Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou ka jwenn lajwa nan maryaj nou

Nou ka jwenn lajwa nan maryaj nou

Nou ka jwenn lajwa nan maryaj nou

“ Grasa sajès, yon kay ap edifye, e grasa disènman l ap tabli fèm. ” — PWO. 24:3.

1. Ki jan Bondye te demontre li gen sajès anrapò ak premye gason li te kreye a ?

PAPA nou ki nan syèl la saj. Li konnen sa k bon pou nou. Pa egzanp, Bondye te rekonèt pou l akonpli objektif li, ‘ li pa t bon pou lòm ret poukont li ’ nan jaden Edenn nan. Yon bagay ki te enpòtan nan objektif sa a, sèke moun ki marye yo te dwe gen pitit e yo te dwe “ ranpli tè a ”. — Jen. 1:28 ; 2:18.

2. Ki dispozisyon Jewova te pran pou byennèt limanite ?

2 Jewova di : “ Mwen pral fè yon èd pou li, kòm yon konpleman pou li. ” Apre sa, Bondye fè yon gwo dòmi tonbe sou premye gason an. Li pran yon zo kòt nan kò li ki te pafè e avèk zo kòt sa a li fè yon fi. Lè Jewova mennen Èv, yon fi ki te pafè, bay Adan, Adan di : “ Anfen, sa a se zo ki sot nan zo m e se chè ki sot nan chè m. Y ap rele l Fi, paske se nan gason yo te pran l. ” Vrèman, Èv te yon konpleman pou Adan. Yo chak te gen yon seri karakteristik ak yon seri kalite lòt la pa t genyen, sepandan, yo toule de te pafè e yo te fèt selon imaj Bondye. Konsa, Jewova te fè premye maryaj la. Adan ak Èv te aksepte dispozisyon sa a Bondye te mete a san pwoblèm, yon dispozisyon ki te pèmèt youn ede lòt e youn soutni lòt. — Jen. 1:27 ; 2:21-23.

3. Ki jan anpil moun konsidere kado sa a maryaj la reprezante a, e ki kesyon sa soulve ?

3 Malerezman, gen yon etadespri rebèl ki gaye nan monn nan jodi a. Men, se pa Bondye ki lakòz pwoblèm li pote yo. Gen anpil moun ki meprize maryaj, kado sa a Bondye bay la, paske pou yo, se yon bagay ki pase mòd, ki pote desepsyon ak pwoblèm. Pami moun ki marye yo, anpil ladan yo divòse. Pafwa, paran yo konn pa demontre afeksyon natirèl pou timoun yo e yo konn sèvi ak yo nan enterè pa yo lè gen pwoblèm nan maryaj la. Gen anpil paran ki refize sede menm lè sa ta ka fè yo gen lapè ak inite antre yo (2 Tim. 3:3). Donk, ki sa koup marye yo ka fè pou toujou gen lajwa nan maryaj yo nan tan kritik sa yo ? Lè koup marye yo dispoze kowopere youn ak lòt e yo dispoze soumèt yo devan Jewova, ki wòl sa ka jwe nan anpeche yon maryaj kraze ? Ki sa moun nan epòk nou an ki pa pèdi lajwa yo gen nan maryaj yo ka aprann nou ?

Annou soumèt konplètman anba direksyon Jewova bay

4. a) Ki enstriksyon Pòl te bay anrapò ak maryaj ? b) Ki jan kretyen ki obeyisan yo ka suiv egzòtasyon Pòl la ?

4 Bondye te enspire apot Pòl pou l fè vèv yo konnen si yo ta chwazi remarye, yo ta dwe fè sa “ nan Seyè a sèlman ”. (1 Kor. 7:39.) Kretyen ki te Juif yo te abitye ak panse sa a deja. Lwa Bondye te bay Izrayèl la te fè konnen aklè yo pa t dwe “ fè kontra maryaj ” ak okenn moun ki te fè pati nasyon payen ki te antoure yo. Jewova te bay lòt esplikasyon ki te mete aksan sou danje ki genyen lè yon moun meprize prensip sa a. Li te di : “ Paske [yon moun ki pa Izrayelit] ap detounen pitit gason w pou l pa suiv mwen, e sètènman yo pral sèvi lòt dye, e vrèman kòlè Jewova pral flanbe kont nou, e l ap aneyanti w byen vit. ” ​(Det. 7:3, 4). Ki pozisyon Jewova ta renmen sèvitè l yo pran jodi a nan domèn sa a ? Sa klè, yon sèvitè Bondye ki ta renmen marye ta dwe chwazi yon moun ki “ nan Seyè a ”, sètadi yon adoratè Bondye menm jan ak li ki vwe e ki batize. Li saj pou yon moun obeyi direksyon Jewova bay lè l ap chwazi yon konjwen.

5. Ki enpòtans ve kretyen yo fè lè y ap marye a genyen ni pou Jewova ni pou yo menm ?

5 Ve moun yo fè lè y ap marye a sakre nan je Bondye. Men sa Jezi, pwòp Pitit Bondye a, te di anrapò ak maryaj : “ Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. ” ​(Mat. 19:6). Gen yon salmis ki raple nou nan ki pwen ve nou fè enpòtan. Men sa l di : “ Ofri aksyondegras kòm sakrifis w ap bay Bondye e respekte vè w fè bay Trèwo a. ” ​(Sòm 50:14). Byenke moun k ap marye yo kapab jwenn anpil lajwa nan maryaj yo, sepandan, ve yo fè jou maryaj la se yon ve ki serye e ki pote anpil responsablite. — Det. 23:21.

6. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Yifta a ?

6 Annou pran egzanp Yifta ki te jij ann Izrayèl nan 12yèm syèk anvan epòk nou an. Li te fè yon ve bay Jewova, li te di l : “ Si vrèmanvre ou livre pitit Amòn yo nan men m, men sa k dwe rive tou : moun ki soti a, ki sot nan pot kay mwen pou l rankontre m lè m ap retounen anpè sot lakay pitit Amòn yo, dwe vin pou Jewova, e mwen dwe ofri moun sa a kòm olokos. ” Lè Yifta te wè se pitit fi l la, sèl pitit li te genyen an, ki te soti vin jwenn li lè l t ap tounen sot Mitspa, èske l te chèche pase sou ve l te fè bay Jewova a ? Non. Men sa l te di : “ Mwen ouvè bouch mwen bay Jewova e mwen pa kapab tounen dèyè. ” ​(Jij 11:30, 31, 35). Yifta te kenbe pwomès li te fè Jewova a menm lè sa te fè li pa t gen okenn desandan pou pote non l. Se vre, ve Yifta te fè a pa menm ak ve yo fè nan maryaj yo. Sepandan, lefètke Yifta te respekte ve l te fè a, li kite yon bèl egzanp pou mari ak madanm ki kretyen yo anrapò ak ve yo fè a.

Ki sa k ka fè yon maryaj reyisi ?

7. Ki ajisteman moun ki fèk marye yo bezwen fè ?

7 Anpil moun ki marye gen bèl souvni anrapò ak lè yo te renmen. Ala sa te bèl pou yo chak te aprann konnen moun yo pral marye avè l la ! Plis yo te pase tan ansanm, se plis yo te vin pwòch youn ak lòt. Men, kit yo te renmen anvan yo marye, kit se te yon maryaj aranje san yo pa t renmen anvan sa, apre maryaj la, li enpòtan anpil pou yo fè yon seri ajisteman. Men sa yon mari admèt : “ Pi gwo pwoblèm nou te genyen lè nou te fèk fin marye, se te pou nou konprann nou pa t selibatè ankò. Li te difisil pandan yon sèten tan pou nou rive mete relasyon nou te gen anvan avèk zanmi nou e ak manm fanmi nou nan plas yo. ” Gen yon lòt mari ki gen 30 an maryaj kounye a ki te reyalize byen bonè apre l te fin marye, pou l te ka ekilibre, li te dwe “ panse pou yo de ” a. Anvan l aksepte yon envitasyon oswa anvan l pran yon angajman, li pale ak madanm li epi apre sa, li pran yon desizyon. Konsa, li pran enterè yo toule de an konsiderasyon. Nan yon sitiyasyon konsa, li bon pou nou konsilyan. — Pwo. 13:10.

8, 9. a) Poukisa li enpòtan pou moun ki marye yo gen bon kominikasyon youn ak lòt ? b) Nan ki domèn li bon pou nou konsilyan, e poukisa ?

8 Pafwa, se de moun ki pa gen menm kilti ki marye. Nan ka sa a espesyalman, li nesesè pou yo kominike avèk franchiz. Moun ki sot nan diferan kilti pa kominike menm jan. Si w gade fason konjwen w pale ak fanmi l, sa ka ede w konprann li pi byen. Pafwa, se pa sa yon moun di ki montre sa l gen nan panse l, men se fason l di l la. E gen anpil bagay nou ka rive konprann menm nan sa moun nan pa di (Pwo. 16:24 ; Kol. 4:6). Li enpòtan pou nou gen disènman pou nou ka gen kè kontan. — Li Pwovèb 24:3.

9 Gen anpil moun ki twouve li enpòtan pou yo konsilyan lè y ap chwazi pastan ak aktivite detant. Petèt anvan maryaj la, konjwen w te konn pase tan ap fè spò oswa nan lòt aktivite detant. Èske l pa t ap apwopriye pou nou fè kèk chanjman nan detant n ap pran kounye a (1 Tim. 4:8) ? Nou ta ka poze menm kesyon an anrapò ak tan nou te konn pase ak manm fanmi nou. Li evidan de moun ki marye bezwen pran tan pou yo gen aktivite espirityèl ansanm e pou yo gen lòt aktivite ansanm. — Mat. 6:33.

10. Lè ni paran yo ni pitit yo ki marye konsilyan, ki jan sa kontribye pou gen bon relasyon antre yo ?

10 Lè yon gason marye, li kite papa l ak manman l. Nou kapab di apeprè menm bagay la pou fi a tou. (Li Jenèz 2:24.) Sepandan, konsèy Bondye bay pou yon moun onore papa l ak manman l lan toujou valab. Donk, menm apre de moun fin marye, y ap gen pou yo pase ti tan ak paran yo e ak paran konjwen yo. Gen yon mari ki gen 25 an maryaj ki di : “ Pafwa li difisil pou yon moun fè ekilib ant sa konjwen l, paran l, frè l ak sè l oubyen paran konjwen l ta renmen oswa yo ta bezwen. Nan domèn sa a, Jenèz 2:24 te ede m deside pi bon fason pou m aji. Yon moun dwe atache ak manm fanmi l e li gen responsablite anvè yo, men, vèsè sa a te montre m atachman m ak konjwen m vin anvan. ” Se poutèt sa, paran kretyen yo ki konsilyan ap rekonèt pitit yo genyen ki marye yo gen yon fanmi kounye a, e nan fanmi sa a, se mari a prensipalman ki responsab pou l bay fanmi an direksyon.

11, 12. Poukisa li enpòtan pou moun ki marye yo fè etid familyal e pou yo priye ansanm ?

11 Li enpòtan anpil pou fanmi an pran bon abitid etidye ansanm. Eksperyans anpil fanmi kretyen fè demontre sa se verite. Sepandan, li ka pa fasil pou n etabli yon etid familyal oswa pou nou kontinye etid sa a ofiramezi tan ap pase. Men sa yon chèf fanmi te admèt : “ Si nou te ka tounen dèyè pou nou chanje yon bagay, ebyen, depi nan kòmansman maryaj nou, mwen t ap fè yon fason pou nou bati yon bon pwogram pou etid familyal nou. ” Li ajoute : “ Sa fè m kontan anpil lè mwen wè lajwa madanm mwen genyen lè nou dekouvri ansanm nan etid nou yon verite biblik ki touche l. ”

12 Yon lòt bagay ki ka ede nou tou se lè nou priye ansanm (Wom. 12:12). Lè mari ak madanm ap adore Jewova ansanm, relasyon sere yo gen ak Bondye a ka ranfòse relasyon yo gen antre yo nan maryaj la (Jak 4:8). Men sa yon mari kretyen fè konnen : “ Lè nou mande padon san pèdi tan pou erè nou fè e lè nou mansyone erè sa yo nan priyè n ap fè ansanm, se yon fason nou demontre nou vrèman dezole pou sa nou te fè a ki te lakòz konjwen nou an fache, menm lè se te yon ti bagay tou piti. ” — Efe. 6:18.

Se pou nou konsilyan nan maryaj nou

13. Ki konsèy Pòl te bay konsènan relasyon seksyèl nan yon maryaj ?

13 Kretyen ki marye yo bezwen kouri pou pratik ki ka detwi relasyon yo, tankou pil pratik ki gaye nan monn sa a ki kite sèks pran tèt li. Men konsèy Pòl te bay sou kesyon sa a : “ Se pou mari a bay madanm li sa l dwe l, men se pou madanm nan fè menm jan an tou pou mari l. Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò l, men se mari a ki gen otorite sou li. Menm jan an tou, mari a pa gen otorite sou pwòp kò l, men se madanm nan ki gen otorite sou li. ” Apre sa, Pòl bay yon egzòtasyon klè, li di : “ Pinga youn refize lòt sa, sof si nou antann nou sou sa pou yon kantite tan nou fikse. ” Pou ki rezon ? “ Yon fason pou n ka konsakre tan pou nou lapriyè e pou n tounen ansanm ankò. Konsa, Satan pap ka kontinye tante nou poutèt nou manke metriz. ” ​(1 Kor. 7:3-5). Lefètke Pòl te mansyone lapriyè, li te montre ki sa k ta dwe gen priyorite pou yon kretyen. Men, li te montre aklè tou chak kretyen ki marye ta dwe gen sousi pou bezwen fizik ak bezwen afektif konjwen l.

14. Ki prensip biblik nou ka aplike anrapò ak relasyon seksyèl nan yon maryaj ?

14 Mari yo ak madanm yo dwe sensè youn ak lòt e yo dwe rekonèt si yo manke tandrès nan relasyon seksyèl yo genyen, sa ka bay pwoblèm. (Li Filipyen 2:3, 4 ; konpare ak Matye 7:12.) Sa rive deja nan fanmi kote mari ak madanm pa pataje menm kwayans. Menmsi gen kèk ti mezantant, an jeneral konjwen ki kretyen an ka amelyore sitiyasyon an grasa bon konduit li, jantiyès li e grasa fason li kowopere ak konjwen l. (Li 1 Pyè 3:1, 2.) Lè yon moun renmen Jewova e li renmen konjwen l, e anplis li konsilyan, sa ap ede l nan aspè sa a nan maryaj li.

15. Ki wòl respè jwe pou gen kè kontan nan yon maryaj ?

15 Yon mari ki janti ap trete madanm li avèk respè tou nan lòt domèn ankò. Pa egzanp, l ap pran santiman madanm li an konsiderasyon menm nan ti bagay piti. Gen yon mari ki gen 47 an depi l marye ki admèt : “ Jiska prezan mwen kontinye ap aprann nan domèn sa a. ” Kretyèn ki marye yo resevwa egzòtasyon pou yo gen yon gwo respè pou mari yo (Efe. 5:33). Yo pap montre yo gen respè pou mari yo si yo pale yon fason negatif de yo oswa yo pale de defo yo devan lòt moun. Men ki rapèl nou jwenn nan Pwovèb 14:1 : “ Fi ki vrèman saj la bati kay li, men fi ki sòt la kraze l ak pwòp men l. ”

Pa lage bay Dyab la

16. Ki jan moun ki marye yo ka mete Efezyen 4:26, 27 ann aplikasyon nan maryaj yo ?

16 “ Nou mèt an kòlè, men, pinga nou peche. Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè, ni pa kite jwen pou Dyab la. ” ​(Efe. 4:26, 27). Lè nou mete pawòl sa yo ann aplikasyon, sa ka ede nou rezoud pwoblèm nan maryaj nou oswa sa ka ede nou evite yo. Men sa yon sè fè konnen : “ Mwen pa sonje mwen te janm gen yon pwoblèm san m pa t pale de li ak mari m, menm lè sa te mande pou nou pase plizyè èdtan ap rezoud li. ” Lè li menm ak mari l te fèk marye, yo te pran detèminasyon pou yo pa t janm kite yon jounen pase san yo pa rezoud pwoblèm yo genyen antre yo. “ Nou te pran desizyon pou nou padone youn lòt, pou nou bliye kèlkeswa pwoblèm nan e pou nou kòmanse chak jounen tounèf. ” Konsa, yo te refize “ kite jwen pou Dyab la ”.

17. Ki sa k ka ede konjwen yo menm lè yo ta parèt yo pa konpatib ?

17 Men, e si w marye ak yon moun ou santi ki pa konpatib avèk ou ? Petèt kounye a, ou ka twouve w nan yon maryaj ki pa gen lanmou ladan l jan lòt moun gen lanmou nan maryaj pa yo. Menmsi w ta nan sitiyasyon sa a, si w sonje pwennvi Kreyatè a genyen sou maryaj, sa ap ede w. Bondye te enspire Pòl pou l bay kretyen yo konsèy sa a : “ Se pou maryaj onorab nan mitan tout moun, e se pou kabann maryaj la san salte, paske Bondye pral jije fònikatè ak moun k ap fè adiltè. ” ​(Ebre 13:4). E nou pa ta dwe bliye pawòl ki di : “ Yon kòd twa branch pa ka kase vit. ” ​(Ekl. 4:12). Lè ni mari ni madanm sousye yo pou non Jewova sangtifye, yo rete soude youn ak lòt e yo rete soude ak Bondye. Yo bezwen fè efò pou yo fè maryaj yo reyisi, paske yo konnen sa ap glorifye Jewova, Sila ki te kreye maryaj la. — 1 Pyè 3:11.

18. Ki asirans nou ka genyen konsènan maryaj nou ?

18 Pa gen dout nan sa, li posib pou kretyen yo jwenn kè kontan nan maryaj yo. Pou sa fèt, yo bezwen fè efò e yo bezwen manifeste kalite ki sanble ak pa Kris yo. Lè yo konsilyan, yo demontre youn nan kalite Kris yo. Jodi a, nan kongregasyon Temwen Jewova yo ki sou tout tè a, gen yon pakèt koup marye ki demontre se yon bagay ki posib.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou ka di li pa enposib pou moun jwenn kè kontan nan maryaj ?

• Ki sa k ka fè yon maryaj reyisi ?

• Ki kalite moun ki marye yo bezwen chèche kiltive ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 9]

Li saj pou moun ki marye yo kominike youn ak lòt anvan yo aksepte yon envitasyon oswa anvan yo pran yon randevou.

[Foto nan paj 10]

Chèche rezoud pwoblèm yo menm jou a, konsa nou pap “ kite jwen pou Dyab la ”.