Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova koute nou lè nou rele l pou nou mande l sekou

Jewova koute nou lè nou rele l pou nou mande l sekou

Jewova koute nou lè nou rele l pou nou mande l sekou

“ Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon rèl yo fè pou mande sekou. ” — SÒM 34:15.

1, 2. a) Ki jan anpil moun santi yo jodi a ? b) Poukisa nou pa sezi pou sa ?

ÈSKE w ap soufri ? Si w ap soufri, ou mèt konnen w pa poukont ou. Gen anpil moun k ap lite anba presyon yo jwenn chak jou nan lavi a nan sistèm mechan sa a. Gen kèk moun ki santi yo pa ka sipòte ankò. Yo santi yo menm jan ak David ki te ekri pawòl sa yo : “ Mwen vin angoudi, mwen vin kraze jis nan dènye limit. Mwen rele akoz jemisman ki sot nan kè m. Kè m bat fò anpil, fòs mwen kite m, e menm limyè je m pa avè m ankò. ” — Sòm 38: 8, 10.

2 Antanke kretyen, nou pa sezi poutèt lavi a gen anpil soufrans ladan l. Nou byen konnen “ doulè yo ” fè pati siy prezans Jezi yo te anonse a (Mak 13:8 ; Mat. 24:3). Mo nan lang orijinal la yo mete “ doulè ” pou yo tradui l la se yon mo ki gen rapò ak gwo doulè yon fanm ansent santi lè l ap akouche. Èske sa pa byen dekri gwo soufrans anpil moun santi nan tan “ kritik ” oswa nan tan “ terib ” sa yo “ ki difisil [anpil] pou moun sipòte ” ? — 2 Tim. 3:1 ; Bib Kreyòl La.

Jewova konprann soufrans nou yo

3. Ki sa moun ki fè pati pèp Bondye a konnen trè byen ?

3 Moun ki fè pati pèp Jewova a konnen yo pa pwoteje kont soufrans sa yo, e li posib pou sitiyasyon an vin pi mal toujou. Mete sou soufrans lèzòm jwenn an jeneral, antanke sèvitè Bondye, n ap fè fas ak yon “ advèsè [...], Dyab la ”, ki detèmine pou l detwi lafwa nou (1 Pyè 5:8). Byen fasil, nou ka santi nou menm jan ak David ki te di pawòl sa yo : “ Opwòb kraze kè m, e blese a pa ka geri. E mwen te kontinye ap tann pou yon moun gen pitye pou mwen, men pa t gen pèsonn. Mwen te kontinye ap tann pou mwen jwenn konsolatè, men mwen pa t jwenn pèsonn. ” — Sòm 69:20.

4. Ki sa ki konsole nou lè n ap soufri ?

4 Èske David te vle di li pa t gen espwa menm ? Non. Remake ki sa l te di ankò nan menm sòm nan : “ Jewova koute pòv yo, e vrèman li pap meprize prizonye l yo ” oswa “ moun pa l yo ki prizonye ”. (Sòm 69:33 ; nòt anba paj.) Nan yon sans laj, pafwa nou ka santi se kòmsi nou nan prizon, tèlman n ap soufri. Li ka sanble pèsonn pa vrèman konprann sitiyasyon nou, e petèt pèsonn pa konprann sitiyasyon nou vre. Men, menm jan ak David, nou ka jwenn konsolasyon lè nou konnen Jewova konprann doulè nou yo byen. — Sòm 34:15.

5. Ki asirans wa Salomon te genyen ?

5 Nan inogirasyon tanp lan nan Jerizalèm, Salomon, pitit David, te atire atansyon sou sa. (Li 2 Kwonik 6:29-31.) Li te sipliye Jewova pou l tande priyè chak moun ki gen kè sensè ki priye l konsènan “ afliksyon pa yo ak doulè pa yo ”. Ki jan Bondye t ap reyaji lè moun sa yo k ap soufri ta priye l ? Salomon te demontre li gen asirans nonsèlman Bondye t ap tande priyè yo, men tou, li t ap aji pou l ede yo. Sa k fè Bondye t ap fè sa ? Se paske li byen konnen sa ki nan “ kè pitit lòm ”.

6. Ki jan nou ka fè fas ak tètchaje yo, e poukisa nou bezwen fè sa ?

6 Nou menm tou nou kapab priye Jewova konsènan ‘ afliksyon pa nou ak doulè pa nou ’, sètadi konsènan tètchaje pa nou. Nou ta dwe santi nou rekonfòte lefètke Jewova konprann soufrans nou e li gen sousi pou nou. Apot Pyè ban nou asirans sa a lè l te di : “ Lage tout tètchaje nou sou li, paske li gen sousi pou nou. ” ​(1 Pyè 5:7). Jewova vrèman gen sousi pou nou. Jezi te atire atansyon sou fason Jewova pran swen nou avèk amou lè l te di : “ Èske yo pa vann de tikit pou yon penich ki prèske pa gen valè ? Epoutan, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san Papa nou pa konn sa. Men, ata branch cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè : nou vo plis pase anpil kit. ” — Mat. 10:29-31.

Annou konte sou Jewova pou l ede nou

7. Ki kalite èd nou gen asirans n ap jwenn ?

7 Nou ka vrèman gen asirans Jewova vle ede nou e li gen kapasite pou l ede nou lè nou nan sitiyasyon difisil. Men sa nou li nan liv Sòm nan : “ Bondye se yon refij ak yon fòs pou nou, yon èd ki fasil pou jwenn nan moman detrès. ” ​(Sòm 34:15-18 ; 46:1). Ki jan Bondye ban nou èd sa a ? Men sa ki di nan 1 Korentyen 10:13 : “ Bondye fidèl, e li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte, men ansanm ak tantasyon an l ap ouvri yon chemen tou dekwa pou nou ka andire l. ” Jewova kapab dirije bagay yo yon fason pou l efase pwoblèm nan oswa li kapab ban nou fòs pou nou andire l. Kèlkeswa sa l deside fè a, l ap ban nou èd nou bezwen an.

8. Ki sa nou bezwen fè pou nou jwenn èd Bondye ?

8 Ki sa nou bezwen fè pou nou jwenn èd sa a ? Remake ki konsèy yo ban nou : “ Lage tout tètchaje nou sou li. ” Sa vle di nou lage tout sousi nou genyen sou Jewova. Donk, nou eseye sispann bay tèt nou pwoblèm, nou fè Jewova konfyans, nou konnen l ap ban nou sa nou bezwen e nou ret tann li avèk pasyans (Mat. 6:25-32). Pou nou gen yon konfyans konsa, sa mande pou nou gen imilite, pou nou pa konte sou pwòp fòs nou oswa sou pwòp sajès nou. Lè nou imilye tèt nou “ anba men pisan Bondye ”, sa montre nou rekonèt jan nou piti. (Li 1 Pyè 5:6.) Lè nou aji konsa, sa ap ede nou andire kèlkeswa sa Bondye kite rive. Menmsi nou ka santi nou bezwen yon soulajman tousuit, n ap gen konfyans Jewova konnen egzakteman ki lè pou l aji ak ki sa pou l fè pou l ede nou. — Sòm 54:7 ; Iza. 41:10.

9. Ki kalite tètchaje David te bezwen lage sou Jewova ?

9 N ap sonje pawòl David te di nan Sòm 55:22 : “ Lage fado w yo sou Jewova li menm, e bò kote pa l, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la kilbite. ” Lè David te ekri pawòl sa yo, li te gen gwo tètchaje (Sòm 55:4). Yo panse li te ekri sòm sa a lè Absalòm te konplote pou l pran wayòm nan nan men l. Lè sa a, Ayitofèl, konseye David te plis fè konfyans lan, te patisipe nan konplo a. David te oblije kouri kite Jerizalèm pou l pa t pèdi lavi l (2 Sam. 15:12-14). Li te kontinye met konfyans li nan Bondye menm nan sitiyasyon tètchaje sa a, e li pa t regrèt sa.

10. Ki sa nou dwe fè lè nou gen tètchaje ?

10 Menm jan ak David, li enpòtan pou nou priye Jewova konsènan kèlkeswa pwoblèm nou genyen an. Annou egzamine sa apot Pòl te ankouraje nou fè. (Li Filipyen 4:6, 7.) Ki rezilta n ap jwenn lè nou priye ak tout kè nou ? “ Lapè Bondye, ki depase tout panse, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou pa mwayen Kris Jezi. ”

11. Ki jan “ lapè Bondye ” bay la pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou ?

11 Èske sitiyasyon w ap chanje si w priye ? Sa kapab fèt. Sepandan, li bon pou nou konnen Jewova pa toujou reponn priyè nou jan nou ta vle a. Men, lapriyè ka ede nou kenbe yon bon etadespri, yon fason pou tètchaje yo pa fini ak nou. “ Lapè Bondye ” bay la kapab kalme nou lè tètchaje yo lou sou do nou. Tankou yon kò sòlda ki la pou l pwoteje yon vil kont envazyon ènmi, “ lapè Bondye ” bay la ap pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou. L ap ede nou tou pou nou konbat dout, laperèz ak panse negatif nou yo e l ap ede nou pou nou pa reyaji san nou pa reflechi, sa ki pa t ap saj. — Sòm 145:18.

12. Bay yon egzanp ki montre ki jan yon moun kapab gen lespri l anpè.

12 Ki jan lespri nou ka anpè malgre nou gen tètchaje ? Ann pran yon egzanp ki koresponn nan yon sans ak sitiyasyon nou ladan l lan. Yon anplwaye kapab ap travay sou lòd yon sipèvizè ki pale mal ak moun. Sepandan, yon jou, anplwaye a jwenn okazyon pou l pale ak mèt travay la, yon mesye ki janti e ki rezonab. Apre ti pale yo fè a, mèt travay la ba l asirans li konprann sitiyasyon an e li pap pran lontan pou l retire sipèvizè a nan pozisyon li ye a. Ki jan anplwaye a ap santi l ? Lefètke li kwè nan asirans mèt travay la ba li a e li konnen sa k pral pase, sa ap ranfòse detèminasyon l pou l rete nan pozisyon l ye a, menmsi antretan sipèvizè a kontinye aji mal ak li. Menm jan an tou, nou konnen Jewova konprann sitiyasyon nou, anplis, li ban nou asirans talè konsa “ yo pral mete chèf monn sa a deyò ”. (Jan 12:31.) Èske sa pa rekonfòte nou ?

13. Anplis priyè nou fè, ki lòt bagay nou dwe fè ?

13 Men, èske se priye sèlman nou bezwen priye Jewova pou nou di l pwoblèm nou ? Non. Nou bezwen fè plis pase sa. Nou bezwen aji ann amoni ak priyè nou. Lè wa Sayil te voye kèk mesye lakay David pou yo touye l, men ki jan David te priye : “ Delivre m anba men ènmi m yo, o Bondye m ! Anba men moun ki kanpe kont mwen se pou w pwoteje m. Delivre m anba men moun k ap pratike sa ki mal, e anba men moun ki gen san nan men yo, sove m. ” ​(Sòm 59:1, 2). Nonsèlman David te priye, men tou, li te koute madanm li e li te chape poul li (1 Sam. 19:11, 12). Menm jan an tou, nou kapab priye Bondye pou l ban nou sajès pratik pou nou jere sitiyasyon tètchaje yo e petèt pou nou menm jwenn amelyorasyon. — Jak 1:5.

Fason nou kapab jwenn fòs pou nou andire

14. Ki sa ki ka ede nou andire lè nou nan yon sitiyasyon difisil ?

14 Nou kapab pa jwenn solisyon pou tètchaje nou yo imedyatman. Nou kapab menm kontinye genyen yo pandan kèk tan. Nan ka sa a, ki sa k ka ede nou andire ? Premyèman, nou bezwen sonje lè nou kontinye sèvi Jewova fidèlman menm nan difikilte, nou pwouve lanmou nou gen pou li (Tra. 14:22). Pa bliye akizasyon Satan te lage sou do Jòb la : “ Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a ? Ou toujou pwoteje l’, li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l’ap fè. Bèt li yo plen peyi a. Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m’ garanti ou, l’ap di sa l’ pa t’ dwe di sou ou nan figi ou ! ” ​(Jòb 1:9-11, Bib la). Lefètke Jòb te kenbe entegrite l, li te pwouve akizasyon sa a se te yon manti kri. Lè nou andire anba sitiyasyon difisil yo, nou menm tou nou montre Satan se yon mantè. Anplis, lè nou andire, sa ranfòse esperans nou ak konfyans nou. — Jak 1:4.

15. Ki egzanp ki kapab ankouraje nou ?

15 Dezyèmman, nou bezwen sonje “ pou sa ki konsène soufrans, se menm bagay yo k ap pase nan tout kominote frè nou yo ki nan monn nan ”. (1 Pyè 5:9.) Wi, “ pa gen okenn tantasyon nou rankontre ki pa yon tantasyon moun konn jwenn ”. (1 Kor. 10:13.) Kidonk, nou kapab jwenn fòs ak kouraj lè nou medite sou egzanp lòt moun bay olye nou konsantre sou pwòp pwoblèm pa nou (1 Tes. 1:5-7 ; Ebre 12:1). Nou bezwen pran tan pou nou medite sou egzanp moun nou konnen ki andire fidèlman malgre yo te soufri anpil. Èske w fè rechèch nan piblikasyon yo pou w jwenn egzanp moun ki te viv yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon ou ladan l lan ? Petèt egzanp sa yo ap ankouraje w anpil.

16. Ki jan Bondye ban nou fòs nan tout kalite eprèv ?

16 Twazyèmman, nou bezwen sonje Jewova se “ Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout tribilasyon nou, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite tribilasyon grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye ki konsole nou ”. (2 Kor. 1:3, 4.) Se kòmsi Bondye kanpe bò kote nou pou l ankouraje nou e pou l ban nou fòs nonsèlman nan sitiyasyon difisil nou ladan l kounye a, men tou, “ nan tout tribilasyon ” nou. Sa fè tou nou menm nou kapab konsole pwochen nou “ nan tout kalite tribilasyon ” yo ka twouve yo. Apot Pòl pèsonèlman te fè eksperyans ki te montre l pawòl sa yo se verite. — 2 Kor. 4:8, 9 ; 11:23-27.

17. Ki jan Bib la kapab ede nou andire tètchaje ki gen nan lavi a ?

17 Katriyèmman, nou gen Pawòl Bondye a, Labib, ki “ itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati, pou moun pa Bondye a kalifye nèt, pou l ekipe totalman pou tout zèv ki bon ”. (2 Tim. 3:16, 17.) Pawòl Bondye a pa sèlman fè nou “ kalifye ” e li pa sèlman fè nou “ ekipe [...] pou tout zèv ki bon ”. Men, li ede nou fè fas ak tètchaje ki gen nan lavi a. Kidonk, li fè nou “ kalifye nèt ” e li fè nou “ ekipe totalman ”. Mo orijinal lè yo tradui l yo mete “ ekipe totalman ” pou li a vle di literalman “ bay yon moun ekipman li bezwen ”. Nan tan lontan, mo sa a se yon mo yo te kapab itilize anrapò ak yon bato ki gen tout ekipman li bezwen pou l fè yon vwayaj oubyen ak yon machin ki byen ekipe, ki kapab fè kèlkeswa sa yo te fabrike l pou l fè a. Menm jan an tou, Jewova ban nou tout sa nou bezwen pa mwayen Pawòl li a, pou nou fè fas ak kèlkeswa difikilte nou ta rankontre. Se sa k fè nou kapab di : “ Si Jewova pèmèt mwen rankontre tèl eprèv, avèk èd li m ap kapab andire l. ”

Delivrans anba tout tètchaje nou yo

18. Ki lòt bagay nou bezwen konsantre sou li k ap ede nou andire avèk fidelite plis toujou ?

18 Senkyèmman, nou bezwen kenbe nan lespri nou talè konsa Jewova pral retire lèzòm anba tout tètchaje (Sòm 34:19 ; 37:9-11 ; 2 Pyè 2:9). Finalman, delivrans Bondye pral ban nou an se pap yon delivrans anba tètchaje nou genyen kounye a sèlman, men tou, se pral yon okazyon pou nou jwenn lavi etènèl, kit se nan syèl la bò kote Jezi, kit se nan paradi ki pral gen sou tè a.

19. Ki jan nou kapab rive andire avèk fidelite ?

19 Jiskaske lè sa a rive, nou bezwen kontinye andire sitiyasyon tètchaje ki gen nan monn mechan sa a. Nou enpasyan pou nou wè epòk kote sitiyasyon sa yo pap la ankò (Sòm 55:6-8) ! Nou pa dwe janm bliye sa : lè nou andire avèk fidelite, nou montre Dyab la se yon mantè. Nou swete pou nou jwenn fòs nan priyè n ap fè e pou frè nou yo ban nou fòs, lè nou sonje yo menm tou yo rankontre menm eprèv ak nou. Si nou byen sèvi ak Pawòl Bondye a, n ap kontinye rete kalifye nèt e n ap kontinye rete ekipe totalman pou tout sa ki bon. Jewova, “ Bondye tout konsolasyon an ” pran swen nou avèk amou e nou pa dwe janm kite konfyans nou gen nan li diminye. Nou bezwen sonje “ je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon rèl yo fè pou mande sekou ”. — Sòm 34:15.

Èske w ka reponn ?

• Ki atitid David te genyen parapò ak sitiyasyon tètchaje li te genyen yo ?

• Ki asirans wa Salomon te genyen ?

• Ki sa ki kapab ede nou andire eprèv Jewova pèmèt nou rankontre yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Salomon te gen asirans Jewova t ap aji an favè pèp Li a lè l nan detrès.

[Foto nan paj 15]

David te lage fado l sou Jewova nan lapriyè, epi apre sa, li te aji ann amoni ak priyè li te fè a.