Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou konsilyan e se pou nou rezonab

Se pou nou konsilyan e se pou nou rezonab

Se pou nou konsilyan e se pou nou rezonab

“ Kontinye fè yo sonje pou yo [...] konsilyan. ” — TIT 3:1, 2, nòt anba paj.

1, 2. Ki sa Ekriti yo di konsènan nesesite pou nou konsilyan, e poukisa sa yo di a apwopriye ?

JEWOVA, Papa nou an ki nan syèl la, gen yon sajès ki san limit. Piske se li menm ki kreye nou, se nan men l nou chèche direksyon nan lavi nou (Sòm 48:14). Men sa disip Jak fè nou konnen : “ Sajès ki soti anlè a se yon sajès tou dabò ki pwòp. Ansuit li pasifik, li rezonab [nòt anba paj : “ konsilyan ”], li dispoze obeyi, li chaje ak mizèrikòd ak bon kalite fwi, li pa nan patipri e li pa nan ipokrizi. ” — Jak 3:17.

2 Selon egzòtasyon apot Pòl te bay, “ se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab [“ konsilyan ”, Kingdom Interlinear] ”. (Fil. 4:5.) * Jezi Kris se Seyè kongregasyon kretyen an e li se Chèf li (Efe. 5:23). Donk, sa enpòtan pou nou chak nou aji yon fason ki rezonab, sètadi pou nou soumèt anba enstriksyon Kris ban nou e pou nou konsilyan nan fason nou boule ak lòt moun.

3, 4. a) Bay de egzanp ki montre byenfè nou ka jwenn lè nou konsilyan. b) Ki sa nou pral egzamine ?

3 Nou jwenn byenfè lè nou konsilyan lè sa apwopriye. Annou pran de egzanp ki montre sa. Nan peyi Grann Bretay, apre yo te fin dekouvri yon atak yo te sispèk teworis t ap manniganse, pifò moun ki t ap pran avyon yo te dispoze obeyi règ yo te fikse yo pou entèdi moun antre nan avyon yo ak yon seri bagay yo te gen dwa antre avèk yo anvan. Lè n ap kondui machin, e nou rive nan yon kafou, nou wè nesesite pou nou bay lòt chofè machin ki gen priyorite yo pase anvan. Lè nou fè sa, nou evite aksidan e sikilasyon an fèt san pwoblèm.

4 Pou anpil nan nou, li pa fasil pou nou konsilyan ak lòt moun. Annou egzamine twa aspè nan domèn sa a ki kapab ede nou. Twa aspè sa yo se : sa k motive nou, atitid nou genyen anrapò ak otorite e nan ki degre nou ta dwe dispoze sede.

Poukisa nou ta dwe dispoze sede ?

5. Ki sa k te ka pouse yon esklav sou Lalwa Moyiz la pou l chwazi rete avèk mèt li ?

5 Annou pran yon egzanp ki soti nan epòk anvan epòk kretyen yo ki mete aksan sou bonjan rezon ki ka pouse yon moun pou l pase sou dwa l genyen. Sou Lalwa Moyiz la, yo te dwe libere Ebre ki te vin esklav yo swa sou setyèm ane yo antanke esklav, swa nan ane Jibile a, kèlkeswa ane ki te rive anvan nan de ane sa yo. Sepandan, yon esklav te ka chwazi pou l toujou ret esklav mèt li. (Li Egzòd 21:5, 6.) Ki sa k te ka pouse yon esklav fè sa ? Lanmou te pouse l rete nan pozisyon esklav la, anba otorite mèt li ki te bon avèk li.

6. Ki rapò lanmou genyen ak montre nou montre nou konsilyan ?

6 Se konsa tou lanmou nou genyen pou Jewova pouse nou vwe lavi nou ba li e li pouse nou respekte ve nou fè a (Wom. 14:7, 8). Apot Jan te ekri pawòl sa yo : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan kòmandman l yo pa lou. ” ​(1 Jan 5:3). Lanmou sa a pa chèche pwòp enterè pa l (1 Kor. 13:4, 5). Lanmou nou genyen pou pwochen nou pouse nou pou nou konsilyan nan relasyon nou ak yo e li pouse nou pou nou mete enterè yo anvan pa nou. Olye pou nou kite egoyis anvayi nou, nou montre nou gen konsiderasyon pou enterè pwochen nou. — Fil. 2:2, 3.

7. Lè nou dispoze pase sou dwa nou, ki wòl sa jwe nan ministè nou ?

7 Nou pa ta dwe fè lòt moun trebiche ni ak pawòl nou ni ak aksyon nou (Efe. 4:29). Vrèman, lanmou ap pouse nou evite fè nenpòt bagay ki ta ka anpeche moun ki pa gen menm edikasyon ak nou oswa ki pa gen menm kilti ak nou fè pwogrè pou yo sèvi Jewova. Souvan, sa mande pou nou pran pwennvi yo an konsiderasyon. Pa egzanp, sè ki misyonè ki konn mete makiyaj oswa ba pa kontinye mete bagay sa yo nan tèritwa kote moun yo ka panse sè yo se moun ki imoral si yo mete yo. Yo aji konsa pou moun yo pa trebiche. —1 Kor. 10:31-33.

8. Ki jan lanmou nou genyen pou Bondye ka ede nou aji ‘ tankou moun ki piti ’ ?

8 Lanmou nou genyen pou Jewova ede nou rejte ògèy. Te gen yon diskisyon ant disip Jezi yo pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan. Apre diskisyon an, Jezi te pran yon timoun piti e li te mete l nan mitan yo. Li te di yo : “ Nenpòt moun ki resevwa timoun piti sa a poutèt non mwen resevwa m tou, e moun ki resevwa m resevwa moun ki te voye m nan tou. Paske moun ki kondui tèt li tankou yon piti pami nou tout se moun sa a ki gran. ” ​(Lik 9:48 ; Mak 9:36). Pèsonèlman, nou ka twouve li difisil pou nou aji “ tankou yon piti ”. Akoz enpèfeksyon nou eritye a e akoz tandans nou genyen pou nou ògeye, nou ka gen tandans pou nou chèche met tèt nou annavan, men imilite ap ede nou pou nou pa fè sa. — Wom. 12:10.

9. Ki sa nou bezwen rekonèt si nou vle konsilyan ?

9 Si nou ta renmen konsilyan, nou bezwen rekonèt otorite moun Bondye etabli yo. Tout vrè kretyen yo rekonèt prensip otorite a, yon prensip ki enpòtan anpil. Apot Pòl te byen esplike Korentyen yo prensip sa a : “ Mwen vle nou konnen chèf tout gason se Kris, e chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye. ” — 1 Kor. 11:3.

10. Lè nou soumèt nou anba otorite Jewova, ki sa sa montre ?

10 Lè nou soumèt nou anba otorite Bondye, sa demontre nou gen konfyans nan li antanke Papa nou ki plen lanmou. Li wè tout sa k rive nou e li ka rekonpanse nou. Li bon pou nou sonje sa lè lòt moun pa trete nou avèk respè oswa lè yo fè kòlè sou nou e yo pèdi metriz yo. Men sa Pòl te ekri : “ Si posib, pou otan sa depann de nou, se pou nou anpè ak tout moun. ” Pòl te mete aksan sou konsèy sa a lè l te di : “ Pa vanje tèt nou, byenneme, men bay kòlè a espas, paske men sa ki ekri : ‘ Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap peye anretou, se sa Jewova di. ’ ” — Wom. 12:18, 19.

11. Ki jan nou ka montre nou soumèt nou anba otorite Kris ?

11 Nou bezwen rekonèt tou otorite Bondye mete anplas nan kongregasyon kretyen an. Revelasyon 1 dekri Kris Jezi ki kenbe “ etwal ” kongregasyon an nan men dwat li (Rev. 1:16, 20). Nan yon sans jeneral, “ etwal ” sa yo reprezante kolèj ansyen yo, sètadi siveyan ki nan kongregasyon yo. Siveyan sa yo Bondye etabli soumèt yo anba otorite Kris e yo imite fason li boule ak lòt moun avèk byenveyans. Tout moun nan kongregasyon an soumèt yo anba dispozisyon Jezi te pran pou “ esklav fidèl ki prevwayan an ” bay manje espirityèl nan moman apwopriye (Mat. 24:45-47). Jodi a, lè nou dispoze etidye e nou dispoze aplike sa esklav la ban nou, sa montre pèsonèlman nou soumèt nou anba otorite Kris e sa pèmèt gen lapè ak inite. — Wom. 14:13, 19.

Jis nan ki pwen nou bezwen soumèt nou ?

12. Poukisa soumisyon nou gen yon limit ?

12 Sepandan, soumèt nou pa vle di fè konpwomi ak lafwa nou e ak prensip biblik yo. Ki pozisyon premye kretyen yo te pran lè chèf relijye yo te ba yo lòd pou yo sispann anseye nan non Jezi ? Avèk kran, Pyè ak lòt apot yo te di : “ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ” ​(Tra. 4:18-20 ; 5:28, 29). Se sa k fè jodi a, lè otorite yo fè presyon sou nou pou nou sispann preche bon nouvèl la, nou pa sispann. Sepandan, nou ka chanje metòd nou yon fason pou nou fè fas ak sitiyasyon sa a avèk tak. Si yo mete entèdiksyon sou predikasyon kay an kay la, nou ka chèche lòt mwayen pou nou kontakte moun yo pou nou ka kontinye ranpli misyon sa a Bondye ban nou an. Menm jan an tou, lè “ otorite siperyè yo ” mete entèdiksyon sou reyinyon nou yo, nou fè ti gwoup piti pou nou reyini san nou pa atire atansyon sou nou. — Wom. 13:1 ; Ebre 10:24, 25.

13. Ki sa Jezi te di anrapò ak soumisyon devan moun ki gen otorite yo ?

13 Nan Sèmon Jezi te fè sou montay la, li te mete aksan sou nesesite pou nou soumèt nou anba otorite. Men sa l te di : “ Si yon moun vle rele w nan tribinal pou l pran rad ou, kite rad ou konn met pa anlè a ba li tou. E si yon moun ki gen otorite mande w pou w sèvi l pou yon mil, fè de mil avè l. ” ​(Mat. 5:40, 41) *. Konsiderasyon ak lanmou nou gen pou lòt moun ap pouse nou fè lòt mil anplis la. — 1 Kor. 13:5 ; Tit 3:1, 2.

14. Poukisa nou pa ta dwe janm sede devan apostazi ?

14 Sepandan, pinga nou janm kite dezi nou genyen pou nou konsilyan an fè nou fè konpwomi ak aposta yo. Nou bezwen gen yon pozisyon ki klè e ki fèm sou sa yon fason pou laverite rete pwòp e pou toujou gen inite nan kongregasyon an. Men sa Pòl te ekri konsènan “ fo frè yo ” : “ Nou pa t sede devan moun sa yo pa mwayen soumisyon, non, pa menm pou inèdtan, pou verite bon nouvèl la ka kontinye avèk nou. ” ​(Gal. 2:4, 5). Si ta vin gen yon apostazi konsa, byenke se yon bagay ki ra, kretyen ki gen atachman pou Bondye yo ap rete fèm, y ap kontinye fè sa ki jis.

Siveyan yo bezwen konsilyan

15. Ki fason siveyan yo montre yo konsilyan lè yo reyini ansanm ?

15 Pou yon moun sèvi kòm siveyan, yon bagay ki nesesè, sèke li bezwen konsilyan. Men sa Pòl te ekri : “ Kidonk, ansyen an dwe [...] rezonab [“ konsilyan ”, nòt anba paj]. ” ​(1 Tim. 3:2, 3). Se yon bagay ki enpòtan anpil, sitou lè mesye ki nome yo reyini pou yo konsidere kesyon ki gen rapò ak kongregasyon an. Anvan ansyen yo pran yon desizyon, yo chak ki la kapab fè konnen pwennvi yo byen klè, byenke yo tout pa oblije pale. Yon ansyen ki gen matirite ap sede olye pou l reziste e pou l kenbe pwennvi pa l la. Pandan yon diskisyon, opinyon yon ansyen ka chanje lè li koute lòt ansyen yo k ap atire atansyon sou prensip biblik ki apwopriye yo. Nan kòmansman diskisyon an, ansyen yo te gendwa gen diferan opinyon, men lè yo reflechi avèk èd lapriyè, sa pèmèt gen inite pami ansyen ki modès e ki dispoze sede yo. — 1 Kor. 1:10 ; Li Efezyen 4:1-3.

16. Ki etadespri yon ansyen ta dwe manifeste ?

16 Nan tout sa yon ansyen ap fè, li ta dwe fè efò pou l suiv lòd teyokratik la. Etadespri sa a ta dwe parèt menm nan fason li pran swen twoupo a e l ap ede l demontre konsiderasyon ak dousè anvè lòt moun. Pyè te ekri : “ Pran swen twoupo Bondye a ki sou kont nou an, non pa nan fòse, men ak tout kè nou, pa paske nou renmen pwofi malonèt, men avèk anpresman. ” — 1 Pyè 5:2.

17. Ki jan tout moun nan kongregasyon an ka demontre yo konsilyan nan relasyon yo youn ak lòt ?

17 Manm kongregasyon an ki aje yo rekonesan pou èd presye sila ki pi jèn yo ba yo e yo trete jèn sa yo avèk diyite. Sou bò pa yo, jèn yo respekte moun ki pi aje yo ki gen anpil ane eksperyans nan sèvis Jewova (1 Tim. 5:1, 2). Ansyen yo chèche frè ki kalifye pou yo ba yo yon seri responsablite. Yo fòme yo yon fason pou yo ede yo nan pran swen twoupo Bondye a (2 Tim. 2:1, 2). Chak kretyen ta dwe wè enpòtans konsèy enspire Pòl te bay la ki di : “ Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou [“ sede ”, nòt anba paj], paske y ap veye tout tan sou nanm nou kòm moun ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè sa ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” — Ebre 13:17.

Fason pou nou montre nou konsilyan nan fanmi nou

18. Poukisa li apwopriye pou manm fanmi an konsilyan ?

18 Li enpòtan tou pou nou konsilyan nan fanmi nou. (Li Kolosyen 3:18-21.) Labib fè nou konnen wòl chak manm yon fanmi kretyen genyen. Papa a se chèf madanm li e se li menm prensipalman ki gen responsablite leve timoun yo. Madanm nan li menm dwe rekonèt otorite mari l e timoun yo dwe fè efò pou yo obeyisan, yon bagay ki fè Seyè a plezi. Chak moun nan fanmi an ka patisipe pou l fè gen inite ak lapè nan kay la, lè l konsilyan lè sa apwopriye. Bib la gen kèk egzanp ki ka ede nou konprann pwen sa a.

19, 20. a) Bay diferans ki egziste ant Eli ak Jewova nan kesyon konsilyan an. b) Ki leson paran yo ka tire nan egzanp sa yo ?

19 Lè Samyèl te yon tigason, se Eli ki te gran prèt ann Izrayèl. Sepandan, Ofni ak Fineyas, de pitit gason Eli yo, se te “ voryen yo te ye, yo pa t rekonèt Jewova ”. Eli te tande pale de move konpòtman yo te genyen, li te konnen tou yo t ap komèt fònikasyon ak fi ki t ap sèvi nan antre tant reyinyon an. Ki jan l te reyaji ? Eli di yo si peche yo te fè yo se te kont Jewova, pèsonn pa t ap ka priye pou yo. Men, li pa t ni korije yo ni l pa t disipline yo. Kòm rezilta, pitit Eli yo te kontinye ap fè sa k pa bon. Finalman, avèk jistis, Jewova te deside yo merite lanmò kòm pinisyon. Lè Eli tande pitit gason l yo te mouri, li menm tou li te mouri. Vrèman, sa te fini mal ! Sa klè, Eli pa t dwe kite pitit li yo kontinye fè sa yo t ap fè yo. Li pa t dwe konsilyan avèk yo nan sitiyasyon sa a, paske yo t ap fè move aksyon. — 1 Sam. 2:12-17, 22-25, 34, 35 ; 4:17, 18.

20 Yon lòt bò, annou konsidere fason Bondye te aji ak zanj yo ki se pitit li. Pwofèt Mikaya te gen yon vizyon estrawòdinè sou yon reyinyon Jewova te fè ak zanj li yo. Jewova te mande kiyès nan zanj yo ki te ka twonpe wa Ahab, yon wa nan peyi Izrayèl, yon fason pou wa mechan sa a te ka tonbe. Jewova te koute sijesyon plizyè nan pitit espirityèl li yo. Apre sa, gen yon zanj ki di li kapab fè sa. Jewova mande l kòman l ap fè. Lefètke Jewova te satisfè ak repons li an, li te konfye l misyon pou l te fè sa l te di a (1 Wa 22:19-23). Èske fanmi yo pa ta ka tire leson nan istwa sa a sou nesesite pou yo konsilyan ? Yon mari kretyen ki gen pitit ap fè byen si l koute ide ak sijesyon madanm li ak pitit li ba li. Anmenmtan, madanm nan ak pitit yo ta dwe konprann menmsi yo te bay yon opinyon oswa yo te fè konnen preferans yo, yo bezwen soumèt yo, konsa y ap montre yo respekte direksyon mari a ki gen responsablite pou l deside selon Labib.

21. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a ?

21 Èske nou pa rekonesan pou rapèl Jewova ban nou pou nou konsilyan, pou nou sede e pou nou soumèt nou, yon seri rapèl ki plen lanmou e ki saj (Sòm 119:99) ? Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine ki jan lè nou konsilyan e nou dispoze sede lè sa apwopriye, sa ka ede nou jwenn lajwa nan maryaj nou.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Li difisil pou yo tradui mo apot Pòl te itilize a ak yon sèl mo. Gen yon ouvraj referans ki fè konnen mo rezonab la “ gen ladan l dispozisyon yon moun genyen pou l pase sou dwa li genyen e pou l aji ak pwochen l avèk konsiderasyon e avèk dousè ”. Donk, mo sa a dekri yon moun ki soumèt e ki rezonab, ki pa strik lè l ap aplike lwa yo e ki pa toujou ap defann dwa l.

^ § 13 Gade atik “ Si l’on te réquisitionne ” nan, nan Toudegad 15 fevriye 2005, paj 23-6 (fransè).

Ki repons nou ta bay?

• Ki bon rezilta nou ka jwenn lè nou konsilyan ?

• Ki jan siveyan yo ka montre yo dispoze sede ?

• Poukisa li enpòtan pou nou konsilyan nan fanmi nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 4]

Ansyen yo imite fason Kris te boule ak lòt moun avèk byenveyans.

[Foto nan paj 6]

Lè ansyen nan yon kongregasyon reyini, yo reflechi avèk èd lapriyè e yo dispoze sede, sa pèmèt gen inite.