Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Kiyès ki saj e ki entèlijan pami nou ? ”

“ Kiyès ki saj e ki entèlijan pami nou ? ”

“ Kiyès ki saj e ki entèlijan pami nou ? ”

“ Kiyès ki saj e ki entèlijan pami nou ? Se pou li montre travay li nan bèl konduit li ak yon dousè ki mache ak sajès. ” — JAK 3:13.

1, 2. Ki sa nou kapab di konsènan anpil moun yo konsidere kòm moun ki saj ?

KIYÈS ki vin nan tèt ou lè w panse ak yon moun ki vrèman saj ? Petèt ou panse ak paran w, ak yon moun ki aje, oswa petèt ak yon pwofesè inivèsite. Fòmasyon w, edikasyon w oswa anviwònman w leve ladan l lan kapab enfliyanse pwennvi ou genyen konsènan sa k fè yon moun saj. Sepandan, sa ki plis enterese sèvitè Bondye yo, se pwennvi Bondye sou kesyon an.

2 Se pa tout moun monn nan konsidere kòm moun saj ki vrèman saj nan je Bondye. Pa egzanp, Jòb t ap pale ak kèk mesye ki te konsidere tèt yo kòm moun ki gen sajès, epoutan men ki konklizyon li te tire : “ Mwen pa jwenn pèsonn ki saj pami nou. ” ​(Jòb 17:10). Men sa apot Pòl, bò kote pa l, te di konsènan kèk moun ki te rejte konesans Bondye : “ Byenke yo t ap di yo saj, yo te vin fou. ” ​(Wom. 1:22). Pa mwayen pwofèt Izayi, Jewova te di pawòl dirèk sa yo : “ Malè pou moun ki saj nan pwòp je pa yo. ” — Iza. 5:21.

3, 4. Pou yon moun vrèman saj ki sa li dwe fè ?

3 Donk, nou bezwen detèmine ki sa ki fè yon moun vrèman gen sajès, yon sajès k ap fè l gen favè Bondye. Men sa Pwovèb 9:10 ede nou konprann : “ Lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès e konesans Trè Sen an se sa entèlijans ye. ” Moun ki saj la dwe gen yon vrè krent pou Bondye e li dwe respekte prensip li yo. Sepandan, li pa dwe annik konnen Bondye egziste epi konnen li gen prensip. Disip Jak ankouraje nou reflechi sou pwen sa a. (Li Jak 3:13.) Remake vèsè a di : “ Se pou li montre travay li nan bèl konduit li. ” Si w gen vrè sajès la, li dwe parèt chak jou ni nan sa w ap fè ni nan sa w ap di.

4 Lè yon moun gen vrè sajès la, sa mande pou l demontre li gen bon jijman e pou l aplike konesans li genyen epi itilize entèlijans li yon fason ki bay bon rezilta. Ki aksyon n ap fè k ap montre si nou gen sajès ? Jak montre yon kantite bagay k ap parèt aklè nan aksyon moun ki saj yo *. Ki sa l di ki kapab ede nou gen bon relasyon ak kwayan parèy nou e ak moun ki pa nan kongregasyon an ?

Moun ki vrèman saj la demontre sa nan aksyon l

5. Ki fason yon moun ki vrèman saj ap konpòte l ?

5 Li bon pou nou repete pwen sa a : Jak makònen sajès yon moun ak bèl konduit li. Piske lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès, yon moun ki saj dwe fè tout efò l pou konduit li ann amoni ak prensip Bondye yo e pou l suiv chemen L yo. Nou pa fèt ak sajès ki soti nan Bondye a nan nou. Sepandan, nou kapab vin genyen l lè nou etidye Labib regilyèman e nou medite sou li regilyèman. Etid ak meditasyon nou fè yo ap ede nou fè sa Efezyen 5:1 mande nou fè a. Men sa l di : “ Se pou nou vin imitatè Bondye. ” Plis nou mete konduit nou ann amoni ak pèsonalite Jewova, se plis n ap demontre nou gen sajès nan aksyon nou yo. Chemen Jewova yo pi bon lontan pase pa lèzòm yo (Iza. 55:8, 9). Kidonk, si nou imite Jewova, moun ki pa fè pati kongregasyon kretyen an ap wè gen yon bagay ki fè nou diferan.

6. Poukisa yon moun ki gen dousè se yon moun ki imite Bondye, e ki jan yon moun demontre li gen kalite sa a ?

6 Jak montre youn nan fason nou ka imite Jewova se lè nou gen “ yon dousè ki mache ak sajès ”. Se pa paske yon kretyen gen dousè ki vle di li pa gen fòs moral k ap ede l aji avèk ekilib. Byenke Bondye gen yon pisans ki pa gen limit, li gen dousè. Sa fè nou pa pè pwoche bò kote l. Pitit Bondye a te montre li gen dousè menm jan ak Papa l. Se sa k fè li te ka di : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. Mete jouk mwen an sou nou e aprann nan men m, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. ” — Mat. 11:28, 29 ; Fil. 2:5-8.

7. Poukisa nou kapab konsidere Moyiz kòm yon bon egzanp nan kesyon dousè a ?

7 Labib pale de lòt moun ki te dou anpil, oswa ki te enb anpil. Moyiz se te youn nan yo. Li te gen gwo responsablite, poutan Labib di li te gen “ plis imilite lontan pase tout moun ki te sou tout kò tè a ”. (Nonb 11:29 ; 12:3.) Sonje kouraj Jewova te bay Moyiz pou l te ka fè volonte L. Jewova te pran plezi sèvi ak moun ki dou pou l akonpli objektif li.

8. Ki jan lèzòm enpafè kapab demontre “ dousè ki mache ak sajès ” la ?

8 Sa klè, li posib pou lèzòm enpafè demontre “ dousè ki mache ak sajès ” la. E nou menm ? Ki jan nou ka amelyore fason nou demontre kalite sa a ? Dousè fè pati fwi lespri sen Jewova a (Gal. 5:22, 23). Nou kapab priye Bondye pou nou mande l lespri l e nou kapab fè yon efò espesyal pou nou demontre fwi sa a, toutpandan nou gen konfyans Bondye ap ede nou amelyore fason nou demontre dousè. Nou jwenn bonjan motivasyon pou nou fè Jewova konfyans nan pawòl sa yo salmis la te di : “ [Bondye] ap anseye moun ki enb yo chemen li. ” — Sòm 25:9.

9, 10. Ki efò nou bezwen fè pou nou demontre dousè ki soti nan Bondye a, e poukisa ?

9 Sepandan, nou bezwen fè bonjan efò pou nou amelyore nou nan domèn sa a. Nou ka pa gen tandans pou n dou akoz fason yo te elve nou. Mete sou sa, moun ki bò kote nou yo ka pouse nou pou nou pa gen dousè. Yo ka di nou “ se kifkif bagay yo ye ”. Men, èske yon moun ki aji konsa vrèman aji avèk sajès ? Annou pran yon egzanp. Si yon ti dife ta pran lakay ou, èske se ak gaz w ap etenn li oswa ak dlo ? Si w voye gaz sou li, l ap vin limen pi rèd, alòske si se dlo ou voye sou li, li posib pou w rive etenn li. Nan menm sans lan, men konsèy Labib ban nou : “ Lè yon repons dous, sa detounen kòlè, men yon pawòl ki fè mal fè kòlè monte. ” ​(Pwo. 15:1, 18). Se sa k fè pwochèn fwa nou gen yon ti pwoblèm ak pwochen nou, swa anndan kongregasyon an, swa deyò kongregasyon an, èske nou ka demontre vrè sajès la lè nou reyaji avèk dousè ? — 2 Tim. 2:24.

10 Jan nou te mansyone sa anvan, lespri monn nan fè anpil moun pa janti, yo pa renmen fè lapè e yo pa kalm. Okontrè, nan monn nan, gen anpil moun ki di e ki awogan. Jak te konnen sa, e li te bay kèk avètisman kont sa yon fason pou moun ki nan kongregasyon an pa kite fason monn nan panse kontamine yo. Ki sa nou kapab aprann ankò nan konsèy li te bay yo ?

Sa k montre yon moun pa saj

11. Ki defo ki opoze ak sajès ki soti nan Bondye a ?

11 Avèk franchiz, Jak te ekri konsènan yon seri defo ki opoze ak sajès ki soti nan Bondye a. (Li Jak 3:14.) Jalouzi ak lespri polemik se zèv lachè, yo pa fè pati fwi lespri a. Annou egzamine sa k rive lè se panse lachè ki gaye yon kote. Gen sis gwoup swadizan “ kretyen ” ki kontwole divès pati nan legliz Sangtyè Sen an ki nan Jerizalèm. Selon sa moun yo panse, legliz sa a bati kote yo te touye Jezi e yo te antere l la. Relasyon gwoup sa yo genyen antre yo te fè toujou gen lespri polemik antre yo. An 2006, Jounal yo rele Time nan te pale de yon sitiyasyon ki te egziste kote kèk mwàn te “ goumen ” pandan plizyè èdtan, [...] youn t ap frape lòt ak yon seri gwo pòt chandèl yo genyen ”. Youn tèlman pa fè lòt konfyans, se yon mizilman yo bay kenbe kle legliz la.

12. Ki sa ki ka rive lè pa gen sajès yon kote ?

12 Li vrèman pa nòmal pou ta gen yon lespri polemik grav konsa nan kongregasyon kretyen an. Sepandan, akoz enpèfeksyon, pafwa, gen moun ki konn vle se ide pa yo ki pou pase. Sitiyasyon konsa ka fè gen kèk dezakò ak chirepit. Apot Pòl te remake sa nan kongregasyon Korent lan, se sa k fè li te ekri yo pou l di : “ Depi gen jalouzi ak chirepit nan mitan nou, èske se pa selon lachè n ap mache e èske se pa menm jan ak lèzòm n ap mache ? ” ​(1 Kor. 3:3). Sitiyasyon tris sa a te vrèman egziste pandan yon moman nan kongregasyon Korent nan premye syèk la. Kidonk, jodi a, ann veye pou yon etadespri konsa pa antre nan kongregasyon an.

13, 14. Bay kèk egzanp pou montre ki jan yon moun ka demontre li gen yon etadespri chanèl.

13 Ki jan yon etadespri konsa ka fofile kò l nan yon kongregasyon ? Petèt, li ka kòmanse nan ti bagay toupiti. Pa egzanp, lè gen yon Sal Wayòm k ap konstwi, frè yo kapab gen opinyon ki diferan sou fason bagay yo dwe fèt. Yon frè ka kòmanse fè diskisyon poutèt yo pa t aksepte sijesyon l bay, e petèt menm li ka kontinye ap pale pou l montre li pa dakò ak desizyon yo pran yo. Li ka pa vle patisipe nan konstriksyon Sal la ankò. Si yon frè ta aji konsa, li t ap montre li bliye lè gen yon travay k ap fèt nan kongregasyon an, an jeneral, sa ki pi enpòtan se yon etadespri pezib, se pa metòd yo itilize yo. Jewova ap beni yon etadespri dou, men li pap beni lespri polemik. — 1 Tim. 6:4, 5.

14 Annou pran yon lòt egzanp. Si ansyen yo nan yon kongregasyon remake byen klè youn nan ansyen yo, ki gen plizyè ane depi l ap sèvi, vin pa kalifye selon Ekriti yo pou l sèvi kòm ansyen ankò. E lè siveyan sikonskripsyon an vin vizite yo li remake yo te deja ba l konsèy presi, men li pa amelyore. Kounye a, li dakò avèk ansyen yo e li aksepte pou yo rekòmande radyasyon frè a antanke ansyen. Kòman frè a ap konsidere sa ? Èske l ap aksepte desizyon ansyen yo pran an ansanm ak konsèy biblik yo ba li yo avèk imilite e avèk dousè ? Èske l ap detèmine pou l chèche kalifye tèt li selon Ekriti yo pou l ka sèvi kòm ansyen ankò ? Oswa èske l ap gen rankin ak jalouzi nan kè l poutèt li pa gen privilèj li te genyen an ankò ? Poukisa pou yon frè ta aji kòmsi li kalifye pou l sèvi kòm ansyen, alòske an reyalite li pa kalifye ? Èske li pa t ap pi saj pou l demontre li gen imilite e li gen entèlijans ?

15. Poukisa w wè konsèy Jak bay nan Jak 3:15, 16 la trèzenpòtan ?

15 Natirèlman, gen lòt sitiyasyon ki ka fè moun gen yon atitid konsa. Men, kèlkeswa sitiyasyon ki ta devlope a, nou bezwen fè tout efò nou pou nou evite defo sa yo. (Li Jak 3:15, 16.) Disip Jak di atitid sa yo “ terès ” paske yo se zèv lachè, yo pa gen espirityalite ladan yo. Yo “ animal ” nan sans yo se rezilta dezi lachè, yo sanble ak konpòtman bèt yo ki pa reflechi. Atitid sa yo “ demonyak ” paske yo reflete menm etadespri demon yo genyen. Li vrèman pa kòrèk pou yon kretyen gen defo sa yo !

16. Ki ajisteman nou ka bezwen fè, ki jan nou kapab rive fè sa ?

16 Chak manm kongregasyon an ta dwe egzamine tèt li epi fè efò pou l elimine defo sa yo nan li. Antanke anseyan nan kongregasyon an, siveyan yo ta dwe konnen yo bezwen elimine atitid ki pa bon yo. Li pa fasil pou nou rive fè sa akoz enpèfeksyon nou yo e akoz enfliyans monn sa a. Se tankou n ap eseye monte yon mòn ki chaje labou e ki glise anpil. Si nou pa gen yon bagay pou nou kenbe, nou ka glise desann. Men, lefètke nou kenbe konsèy nou jwenn nan Bib la fèm e nou byen pwofite èd òganizasyon Bondye a ban nou, sa kapab ede nou kontinye pwogrese. — Sòm 73:23, 24.

Kalite moun ki saj yo chèche demontre

17. Lè moun ki saj yo devan tantasyon pou yo fè sa ki mal, ki jan yo reyaji jeneralman ?

17 Li Jak 3:17. Nou kapab tire pwofi lè nou egzamine kèk nan kalite “ sajès ki soti anlè a ” fè moun genyen. Pou nou pwòp, sa mande pou nou pa kontamine ak okenn salte e pou nou pa kite aksyon nou yo ak mobil nou yo vin sal. Nou dwe rejte bagay ki pa bon san pran tan. Sa ta dwe yon reyaksyon otomatik lakay nou. Si dwèt yon moun pral antre nan je w, otomatikman w ap rale tèt ou oswa w ap kouri pouse men l. Se yon reflèks, ou pa bezwen reflechi pou sa fèt. Se ta dwe menm bagay la lè nou devan tantasyon pou nou fè sa ki mal. Chastete nou genyen ansanm ak konsyans nou ki fòme nan Bib la ta dwe pouse nou rejte sa ki mal otomatikman (Wom. 12:9). Labib bay egzanp plizyè moun ki te reyaji konsa. Pa egzanp, Jozèf ak Jezi. — Jen. 39:7-9 ; Mat. 4:8-10.

18. Ki sa sa vle di : a) pou nou pasifik ? b) pou nou fè efò pou nou favorize lapè ?

18 Sajès ki soti nan Bondye a mande pou nou pasifik tou. Sa vle di nou pa dwe agresif, nou pa dwe belijeran, ni nou pa dwe fè aksyon ki ka twouble lapè. Jak bay plis detay sou pwen sa a lè l di : “ Se nan kondisyon pezib yo simen semans fwi jistis la pou moun k ap fè lapè yo. ” ​(Jak 3:18). N ap remake li itilize ekspresyon “ fè lapè ”. Nan kongregasyon an, èske yo konnen nou kòm moun k ap fè lapè oswa kòm moun k ap twouble lapè ? Èske souvan nou gen pwoblèm oswa mezantant ak lòt moun, kote pou ti krik ti krak nou santi nou vekse oswa nou ofanse lòt moun ? Èske nou ensiste pou lòt moun aksepte nou jan nou ye a, oswa èske avèk imilite n ap fè efò pou nou retire defo lòt moun twouve nou gen nan pèsonalite nou ki vrèman ofanse yo ? Èske yo konnen nou kòm moun k ap fè efò pou n fè lapè ak lòt moun, ki dispoze padone yo e ki dispoze bliye fot yo ? Si nou egzamine tèt nou yon fason onèt, sa kapab pèmèt nou wè si nou bezwen amelyore nan fason n ap demontre sajès ki soti nan Bondye a anrapò ak kesyon fè lapè a.

19. Ki jan yo ka konnen yon moun kòm yon moun ki rezonab ?

19 Nan deskripsyon Jak fè sou kalite ki montre yon moun gen sajès ki soti anlè a, li mete rezonab ladan l. Èske yo konnen nou kòm moun ki dispoze sede bay lòt moun lè pa gen yon prensip biblik ki vyole, kòm yon moun ki pa prese ensiste pou moun suiv prensip pa l ? Èske nou gen repitasyon moun ki janti e ki abòdab ? Si se konsa yo konnen nou, tout sa se bagay ki montre nou te aprann vin rezonab.

20. Ki rezilta n ap jwenn tank n ap demontre kalite ki soti nan Bondye nou sot mansyone yo ?

20 Se pa ti bèl anbyans lan kapab bèl nan yon kongregasyon lè frè ak sè yo ap travay pou yo demontre tikras pa tikras kalite ki soti nan Bondye yo, kalite Jak te mansyone yo (Sòm 133:1-3) ! Lè nou dou, nou pasifik e nou rezonab youn ak lòt, se sèten n ap vin gen pi bon relasyon antre nou e n ap demontre nou gen “ sajès ki soti anlè a ”. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè lè nou aprann konsidere lòt moun jan Jewova konsidere yo, sa ka ede nou vin dou, pasifik e rezonab.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Selon kontèks la, Jak te gen nan tèt li toudabò ansyen yo, sètadi “ anseyan ” nan kongregasyon yo (Jak 3:1). Pa gen dout nan sa, mesye sa yo dwe yon egzanp pou kongregasyon an nan kesyon demontre sajès ki soti nan Bondye a. Men, nou tout ka aprann nan konsèy li te bay yo.

Èske w ka esplike ?

• Ki sa k fè yon kretyen vrèman saj ?

• Ki jan nou kapab amelyore nan fason nou demontre nou gen sajès ki soti nan Bondye a ?

• Ki defo ki parèt lakay moun ki pa demontre “ sajès ki soti anlè a ” ?

• Ki kalite ou detèmine pou w kiltive plis toujou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Ki jan chirepit ka fofile kò l nan kongregasyon an jodi a ?

[Foto nan paj 24]

Èske rejte sa k pa bon se yon reflèks lakay ou ?