Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou simaye bon nouvèl la nan mòn Lèzann

Nou simaye bon nouvèl la nan mòn Lèzann

Nou simaye bon nouvèl la nan mòn Lèzann

ANTOU nou te 18 moun atè a. Nou t ap tranble nan sak ki fèt pou dòmi nou te kouche ladan yo a, tèlman nou te frèt. Nou t ap koute yon gwo lapli ki t ap tonbe sou do kay kote nou te kouche a, do kay la te fèt an tòl. Ti kay sa a te tèlman nan yon move kondisyon, nou te mande tèt nou si nou te premye moun ki te pase yon ti tan ladan l.

Pou ki rezon nou 18 la nou t al vizite zòn sa a ? Rezon an se paske nou gen dezi pou nou obeyi kòmandman Jezi te bay pou bon nouvèl la preche “ jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a ”. (Tra. 1:8 ; Mat. 24:14.) Donk, nou te vwayaje pou n al preche nan yon tèritwa izole, nan mòn yo rele Lèzann yo (les Andes), nan pati ki nan peyi Bolivi a.

Pwoblèm nou te jwenn anvan nou rive

Premye defi nou te bezwen leve se rive kote nou t aprale a. Nou te aprann machin piblik ki t apral nan zòn izole sa a pa t suiv yon orè presi. Lè bis nou t apral pran an te rive, nou te remake li te pi piti pase jan li te sipoze ye a. Donk, kèk nan nou te oblije ret kanpe. Men, finalman, nou te rive kote nou t aprale a.

Objektif nou se te pou nou rive nan kèk bouk ki nan mòn Lèzann, nan pati ki nan peyi Bolivi a. Donk, apre vwayaj la, gwoup la ki te chaje ak pwovizyon t ap mache avèk prekosyon, youn dèyè lòt, sou ti chemen ki te gen nan mòn apik sa a.

Byenke bouk yo te parèt piti, te gen anpil distans ant kay yo. Donk, sa te pran nou plizyè èdtan pou nou rive vizite chak bouk. Kèlkeswa distans nou te mache a, nou te toujou wè yon lòt kay ki pi lwen toujou. Souvan, nou te pèdi nan ti chemen yo ki te makònen youn ak lòt, ou ta di yon labirent.

“ Poukisa se kounye a nou vini ? ”

Te gen yon fi ki te tèlman enpresyone poutèt kantite wout nou te fè ap mache, li te kite nou itilize kuizin li ak bwa li te genyen pou nou prepare manje pou nou manje a midi. Lè yon mesye te aprann sa Labib anseye konsènan kondisyon mò yo, men sa li te di : “ Poukisa se kounye a nou vini ? ” Li te tèlman enterese, lè nou t ap kite bouk pa l la, li te akonpaye nou pou l te ka poze nou plis kesyon toujou pandan nou sou wout la. Yon lòt mesye ki pa t janm tande pale de Temwen Jewova yo te enterese anpil nan piblikasyon nou yo. Li te remèsye nou anpil poutèt nou te vin nan zòn nan e li te ban nou kle yon ti kay kote nou te kapab pase nuit la.

Yon nuit, li te tèlman fènwa, nou te monte tant nou yo nan mitan yon nich foumi, yon seri gwo foumi nwa. Yo pa t pran tan pou yo montre yo te fache, paske yo te kòmanse mòde nou. Nou te tèlman fatige nou pa t deplase, men, chans pou nou, anvan lontan, sanble yo te bliye nou.

Okòmansman, do nou ak kòt nou t ap fè nou mal paske nou te dòmi atè a. Men, pandan nuit la nou te vin abitye ak doulè a. Sepandan, kèlkeswa doulè nou te genyen, nan maten, nou te bliye yo lè nou t ap gade yon seri plèn ki pa t sibi okenn domaj nan bote yo e ki te gen nyaj sou rebò yo k ap deplase tou dousman, e lè nou t ap gade yon seri tèt mòn byen lwen ki gen nèj ki kouvri tèt yo e ki bèl anpil. Sèl ti bri nou te tande se bri yon ti rivyè k ap koule ansanm ak zwazo k ap chante.

Apre nou te fin benyen nan ti rivyè a, nou te egzamine yon tèks biblik ansanm, nou te pran yon tidejene e nou te repedale monte mòn yo dousman pou n al nan lòt bouk ankò ki te pi lwen. Efò nou te fè pou nou monte mòn yo te bay bon rezilta. Nou te rankontre yon dam aje ki te kriye lè li te aprann non Bondye, Jewova, nan Bib la. Li te kontan anpil. Kounye a, li te kapab envoke non Bondye nan lapriyè.

Yon mesye aje te di genlè Bondye pa t bliye l. Li te kòmanse chante, e nan chante a, li t ap di se zanj yo ki voye nou. Yon lòt mesye ki te twò malad pou l sot deyò te di nou pa gen okenn moun nan bouk li a ki te pran tan pou yo vin vizite l. Li te sezi anpil lè l te aprann nou soti jis Lapaz. Yon lòt mesye ankò te enpresyone anpil lefètke Temwen Jewova yo vizite moun lakay yo, alòske lòt relijyon yo se klòch yo sonnen pou yo envite moun vin nan legliz yo.

Pa gen youn nan kay ki nan zòn sa a ki gen elektrisite, donk, moun al dòmi lè fènwa e yo leve lè solèy la leve. Kidonk, pou nou te jwenn moun yo lakay yo, nou te kòmanse preche a sizè dimaten. Si nou pa t fè sa, pifò moun yo t ap gentan al nan jaden. Pandan jounen an, gen kèk moun ki te deja ap travay ki te dispoze kanpe travay yo t ap fè a pou yo koute mesaj nou an, yon mesaj ki soti nan Pawòl Bondye a. Petèt sa te bay bèf ki t ap tire chari yo yon ti repo yo dwe te byen apresye. Anpil nan moun nou te jwenn lakay yo te ban nou po mouton pou nou chita sou yo e yo te rele fanmi yo vin koute nou. Kèk nan kiltivatè yo te ban nou kèk gwo sak mayi paske yo te rekonesan pou piblikasyon nou te kite pou yo.

“ Nou pa t bliye m ”

Nòmalman, pou yon moun ka konnen Labib byen, li bezwen yo vizite l plis pase yon sèl fwa. Anpil moun te sipliye nou pou nou retounen vin anseye yo plis bagay toujou. Akoz de sa, nou fè plizyè vwayaj nan zòn sa a ki nan peyi Bolivi.

Nan youn nan vwayaj nou te fè apre yo, yon dam aje te montre li byen kontan lefètke nou te retounen. Men sa l te di : “ Nou tankou pitit mwen, nou pa t bliye m. ” Gen yon mesye ki te remèsye nou pou travay n ap fè a e ki te envite nou pou nou rete lakay li pwochèn fwa nou retounen. Sepandan, sa ki petèt pi gwo rekonpans nou jwenn poutèt efò nou fè pou n al nan zòn sa a, se lefètke nou tande yon dam nou te vizite nan youn nan premye vizit nou te fè yo te deplase pou l al nan vil la, e kounye a l ap preche bon nouvèl la.

Rive nan dènye jou premye vwayaj nou te fè a, nou pa t gen gaz ankò pou fou nou te pote a e nou te prèske fin manje tout pwovizyon nou te pote yo. Nou te rasanble yon kantite bwa ki te ase pou nou fè yon dife, nou te kuit dènye pwovizyon ki te rete yo, e nou te retounen a pye. Nou te gen plizyè kilomèt anviwon ki te separe nou ak kote nou te ka pran bis la. Finalman, nou te rive, men li te gentan fènwa.

Lè n ap retounen lakay nou

Pandan nou te nan wout pou n tounen, bis la te pran pàn. Men, annapre nou te jwenn yon woulib nan yon machin ki te chaje ak moun. Sa te ban nou okazyon pou nou preche lòt pasaje yo ki te bezwen konnen poukisa nou te sou wout la. Byenke moun nan zòn nan timid tou natirèlman, an jeneral, yo amikal.

Apre nou te pase nevèdtan dèyè machin nan, nou te rive lakay nou, men nou te mouye an tranp e nou te frèt anpil. Sepandan, vwayaj nou an pa t anven. Pandan nou te sou wout la ap tounen, nou te fè aranjman pou yon fi ki abite nan vil la jwenn yon moun pou etidye Labib avè l.

Sa te vrèman yon privilèj pou nou anonse moun nan andwa izole sa a bon nouvèl la ! Nou te preche nan kat bouk nòmal e nan yon bann ti bouk. Sa te fè nou sonje pawòl sa yo : “ Ala bèl yo bèl sou tèt mòn yo, pye moun k ap pote bon nouvèl, k ap pibliye lapè, k ap pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon, k ap pibliye delivrans. ” — Iza. 52:7 ; Wom. 10:15.

[Foto nan paj 17]

Nou pare pou n al anonse bon nouvèl la.