Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou rejte “ bagay ki san valè ”

Annou rejte “ bagay ki san valè ”

Annou rejte “ bagay ki san valè ”

“ Yon moun k ap kouri dèyè bagay ki san valè pa gen bon jijman nan kè l. ” — PWO. 12:11.

1. Site kèk bagay ki gen valè nou posede, e ki pi bon fason nou kapab itilize yo ?

ANTANKE kretyen, nou tout nou gen bagay ki gen valè. Se gendwa sante nou ki plizoumwen bon ak fòs nou genyen, se gendwa kapasite entèlektyèl nou fèt ak li oswa richès. Piske nou renmen Jewova, nou byen kontan sèvi ak bagay sa yo pou nou sèvi l. Konsa, nou koute egzòtasyon enspire sa a ki di : “ Onore Jewova avèk bagay ou genyen ki gen valè. ” — Pwo. 3:9.

2. Ki avètisman Bib la bay konsènan bagay ki san valè, e ki jan nou kapab aplike avètisman sa a nan yon sans literal ?

2 Yon lòt bò, Labib pale de bagay ki san valè e li avèti nou pou nou pa gaspiye sa nou genyen nan pousuiv bagay sa yo. Nan sans sa a, gade sa Pwovèb 12:11 di : “ Moun ki travay tè li genyen ap jwenn pen jis li satisfè, men yon moun k ap kouri dèyè bagay ki san valè pa gen bon jijman nan kè l. ” Li pa difisil pou nou wè ki jan nou kapab aplike pwovèb sa a nan yon sans literal. Si yon moun itilize tan l ak enèji l pou l travay di pou l ka pran swen fanmi l, gen anpil chans pou li menm ak fanmi l rive atenn yon sèten sekirite materyèl (1 Tim. 5:8). Men, si li gaspiye lajan l nan chèche bagay ki san valè, l ap montre li “ pa gen bon jijman nan kè l ”, sa vle di li manke ekilib nan fason l reflechi e li pa gen bon mobil. Gen anpil chans pou yon moun konsa vin tonbe nan nesesite.

3. Ki jan nou ka aplike avètisman Bib la bay konsènan bagay ki san valè yo nan adorasyon nou ?

3 Ki sa prensip sa a ede nou konprann anrapò ak adorasyon nou ? Ebyen, li ede nou konprann yon kretyen ki sèvi Jewova avèk dilijans e avèk fidelite se yon moun ki an sekirite toutbon. Kretyen sa a kapab gen konfyans Bondye ap beni l depi kounye a e li gen yon esperans ki sèten pou lavni (Mat. 6:33 ; 1 Tim. 4:10). Yon lòt bò, yon kretyen ki kite bagay ki san valè distrè l mete ni relasyon li genyen avèk Jewova, ni esperans li genyen pou l jwenn lavi etènèl la an danje. Ki jan nou ka evite sa ? Nou bezwen chèche disène ki bagay nan lavi nou ki “ san valè ” e nou bezwen pran detèminasyon pou nou rejte yo. — Li Tit 2:11, 12.

4. An jeneral, ki bagay ki san valè ?

4 Men, ki bagay konsa ki san valè ? An jeneral, se kapab nenpòt bagay ki distrè nou nan sèvis n ap bay Jewova ak tout nanm nou an. Pa egzanp, se gendwa divès kalite detant. Se vre, detant gen plas li. Men, lè nou pase twòp tan nan aktivite ki “ amizan ” e nou neglije aktivite ki gen rapò ak adorasyon nou, lè sa a, detant vin yon bagay ki san valè ki gen yon move efè sou relasyon nou ak Bondye (Ekl. 2:24 ; 4:6). Pou yon kretyen evite sa, li dwe gen ekilib e li dwe veye sou fason l ap itilize tan l ki se youn nan bagay li posede ki gen anpil valè. (Li Kolosyen 4:5.) Sepandan, gen lòt bagay ki san valè ki pi danjere lontan pase detant. E pami bagay sa yo gen fo dye yo.

Annou rejte dye ki san valè yo

5. Byen souvan, ki jan Bib la itilize ekspresyon “ san valè ” a ?

5 Li enteresan pou nou remake nan pifò vèsè biblik kote ekspresyon “ san valè ” a parèt se anrapò ak fo dye yo itilize l. Pa egzanp, Jewova te di pèp Izrayèl la : “ Nou pa dwe fè dye ki san valè pou tèt nou, e nou pa dwe met yon imaj taye oswa yon poto sakre pou tèt nou, e nou pa dwe mete yon wòch kòm yon chedèv nan peyi nou an pou nou pwostène devan l. ” ​(Lev. 26:1). Wa David te ekri : “ Jewova gran e nou dwe louwe l anpil, e nou dwe krenn li pase tout lòt dye yo. Paske tout dye pèp yo se dye ki san valè. Men, Jewova li menm, li fè syèl la. ” — 1 Kwo. 16:25, 26.

6. Poukisa fo dye yo san valè ?

Jan David te di sa, prèv ki montre grandè Jewova yo antoure nou (Sòm 139:14 ; 148:1-10). Ala yon privilèj sa te ye pou Izrayelit yo lefètke Jewova te fè yon alyans ak yo ! Men ala sòt yo te sòt lè yo te kite l pou y al pwostène devan imaj taye ak pote sakre ! Lè yo te nan sitiyasyon difisil, fo dye yo t ap sèvi yo te demontre yo san valè vre, menm tèt yo yo pa t kapab sove alewè pou moun ki t ap adore yo. — Jij 10:14, 15 ; Iza. 46:5-7.

7, 8. Ki jan “ Richès ” kapab vin tankou yon dye ?

7 Nan anpil peyi, jiska prezan, gen moun k ap pwostène devan imaj lèzòm fè, e dye sa yo initil jodi a menm jan sa te ye nan tan lontan (1 Jan 5:21). Men, apa imaj yo, Labib pale de lòt bagay ankò ki se fo dye. Pa egzanp, annou egzamine pawòl sa yo Jezi te di : “ Pèsonn pa ka travay kòm esklav pou de mèt, paske se swa l ap rayi youn epi l ap renmen lòt la, oswa l ap atache ak youn epi l ap meprize lòt la. Nou pa kapab travay kòm esklav pou Bondye e pou Richès. ” — Mat. 6:24.

8 Ki jan “ Richès ” kapab vin tankou yon dye ? Ebyen, ann pran egzanp yon wòch ki nan yon savann nan peyi Izrayèl nan tan lontan. Wòch sa a ta kapab itil pou yo bati yon kay oswa yon miray. Men, si yo ta mete l kòm yon “ poto sakre ” oswa kòm yon “ chedèv ”, li t ap tounen yon obstak pou fè pèp Jewova a trebiche (Lev. 26:1). Menm jan an tou, lajan gen plas li. Nou bezwen l pou nou viv, e nou ka itilize l nan sèvis Jewova a (Ekl. 7:12 ; Lik 16:9). Men, si antanke kretyen, chèche lajan pi enpòtan pou nou pase sa nou fè nan sèvis Bondye a, lè sa a, lajan vin tounen yon dye pou nou. (Li 1 Timote 6:9, 10.) N ap viv nan yon monn kote kouri dèyè richès se yon bagay ki enpòtan anpil pou moun yo, se sa k fè nou bezwen veye pou nou toujou gen yon pwennvi ekilibre sou kesyon sa a. — 1 Tim. 6:17-19.

9, 10. a) Ki opinyon kretyen yo genyen sou kesyon bon fòmasyon an ? b) Ki danje ki genyen nan fè gwo etid ?

9 Bon fòmasyon yon moun pran lekòl se yon lòt bagay ki itil men ki ka vin yon bagay ki san valè. Nou vle pou timoun nou yo byen enstwi yon fason pou yo ka pran swen tèt yo. Sa ki pi enpòtan toujou sèke lè yon kretyen byen enstwi, li kapab pi byen konprann Bib la lè l li l, li kapab jere pwoblèm pi byen epi jwenn bonjan solisyon pou yo e li kapab anseye verite biblik yo yon fason ki klè e ki konvenkan. Pou yon moun jwenn bon fòmasyon, sa mande tan, men, sa vo lapèn.

10 Men, e pou “ gwo etid ” moun fè nan inivèsite ? Anpil moun panse gwo etid endispansab pou yo reyisi nan lavi a. Sepandan, anpil moun ki fè “ gwo etid ” vin gen lespri yo ranpli ak sajès monn nan, yon sajès ki danjere. Kalite fòmasyon sa a fè jèn yo gaspiye yon bann ane yo ta kapab pase nan sèvis Jewova a (Ekl. 12:1). Petèt se sa k fè nan peyi kote anpil moun jwenn kalite fòmasyon sa a, gen mwens moun ki kwè nan Bondye, e se pa etonan. Donk, kretyen yo mete konfyans yo nan Jewova pito olye pou yo mete l nan sistèm edikasyon ki gen nan monn nan. — Pwo. 3:5.

Pa kite dezi lachè vin yon dye pou nou

11, 12. Poukisa Pòl te di konsènan kèk moun : “ Dye yo se vant yo ” ?

11 Nan lèt apot Pòl te ekri Filipyen yo, li te atire atansyon sou yon lòt bagay ki kapab vin yon dye. Li te pale de kèk moun ki te disip Jezi anvan, epi li di : “ Paske gen anpil moun k ap mache antanke ènmi poto soufrans Kris la. Moun sa yo, mwen te konn pale de yo souvan, men kounye a se ak dlo nan je m ap pale de yo, e fen yo se destriksyon, se vant yo ki dye yo. [...], e se bagay ki sou tè a ki nan lespri yo. ” ​(Fil. 3:18, 19). Ki jan vant yon moun kapab yon dye ?

12 Sanble moun sa yo Pòl te konnen yo te vin prefere pratike dezi lachè olye yo sèvi Bondye kòtakòt ak Pòl. Petèt gen ladan yo ki te lage kò yo nan manje jis yo vin saf oswa ki te lage kò yo nan bwè jis yo sou. (Pwo. 23:20, 21 ; konpare ak Detewonòm 21:18-21.) Petèt gen lòt ki te deside pwofite omaksimòm opòtinite ki te genyen nan monn nan nan premye syèk la, e konsa yo te vin distrè nan sèvis Jewova a. Pinga nou janm kite dezi nou genyen pou nou viv yon swadizan bèl vi fè nou ralanti nan sèvis n ap bay Jewova ak tout nanm nou an. — Kol. 3:23, 24.

13. a) Ki sa konvwatiz ye, e ki jan Pòl te dekri l ? b) Ki jan nou kapab evite tonbe nan konvwatiz ?

13 Pòl te pale de yon lòt aspè nan fo adorasyon an. Men sa li te ekri : “ Kidonk, se pou nou fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak fònikasyon, salte, apeti seksyèl, anvi nuizib, ak konvwatiz, ki se idolatri. ” ​(Kol. 3:5). Konvwatiz se yon gwo anvi nou genyen pou yon bagay nou pa posede. Se kapab yon bagay materyèl. Dezi seksyèl imoral kapab antre ladan l tou (Egz. 20:17). Dezi sa yo se idolatri, e lè yon moun genyen yo se kòmsi l ap adore yon fo dye. Èske sa pa fè nou reflechi ? Jezi te bay yon deskripsyon vivan pou l montre jan sa enpòtan pou yon moun fè tout sa l kapab pou l kontwole move dezi sa yo. — Li Mak 9:47 ; 1 Jan 2:16.

Fè atansyon ak pawòl ki san valè

14, 15. a) Ki “ bagay ki san valè ” ki te fè anpil moun nan epòk Jeremi an trebiche ? b) Ki sa k fè pawòl Moyiz yo te gen valè ?

14 Pawòl tou kapab bagay ki san valè. Men sa Jewova te di Jeremi : “ Se manti pwofèt yo ap pwofetize nan non m. Mwen pa t voye yo, ni mwen pa t ba yo lòd, ni mwen pa t pale avèk yo. Fo vizyon, divinasyon, bagay ki san valè, ak twonpri yo gen nan kè yo, se sa y ap pwofetize pou nou. ” ​(Jer. 14:14). Fo pwofèt sa yo te pretann yo t ap pale nan non Jewova, epoutan se ide pa yo ak sajès pa yo yo t ap fè pase. Donk, pawòl yo se te yon “ bagay ki san valè ”. Yo pa t itil anyen e yo te reprezante yon danje reyèl pou pèp Jewova a. Nan ane 607 anvan epòk nou an, anpil nan moun ki te koute kalite pawòl san valè sa yo te mouri anvan lè yo anba men sòlda babilonyen yo.

15 Yon lòt bò, Moyiz te di Izrayelit yo : “ Reflechi sou tout pawòl m ap di nou yo jodi a kòm avètisman [...]. Paske, pou nou, se pa yon pawòl san valè, men, li siyifi lavi nou, e grasa pawòl sa a nou kapab fè jou nou yo vin pi long sou tè n ap travèse Jouden an pou nou posede a. ” ​(Det. 32:46, 47). Wi, se Bondye ki te enspire Moyiz pou l di pawòl sa yo. Donk, yo te gen valè, sètadi yo te endispansab pou byennèt nasyon an. Moun ki te koute pawòl sa yo te viv lontan e yo te pwospere. Se pou nou toujou rejte pawòl ki san valè e se pou nou kenbe pawòl verite yo ki gen valè.

16. Ki jan nou konsidere pawòl syantifik yo di ki an kontradiksyon ak Pawòl Bondye a ?

16 Èske nou tande pawòl san valè nan epòk nou an ? Wi. Pa egzanp, gen anpil syantifik ki di teyori evolisyon an ansanm ak dekouvèt syantifik ki fèt nan lòt domèn demontre moun pa bezwen kwè nan Bondye ankò, paske yo ka esplike tout bagay apati fenomèn natirèl yo. Èske pawòl awogan sa yo konsène nou ? Non ! Sajès lèzòm pa menm ak sajès Bondye (1 Kor. 2:6, 7). Sepandan, nou konnen lè ansèyman lèzòm yo an kontradiksyon ak sa Bondye revele, se toujou pa yo a ki pa kòrèk. (Li Women 3:4.) Malgre pwogrè syantifik yo fè nan kèk domèn, sa Labib di konsènan sajès lèzòm nan toujou vrè. Men sa Labib di : “ Sajès monn sa a se sotiz devan Bondye. ” Lè nou konpare sajès san limit Bondye genyen ak panse lèzòm, li evidan panse lèzòm pa vo anyen. — 1 Kor. 3:18-20.

17. Ki jan nou ta dwe konsidere pawòl chèf relijye lakretyente yo ak pawòl aposta yo ?

17 Nou jwenn yon lòt egzanp pawòl ki san valè pami chèf relijye lakretyente yo. Yo pretann yo pale nan non Bondye, men pifò nan sa y ap di yo pa sot nan Ekriti yo. Anfèt, tout sa yo di pratikman san valè. Aposta yo tou di pawòl ki san valè, yo pretann yo pi saj pase “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Mat. 24:45-47.) Sepandan, sa yo di yo se nan sajès pa yo l soti. Pawòl sa yo san valè, yo se yon obstak k ap fè nenpòt moun ki koute yo trebiche (Lik 17:1, 2). Ki sa nou kapab fè pou nou pa kite yo twonpe nou ?

Fason nou kapab rejte pawòl ki san valè

18. Ki jan nou kapab aplike konsèy nou jwenn nan 1 Jan 4:1 an ?

18 Lè apot Jan te granmoun anpil, li te bay yon bonjan konsèy anrapò ak sa. (Li 1 Jan 4:1.) Ann amoni ak konsèy Jan bay la, nou toujou ankouraje moun nou rankontre nan predikasyon pou yo verifye sa yo te anseye yo lè yo konpare yo ak sa Labib di. Nou menm tou nou bezwen fè sa. Si nou tande kèk moun ap kritike laverite oswa y ap pale kongregasyon an mal, y ap pale ansyen yo oswa yon lòt frè nou mal, nou pa dwe kouri aksepte sa yo di a san nou pa egzamine l. Okontrè, nou ta dwe poze tèt nou kesyon sa yo : “ Èske moun k ap gaye enfòmasyon sa a aji ann amoni ak sa Bib la di ? Èske enfòmasyon sa a fè objektif Jewova yo avanse ? Èske li favorize lapè nan kongregasyon an ? ” Kèlkeswa sa nou tande ki denigre fanmi nou fòme antanke kretyen an olye li bati l, se yon bagay ki san valè. — 2 Kor. 13:10, 11.

19. Ki jan ansyen yo asire yo pawòl yo pap san valè ?

19 Anrapò ak pawòl ki san valè, ansyen yo tou aprann yon leson enpòtan. Lè yo gen pou yo bay konsèy, yo sonje yo gen limit, e yo pa bay konsèy dapre pwòp eksperyans pa yo sèlman. Yo ta dwe toujou atire atansyon sou sa Labib di. Men yon bonjan règ nou jwenn nan pawòl apot Pòl yo : “ Pa ale pi lwen pase sa ki ekri. ” ​(1 Kor. 4:6). Ansyen yo pa ale pi lwen pase sa ki ekri nan Bib la, nitou, yo pa ale pi lwen pase konsèy ki baze sou Bib la yo jwenn nan piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an.

20. Ki jan nou jwenn èd pou nou rejte bagay ki san valè ?

20 Kit se “ dye ”, kit se pawòl, kit se yon lòt bagay, bagay ki san valè yo vrèman danjere. Pou rezon sa a, nou toujou priye Jewova pou l ede nou rekonèt yo, e nou chèche direksyon l pou nou konnen fason pou nou rejte yo. Lè nou fè sa, anfèt, nou mete ak salmis la pou nou di : “ Fè je m pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen. Fè m rete vivan nan chemen w lan. ” ​(Sòm 119:37). Nan atik ki vin apre a, nou pral kontinye egzamine jan sa enpòtan pou nou suiv direksyon Jewova ban nou.

Èske w ka esplike ?

• An jeneral, ki “ bagay ki san valè ” nou dwe rejte ?

• Ki jan nou kapab anpeche lajan tounen yon dye pou nou ?

• Ki jan dezi chanèl kapab tounen idolatri ?

• Ki jan nou kapab rejte pawòl ki san valè yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 3]

Izrayelit yo te jwenn ankourajman pou yo ‘ kiltive tè yo genyen ’ olye pou yo kouri dèyè bagay ki san valè.

[Foto nan paj 5]

Pa janm kite dezi pou w gen bagay materyèl fè w ralanti nan sèvis Jewova.

[Foto nan paj 6]

Pawòl ansyen yo gen anpil valè.