Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo ? Ebyen, gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo :

• Ki lè astwològ yo t al vizite Jezi ?

Men ki kòmantè ki te fèt nan yon tradiksyon Labib : “ Astwològ yo pa t vizite Jezi nan manjwa a nan nuit li te fèt la jan bèje yo te fè sa. Yo te vini kèk mwa apre. ” Lè sa a, Jezi te yon “ timoun ” e li t ap viv nan yon kay (Mat. 2:7-11). Si se nan nuit Jezi te fèt la yo te pote lò ak kado ki gen valè pou li, èske se de ti zwazo sèlman Mari t ap ofri nan tanp lan 40 jou apre ? — 1/1-CR, paj 31.

• Ki sa anpil moun ka fè pou yo anrichi lavi yo ?

Yon moun ta ka mande tèt li : ‘ Èske m ka ajiste sitiyasyon m epi senplifye lavi m ? ’ Se sa Amy te fè. Li te rich, men kè l pa t kontan. Li te vin reyalize lefètke li t ap pousuiv yon karyè nan monn nan, sa te fè l prèske abandone lafwa. Donk, li te deside met enterè Wayòm nan an premye nan lavi l, e li te gen posiblite pran sèvis pyonye pandan kèk tan. Amy di : “ Kounye a, mwen gen yon santiman satisfaksyon mwen pa t janm genyen lè mwen te pase prèske tout tan m ap travay nan monn nan. ” — 15/1-CR, paj 19.

• Ki sa ki ka ede anpil manman jwenn yon santiman satisfaksyon ?

Gen anpil manman ki gen yon travay pwofàn. Gen ladan yo ki fè sa pou yo kapab reponn ak bezwen fanmi yo. Gen lòt ki fè sa pou yo ka endepandan nan domèn ekonomik oswa pou yo ka viv nan liks. Gen lòt toujou ki fè sa paske yo renmen travay y ap fè a. Wòl yon manman ki kretyèn jwe nan kay la enpòtan anpil, sitou lè timoun yo toupiti. Se sa k fè gen kèk manman ki chwazi pa travay aplentan ankò oswa ki deside sispann travay, pou yo ka konsantre plis sou fanmi yo. Kòm rezilta, yo jwenn anpil satisfaksyon. — 1/2-F, paj 28-31.

• De ki “ jenerasyon ” Jezi t ap pale lè l te di pawòl nou jwenn nan Matye 24:34 yo ?

Souvan, Jezi te konn itlize mo “ jenerasyon ” an yon fason negatif lè l t ap pale ak moun ki mechan oswa lè l t ap pale de yo. Men li pa t itilize l yon fason negatif nan ka sa a kote li t ap pale ak disip li yo ki t apral vin wen ak lespri sen yon ti tan apre. Se yo menm ki t ap kapab tire konklizyon yo mansyone nan Matye 24:32, 33 a. Donk, sanble Jezi t ap pale de disip wen l yo ni nan premye syèk la, ni nan epòk nou an kote pawòl li yo jwenn yon lòt aplikasyon. — 15/2-CR, paj 23-4.

• Jan yo mansyone sa nan Galat 3:24, ki jan Lalwa te yon pedagòg ?

Nan tan lontan, souvan, yon pedagòg se te yon eskalv yo fè konfyans, ki te gen responsablite pou l pwoteje yon timoun e ki te la pou l fè respekte volonte papa timoun nan. Menm jan an tou, Lalwa te pwoteje Juif yo kont tout enfliyans ki ta ka kòwonp yo, tankou maryaj avèk payen. Men, menm jan ak yon pedagòg, Lalwa a te tanporè, li te la jiskaske Kris te vini. — 1/3-F, paj 18-21.

• Ann amoni ak sa nou li nan Jak 3:17, ki kalite nou ta dwe demontre nou genyen ?

Si nou vle pwòp, nou bezwen rejte sa ki mal san pèdi tan (Jen. 39:7-9). Nou dwe moun k ap chèche lapè tou, ki evite pou nou agresif oswa ki evite fè aksyon ki ka kraze lapè. Donk, nou chak nou ta dwe poze tèt nou kesyon sa yo : ‘ Èske yo konnen m kòm moun k ap fè lapè oswa kòm moun k ap twouble lapè ? Èske se toutan mwen gen pwoblèm ak lòt moun ? Èske m se yon moun ki fache fasilman, oubyen, èske m se yon moun k ap fè lòt moun fache toutan ? Oubyen, èske m dispoze padone e mwen pa toujou ap ensiste pou se sa mwen vle a ki pou fèt ? ’ — 15/3-CR, paj 24-5.

• Sa k fè se ofiramezi Jezi te geri yon mesye ki te avèg ? (Mak 8:22-26)

Bib la pa bay yon rezon presi. Men, nan ka sa a, lefètke Jezi te geri mesye ki te avèg la ofiramezi, sanble li t ap ba l tan pou je l adapte a nouvo sitiyasyon l lan : li te vin wè. Si se sa, sa t ap vrèman reflete sousi plen lanmou Jezi te genyen pou mesye avèg la. — 1/4-F, paj 30.