Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon randevou trèzenpòtan

Yon randevou trèzenpòtan

Yon randevou trèzenpòtan

MWEN gen yon randevou trèzenpòtan. Kite m esplike nou ki sa k fè mwen menm, yon dam espayòl ki se yon manman anmenmtan, mwen te pran randevou sa a.

Lakay paran m pa t gen lapè e pa t gen bon antant. Lè ti frè m nan te mouri nan yon aksidan terib lè l te gen katran, sa te bay fanmi m anpil lapèn. Mete sou sa, move abitid papa m te genyen yo te fè li difisil pou manman m jwenn anpil kè kontan nan maryaj li. Sepandan, sa pa t anpeche l bay mwen menm ak gran frè m nan bon prensip moral.

Avèk letan, mwen te marye e frè m nan te marye tou. Yon ti tan apre sa, manman m te aprann li te gen kansè, e finalman se sa ki te lakòz li mouri. Men, anvan li te mouri, li te ban nou yon trezò.

Yon dam li te konnen te pale avè l konsènan esperans rezirèksyon an ki nan Ekriti yo, e manman m te aksepte etidye Labib. Nan dènye moman li te viv yo, mesaj ki nan Bib la ki bay esperans te bay lavi l yon sans e li te ede l jwenn lakontantman.

Lè mwen menm ak frè m nan te remake jan mesaj ki nan Bib la te gen yon efè pozitif sou li, nou te kòmanse etidye Pawòl Bondye a tou. Mwen te batize Temwen Jewova yon mwa anvan mwen te fè dezyèm pitit mwen an, yon bèl tifi nou te rele Lucía.

Jou batèm mwen te enpòtan pou mwen anpil. Youn nan rezon yo se paske apati moman sa a se Jewova ki te Mèt mwen piske mwen te vwe lavi m ba li pou m sèvi l pou toutan. Yon lòt rezon ankò se paske mwen te vin gen posiblite pou m pataje lafwa m ak pitit gason m ansanm ak pitit fi m mwen renmen anpil yo.

Sepandan, byenke mwen te gen kè kontan pou m pataje lafwa m ak pitit fi m nan, sa pa t dire lontan. Lè Lucía te gen katran, li te kòmanse gen gwo vant fè mal. Apre plizyè tès, radyològ ki te fè tès yo te di gen yon boul gwosè yon zoranj ki te devlope sou fwa l. Li te esplike tou Lucía te gen yon timè k ap gwosi rapidman e timè sa a se yon kansè li te gen nan sistèm nè l. Se konsa Lucía te antre nan yon batay kont kansè, yon batay ki t apral dire setan. Pandan batay sa a, li te pase anpil jou lopital.

Li te gen sousi pou lòt moun

Pandan ane sa yo ki te difisil, souvan, Lucía te konn ankouraje m : li te konn pran m nan bra l avèk chalè e li te konn fè ti bo pou mwen. Fason li te andire anba maladi a te enpresyone staf lopital la tou. Li te toujou pare pou l ede enfimyè yo : li te konn ede yo pote yogout, ji ak lòt bagay ankò bay timoun ki te entène yo, ki te nan chanm ki pa twò lwen. Enfimyè yo te menm ba li yon ti blouz blan ak yon badj pou l mete sou blouz la ki te idantifye l kòm “ èd enfimyè ”.

Men sa yon moun k ap travay lopital la te di : “ Lucía te touche kè m. Se te yon timoun ki aktif, ki te gen imajinasyon e ki te renmen itilize penti pou l desine. Li te gen vi e li te gen matirite, anpil matirite. ”

Pawòl Bondye a te bay Lucía fòs e li te fè l kalm (Ebre 4:12). Li te gen konfyans, nan monn nouvo a, “ lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò ”, jan Bondye pwomèt sa (Rev. 21:4). Kòm li te renmen pwochen l, li te konn pwofite tout okazyon pou l pataje mesaj ki nan Bib la ak yo. Esperans rezirèksyon an te ede l pa panike e li te ede l kontinye gen kè kontan, malgre pa t gen okenn posiblite pou l geri anba maladi a (Iza. 25:8). Li te rete konsa jiskaske yon jou maladi a te pote l ale.

Se jou sa a mwen te pran randevou trèzenpòtan an. Li te difisil pou Lucía menm ouvri je l. Papa l te kenbe yon men l pandan mwen te kenbe lòt la. Mwen te di l tou ba : “ Ou pa bezwen pè, mwen pap kite w. Annik respire dousman. Lè w leve w ap anfòm. Ou pap gen doulè ankò e m ap avè w. ”

Kounye a, fò m respekte randevou sa a. Mwen konnen tan mwen pral pase ap ret tann rezirèksyon an pap fasil. Sepandan, mwen konnen tou si mwen fè Jewova konfyans, mwen ret tann li e mwen rete fidèl anvè l, m ap la lè Lucía ap resisite.

Sa Lucía kite pou nou

Kouraj Lucía te demontre ansanm ak bonjan èd kongregasyon an te ban mwen te fè yon gwo enpresyon sou mari m ki pa t pataje lafwa m. Jou Lucía te mouri a, li di m li bezwen reflechi sou lavi l. Kèk semèn apre sa, li mande yon ansyen nan kongregasyon an pou l etidye avè l. Yon ti tan apre sa, li te kòmanse asiste tout reyinyon yo. Avèk èd Jewova, li te sispann fimen, alòske li pa t reyisi fè sa anvan.

Tristès mwen genyen akoz lanmò Lucía a poko fin disparèt nèt, sepandan mwen rekonesan anpil anvè Jewova poutèt sa Lucía kite pou mwen an. Mwen menm ak mari m, nou jwenn rekonfò nan bèl esperans rezirèksyon an. Nou konn menm ap imajine moman nou pral wè l la, lè nou pral wè je won l yo ki plen ak vi ak twou bote li genyen lè l ap ri yo.

Gen yon moun an patikilye sou katye m nan ki te santi sa k te rive pitit fi m nan te vrèman touche l. Yon samdi maten pandan lapli t ap tonbe, yon fi ki te gen yon pitit gason l ki te nan menm lekòl kote Lucía te ye a te vin lakay nou. Li te pèdi yon pitit gason l ki te gen onzan ki te gen menm maladi ak Lucía. Lè l te aprann sa k te pase Lucía, li te chèche konnen kote n ap viv e li te vin wè nou. Li te bezwen konnen ki jan mwen t ap fè fas ak lanmò Lucía a. Li te mande m met ansanm avè l pou nou ka rekonfòte lòt manman ki nan menm sitiyasyon an.

Mwen te esplike l mwen te jwenn rekonfò pèsonèlman nan youn nan pwomès Labib fè yo, yon pwomès ki pi bon lontan pase kèlkeswa pwomès lèzòm ta kapab fè. Je l te briye avèk espwa lè m te li pou li pawòl Jezi yo nou jwenn nan Jan 5:28, 29. Li te aksepte etidye Labib e konsa li te kòmanse santi “ lapè Bondye, ki depase tout panse ” a (Fil. 4:7). Lè n ap etidye Labib ansanm, souvan, nou konn pran yon ti moman pou nou imajine tèt nou nan monn nouvo a k ap resevwa moun pa nou yo nou renmen ki resisite.

Wi, nan ti tan tou kout Lucía te viv la, li kite yon bagay k ap dire pou toutan. Lafwa li te demontre ede fanmi nou vin ini nan sèvis Jewova e li fè m gen plis detèminasyon m pou m rete fèm nan lafwa. Pa gen dout nan sa, tout moun ki pèdi yon moun pa yo ki gen posiblite resisite gen yon randevou trèzenpòtan.

[Foto nan paj 20]

Paradi Lucía te desine a.