Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou konsidere lòt moun jan Jewova konsidere yo ?

Èske nou konsidere lòt moun jan Jewova konsidere yo ?

Èske nou konsidere lòt moun jan Jewova konsidere yo ?

“ Pa [dwe] gen divizyon nan kò a, [...] manm li yo [dwe] gen menm sousi youn pou lòt. ” — 1 KOR. 12:25.

1. Ki jan w te santi w lè w te fèk antre nan paradi espirityèl la ?

LÈ NOU te fèk kite monn mechan an e nou te kòmanse frekante pèp Jewova a, sandout nou te kontan wè lanmou sensè ki egziste nan mitan l ak enterè moun yo demontre youn pou lòt. Se pa ti diferan sa diferan ak monn ki anba dominasyon Satan an, yon monn ki di, ki rayisab e ki gen lespri polemik ! Nou te antre nan paradi espirityèl la kote gen lapè ak inite. — Iza. 48:17, 18 ; 60:18 ; 65:25.

2. a) Ki sa ki ka gen yon efè sou fason nou konsidere lòt moun ? b) Ki sa nou kapab bezwen fè ?

2 Sepandan, ofiramezi tan ap pase, nou kapab kòmanse gen yon imaj ki defòme sou frè nou yo akoz enpèfeksyon. Akoz enpèfeksyon nou, nou kapab gwosi fot frè nou yo olye pou nou wè tout bon kalite espirityèl yo genyen. Sa vle di nou ka bliye konsidere yo menm jan ak Jewova. Si sa rive nou, se moman pou nou egzamine fason nou konsidere yo e pou nou mete l ann amoni ak fason Jewova konsidere yo. — Egz. 33:13.

Fason Jewova konsidere frè nou yo

3. Ak ki sa Labib konpare kongregasyon kretyen an ?

3 Selon 1 Korentyen 12:2-26, apot Pòl te konpare kongregasyon kretyen wen yo ak yon kò ki gen “ anpil manm ”. Menm jan chak pati nan kò a diferan youn ak lòt, se konsa tou, moun ki fè pati kongregasyon an diferan anpil youn ak lòt nan pèsonalite yo ak nan kapasite yo. Epoutan, Jewova aksepte yo. Li renmen yo chak e li bay yo tout valè. Se sa k fè tou, Pòl fè nou konnen tout moun ki fè pati kongregasyon an dwe “ gen menm sousi youn pou lòt ”. Sa kapab difisil piske pèsonalite frè ak sè yo kapab diferan ak pèsonalite pa nou.

4. Poukisa nou ka bezwen korije fason nou konsidere frè nou yo ?

4 Petèt nou ka menm gen tandans konsantre nou sou feblès frè nou yo. Lè nou fè sa, an reyalite, se kòmsi nou ta gen yon foto nan men nou epi se sou yon sèl ti kote nan foto a nou konsantre. Sepandan, Jewova li menm wè plis pase nou, li gade tout foto a nèt. Nou kapab gen tandans rete sou yon bagay nou pa renmen, men, Jewova li menm konsidere tout moun nan, e li wè tout bon kalite moun nan genyen. Plis nou chèche vin tankou Jewova, se plis nou kontribye pou fè kongregasyon an gen lanmou ladan l e n ap fè l ini. — Efe. 4:1-3 ; 5:1, 2.

5. Poukisa li pa apwopriye pou nou jije lòt moun ?

5 Jezi te byen konnen lèzòm enpafè e yo gen tandans jije lòt moun. Men konsèy li te bay : “ Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. ” ​(Mat. 7:1). Remake Jezi pa t di : “ Pa jije ”, men li te di pito : “ Sispann jije. ” Li te konnen anpil nan moun ki t ap koute l yo te deja konn kritike lòt moun. Èske petèt nou devlope yon abitid konsa ? Si nou gen tandans fè sa, nou ta dwe fè gwo efò pou nou chanje, yon fason pou yo pa jije nou menm jan an. Anfèt, ki dwa nou genyen pou nou ta jije yon moun Jewova itilize nan yon fonksyon oswa pou nou ta di li pa ta dwe nan kongregasyon an ? Yon frè kapab gen kèk feblès, men, si Jewova aksepte l, èske li t ap kòrèk pou nou menm nou rejte l (Jan 6:44) ? Èske nou vrèman kwè Jewova ap dirije pèp li rasanble a ? Èske nou kwè si gen ajisteman ki pou fèt, l ap fè yo nan moman ki apwopriye a ? — Li Women 14:1-4.

6. Ki jan Jewova konsidere sèvitè l yo ?

6 Yon lòt bagay ki estrawòdinè lakay Jewova, sèke li kapab wè ki jan chak kretyen kapab vin ye lè yo fin atenn lapèfeksyon nan monn nouvo a. Li konnen tou pwogrè yo te deja fè nan domèn espirityèl. Se sa k fè li pa gen rezon pou l rete sou chak feblès yo gen lakay yo. Men sa nou li nan Sòm 103:12 : “ Menm jan kote solèy la leve a lwen kote solèy la kouche a, se konsa li mete fot nou yo lwen nou. ” Se pa ti rekonesan nou chak pèsonèlman nou rekonesan anvè l pou sa ! — Sòm 130:3.

7. Ki sa nou aprann nan fason Jewova te konsidere David ?

7 Labib montre nou Jewova gen yon kapasite estrawòdinè pou l gade sa ki bon nan yon moun. Anpalan de David, Jewova te di li se ‘ sèvitè l la, ki te kenbe kòmandman l yo e ki te mache dèyè l ak tout kè l etan l te fè sa k byen nan je l sèlman ’. (1 Wa 14:8.) An reyalite, nou konnen David te fè kèk bagay ki mal. Men, Jewova te chwazi konsantre sou kalite l te genyen yo paske Jewova te konnen li te gen yon kè ki dwat. — 1 Kwo. 29:17.

Annou konsidere frè nou yo jan Jewova konsidere yo

8, 9. a) Nan ki sans nou kapab menm jan ak Jewova ? b) Ki egzanp ki ka ede nou konprann sa, e ki leson nou tire ladan l ?

8 Jewova kapab li sa ki nan kè moun, men nou menm nou pa kapab. Sa sèlman se yon gwo rezon ki fè nou pa dwe jije lòt moun. Nou pa konnen tout bagay sou mobil yo. Nou ta dwe chèche imite Jewova lè nou pa fikse atansyon nou sou enpèfeksyon yo genyen, enpèfeksyon ki gen pou disparèt finalman. Èske l pa t ap bon pou nou fikse objektif pou nou menm jan avèk li nan domèn sa a ? Si nou fè sa, sa ap pèmèt nou gen relasyon pezib ak frè ak sè nou yo plis toujou. — Efe. 4:23, 24.

9 Pou nou ka konprann sa, annou pran yon egzanp. Imajine yon kay k ap deteryore ; dal yo kraze, fenèt yo kraze e dlo gate plafon an. Pifò moun k ap gade kay la ka panse yo ta dwe kraze l paske l lèd. Men, gendwa gen yon moun ki pa gen menm pwennvi a. Li ka anmezi pou l wè pi lwen pase pwoblèm ki parèt yo, li ka wè se yon kay ki solid e li ka repare l. Li gendwa achte kay la, li repare kote ki bezwen reparasyon yo e konsa, li amelyore aparans kay la. Apre sa, moun k ap pase gendwa di se yon bèl kay. Èske nou kapab tankou moun sa a ki te travay pou l repare kay la ? Olye nou konsantre nou sou defo frè nou yo genyen, èske nou ka chèche disène bon kalite yo pito ? Nou bezwen konprann tou yo kapab vin fè lòt pwogrè espirityèl. Si nou fè sa, n ap vin renmen frè nou yo pou bèl kalite yo genyen, menm jan Jewova renmen yo. — Li Ebre 6:10.

10. Ki jan konsèy nou jwenn nan Filipyen 2:3, 4 la kapab ede nou ?

10 Apot Pòl bay yon konsèy ki kapab ede nou nan relasyon nou genyen avèk frè ak sè nan kongregasyon an. Li di : “ Pa fè anyen nan diskisyon ni paske nou vle toujou devan, men avèk imilite, annou konsidere lòt moun yo siperyè nou, annou voye je, nonsèlman sou zafè pa nou, pa enterè pèsonèl, men tou, pa enterè pèsonèl, sou pa lòt moun. ” ​(Fil. 2:3, 4). Si nou gen imilite, sa ap ede nou byen wè lòt moun. Si nou montre nou gen enterè sensè pou yo e nou chèche sa ki bon nan yo, sa tou ap ede nou konsidere yo jan Jewova konsidere yo.

11. Ki chanjman k ap fèt sèjousi ki touche kèk kongregasyon ?

11 Sèjousi, gen anpil moun k ap deplase kite peyi yo. Kounye a, gende vil ki gen moun ki soti nan divès lòt peyi ki abite ladan yo. Nan zòn kote nou rete a, kapab gen kèk moun ki fèk vin abite ladan l ki vin enterese nan verite biblik yo e ki vin adore Jewova ansanm avèk nou. Moun sa yo “ soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”. (Rev. 7:9.) Sa fè nan anpil nan kongregasyon nou yo gen moun ki soti toupatou.

12. Ki jan nou bezwen toujou konsidere frè n ak sè n yo, e ki sa k fè pafwa sa ka difisil ?

12 Nan kongregasyon nou an, petèt nou ka bezwen fè plis efò pou nou toujou gen yon bon pwennvi sou frè n ak sè n yo. Sa mande pou nou pa bliye konsèy apot Pyè te bay ki mande pou nou demontre “ yon afeksyon fratènèl san ipokrizi ” e pou nou “ youn renmen lòt anpil nan kè ” nou (1 Pyè 1:22). Li ka difisil pou yon moun kiltive vrè lanmou an ak vrè afeksyon an nan yon gwoup moun, pa egzanp yon kongregasyon, kote gen moun ki soti divès kote nan monn nan. Kilti lòt adoratè parèy nou yo kapab diferan anpil de kilti pa nou. Konsa tou, edikasyon yo, nivo ekonomik yo ak gwoup etnik kote yo soti kapab diferan ak pa nou. Èske w twouve li difisil pou w konprann fason kèk ladan yo panse ak fason yo aji ? Petèt yo kapab santi menm bagay la pou ou tou. Sepandan, nou tout nou aprann nou dwe “ renmen tout kominote frè yo nèt ”. — 1 Pyè 2:17.

13. Ki ajisteman nou ka bezwen fè nan fason nou panse ?

13 Li ka nesesè pou nou fè kèk ajisteman nan fason nou panse pou nou ka elaji nou nan lanmou nou genyen pou tout frè nou yo. (Li 2 Korentyen 6:12, 13.) Nou kapab ap di pawòl tankou “ mwen pa gen prejije, men, ... ”, epi apre sa, nou gendwa ap bay kèk karakteristik negatif nou panse tout moun ki soti nan tèl gwoup etnik genyen. Si se konsa nou panse, sa ka montre nou bezwen retire prejije ki toujou fon nan kè nou. Men yon kesyon nou ka poze tèt nou : ‘ Èske mwen toujou fè efò pou m aprann konnen moun ki gen kilti ki diferan ak kilti pa m ? ’ Lè nou egzamine tèt nou konsa, sa kapab ede nou pou nou vin plis aksepte tout fanmi entènasyonal frè nou yo fòme a nèt e sa kapab fè nou renmen yo plis toujou.

14, 15. a) Site egzanp kèk moun ki te fè ajisteman nan fason yo te konsidere lòt moun. b) Ki jan nou kapab imite yo ?

14 Labib ban nou anpil bèl egzanp konsènan moun ki te fè ajisteman nan pwennvi yo. Youn ladan yo se te apot Pyè. Antanke Juif, Pyè t ap evite antre lakay yon janti. Donk, imajine ki jan l te santi l lè yo te mande pou l al vizite kay Kònèy, yon janti ki pa t sikonsi ! Pyè te chanje pwennvi l, paske li te konprann volonte Bondye se te pou moun nan tout nasyon vin fè pati kongregasyon kretyen an (Tra. 10:9-35). Sol, ki te vin apot Pòl annapre, te oblije fè kèk chanjman tou e li te dwe sispann gen prejije. Li te admèt li te tèlman rayi kretyen yo, ‘ li te kontinye pèsekite kongregasyon Bondye a aleksè e li te kontinye ravaje l aleksè ’. Men, lè Jezi, Seyè a, te korije Pòl, li te fè gwo chanjman e li te menm aksepte direksyon nan men moun li te konn pèsekite anvan yo. — Gal. 1:13-20.

15 Pa gen dout nan sa, lespri Jewova kapab ede nou fè ajisteman nan etadespri nou. Si nou ta wè gen tras prejije nan nou, annou chèche derasinen yo e annou chèche “ obsève inite lespri a, nan chenn inyon lapè a ”. (Efe. 4:3-6.) Labib ankouraje nou pou nou “ abiye nou ak lanmou, paske se yon chenn pafè pou inyon ”. — Kol. 3:14.

Annou imite Jewova nan ministè nou

16. Ki volonte Bondye pou moun yo ?

16 Apot Pòl te ekri : “ Pa gen patipri lakay Bondye. ” ​(Wom. 2:11). Objektif Jewova se pou moun tout nasyon rasanble ansanm pou yo adore l. (Li 1 Timote 2:3, 4.) Pou l ka reyalize objektif sa a, li fè preche “ bon nouvèl etènèl ” la nan “ tout nasyon, ak tribi, ak lang, ak pèp ”. (Rev. 14:6.) Jezi te di : “ Jaden an se monn nan. ” ​(Mat. 13:38). Ki sa sa vle di pou ou ak fanmi w ?

17. Ki jan nou kapab ede tout kalite moun ?

17 Se pa tout moun ki anmezi pou y ale nan lòt peyi nan monn nan pou yo pote mesaj Wayòm nan bay pwochen yo. Sepandan, nou kapab anmezi pou nou bay moun ki soti tout kote sou tè a ki nan tèritwa nou mesaj sa a. Èske nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou preche tout kalite moun, pa sèlman moun nou gen abitid preche yo ? Sa w panse si w ta pran detèminasyon pou w preche moun ki poko resevwa yon temwayaj afon ? — Wom. 15:20, 21.

18. Ki sousi Jezi te demontre l genyen pou moun yo ?

18 Jezi te vrèman santi li te nesesè pou l ede tout moun. Li pa t preche nan yon sèl zòn. Labib fè nou konnen li te “ siyonnen tout vil ak tout bouk ki te genyen ”. E ‘ lè l te wè foul moun yo, li te gen pitye pou yo ’ e li te fè konnen li nesesè pou l ede yo. — Mat. 9:35-37.

19, 20. Bay kèk fason nou kapab reflete sousi Jewova ak Jezi genyen pou tout kalite moun.

19 Nan ki domèn konsa ou kapab montre ou gen menm atitid sa a ? Gen moun ki fè efò pou yo preche nan kèk pati nan tèritwa yo kote yo pa preche souvan. Se kapab nan zòn ki gen biznis yo, sou plas yo, nan estasyon yo oswa nan zòn rezidansyèl kote li difisil pou nou jwenn moun yo. Gen lòt moun ki fè efò pou yo aprann yon lòt lang yon fason pou yo ka preche moun ki sot lòt kote ki vin abite bò lakay yo oswa pou yo preche gwoup moun yo pa t konn preche souvan. Si w aprann salye moun sa yo nan lang pa yo, sa ap montre ou enterese anpil nan byennèt yo. Si nou pa anmezi pou nou aprann yon lòt lang, èske nou kapab ankouraje moun k ap fè sa yo ? Sandout, nou pa vle negatif, ni nou pa vle mete an dout rezon ki fè lòt moun ap fè efò konsa pou yo preche moun ki soti nan yon lòt peyi. Lavi tout moun gen anpil valè nan je Bondye, e nou menm nou bezwen gen menm pwennvi avè l. — Kol. 3:10, 11.

20 Si nou gen menm pwennvi ak Bondye sou moun yo, n ap preche tout moun, kèlkeswa sitiyasyon yo. Gen moun ki ka pa gen kote pou yo rete, ki ka sal oswa k ap mennen yon vi imoral. Si yon moun trete nou san konsiderasyon, sa pa ta dwe fè nou gen opinyon negatif sou tout moun ki gen menm nasyonalite avèk li oswa ki nan menm gwoup etnik avèk li. Kèk moun te trete Pòl san konsiderasyon, men li pa t kite sa fè l sispann preche moun ki te sot menm kote avèk yo (Tra. 14:5-7, 19-22). Li te kwè gen moun ki t ap reyaji avèk rekonesans.

21. Lè w konsidere moun menm jan ak Jewova, ki jan sa ap ede w ?

21 Jodi a, nou ka wè aklè nou bezwen demontre nou gen yon bon pwennvi, sètadi pwennvi Jewova, nan fason n ap boule ak frè ki nan kongregasyon pa nou, frè nou yo ki fè pati fanmi entènasyonal nou fòme a ansanm ak moun ki nan tèritwa nou. Plis nou demontre nou gen pwennvi Jewova, se plis n ap kontribye pou gen lapè ak inite. E n ap plis kalifye pou nou ede lòt moun renmen Jewova, Bondye ki “ pa montre patipri ” a, men ki enterese nan tout moun avèk amou, “ paske yo tout se travay li fè ak men l ”. — Jòb 34:19.

Èske w ka reponn?

• Ki jan nou pa ta dwe konsidere frè nou yo ?

• Ki jan nou kapab imite Jewova nan fason nou konsidere frè nou yo ?

• Ki leson w te tire konsènan pwennvi nou dwe genyen sou fanmi entènasyonal nou fòme a ?

• Ki jan nou kapab demontre nou gen menm pwennvi ak Jewova nan ministè a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

Ki jan w ka aprann konnen moun ki gen lòt kilti yo ?

[Foto nan paj 28]

Ki jan w ka rive preche plis moun bon nouvèl la ?