm 128:1.) Anrapò ak kesyon chwazi zanmi an, annou tire leson nan erè Izrayelit yo te fè yo e annou obeyi Jewova konplètman. — Pwo. 13:20.

[Foto nan paj 26]

Lè nou fè zanmi ak moun ki pa renmen Jewova, sa ka fè nou tonbe nan idolatri.