Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Mak la

Pwen enteresan ki nan liv Mak la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Mak la

NAN kat Evanjil yo, se Evanjil Mak la ki pi kout. Se Jan Mak ki te ekri l anviwon 30 an apre lanmò Jezi ak rezirèksyon l. Nan Evanjil sa a, li esplike yon pakèt bagay estrawòdinè ki te pase pandan ministè Jezi ki te dire twazan edmi.

Liv Mak la se yon liv ki te ekri espesyalman pou moun ki pa Juif, pou Women yo an patikilye. Li prezante Jezi kòm Pitit Bondye a ki t ap fè mirak e ki te antreprann yon kanpay predikasyon ki te fèt avèk zèl. Liv la plis mete aksan sou sa Jezi te fè olye l met aksan sou sa l te anseye. Si nou prete atansyon ak sa ki di nan Evanjil Mak la, sa ap ranfòse lafwa nou nan Mesi a e sa ap motive nou pou nou pwoklame mesaj Bondye a avèk zèl nan ministè nou genyen antanke kretyen an. — Ebre 4:12.

YON KOKENN MINISTÈ KI TE FÈT NAN GALILE

(Mak 1:1–9:50)

Mak rakonte aktivite Jan Batis ak 40 jou Jezi te pase nan dezè a nan 14 vèsè sèlman. Apre sa, li kòmanse bay yon rapò enteresan sou ministè Jezi nan Galile. Lefètke nan rapò l la tanzantan li itilize ekspresyon “ imedyatman ” an, sa ede nou santi te gen ijans nan moman an. — Mak 1:10, 12.

Nan mwens pase twazan, Jezi te fè twa kanpay predikasyon nan Galile. Mak prezante pifò evènman ki nan rapò l la nan yon lòd kwonolojik, sètadi youn apre lòt nan lòd yo te pase a. Li pa mansyone Sèmon sou montay la, ni li pa mansyone anpil nan lòt diskou Jezi te pwononse ki te long yo.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:15 — Pou ki bagay “ tan fikse ” a te rive ? Jezi te vle montre tan fikse a te rive pou l kòmanse ministè l. Piske l te la antanke moun ki te dwe vin Wa, Wayòm Bondye a te pwòch. Konsa, grasa travay predikasyon l lan, moun ki gen kè dwat yo t ap kapab fè sa ki nesesè pou yo jwenn apwobasyon Bondye.

1:44 ; 3:12 ; 7:36 — Poukisa Jezi pa t vle pou moun rakonte mirak li te fè yo ? Jezi te prefere pou moun yo wè pèsonèlman se li menm ki Kris la e pou yo pran yon desizyon pèsonèl ki baze sou prèv ki te montre sa, olye pou yo te tire konklizyon ki baze sou bagay moun ta rakonte ki egzajere oswa ki pa vre (Iza. 42:1-4 ; Mat. 8:4 ; 9:30 ; 12:15-21 ; 16:20 ; Lik 5:14). Jezi te fè yon eksepsyon nan ka mesye ki te gen demon sou li a nan peyi Jerazenyen yo. Li te di l pou l al lakay li e pou l rakonte fanmi l sa l te fè pou li a. Moun nan zòn nan te sipliye Jezi pou l kite zòn nan, donk, se swa l prèske pa t ap gen kontak avèk yo, swa l pa t ap gen kontak avèk yo ditou. Lefètke mesye sa a t ap la e li t ap ka bay temwayaj sou bon aksyon Jezi te fè pou li a, sa t ap sèvi pou kontrekare move pawòl yo ta ka di konsènan pakèt kochon ki te mouri yo. — Mak 5:1-20 ; Lik 8:26-39.

2:28 — Poukisa yo rele Jezi “ Seyè ata menm saba a ” ? Men sa apot Pòl te ekri : “ Lalwa gen lonbray bon bagay ki gen pou vini yo. ” ​(Ebre 10:1). Tankou jan Lalwa te mande sa, jou Saba a te tonbe apre sis jou travay, e Jezi te fè anpil mirak pandan jou sa a. Sa te senbolize repo, lapè ak lòt benediksyon limanite pral jwenn pandan Rèy mil an Kris la, lè dominasyon bout di Satan an pap la ankò. Se sa k fè Wa Wayòm sa a se “ Seyè saba a ”. — Mat. 12:8 ; Lik 6:5.

3:5 ; 7:34 ; 8:12 — Ki jan Mak te fè konnen detay konsènan santiman ki t ap travèse Jezi yo ? Mak pa t ni fè pati 12 apot yo ni l pa t yon disip ki te pwòch Jezi. Selon sa tradisyon fè konnen, Mak te konpayon travay apot Pyè, li te pwòch li, e se apot Pyè ki te ba li pifò nan enfòmasyon li te genyen yo. — 1 Pyè 5:13.

6:51, 52 — Ki “ siyifikasyon pen yo ” te genyen disip yo pa t rive konprann ? Kèk èdtan anvan sa, Jezi te bay 5 000 gason manje, san konte fi ak timoun, e li te fè sa ak senk pen ansanm ak de pwason sèlman. “ Siyifikasyon pen yo ” disip yo pa t rive konprann nan okazyon sa a, sèke Jezi te resevwa pisans nan men Jewova Dye pou l fè mirak (Mak 6:41-44). Si yo te konprann ki kantite pouvwa Jezi te resevwa, yo pa t ap sezi konsa lè yo te wè mirak kote Jezi te mache sou dlo a.

8:22-26 — Poukisa se an de etap Jezi te fè mesye ki te avèg la vin wè ankò ? Petèt se paske Jezi te gen konsiderasyon pou mesye sa a. Mesye a te abitye ak fènwa depi lontan, e lefètke se ofiramezi li te vin kapab wè, petèt sa te pèmèt li abitye ak limyè solèy la.

Leson pou nou jodi a :

2:18 ; 7:11 ; 12:18 ; 13:3. Mak bay esplikasyon sou koutim, ekspresyon, kwayans ak zòn yon moun ki pa Juif gendwa pa konnen. Pa egzanp, li te montre aklè Farizyen yo “ te abitye jene ” e li te montre kòbàn nan se “ yon don ki vwe pou Bondye ”. Li te fè konnen tou Sadiseyen yo te “ di pa gen rezirèksyon ” e li te fè konnen tanp lan te anfas “ mòn Olivye ”. Etandone se plis Juif yo ki t ap enterese nan liy fanmi Mesi a, li pa t mansyone l ditou. Konsa, Mak kite yon egzanp pou nou. Nou ta dwe konsidere edikasyon, fòmasyon ak kilti moun k ap koute nou yo lè n ap preche oswa lè n ap fè diskou nan reyinyon yo.

3:21. Fanmi Jezi yo pa t kwayan. Se sa k fè li te ka konprann santiman moun ki jwenn opozisyon nan fanmi yo oswa moun manm fanmi yo pase yo nan rizib akoz lafwa yo.

3:31-35. Jou batèm Jezi, li te vin tounen Pitit espirityèl Bondye, e “ Jerizalèm anwo a ” te vin tounen manman l (Gal. 4:26). Depi lè sa a, Jezi te vin pi pwòch disip li yo e li te vin gen plis afeksyon pou yo pase pou fanmi l nan lachè. Sa montre nou nou ta dwe mete tout sa ki gen rapò ak vrè adorasyon an an premye nan lavi nou. — Mat. 12:46-50 ; Lik 8:19-21.

8:32-34. Si yon moun ta demontre yon bonte mal plase anvè nou, nou ta dwe rekonèt sa byen vit epi rejte l. Yon disip Kris dwe prè pou l “ renye tèt li ”, sètadi pou l pa panse ak tèt li e pou l rejte dezi egoyis ak anbisyon li ta ka genyen. Li dwe prè pou l “ pran poto soufrans li ”, sètadi pou l soufri si sa nesesè, pou l aksepte lawont oswa pèsekisyon oswa pou l menm mouri paske l se yon kretyen. E li dwe “ suiv [Jezi] nètale ”, li dwe imite fason li te viv la. Pou nou ka viv antanke disip Jezi, sa mande pou nou devlope yon espri sakrifis ki sanble ak espri sakrifis Jezi te manifeste a e pou nou kontinye gen etadespri sa a. — Mat. 16:21-25 ; Lik 9:22, 23.

9:24. Nou pa dwe wont pale de lafwa nou ak lòt moun, ni nou pa dwe wont priye pou nou jwenn plis lafwa. — Lik 17:5.

DÈNYE MWA A

(Mak 10:1–16:8)

Prèske nan fen ane 32 epòk nou an, Jezi te al nan “ fwontyè Jide yo e sou lòt bò Jouden an ” e la ankò, te gen yon pakèt moun ki te vin jwenn li (Mak 10:1). Apre l fin preche nan zòn nan, li pran wout pou l al Jerizalèm.

Jezi te Betani nan jou ki te 8 Nizan an. Li te lonje bò yon tab nan yon repa lè yon fi te vini epi l te vide yon luil santi bon sou tèt li. Yo rakonte tout sa k te pase yo soti lè Jezi te rantre an triyonf nan Jerizalèm rive nan rezirèksyon l nan lòd kwonolojik.

Kesyon biblik ak tout repons :

10:17, 18 — Poukisa Jezi te korije yon mesye ki te rele l “ Bon Anseyan ” ? Lefètke Jezi te refize aksepte yon tit ki t ap glorifye l, li te bay Jewova glwa e li te montre se nan vrè Dye a tout bon bagay soti. Anplis, Jezi te atire atansyon moun yo sou yon verite fondamantal : se Jewova Dye sèlman, Kreyatè tout bagay la, ki gen dwa pou l etabli prensip sou sa ki byen ak sa ki mal. — Mat. 19:16, 17 ; Lik 18:18, 19.

14:25 — Ki sa Jezi te vle di lè l te di apot fidèl li yo : “ Mwen pap bwè pwodui ki soti nan rezen ankò, jiskaske jou a rive kote mwen pral bwè yon diven ki fèk fèt, nan wayòm Bondye a ” ? Lè Jezi te di sa a, li pa t vle fè konprann gen diven toutbonvre nan syèl la. Pafwa, diven konn senbolize kè kontan. Konsa, Jezi te fè referans ak kè kontan k ap genyen lè l ap nan Wayòm nan ansanm ak disip wen li yo ki resisite. — Sòm 104:15 ; Mat. 26:29.

14:51, 52 — Kiyès jenòm ki te “ sove toutouni an ” te ye ? Se sèl Mak ki pale de sa nan Evanjil li a, se sa k fè li rezonab pou nou konprann se de tèt li li t ap pale.

15:34 — Lefètke Jezi te di “ Bondye m, Bondye m, poukisa w abandone m ”, èske sa montre li te manke lafwa ? Non. Byenke nou pa ka sèten ki sa k te pouse Jezi di sa, sepandan, pawòl li yo endike petèt li te konnen Jewova te retire pwoteksyon l sou Pitit li a yon fason pou entegrite l te pase anba eprèv nèt. Petèt li te di sa tou pou l te ka akonpli sa Sòm 22:1 te predi konsènan li a. — Mat. 27:46.

Leson pou nou jodi a :

10:6-9. Objektif Bondye se pou de moun ki marye rete ansanm. Se poutèt sa, olye pou mari yo ak madanm yo kouri chèche divòse, yo ta dwe fè efò pou yo aplike prensip ki nan Bib la pou yo ka venk kèlkeswa difikilte yo ta ka genyen nan maryaj yo. — Mat. 19:4-6.

12:41-44. Egzanp vèv malerèz la aprann nou nou dwe jenere lè n ap fè ofrann pou nou soutni vrè adorasyon an.

[Foto nan paj 29]

Poukisa Jezi te di mesye sa a pou l rakonte fanmi l tout sa l te fè pou li ?