Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa prezans Kris la vle di pou ou ?

Ki sa prezans Kris la vle di pou ou ?

Ki sa prezans Kris la vle di pou ou ?

“ Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy konklizyon sistèm nan ? ” — MAT. 24:3.

1. Ki kesyon enteresan apot Jezi yo te poze l ?

SA GEN de mil an anviwon, kat nan apot Jezi yo te poze l yon kesyon nan yon konvèsasyon yo t ap fè avèk li apa sou mòn Olivye. Men kesyon yo te poze l la : “ Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy konklizyon sistèm nan ? ” ​(Mat. 24:3). Apot yo te itilize de ekspresyon ki enteresan anpil nan kesyon sa a : “ prezans ou ” ak “ konklizyon sistèm nan ”. Ak ki sa ekspresyon sa yo gen rapò ?

2. Ki sa mo “ konklizyon ” an fè nou konprann ?

2 Annou pran dezyèm ekspresyon an anvan, e annou egzamine mo “ konklizyon ” an. Mo grèk ki koresponn avèk li a se suntéléïa. Nan Traduction du monde nouveau a, yo toujou itilize mo “ konklizyon ” an (“ achèvement ”) pou yo tradui mo sa a, tandiske yo itilize mo “ lafen ” an (“ fin ”) pou yo tradui télos, yon lòt mo grèk ki gen yon siyifikasyon ki pwòch ak li. Pou nou esplike diferans ki genyen ant de mo sa yo, nou ka pran egzanp yon diskou y ap bay nan yon Sal Wayòm. Konklizyon diskou a se dènye pati diskou a, pati kote oratè a pran yon ti tan pou l fè oditwa a sonje sa k te di nan diskou a e kote li montre yo ki jan enfòmasyon sa yo ka itil yo. Fen diskou a li menm se lè diskou a fini, lè oratè a kite estrad la. Konsa tou, nan Labib, ekspresyon “ konklizyon sistèm nan ” fè referans ak peryòd tan ki mennen oswa ki debouche sou fen sistèm nan.

3. Site kèk bagay ki fèt pandan prezans Jezi a.

3 E mo “ prezans ” lan apot yo te itilize a, ak ki sa li gen rapò ? Mo sa a koresponn ak mo grèk parousia a *. Parousia Kris la oswa prezans li a te kòmanse lè yo te mete Jezi Wa nan syèl la an 1914 e l ap kontinye pou l rive jis nan “ gwo tribilasyon ” an, kote Jezi pral vini pou l detwi mechan yo (Mat. 24:21). Gen anpil bagay se pandan prezans Jezi a yo fèt, pa egzanp, “ dènye jou ” sistèm sa a, rasanbleman moun ki chwazi yo ak rezirèksyon yo pou y al viv nan syèl la (2 Tim. 3:1 ; 1 Kor. 15:23 ; 1 Tes. 4:15-17 ; 2 Tes. 2:1). Nou ka di peryòd “ konklizyon sistèm nan ” ​(suntéléïa) koresponn ak peryòd tan yo rele prezans Kris la (parousia).

Yon peryòd tan ki long

4. Nan ki sans prezans Jezi a sanble ak sa k te pase nan epòk Noye a ?

4 Piske mo parousia a fè referans ak yon peryòd tan ki long, sa ann amoni ak sa Jezi te di anrapò ak prezans li. (Li Matye 24:37-39.) N ap remake Jezi pa t konpare prezans li a ak peryòd tan plizoumwen kout delij epòk Noye a te fèt ladan l lan. Men, li te konpare l ak peryòd ki pi long ki te vin debouche sou delij la. Se pandan peryòd sa a Noye te kòmanse konstwi lach la e se pandan tan sa a tou li te fè travay predikasyon l lan. Li te kontinye fè travay sa yo pou jis jou delij la te rive. Tout sa te pase pandan plizyè dizèn ane. Konsa tou, prezans Kris la gen ladan l yon seri evènman k ap kontinye pou rive jis nan gwo tribilasyon an ki fè pati evènman sa yo tou. — 2 Tes. 1:6-9.

5. Ki jan pawòl nou jwenn nan Revelasyon 6 yo montre prezans Jezi a se yon peryòd tan ki long ?

5 Gen lòt pwofesi nan Bib la ki ede nou konprann aklè prezans Kris la se pa lè l vini pou l detwi mechan yo sèlman, men, se yon peryòd tan ki long. Nan liv Revelasyon an, yo fè konnen Jezi monte sou yon cheval blan e yo ba l yon kouwòn. (Li Revelasyon 6:1-8.) Apre yo te fin kouwone Jezi Wa an 1914, yo fè konnen “ li derape antanke moun ki pote laviktwa e pou l fin acheve viktwa l ”. Ansuit, istwa a kontinye pou l fè konnen gen lòt moun ki sou plizyè koulè cheval k ap suiv li. Yon fason pwofetik, yo reprezante lagè, grangou ak epidemi. E tout bagay sa yo, anpalan de lagè, grangou ak epidemi, rive pandan peryòd tan yo rele “ dènye jou yo ”. E nou wè akonplisman pwofesi sa a.

6. Ki sa Revelasyon 12 ede nou konprann konsènan prezans Kris la ?

6 Revelasyon 12 bay lòt detay ankò konsènan lè Wayòm Bondye a t ap etabli nan syèl la. Vèsè sa yo pale konsènan yon batay ki te fèt nan syèl la. Mikayèl, sètadi Jezi Kris nan pozisyon l gen nan syèl la, ansanm ak zanj li yo te batay ak Dyab la ak demon l yo. Kòm rezilta, yo pimpe Satan Ledyab ak demon l yo sou tè a. Selon sa istwa a rapòte, nan moman sa a, Dyab la vin gen yon gwo kòlè “ piske li konnen kantite tan li rete a kout ”. (Li Revelasyon 12:7-12.) Donk, sa klè, gen yon peryòd tan ki t ap pase apre Wayòm Kris la fin etabli nan syèl la, kote t ap gen plis “ malè ” pou tè a e pou moun ki abite sou li yo.

7. De ki sa dezyèm sòm nan pale, e ki posiblite yo bay ladan l ?

7 Nan menm sans lan, dezyèm sòm nan pale yon fason pwofetik konsènan lè yo t ap mete Jezi Wa sou mòn Siyon selès la. (Li Sòm 2:5-9 ; 110:1, 2.) Sepandan, sòm sa a montre nou tou gen yon peryòd tan kote wa latè yo ansanm ak moun ki soumèt anba yo t ap jwenn posiblite pou yo soumèt anba dominasyon Kris la. Yo ankouraje yo pou yo “ montre [yo] gen klèvwayans ” e pou yo kite yo “ korije ” yo. “ Byennere tout moun ki pran refij nan [Bondye] ” pandan epòk sa a, lè yo sèvi l e yo sèvi Wa li mete anplas la. Konsa, pandan prezans Jezi antanke Wa a, yo gen posiblite pou yo fè chanjman ki nesesè yo. — Sòm 2:10-12.

Annou idantifye siy lan

8, 9. Kiyès ki t ap kapab idantifye siy prezans Kris la e ki t ap kapab konprann sa siy sa a vle di ?

8 Lè Farizyen yo te mande Jezi ki lè Wayòm nan t ap vini, Jezi te di yo li pa t ap vini yon “ fason k ap atire atansyon moun ”, jan yo te panse a (Lik 17:20, 21). Donk, moun ki pa kwayan yo pa t ap konn sa. Ki jan yo ta ka fè konn sa ? Yo pa t menm aksepte Jezi kòm sila ki t apral vin Wa yo alavni. Pakonsekan, kiyès ki t ap kapab idantifye siy prezans Kris la e ki t ap kapab konprann sa siy sa a vle di ?

9 Apre sa, Jezi te montre disip li yo ta wè siy lan klè, yo t ap tèlman wè l klè, se t ap kòmsi yo te wè “ zèklè, lè l ap flache, [ki] briye sot nan yon zòn anba syèl la rive nan yon lòt zòn anba syèl la ”. (Li Lik 17:24-29.) Li enteresan pou nou remake Matye 24:23-27 fè yon rapò dirèk ant pwen sa a ak siy prezans Kris la.

Jenerasyon ki wè siy lan

10, 11. a) Ki esplikasyon yo te bay oparavan konsènan “ jenerasyon ” yo mansyone nan Matye 24:34 la ? b) Kiyès sandout disip Jezi yo te konprann ki te fè pati “ jenerasyon ” sa a ?

10 Oparavan, peryodik sa a te fè konnen nan premye syèk la, “ jenerasyon sa a Matye 24:34 mansyone a se te “ jenerasyon Juif ki pa kwayan ki te viv nan epòk Jezi a ” *. Esplikasyon sa a te parèt rezonab paske tout lòt kote nan Bib la Jezi te sèvi ak ekspresyon “ jenerasyon ” an, li te itilize l nan yon sans negatif, e nan pifò ka yo, li te sèvi ak yon adjektif ki negatif, tankou “ mechan ”, pou l pale de jenerasyon sa a (Mat. 12:39 ; 17:17 ; Mak 8:38). Se sa k fè yo te konprann nan akonplisman ki t ap fèt nan epòk nou an, “ jenerasyon ” Jezi te pale de li a se te moun mechan ki pa kwayan ki ta wè ni evènman ki karakterize “ konklizyon sistèm nan ” ​(suntéléïa) ni fen sistèm nan (télos).

11 Se vre, lè Jezi te konn sèvi ak mo “ jenerasyon ” an nan sans negatif la, se swa li t ap pale ak moun mechan ki t ap viv nan epòk li a, swa li t ap pale de yo. Men, èske se te konsènan moun ki mechan li t ap pale nan Matye 24:34 ? Pa bliye kat disip Jezi yo te pwoche bò kote l pou yo pale avè l “ apa ”. (Mat. 24:3.) Piske Jezi pa t di yon bagay ki negatif lè l t ap pale avèk yo konsènan “ jenerasyon sa a ”, sandout apot yo te konprann se yo menm ansanm ak lòt disip yo ki te gen pou yo fè pati “ jenerasyon ” ki pa t ap pase a toutotan “ tout bagay sa yo pa rive ”.

12. Selon kontèks la, de ki moun Jezi t ap pale lè li te itilize ekspresyon “ jenerasyon ” an ?

12 Ki jan nou fè rive tire konklizyon sa a ? Se lè nou byen konsidere kontèks la. Men sa Jezi te di nou jwenn nan Matye 24:32, 33 : “ Aprann sa, kòm egzanp, sou pye fig la : depi li gen yon jenn ti branch ki kòmanse boujonnen e ki kòmanse pouse fèy, nou konnen lete pa lwen. Se menm jan an, nou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, se pou nou konnen li pwòch, li nan papòt la. ” ​(Konpare ak Mak 13:28-30 ; Lik 21:30-32). Apre sa, men sa nou li nan Matye 24:34 : “ An verite, mwen di nou sa : Non, jenerasyon sa a pap pase pou tout bagay sa yo pa rive. ”

13, 14. Poukisa nou kapab di sandout “ jenerasyon ” Jezi te mansyone a se te disip li yo ?

13 Jezi te di se te disip li yo ki t apral wen ak lespri sen nan yon tikras tan ankò ki t ap kapab tire yon seri konklizyon lè yo wè “ tout bagay sa yo ” rive. Donk, sandout Jezi t ap pale de disip li yo lè l te di : “ Jenerasyon sa a pap pase pou tout bagay sa yo pa rive. ”

14 Kontrèman ak moun ki pa kwayan yo, disip Jezi yo pa t ap annik wè siy lan, yo t ap konprann sans li tou. Yo t ap “ aprann ” anpil bagay nan diferan aspè ki gen nan siy sa a e yo t ap “ konnen ” vrè sans yo genyen. Yo t ap byen konprann “ li [Pitit lòm nan] pwòch, li nan papòt la ”. Byenke se vre nan premye syèk la, ni Juif ki pa t kwayan yo ni kretyen wen ki te fidèl yo te wè akonplisman pawòl Jezi yo nan yon sans limite, sepandan, se sèl disip wen l yo nan epòk sa a ki te ka aprann kèk bagay nan bagay ki te rive yo, sètadi ki te ka konprann vrè siyifikasyon sa yo te wè yo.

15. a) Nan epòk pa nou an, kiyès ki konpoze “ jenerasyon ” Jezi te pale de li a ? b) Poukisa nou pa ka kalkile kantite tan “ jenerasyon sa a ” ap dire egzakteman ? (Gade kare ki nan paj 25 lan.)

15 Jodi a, moun ki pa konprann bagay espirityèl yo pa wè gen anyen ki “ atire atansyon moun ” anrapò ak siy prezans Jezi a. Selon rezònman yo fè, tout bagay kontinye fèt menm jan yo te konn fèt nan tan lontan (2 Pyè 3:4). Yon lòt bò, frè wen Kris yo ki fidèl, sètadi klas Jan modèn nan, wè siy sa a byen klè, kòmsi se te yon kout zèklè ki klere e yo konprann vrè siyifikasyon li genyen. Antanke klas, kretyen wen sa yo konpoze “ jenerasyon ” nan epòk pa nou an ki pap pase toutotan “ tout bagay sa yo pa rive ” *. Sa fè nou konprann gen kèk moun ki frè wen Kris k ap vivan sou tè a toujou lè gwo tribilasyon yo te predi a ap kòmanse.

“ Kontinye veye ”

16. Ki sa tout disip Kris yo dwe fè ?

16 Idantifye siy lan se youn, men gen lòt bagay nou bezwen fè apre sa. Men sa Jezi te di ankò : “ Sa m di nou la a, se tout moun mwen di l : Kontinye veye. ” ​(Mak 13:37). Pawòl sa yo gen yon enpòtans kapital pou nou tout jodi a, kit nou se kretyen wen, kit nou fè pati gwo foul la. Plis pase 90 an gentan pase depi yo te mete Jezi Wa nan syèl la nan ane 1914. Nou dwe toujou montre nou pare e nou dwe kontinye veye, menmsi sa kapab difisil anpil pou nou. Si nou konprann Kris prezan yon fason envizib e li Wa nan Wayòm nan, sa ap ede nou fè sa. Sa ap ede nou tou pou nou pa bliye talè konsa li pral vini pou l detwi tout ènmi l yo “ nan yon lè nou pa panse ”. — Lik 12:40.

17. Ki jan konpreyansyon nou genyen an ta dwe fè nou santi nou, e ki sa nou ta dwe detèmine pou nou fè ?

17 Lè nou konprann siyifikasyon prezans Kris la, sa ede nou pou nou plis santi nou dwe aji vit. Nou konnen Jezi deja prezan e l ap dirije antanke Wa yon fason envizib nan syèl la depi 1914. Talè konsa, li pral vini pou l detwi mechan yo e pou l pote yon pakèt chanjman pou tout tè a. Se sa k fè nou ta dwe plis detèmine pou nou patisipe yon fason aktif nan travay Jezi te predi ki ta dwe fèt la, lè l te di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an [télos] ap vini. ” — Mat. 24:14.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Si nou ta renmen jwenn esplikasyon detaye sou sa, gade nan Étude perspicace des Écritures, Volume 2, paj 648-51.

^ § 10 Gade Toudegad 1ye novanm 1995, paj 11-15, 19, 30, 31 (fransè).

^ § 15 Sanble peryòd kote “ jenerasyon sa a ” ap viv la koresponn ak peryòd kote premye vizyon ki mansyone nan liv Revelasyon an reyalize (Rev. 1:10–3:22). Aspè sa a konsènan jou Seyè a kòmanse depi 1914 e l ap rive nan bout li jis lè dènye wen ki rete yo mouri e yo resisite. Gade liv La Révélation : le grand dénouement est proche ! la nan paj 24 § 4.

[Ki repons nou ta bay ?]

• Ki jan nou fè konnen prezans Jezi a se yon peryòd tan ki long ?

• Kiyès ki idantifye siy prezans Jezi a e ki konprann sa l vle di ?

• Kiyès ki konpoze jenerasyon nan epòk pa nou an yo mansyone nan Matye 24:34 la ?

• Poukisa nou pa ka kalkile konbyen tan “ jenerasyon sa a ” ap dire egzakteman ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 25]

Èske nou ka kalkile kantite tan “ jenerasyon sa a ” ap dire ?

An jeneral, mo “ jenerasyon ” an fè referans ak moun ki gen divès laj k ap viv pandan yon peryòd tan an patikilye oswa pandan yon evènman. Pa egzanp, Egzòd 1:6 di : “ Finalman, Jozèf te mouri, e tout frè l yo ak tout jenerasyon sa a te mouri tou. ” Jozèf ansanm ak frè l yo te gen laj diferan, men yo tout te viv yon seri evènman pandan menm epòk la. Nan menm “ jenerasyon sa a ”, te gen kèk nan frè Jozèf yo ki te fèt anvan l. E gen kèk nan yo ki te kontinye viv apre l te fin mouri (Jen. 50:24). Gen lòt moun ki te nan “ jenerasyon sa a ” tou ki fèt apre Jozèf, pa egzanp Benjamen, e sandout moun sa yo te kontinye viv apre l te fin mouri.

Donk, lè yo itilize mo “ jenerasyon ” an pou yo pale de moun ki te viv nan yon epòk an patikilye, nou pa ka konnen ki kantite tan “ jenerasyon sa a ” te dire egzakteman. Yon bagay nou konnen, sèke kantite tan yon jenerasyon dire gen yon limit e li pa ka twò long. Konsa, lè Jezi te sèvi ak ekspresyon “ jenerasyon sa a ” nan Matye 24:34, li pa t bay disip li yo yon mwayen pou yo konnen ki lè “ dènye jou yo ” ta rive nan bout yo. Olye de sa, Jezi te di yo yo pa t ap konnen “ jou sa a ak lè sa a ”. — 2 Tim. 3:1 ; Mat. 24:36.

[Foto nan paj 22, 23]

Apre yo te fin kouwone Jezi kòm Wa an 1914, yo dekri l kòm yon moun ki “ pote laviktwa ”.

[Foto nan paj 24]

“ Jenerasyon sa a pap pase pou tout bagay sa yo pa rive. ”