Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi Kris : pi gwo misyonè a

Jezi Kris : pi gwo misyonè a

Jezi Kris : pi gwo misyonè a

“ Mwen se yon reprezantan ki sot bò kote l, e se Li ki voye m. ” — JAN 7:29.

1, 2. Ki sa yon misyonè ye e kiyès nou ka rele pi gwo Misyonè a ?

AK KI moun ou panse lè w tande mo “ misyonè ” a ? Gen moun ki panse ak misyonè lakretyente yo. Anpil nan yo antre kò yo ni nan politik ni nan sistèm ekonomi peyi kote y ap sèvi yo. Sepandan, antanke Temwen Jewova, sandout ou menm ou panse ak misyonè Kolèj santral la voye preche bon nouvèl la nan divès peyi sou tè a (Mat. 24:14). Misyonè sa yo pa moun k ap chèche pwòp enterè pa yo. Yo bay tan yo e yo fè anpil efò nan objektif pou yo ede moun pwoche bò kote Bondye pou yo vin gen yon relasyon avè l, yon relasyon ki presye nan je yo. — Jak 4:8.

2 Mo “ misyonè ” a pa parèt nan tèks prensipal Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau a. Sepandan, nan nòt anba paj yo bay pou Efezyen 4:11 lan, nan Bible avec notes et références lan, yo montre mo grèk lè yo tradui l yo mete “ evanjelizatè ” pou li a, yo kapab mete “ misyonè ” pou li tou. Jewova se pi gwo Evanjelizatè a, men nou pa ka rele l pi gwo Misyonè a, paske pa gen okenn moun ki te janm voye l al fè yon travay misyonè. Sepandan, men sa Jezi Kris te di konsènan Papa l ki nan syèl la : “ Mwen se yon reprezantan ki sot bò kote l, e se Li ki voye m. ” ​(Jan 7:29). Jewova te voye sèl Pitit li te fè a vin sou tè a, e sa se pi gwo prèv ki montre lanmou li gen pou lèzòm (Jan 3:16). Nou kapab rele Jezi pi gwo Misyonè a oswa pi bon Misyonè a, paske youn nan rezon ki fè yo te voye l sou tè a se te pou l “ rann temwayaj pou laverite ”. (Jan 18:37.) Li te jwenn yon siksè total nan pwoklame bon nouvèl Wayòm nan e jiska prezan nou tire pwofi nan ministè l. Pa egzanp, nan ministè nou, nou kapab itilize metòd li te konn itilize pou l anseye yo, kit nou se misyonè, kit nou pa misyonè.

3. Site kesyon nou pral egzamine yo.

3 Wòl Jezi te jwe antanke pwoklamatè Wayòm nan soulve kèk kesyon tankou : Ki eksperyans Jezi te fè sou tè a nan ministè l ? Ki sa k fè li te kapab anseye yon fason ki efikas ? Ki sa k fè li te jwenn siksè nan ministè l ?

Yon bon etadespri nan yon nouvo anviwònman

4-6. Ak ki kalite chanjman konsa Jezi te oblije adapte l lè l te vin sou tè a ?

4 Jodi a, misyonè yo ansanm ak kèk kretyen ki deplase al kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan gendwa bezwen fè chanjman pou yo adapte yo pou yo viv nan kondisyon ki kapab pi ba pase fason yo te konn viv anvan. Li difisil pou nou imajine kokenn diferans ki te genyen ant fason Jezi t ap viv sou tè a ak fason li t ap viv nan syèl la bò kot Papa l nan mitan zanj yo ki t ap sèvi Jewova ak bon mobil (Jòb 38:7). Imajine jan sa te diferan pou li pou l viv nan mitan yon bann moun enpafè e nan yon monn ki kòwonpi konsa (Mak 7:20-23) ! Menm disip Jezi yo ki te pi pwòch li te gen rivalite antre yo e Jezi te oblije fè fas ak sa (Lik 20:46 ; 22:24). Natirèlman, li te byen jere tout sitiyasyon li te rankontre.

5 Pa t gen okenn mirak ki te fèt pou Jezi te kapab pale yon lang sou tè a. Li te kòmanse aprann pale l depi lè l te tibebe. Ala yon diferans sa te ye parapò ak lè l te nan syèl la e li t ap kòmande zanj yo ! Lè l te sou tè a, li te pale omwen youn “ nan lang moun ” pale yo. Lang sa a te diferan nèt parapò ak “ lang zanj ” yo (1 Kor. 13:1). Sepandan, Jezi te konn pale byen e pa gen okenn moun sou latè ki janm pale tankou l. — Lik 4:22.

6 Ann wè lòt fason ankò bagay yo te chanje anpil pou pitit Bondye a lè l te vin sou tè a. Byenke Jezi pa t eritye peche nan men Adan, li te vin yon moun menm jan ak moun ki te vin “ frè ” l yo, sètadi disip wen l yo. (Li Ebre 2:17, 18.) Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te refize mande Papa l ki nan syèl la pou l voye “ plis pase douz lejyon zanj ” pou li. Imajine ki kantite zanj li te gen otorite sou yo nan syèl la antanke Mikayèl, Akanj lan (Mat. 26:53 ; Jid 9) ! Se vre, Jezi te fè mirak, men an konparezon ak sa li te kapab fè nan syèl la, sa li te akonpli sou tè a te limite.

7. Ki atitid Juif yo te genyen parapò ak Lalwa ?

7 Lè Jezi t ap viv nan syèl la antanke “ Pawòl la ” anvan li te vin sou tè a, petèt se li menm Bondye te itilize antanke pòtpawòl li ki te gide pèp Izrayèl la nan dezè a (Jan 1:1 ; Egz. 23:20-23). Byenke pèp la ‘ te resevwa Lalwa zanj te transmèt la, yo pa t suiv li ’. (Tra. 7:53 ; Ebre 2:2, 3.) Anfèt, chèf relijye nan premye syèk la pa t rive disène vrè sans Lalwa a. Ann konsidere pa egzanp lwa sou saba a. (Li Mak 3:4-6.) Eskrib yo ak Farizyen yo te “ meprize pwen ki pi enpòtan nan Lalwa a, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite ”. (Mat. 23:23.) Malgre sa, Jezi pa t panse li pa t ka ede yo ni li pa t sispann preche laverite.

8. Kòman nou fè konnen Jezi kapab ede nou ?

8 Jezi te yon moun ki te gen yon bon etadespri. Li te renmen moun e li te vrèman anvi ede yo. Se sa k fè li pa t janm pèdi dispozisyon li te genyen pou l evanjelize. E lefètke lè l te sou tè a li te rete fidèl ak Jewova, “ li vin koz delivrans etènèl pou tout moun ki obeyi l ”. Anplis, “ piske li menm li te soufri lè l te anba eprèv, li anmezi pou l pote moun [tankou nou] ki anba eprèv yo sekou ”. — Ebre 2:18 ; 5:8, 9.

Yon anseyan ki te byen fòme

9, 10. Ki kalite fòmasyon Jezi te resevwa anvan yo te voye l sou tè a ?

9 Nan epòk pa nou an, anvan Kolèj santral la voye yon kretyen kòm misyonè yon kote, li fè aranjman pou li jwenn fòmasyon pou sa. Èske Jezi Kris te resevwa fòmasyon ? Repons lan se wi. Men, se pa nan lekòl chèf relijye yo te konn ale yo li te ale, ni se pa t gwo chèf relijye nan epòk li a ki te ba l fòmasyon anvan yo te wenn li kòm Mesi. (Jan 7:15 ; konpare ak Travay 22:3.) Si se sa, ki sa k fè Jezi te kalifye konsa antanke anseyan ?

10 Kèlkeswa sa Jezi te aprann nan men manman l, Mari, e nan men papa adoptif li, Jozèf, pi gwo fòmasyon li te resevwa pou ministè a, se nan men Jewova, Sila ki pi kalifye a, li te resevwa l. Men sa Jezi te di konsènan sa : “ Mwen pa pale selon pwòp tandans mwen, men Papa a ki voye m nan ban mwen yon kòmandman konsènan sa pou m di ak sa pou m pale. ” ​(Jan 12:49). N ap remake Pitit Bondye a te resevwa enstriksyon byen presi konsènan sa pou l anseye. Se sèten, anvan Jezi te vin sou tè a, li te pase anpil tan ap koute enstriksyon detaye Papa l t ap ba li sou sa pou l anseye. Èske li te ka resevwa yon pi bon fòmasyon pase sa ?

11. Jis nan ki pwen Jezi te konsidere lèzòm menm jan ak Papa l ?

11 Depi apre Pitit Gason an te fin fèt, li te gen yon relasyon sere ak Papa l. Pandan epòk Jezi t ap viv nan syèl la, anvan li te vin sou tè a, li te wè fason Jewova konsidere lèzòm lè li te obsève jan Li boule ak yo. Lanmou Bondye genyen pou lèzòm nan se menm lanmou sa a Jezi genyen pou yo tou. Se sa k fè, antanke lasajès an pèsòn, li te kapab di : “ Bagay mwen te santi yon atachman pou yo a te avèk pitit lèzòm. ” — Pwo. 8:22, 31.

12, 13. a) Ki sa Jezi te aprann lè li te obsève fason Papa l te boule ak Izrayelit yo ? b) Ki jan Jezi te itilize fòmasyon li te resevwa a ?

12 Nan fòmasyon Jezi te jwenn nan, li te wè tou ki jan Papa l te jere sitiyasyon ki difisil. Ann pran pa egzanp fason Jewova te boule ak Izrayèl, yon pèp dezobeyisan. Men sa nou li nan Neyemya 9:28 : “ Men kou yo te gen repo, yo te rekòmanse fè sa ki mal devan w [Jewova], e ou te livre yo nan men ènmi yo te genyen e yo te toupizi yo. Lè sa a, yo te retounen e yo te mande w sekou, e ou menm pandan w nan syèl la ou te tande yo e ou te delivre yo yon bann fwa, selon mizèrikòd ou gen ann abondans. ” Lefètke Jezi te konn travay ak Papa l e li te konn suiv li avèk atansyon, li te kiltive menm konpasyon avè l pou moun ki te nan zòn kote li t ap viv la. — Jan 5:19.

13 Jezi te sèvi ak fòmasyon li te jwenn nan. Se sa k fè li te boule avèk disip li yo avèk konpasyon. Nan nuit anvan li te mouri a, apot li yo li te renmen anpil yo te “ kite l, yo sove y ale ”. (Mat. 26:56 ; Jan 13:1.) Apot Pyè te menm nye Jezi twa fwa ! Malgre sa, Jezi te kite pòt la ouvè pou yo te ka retounen vin jwenn li. Men sa l te di Pyè : “ Mwen fè siplikasyon pou ou, pou lafwa w pa fayi. E ou menm, yon fwa ou retounen, bay frè w yo fòs. ” ​(Lik 22:32). Se sou “ apot yo ak pwofèt yo ” yo te bati Izrayèl espirityèl la. Se sa k fè non 12 apot ki te fidèl anvè Timouton an, Jezi Kris, ekri sou wòch fondasyon miray nouvo Jerizalèm nan. Nan epòk nou an, kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo, “ lòt mouton ” yo ki vwe lavi yo bay Jewova, ap fleri nan yon òganizasyon k ap preche bon nouvèl Wayòm nan anba pwoteksyon Bondye e anba direksyon Pitit li a li renmen anpil la. — Efe. 2:20 ; Jan 10:16 ; Rev. 21:14.

Ki jan Jezi te konn anseye ?

14, 15. Ki sa k fè jan Jezi te anseye a te diferan parapò ak fason eskrib yo ak Farizyen yo te konn fè sa ?

14 Ki jan Jezi te met fòmasyon li te jwenn nan ann aplikasyon lè l t ap anseye disip li yo ? Si nou konpare fason Jezi te konn anseye ak fason chèf relijye juif yo te konn anseye, n ap kapab wè byen klè fason Jezi te konn anseye a siperyè. Eskrib yo ak Farizyen yo te ‘ anile pawòl Bondye a akoz tradisyon yo ’. Sepandan, sa Jezi te anseye yo pa t sot nan li. Li te toujou anseye Pawòl Bondye oswa mesaj Li (Mat. 15:6 ; Jan 14:10). Nou menm tou nou bezwen fè menm jan an.

15 Gen yon lòt bagay ankò ki fè Jezi te diferan nèt parapò ak chèf relijye juif yo. Men sa li te di konsènan eskrib yo ak Farizyen yo : “ Tou sa yo di nou, fè li e mete l an pratik, men pa aji selon aksyon yo, paske yo di men yo pa fè. ” ​(Mat. 23:3). Sepandan, Jezi li menm te pratike sa li t ap anseye. Annou pran yon egzanp ki montre li te konn fè sa vre.

16. Poukisa nou kapab di Jezi te viv ann amoni ak sa li te di nan Matye 6:19-21 ?

16 Jezi te egzòte disip li yo pou yo “ sere trezò [...] nan syèl la ”. (Li Matye 6:19-21.) Èske Jezi te viv ann amoni ak egzòtasyon sa a ? Wi. Se sa k fè, li te ka di avèk verite konsènan tèt li : “ Rena yo gen twou e zwazo nan syèl yo gen kote pou yo dòmi, men Pitit lòm nan pa gen kote pou l poze tèt li. ” ​(Lik 9:58). Jezi te viv vi l byen senp. Prensipal aktivite l se te pwoklame bon nouvèl Wayòm nan. Jezi te demontre sa sa vle di pou yon moun viv san enkyetid li kapab jwenn lè l ap chèche anpile trezò sou tè a. Li te montre tou, jan sa pi bon pou yon moun anpile trezò pou li nan syèl la “ kote ni mit ni wouy pap wonyen, e kote vòlè pap ni kase ni vòlè ”. Èske w suiv egzòtasyon Jezi te bay pou nou anpile trezò pou nou nan syèl la pito ?

Kalite Jezi te genyen ki fè lòt moun te renmen l

17. Ki bagay Jezi te genyen ki fè li te yon evanjelizatè ki estrawòdinè ?

17 Ki sa k fè Jezi te yon evanjelizatè ki estrawòdinè ? Yon bagay ki te fè sa se fason li te konsidere moun li t ap ede yo. Anplis, Jezi te gen yon seri bèl kalite ki soti nan Jewova tankou imilite, lanmou ak konpasyon. Ann wè ki jan bèl kalite sa yo te atire anpil moun sou Jezi.

18. Poukisa nou kapab di Jezi te enb ?

18 Piske Jezi te aksepte vin sou tè a, “ li te vide tèt li, li te pran fòm yon esklav e li te vin nan resanblans lèzòm ”. (Fil. 2:7.) Se te yon aksyon ki montre imilite. Anplis, li pa t trete lòt moun kòmsi yo te enferyè parapò ak li menm. Li pa t panse lefètke li te sot nan syèl la, tout moun te dwe koute l. Kontrèman ak fo mesi yo, Jezi pa t konn ap mache fè tout moun konnen se li ki vrè Mesi a. Pafwa li te menm konn mande moun yo pou yo pa di kiyès li ye oswa pou yo pa rakonte kèk aksyon li te fè (Mat. 12:15-21). Jezi te vle pou moun yo pran desizyon pou yo vin suiv li apati sa yo menm yo te wè ak je yo. Ala sa dwe te ankourajan pou disip yo lefètke Seyè yo a pa t atann pou yo pafè menm jan ak zanj ki te avè l lè l te nan syèl la !

19, 20. Ki jan lanmou ak konpasyon Jezi te genyen te pouse l ede moun ?

19 Jezi Kris te montre tou li gen lanmou, youn nan kalite prensipal Papa l ki nan syèl la genyen (1 Jan 4:8). Lanmou Jezi te gen pou moun ki t ap koute l yo te pouse l anseye yo. Kòm egzanp, annou gade ki santiman li te genyen pou yon jèn chèf. (Li Mak 10:17-22.) Jezi te “ santi l gen lanmou pou li ” e li te vle ede l, men, jèn chèf sa a pa t abandone anpil bagay li te posede yo pou l te kapab vin yon disip Kris.

20 Youn nan lòt bèl kalite Jezi te genyen se konpasyon. Tankou tout lòt moun ki enpafè, moun ki te apresye ansèyman l yo te chaje ak pwoblèm. Piske li te konn sa, li te gen konpasyon ak pitye pou yo lè li t ap anseye yo. Ann pran yon egzanp ki montre sa. Yon lè, Jezi ansanm ak disip li yo te tèlman okipe yo pa t menm gen tan pou yo manje. Sepandan, ki reyaksyon Jezi te genyen lè l te wè yon foul moun ki te rasanble ? “ Li te santi l gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje. E li te kòmanse anseye yo anpil bagay. ” ​(Mak 6:34). Jezi te wè nan ki kondisyon deplorab moun yo t ap viv nan zòn kote li t ap preche a, se sa k fè li te pase anpil tan ap anseye yo e li te fè mirak pou yo. Gen kèk moun ki te vin disip li lefètke bèl kalite li te genyen yo te atire yo e pawòl li yo te touche kè yo.

21. Sou ki sa nou pral pale nan pwochen atik la ?

21 Jan nou pral wè sa nan pwochen atik la, nou kapab aprann anpil lòt bagay konsènan ministè Jezi sou tè a. Men, ki lòt fason ankò nou kapab imite Jezi Kris, pi gwo Misyonè a ?

Ki repons nou ta bay ?

• Ki fòmasyon Jezi te resevwa anvan li te vin sou tè a ?

• Ki sa k fè jan Jezi te anseye a te pi bon pase fason eskrib yo ak Farizyen yo te konn fè sa ?

• Ki kalite Jezi te genyen ki te fè moun yo renmen l ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Ki jan Jezi te konn anseye foul yo ?