Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mete Jewova devan w toutan

Mete Jewova devan w toutan

Mete Jewova devan w toutan

“ Mwen mete Jewova devan m toutan. Piske li adwat mwen, mwen pap kilbite. ” — SÒM 16:8.

1. Ki efè istwa biblik yo ka genyen sou nou ?

PAWÒL Jewova a gen anpil istwa ki byen montre bèl fason Jewova boule avèk lèzòm. Li mansyone anpil moun ki te patisipe nan reyalizasyon objektif Bondye genyen an. Anfèt, Bib la pa rapòte pawòl moun sa yo ak aksyon yo senpleman pou rakonte bèl istwa. Okontrè, istwa sa yo kapab fè nou vin pi pwòch Bondye toujou. — Jak 4:8.

2, 3. Ki sa pawòl nou li nan Sòm 16:8 la vle di ?

2 Nou tout ka aprann anpil bagay nan eksperyans kèk moun yo pale de yo nan Bib la te fè, tankou Abraram, Sara, Moyiz, Rit, David, Estè, apot Pòl ak lòt moun ankò. Sepandan, nou ka tire pwofi tou nan istwa yo rakonte sou moun yo pa pale anpil de yo. Lè nou medite sou istwa biblik yo, sa kapab ede nou aji menm jan ak salmis la ki te di : “ Mwen mete Jewova devan m toutan. Piske li adwat mwen, mwen pap kilbite. ” ​(Sòm 16:8). Ki sa pawòl sa yo vle di ?

3 An jeneral, yon sòlda te konn itilize epe l ak men dwat li e li te konn pote boukliye l ak men goch li. Sa fè bò dwat li te san pwoteksyon. Sepandan, li te jwenn pwoteksyon si l te gen yon zanmi l toupre, sou bò dwat li, k ap batay bò kote l. Si nou toujou ap panse ak Jewova e nou fè volonte l, l ap pwoteje nou. Kidonk, annou wè ki jan istwa biblik yo ka fòtifye lafwa nou yon fason pou nou “ toujou mete Seyè a devan je [nou] ”. — Bib la.

Jewova reponn nou lè nou priye l

4. Bay yon egzanp nan Bib la ki montre Bondye konn reponn priyè moun fè.

4 Si nou mete Jewova devan nou, l ap reponn priyè nou yo (Sòm 65:2 ; 66:19). Nou jwenn yon prèv sou sa nan ka sèvitè Abraram ki te pi ansyen an. Sanble se te Elyezè. Abraram te voye l Mezopotami pou l al chèche yon fi ki gen krent pou Jewova, yon fi ki pou vin madam Izarak. Elyezè te priye Bondye pou l ba l direksyon e li te rekonèt Li te fè sa lè Rebeka te bay chamo l yo dlo pou yo bwè. Piske Elyezè te sensè nan priyè li te fè a, li te jwenn fi ki te vin madanm Izarak la, yon madanm Izarak te renmen (Jen. 24:12-14, 67). Se vre, sèvitè Abraram nan te gen yon asiyasyon espesyal, men, menm jan avè l, èske nou pa ta dwe gen konfyans Jewova ap koute priyè nou yo ?

5. Poukisa nou kapab di menm yon priyè tou kout nou fè nan kè nou kapab bay bon rezilta ?

5 Pafwa, nou ka bezwen priye Bondye rapidman pou l ede nou. Yon lè, Atakzèksès, yon wa nan peyi Pès, te remake Neyemya, moun ki t ap sèvi l bwason an, te tris. Wa a mande l : “ Ki sa menm ou ta renmen jwenn ? La menm, [Neyemya] priye Bondye nan syèl la. ” Priyè sa a Neyemya te fè nan kè l la dwe te tou kout. Poutan, Bondye te reponn li, paske wa a te bay Neyemya sipò l pou l rekonstwi miray Jerizalèm yo. (Li Neyemya 2:1-8.) Wi, menm yon priyè tou kout nou fè nan kè nou kapab bay bon rezilta.

6, 7. a) Anrapò ak lapriyè, ki egzanp Epafras ban nou ? b) Poukisa nou bezwen priye pou lòt moun ?

6 Labib egzòte nou pou “ nou priye youn pou lòt ” menm lè se pa toujou tousuit nou konnen si priyè sa yo te jwenn repons (Jak 5:16). Epafras, “ yon minis Kris ki fidèl ”, te konn priye ak tout kè l pou frè ak sè l yo nan lafwa. Men sa Pòl te di nan yon lèt li te ekri detan l te Wòm : “ Epafras, ki soti lakay nou [Kolosyen], yon esklav Kris Jezi, voye salitasyon pou nou. Li toujou ap lite pou nou nan priyè l yo, yon fason, finalman, pou nou total, pou nou gen fèm konviksyon konsènan tout volonte Bondye a. Vrèman, mwen rann temwayaj pou li lefètke li te fè anpil efò pou nou e pou sila ki nan Lawodise yo ak sila ki nan Yerapolis yo. ” — Kol. 1:7 ; 4:12, 13.

7 Vil Kolòs, Lawodise ak Yerapolis te twouve yo nan yon zòn ki ann Azi Minè. Kretyen nan vil Yerapolis yo te rete pami yon seri moun ki t ap adore yon deyès ki rele Sibèl. Sa nan Lawodise yo te an danje akoz materyalis e sa nan Kolòs yo te an danje akoz filozofi lèzòm (Kol. 2:8). Nou ka konprann sa k fè Epafras, ki soti nan vil Kolòs, te “ toujou ap lite [...] nan priyè l ” pou kwayan ki te gen nan vil sa a. Labib pa di nou ki jan Jewova te reponn priyè Epafras yo, men li pa t sispann priye pou kwayan parèy li yo. Nou menm tou, nou pa dwe janm sispann priye pou frè nou yo. Se vre, nou pa “ moun k ap antre nan zafè lòt moun ”, men, nou kapab konnen yon manm fanmi nou oswa yon zanmi nou k ap fè fas ak yon gwo eprèv (1 Pyè 4:15). Èske sa pa t ap apwopriye pou nou priye pou li pèsonèlman ? Gen moun ki te konn fè priyè siplikasyon pou Pòl, e priyè sa yo te ede l. Menm jan an tou, priyè nou fè pou lòt moun kapab ede yo anpil. — 2 Kor. 1:10, 11.

8. a) Ki jan nou fè konnen ansyen Efèz yo se te moun ki konnen enpòtans lapriyè ? b Ki jan nou ta dwe konsidere lapriyè ?

8 Èske lòt moun konnen nou kòm moun ki renmen priye e ki fè sa souvan ? Apre Pòl te fin rankontre ansyen Efèz yo, ‘ li te mete l ajenou avèk yo tout epi li te priye ’. Apre sa, “ yo tout te pran kriye, e yo te vole nan kou Pòl epi yo anbrase l avèk tandrès, paske yo te gen lapenn sitou poutèt li te di yo yo pap wè figi l ankò ”. (Tra. 20:36-38.) Nou pa konnen non ansyen sa yo, men nou ka wè aklè se te moun ki konnen enpòtans lapriyè. Vrèman, nou ta dwe cheri privilèj nou genyen pou nou priye Bondye a e nou ta dwe “ leve men nou ki fidèl anlè ” devan Papa nou ki nan syèl la e nou mèt gen konfyans l ap reponn nou. — 1 Tim. 2:8.

Annou obeyi Bondye totalman

9, 10. a) Ki egzanp pitit fi Selofehad yo kite pou nou ? b) Ki jan obeyisans pitit fi Selofehad yo ka enfliyanse pwennvi yon kretyen selibatè sou maryaj ?

9 Lè nou kenbe Jewova nan lespri nou toutan, sa ap ede nou obeyi l, e n ap resevwa benediksyon nan men l pou sa (Det. 28:13 ; 1 Sam. 15:22). Pou nou fè sa, nou bezwen gen yon etadespri obeyisan. Annou egzamine atitid senk pitit fi Selofehad yo ki t ap viv nan epòk Moyiz la. An jeneral, pami Izrayelit yo, se pitit gason yo ki te konn resevwa eritaj yo nan men papa yo. Selofehad te mouri san l pa t gen pitit gason, e Jewova te bay lòd pou yo bay senk pitit fi l yo tout eritaj la, men, te gen yon kondisyon : yo te dwe marye ak pitit Manase yo yon fason pou eritaj la te ka toujou rete nan tribi sa a sèlman. — Nonb 27:1-8 ; 36:6-8.

10 Pitit fi Selofehad yo te konnen tout bagay t ap mache byen pou yo si yo te obeyi Bondye. Men sa Labib di : “ Jan Jewova te bay Moyiz lòd, se sa pitit fi Selofehad yo te fè. Se konsa Mala, Titsa, Ogla, Milka ak Nowa, pitit fi Selofehad yo, te vin madanm pitit frè papa yo. Yo te vin madanm kèk moun nan fanmi pitit gason Manase yo, pitit Jozèf, yon fason pou eritaj yo a te ka rete nan tribi fanmi papa yo. ” ​(Nonb 36:10-12). Medam sa yo ki te obeyisan te fè sa Jewova te bay lòd pou yo fè (Joz. 17:3, 4). Kretyen selibatè ki gen matirite espirityèl yo e ki gen konfyans nan Bondye menm jan ak medam sa yo obeyi l lè yo marye “ nan Seyè a sèlman ”. — 1 Kor. 7:39.

11, 12. Ki jan Kalèb te montre li te gen konfyans nan Bondye ?

11 Menm jan ak Kalèb, nou bezwen obeyi Jewova totalman (Det. 1:36). Apre Izrayèl te fin libere anba Ejip nan 16yèm syèk anvan epòk nou an, Moyiz te voye 12 espyon nan peyi Kanaran, men se de nan yo sèlman, Kalèb ak Jozye, ki te ankouraje pèp la met tout konfyans yo nan Bondye e pou yo antre nan peyi a (Nonb 14:6-9). Anviwon karantan apre, Jozye ak Kalèb te toujou vivan e yo te toujou ap suiv Jewova totalman, e Bondye te itilize Jozye pou l mennen Izrayelit yo nan Latè pwomiz. Sepandan, sanble lòt dis espyon ki pa t gen lafwa yo te mouri pandan 40 an Izrayèl te fè ap monte desann nan dezè a. — Nonb 14:31-34.

12 Kalèb ki te aje e ki te toujou vivan apre eksperyans nasyon Izrayèl la te fè nan dezè a, te ka kanpe devan Jozye pou l di l : “ Mwen te suiv Jewova Bondye m nan konplètman. ” ​(Li Jozye 14:6-9.) A katreventan, li te mande pou yo ba l zòn ki gen mòn Jewova te pwomèt li yo, byenke te gen ènmi ki te rete nan yon seri gwo vil ki byen pwoteje nan zòn sa a. — Joz. 14:10-15.

13. Malgre nou rankontre eprèv, n ap jwenn benediksyon Jewova si nou fè ki sa ?

13 Menm jan ak Kalèb ki te fidèl e ki te obeyisan, n ap jwenn benediksyon Bondye si nou “ suiv Jewova konplètman ”. Lè nou rankontre gwo eprèv, si nou “ suiv Jewova konplètman ”, l ap beni nou. Sepandan, li kapab difisil pou nou fè sa pandan tout lavi nou, jan Kalèb te fè sa. Byenke wa Salomon te kòmanse byen, madanm li yo te pouse l sèvi fo dye lè l te nan vyeyès li e “ li pa t suiv Jewova konplètman, menm jan ak David papa l ”. (1 Wa 11:4-6.) Kèlkeswa eprèv nou rankontre, annou kontinye obeyi Bondye totalman e annou kontinye mete l devan nou toutan.

Annou toujou mete konfyans nou nan Jewova

14, 15. Ki sa w aprann nan eksperyans Nawomi an sou nesesite pou w mete konfyans ou nan Bondye ?

14 Nou bezwen mete konfyans nou nan Bondye, sitou lè nou deprime paske avni nou parèt sonm. Annou egzamine egzanp Nawomi, yon fi aje lanmò te pase pran mari l ak de pitit gason l yo. Lè l te kite Mowab pou l retounen Jida, avèk tristès, li te di pawòl sa yo : “ Pa rele m Nawomi [“ cham mwen ”, nòt anba paj]. Rele m Mara [“ anmè ”, nòt anba paj], paske Toupisan an fè bagay yo vin anmè anpil pou mwen. Mwen te chaje lè m t aprale, e se men vid Jewova fè m tounen. Poukisa pou nou ta rele m Nawomi, alòske se Jewova ki imilye m e se Toupisan an ki lakòz mwen nan kalamite ? ” — Rit 1:20, 21.

15 Se vre Nawomi te aflije, men, lè nou li liv Rit la avèk atansyon, nou wè li te kontinye mete konfyans li nan Jewova. E bagay yo te vrèman chanje pou li. Rit, bèlfi Nawomi an ki te vèv, te vin madanm Bowaz e li te fè yon pitit gason pou li. Se Nawomi ki te vin ap pran swen timoun nan. Men sa yo rakonte nan istwa a : “ Vwazin yo te ba l yon non, yo te di : ‘ Nawomi gen yon pitit gason. ’ E yo te kòmanse rele l Obèd. Se li ki papa Jese, papa David. ” ​(Rit 4:14-17). Lè Nawomi resisite pou l viv sou tè a, l ap aprann Rit, k ap la tou lè sa a, te vin yon zansèt Jezi, Mesi a (Mat. 1:5, 6, 16). Menm jan ak Nawomi, nou pa konnen egzakteman ki jan sitiyasyon yo ka vire. Se sa k fè, annou toujou mete konfyans nou nan Bondye, jan Pwovèb 3:5, 6 egzòte nou fè sa lè l di : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, teni kont de li, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. ”

Annou konte sou lespri sen

16. Ki jan lespri sen Bondye te ede yon gwoup ansyen nan Izrayèl lontan an ?

16 Si nou kontinye mete Jewova devan nou toutan, l ap gide nou ak lespri sen l (Gal. 5:16-18). Lespri Bondye te sou 70 ansyen Moyiz te chwazi pou ‘ ede l ak pèp [Izrayèl] la ki te yon chay pou li ’. Menmsi se sèlman Èldad ak Medad yo site, lespri sen te ede tout mesye yo pou yo ranpli fonksyon yo byen (Nonb 11:13-29). Sandout, yo te konpetan, yo te gen krent pou Bondye, yo te diy de konfyans e yo te onèt, menm jan ak mesye yo te chwazi anvan yo (Egz. 18:21). Jodi a, ansyen yo ki nan kongregasyon kretyen an demontre yo gen menm kalite sa yo.

17. Ki wòl lespri sen Jewova te jwe nan konstriksyon tabènak la ?

17 Lespri sen Jewova te jwe yon wòl enpòtan nan konstriksyon tabènak la nan dezè a. Jewova te nome Betsalèl kòm prensipal atizan e konstriktè nan tabènak la ; li te pwomèt l ap “ ranpli l ak lespri l pou l gen sajès, entèlijans, konesans ak konpetans pou l fè tout kalite travay atizan ”. (Egz. 31:3-5.) Te gen yon seri mesye “ ki gen sajès nan kè yo ” ki t ap travay ak Betsalèl ansanm ak Owolyab, yon asistan li te genyen, pou yo ede yo ranpli bèl asiyasyon yo te genyen an byen. Anplis de sa, lespri Jewova te pouse moun ki te byen dispoze yo fè anpil kontribisyon (Egz. 31:6 ; 35:5, 30-34). Nan epòk nou an, lespri Jewova motive sèvitè l yo pou yo fè tout sa yo kapab pou yo fè enterè Wayòm nan avanse (Mat. 6:33). Nou kapab deja gen kèk kapasite, men, nou bezwen priye pou nou jwenn lespri sen e nou bezwen kite l gide nou si nou ta renmen akonpli travay Jewova bay pèp li a fè nan tan pa nou an. — Lik 11:13.

Annou toujou demontre nou gen krent ak respè pou Jewova Chèf lame yo

18, 19. a) Ki etadespri lespri sen Bondye fè nou genyen ? b) Ki sa w aprann nan egzanp Simeyon an ak egzanp Àn nan ?

18 Lespri sen fè nou demontre nou gen krent pou Jewova, yon krent ki fè nou mete l devan nou toutan. Men sa yo te di pèp Bondye a nan tan lontan : “ Se pou mwen [Jewova] nou dwe gen krentif. ” ​(Iza. 8:13, Bib la). Nan premye syèk la, te gen de moun aje nan Jerizalèm ki te rele Simeyon ak Àn, ki te demontre yo gen krent pou Bondye. (Li Lik 2:25-38.) Simeyon te gen lafwa nan pwofesi ki te pale konsènan Mesi a e li t ap “ tann konsolasyon Izrayèl la ”. Bondye te mete lespri sen l sou li e li te fè l konnen avèk asirans li pap mouri san l pa wè Mesi a. E li te wè l vre. Yon jou, nan lan 2 anvan epòk nou an, Mari ak Jozèf, sètadi manman Jezi ak papa adoptif li, te pote l nan tanp lan. Anba enspirasyon lespri sen, Simeyon te di yon seri pawòl pwofetik konsènan Mesi a e li te anonse tristès Mari t apral genyen, yon tristès Mari te santi lè yo te kloure Jezi sou yon poto soufrans. Sepandan, imajine tout lajwa Simeyon te genyen lè l wè li kenbe “ Kris Jewova a ” nan bra l ! Nan domèn krent lan, ala yon kokenn egzanp Simeyon kite pou sèvitè Bondye yo jodi a !

19 Àn, yon vèv ki te gen 84 an e ki te gen krent pou Bondye, “ pa t janm pa nan tanp lan ”. Li te bay Jewova yon sèvis sakre lajounen kou lannuit, li te konn fè “ jèn ak siplikasyon ”. Àn te la tou lè yo te mennen tibebe a nan tanp lan. Se pa ti kontan li te kontan lefètke li te wè moun ki t ap vin tounen Mesi a ! Se sa k fè li “ te kòmanse di Bondye mèsi e li te kòmanse pale de tibebe a devan tout moun ki t ap tann delivrans Jerizalèm ”. Àn te santi fòk li pataje bon nouvèl sa a ak lòt moun yo. Menm jan ak Simeyon ak Àn, jodi a, kretyen ki aje yo kontan anpil pou yo konnen yon moun pa janm twò granmoun pou l sèvi Jewova antanke Temwen l.

20. Kèlkeswa laj nou, ki sa nou bezwen fè, e poukisa ?

20 Kèlkeswa laj nou, nou bezwen mete Jewova devan nou toutan. Lè sa a, li menm l ap beni efò n ap fè avèk imilite pou nou pale konsènan pozisyon l antanke Wa e pou nou pale konsènan travay estrawòdinè li fè yo (Sòm 71:17, 18 ; 145:10-13). Men, si nou vle onore Jewova, nou dwe demontre nou gen kalite ki fè l plezi. Ki sa nou ka aprann sou kalite sa yo lè nou egzamine lòt istwa nan Bib la ?

[Ki repons nou ta bay ?]

• Ki jan nou fè konnen Jewova koute priyè nou yo ?

• Poukisa nou dwe obeyi Jewova totalman ?

• Menm lè nou aflije, poukisa nou ta dwe toujou mete konfyans nou nan Jewova ?

• Ki jan lespri sen Bondye ede sèvitè Bondye yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 4]

Jewova te reponn priyè Neyemya te fè l la.

[Foto nan paj 5]

Lè nou sonje benediksyon Nawomi te resevwa, sa ap ede nou mete konfyans nou nan Jewova.