Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Elèv ki gradye Gileyad yo jwenn ankourajman pou yo “ kòmanse fouye ”

Elèv ki gradye Gileyad yo jwenn ankourajman pou yo “ kòmanse fouye ”

Gradyasyon 123yèm klas Gileyad

Elèv ki gradye Gileyad yo jwenn ankourajman pou yo “ kòmanse fouye ”

SAMDI 8 septanm 2007, gen 6 352 moun ki sot nan 41 peyi ki te reyini pou yo asiste gradyasyon 123yèm klas Lekòl Gileyad la. A dizè nan maten, frè ki t ap prezide pwogram nan, Anthony Morris, ki se yon manm Kolèj santral la, te di kèk pawòl pou l akeyi moun ki te nan oditwa a. Apre sa, li te di kèk pawòl entwodiksyon epi li anonse premye oratè a, Gary Breaux, yon manm komite filyal Etazini an.

Frè Breaux te bay elèv yo asirans moun k ap fè volonte Jewova yo bèl nan je l kèlkeswa aparans yo genyen (Jer. 13:11). Li te ankouraje elèv yo pou yo pa pèdi bote sa a. Ansuit, Gerrit Lösch, ki manm Kolèj santral la, te montre li bon pou nou espere n ap jwenn yon rekonpans lè n ap sèvi Jewova (Ebre 11:6). Sepandan, sa k ta dwe motive nou sèvi l, se lanmou nou gen pou li, yon lanmou ki pap chèche pwòp enterè l.

Apre sa, William Samuelson, ki se siveyan Sèvis Lekòl teyokratik yo, te egzòte elèv yo pou yo rete atache ak bèl misyon yo genyen pou yo anonse Wa k ap reye a e pou yo demontre diyite yo grasa bon konduit yo *. Sam Roberson, siveyan adjwen Sèvis Lekòl teyokratik yo, te ankouraje elèv yo pou yo toujou chèche sa k bon nan lòt moun. Konsa, l ap pi fasil pou yo “ renmen tout kominote frè yo nèt ”. — 1 Pyè 2:17.

Apre diskou ankourajan sa yo, Mark Noumair, youn nan enstriktè Gileyad yo, te entèvyouwe plizyè elèv ki te rakonte eksperyans yo te fè nan predikasyon pandan Lekòl Gileyad la. Tout moun ki te la yo te ka wè aklè elèv sa yo renmen ministè a e yo gen dezi pou yo ede moun. Apre sa, Kent Fisher, yon frè ki travay nan biwo Betèl Patèsonn nan te entèvyouwe kèk manm komite filyal ki soti nan twa peyi kote ki gen misyonè. Pawòl frè sa yo te di yo te bay moun ki te nan oditwa a asirans yo byen pran swen nouvo misyonè yo nan asiyasyon yo. Anpil nan paran elèv yo te nan oditwa sa a. Annapre, Izak Marais, ki fè pati Sèvis ki la pou ede tradiktè yo, te entèvyouwe kèk misyonè ki nan sèvis la depi lontan, e eksperyans yo te rakonte yo te bay elèv yo yon avangou sou jwa yo pral jwenn pi devan.

Diskou prensipal la, se frè Geoffrey Jackson, ki manm Kolèj santral la, ki te bay li. Tèm nan se te : “ Ki sa w ap fè apre tout sa w fin tande yo ? ” Frè Jackson te misyonè nan zòn Pasifik Sid pandan prèske 25 an. Li te pale sou konklizyon Sèmon sou montay la. Nan diskou sa a, Jezi te pale de de mesye, youn te saj e lòt la te sòt, e yo chak te konstwi yon kay. Oratè a te montre petèt yo te konstwi yo apeprè menm kote. Sepandan, mesye ki te sòt la te konstwi sou sab la, sètadi san l pa t fouye tè a, tandiske sila ki te saj la te fouye jis li te jwenn yon mas wòch, e se sou mas wòch sa a li te konstwi kay la. Lè yon gwo tanpèt te vin frape, kay ki te konstwi sou mas wòch la te rete kanpe, men kay ki te konstwi sou sab la te kraze. — Mat. 7:24-27 ; Lik 6:48.

Jezi te montre mesye ki te sòt la sanble ak moun ki annik koute ansèyman Jezi yo san yo pa aplike yo. Mesye ki te saj la sanble ak moun ki koute pawòl Jezi yo e ki mete sa yo tande yo ann aplikasyon. Frè Jackson te di elèv yo : “ Si, lè nou rive nan tèritwa n ap ye kòm misyonè a, nou aplike sa nou te aprann nan etid nou fè nan Bib la, n ap sanble ak mesye prevwayan an. ” An konklizyon, li te ankouraje yo pou yo “ kòmanse fouye ” kou yo rive nan tèritwa yo voye yo kòm misyonè a.

Finalman, elèv yo te resevwa diplòm yo e yo te jwenn asiyasyon yo, e frè Morris te ba yo kèk konsèy pou l fini. Li te ankouraje elèv yo pou yo toujou suiv Jezi e pou yo toujou konte sou Jewova pou yo jwenn fòs. E se konsa, gradyasyon an te fini.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Sèvis Lekòl teyokratik yo se yon sèvis ki anba sipèvizyon Komite pou ansèyman an. Sèvis sa a sipèvize Gileyad, lekòl pou manm komite filyal yo ak lekòl pou siveyan itineran yo.

[Kare nan paj 31]

ENFÒMASYON SOU KLAS LA

Kantite peyi kote elèv yo soti : 10

Kantite peyi kote yo asiyen yo : 24

Kantite elèv : 56

Mwayèn laj : 33,5

Kantite ane yo gen an mwayèn nan laverite : 17,9

Kantite ane yo gen an mwayèn nan ministè aplentan : 13,8

[Foto nan paj 32]

Elèv 123yèm klas Lekòl biblik Gileyad la

Nan lis ki vin apre a, yo nimewote ranje yo sot devan al dèyè e pou chak ranje, yo mete non elèv yo sot nan bò goch rive nan bò dwat.

1) Esparza, E. ; Papaya, S. ; Bilal, A. ; Suárez, M. ; Evers, E. ; Dimichino, K. 2) Rosa, M. ; Fujii, R. ; Ratey, O. ; Leveton, J. ; Van Leemputten, M. 3) Boscaino, A. ; Beck, K. ; Budanov, H. ; Braz, C. ; Peltz, K. ; Siaw, A. 4) Leveton, S. ; Santikko, H. ; Conte, S. ; Wilson, J. ; Rylatt, J. ; Pierce, S. ; Fujii, K. 5) Rosa, D. ; Boscaino, M. ; Austin, V. ; Rodiel, P. ; Bilal, P. ; Dimichino, P. 6) Ratey, B. ; Czyzyk, D. ; Clarke, C. ; Riedel, A. ; Esparza, F. ; Siaw, P. ; Van Leemputten, T.7) Rodiel, J. ; Evers, J. ; Green, J. ; Czyzyk, J. ; Santikko, M. ; Rylatt, M. 8) Peltz, L. ; Austin, D. ; Riedel, T. ; Beck, M. ; Pierce, W. ; Conte, S. ; Green, S. 9) Suárez, J. ; Clarke, J. ; Papaya, S. ; Budanov, M. ; Wilson, R. ; Braz, R.