Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, sonje Gran Kreyatè w la depi kounye a

Jèn, sonje Gran Kreyatè w la depi kounye a

Jèn, sonje Gran Kreyatè w la depi kounye a

“ Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn. ” — EKL. 12:1.

1. Ki jan Jewova montre li fè jèn k ap sèvi l yo konfyans ?

NAN je Jewova, jèn yo gen anpil valè e yo rafrechisan tankou lawouze. Anfèt, li te predi, nan jou “ fòs militè ” Pitit li a, jèn gason ak jèn fi t ap “ ofri tèt yo volontèman ” nan sèvis Kris la (Sòm 110:3). Pwofesi sa a t ap reyalize nan yon epòk kote pifò moun pa enterese nan Bondye, kote se tèt yo ak lajan sèlman ki enterese yo, e yo dezobeyisan. Poutan, Jewova te konnen jèn ki t ap gen pou sèvi l yo t ap diferan. Ala konfyans li genyen nan nou menm jèn frè ak jèn sè !

2. Ki sa sonje Jewova vle di ?

2 Imajine jwa Bondye dwe gen nan kè l lè l wè jèn ki sonje l kòm Gran Kreyatè yo (Ekl. 12:1). Natirèlman, sonje Jewova vle di plis pase annik panse a li. Sonje Jewova siyifi aji, sa vle di fè sa ki fè l plezi, kite lwa l yo ak prensip li yo gide nou nan lavi nou chak jou. Sa vle di tou pou nou fè Jewova konfyans, paske nou konnen se nan enterè nou li ye (Sòm 37:3 ; Iza. 48:17, 18). Èske se konsa w konsidere Gran Kreyatè w la ?

“ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w ”

3, 4. Ki jan Jezi te demontre li gen konfyans nan Jewova, e poukisa li enpòtan pou nou gen konfyans nan Jewova jodi a ?

3 Se sèten, Jezi Kris se pi bèl egzanp moun ki te fè Jewova konfyans. Li te viv ann amoni ak pawòl sa yo nou jwenn nan Pwovèb 3:5, 6 : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, teni kont de li, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. ” Yon ti tan apre Jezi te fin batize, Satan te vin bò kote l pou l tante l pou l aksepte pouvwa ak glwa monn nan (Lik 4:3-13). Jezi pa t kite Satan twonpe l. Li te konnen vrè “ richès, glwa ak lavi ” se “ rezilta imilite ak lakrentif pou Jewova ”. — Pwo. 22:4.

4 Nan monn nan jodi a, se avidite ak egoyis nou jwenn plis lakay moun yo. Nan yon anbyans konsa, li saj pou nou suiv egzanp Jezi. Se pou nou sonje tou, Satan ap fè tout bagay pou l fè sèvitè Jewova yo kite wout jennen ki mennen nan lavi a. Li vle pou tout moun mache nan wout laj ki mennen nan destriksyon an. Pa kite l twonpe nou ! Olye de sa, se pou nou detèmine pou nou sonje Gran Kreyatè nou an. Se pou nou mete konfyans nou nan li nèt epi kenbe “ lavi toutbon ” an fèm, yon lavi nou sèten ki pap pran lontan pou l vini. — 1 Tim. 6:19.

Jèn, aji avèk sajès !

5. Ki jan w santi w anrapò ak avni monn sa a ?

5 Jèn ki sonje Gran Kreyatè yo a gen yon sajès ki depase laj yo. (Li Sòm 119:99, 100.) Lefètke yo wè bagay yo menm jan ak Bondye, sa fè yo konnen monn nan pral pase talè konsa. Menmsi se yon ti bout tan nou menm jèn nou genyen depi nou vivan, sandout nou wè kòman de jou an jou moun yo vin gen plis laperèz ak plis angwas konsènan lavni. Si w lekòl toujou, li pwobab pou w tande pale de polisyon, rechofman planèt la, debwazman ak lòt pwoblèm ankò. Moun yo enkyè lè y ap gade fason pwoblèm sa yo ap devlope, men, se sèl Temwen Jewova yo ki byen konprann pwoblèm sa yo fè pati siy ki montre monn Satan an rive nan bout li. — Rev. 11:18.

6. Kòman kèk jèn pran nan pyèj ?

6 Malerezman, gen kèk jèn sèvitè Bondye ki sispann rete veyatif e ki vin bliye monn sa a pa rete anpil tan ankò (2 Pyè 3:3, 4). Gen lòt ki tonbe nan peche grav akoz move frekantasyon ak pònografi (Pwo. 13:20). Ala sa ta tris pou nou ta pèdi favè Bondye kounye a, alòske nou tèlman pre lafen an ! Annou tire leson pito nan sa ki te rive Izrayelit yo nan ane 1473 anvan epòk nou an, lè yo te enstale kan yo nan plèn Mowab, alòske yo te prèske rive nan Latè pwomiz. Ki sa k te pase ?

Yo tonbe alòske yo te prèske atenn objektif yo

7, 8. a) Ak ki estrateji Satan te sèvi nan plèn Mowab ? b) Ak ki estrateji Satan sèvi jodi a ?

7 Nan epòk sa a, li evidan Satan te vle anpeche Izrayelit yo jwenn eritaj Bondye te pwomèt yo a. Apre Satan te fin echwe nan tantativ pou l te fè pwofèt Balaam modi pèp la, li te sèvi ak yon estrateji ki pi vwale. Li te eseye fè yo pa ranpli kondisyon pou yo jwenn benediksyon Jewova ankò. Dyab la te sèvi ak bèl medam Mowab yo pou l sedui yo, e fwa sa a, li te reyisi nan yon sèten degre. Pèp la te kòmanse gen relasyon imoral avèk fi Mowab yo e yo te pwostène devan Baal Peyò ! Malgre Izrayelit yo te toupre Latè pwomiz, eritaj ki gen anpil valè yo t apral resevwa a, anviwon 24 000 ladan yo te pèdi lavi yo. Ala yon trajedi sa te ye ! — Nonb 25:1-3, 9.

8 Jodi a, nou pa lwen antre nan yon pi bon tè pwomiz ki se nouvo sistèm nan. E menm jan Satan abitye fè sa, li kontinye sèvi ak imoralite seksyèl pou l kòwonp pèp Bondye a. Prensip moral monn nan tonbe tèlman ba, moun yo konsidere fònikasyon kòm yon bagay nòmal e, pou yo, omoseksyalite se senpleman yon kesyon chwa pèsonèl. Men sa yon kretyèn te di : “ Se sèlman lakay mwen ak nan Sal Wayòm nan timoun mwen yo aprann omoseksyalite ak fè sèks andeyò maryaj se bagay ki mal nan je Bondye. ”

9. Ki sa k kapab rive pandan peryòd “ flè jenès ” la, e kòman jèn yo kapab fè fas ak sa ?

9 Jèn ki sonje Gran Kreyatè yo a konnen relasyon seksyèl se yon kado ki gen anpil valè e ki gen rapò ak lavi e ak fè pitit. Se sa k fè, ann amoni ak direksyon Bondye bay, yo rekonèt yo dwe gen relasyon seksyèl sèlman lè yo marye (Ebre 13:4). Toutfwa, pandan peryòd “ flè jenès ” la, peryòd kote anvi seksyèl yo pi fò e yo ka defòme disènman yon jèn, li kapab difisil pou nou kenbe yon konduit ki pwòp, ki dwat (1 Kor. 7:36). Ki sa w ka fè lè panse ki pa kòrèk vin nan lespri w ? Priye Jewova sensèman pou l ede w konsantre sou bagay ki pwòp. Jewova toujou koute moun ki pwoche bò kote l avèk senserite. (Li Lik 11:9-13.) Lè nou pale konsènan bagay ki pwòp e ki ka fòtifye lafwa nou, sa kapab ede nou tou pou nou konsantre lespri nou sou bon bagay.

Chwazi objektif ou yo avèk sajès !

10. Ki panse negatif nou vle rejte, e ki kesyon nou ka poze tèt nou ?

10 Yon rezon ki fè anpil jèn nan monn nan pa metrize tèt yo e y ap viv pou plezi lachè, se paske yo pa gen “ vizyon ”, sa vle di yo pa gen direksyon ki soti nan Bondye oswa yo pa gen okenn espwa konsènan lavni (Pwo. 29:18). Yo menm jan ak Izrayelit ki te sispann sèvi Bondye yo nan epòk Izayi a, e ki t ap viv pou “ kè kontan ak rejwisans [...], manje vyann ak bwè diven ”. (Iza. 22:13.) Olye pou nou anvye moun sa yo, èske l pa t ap pi bon pou nou reflechi sou kokenn esperans Jewova mete devan moun k ap sèvi l fidèlman yo ? Si w se yon sèvitè Bondye ki jèn, èske w ap tann monn nouvo a avèk enpasyans ? Èske w fè tout efò w pou w “ viv avèk bonsans [...] pandan [w] ap tann esperans ki bay kè kontan Jewova bay la ” ? (Tit 2:12, 13.) Repons ou bay la ta dwe gen enfliyans sou objektif ak priyorite ou etabli nan lavi w.

11. Pou ki rezon jèn kretyen ki lekòl toujou yo ta dwe travay byen ?

11 Monn nan vle pou jèn yo konsantre tout enèji yo pou yo atenn objektif pwofàn. Natirèlman, nou menm jèn ki lekòl toujou, nou ta dwe travay byen pou nou gen yon bon fòmasyon. Nou ta dwe sonje, objektif nou se pa sèlman pou nou jwenn yon bon travay, men tou, se pou nou kapab itil kongregasyon an e pou nou vin yon pwoklamatè Wayòm nan ki efikas. Pou nou rive fè sa, nou bezwen kapab kominike byen, reflechi yon fason lojik, rezone ak moun yon fason kalm e avèk respè. Sepandan, jèn k ap etidye Labib yo e k ap fè efò pou yo aplike prensip biblik yo nan lavi yo resevwa pi bon fòmasyon ki egziste a, e yo poze yon bonjan fondasyon pou yon avni k ap pote byenfè etènèl. — Li Sòm 1:1-3 *.

12. Ki egzanp fanmi kretyen yo ta dwe imite ?

12 Ann Izrayèl, edikasyon paran yo te bay pitit yo te gen anpil enpòtans. Fòmasyon sa a te anglobe prèske tout aspè nan lavi a, espesyalman bagay espirityèl yo (Det. 6:6, 7). Kidonk, jèn Izrayelit ki te koute paran yo e ki te koute lòt moun ki pi gran pase yo, moun ki te gen krent pou Bondye, te rive gen konesans, e yo te rive gen sajès, klèvwayans, konpreyansyon ak kapasite pou yo reflechi. E kalite sa yo se kalite ki ra, men, yon moun ka devlope yo lè l aprann konn Bondye ak kòmandman l yo (Pwo. 1: 2-4 ; 2:1-5, 11-15). Jodi a tou, fanmi kretyen yo ta dwe bay edikasyon menm enpòtans lan.

Koute moun ki renmen w yo

13. Ki kalite konsèy kèk jèn resevwa, e poukisa yo ta dwe byen egzamine konsèy sa yo ?

13 Jèn yo resevwa konsèy nan men tout kalite moun, san wete pwofesè nan lekòl yo k ap ba yo konsèy pou yo konnen ki karyè pou yo chwazi. An jeneral, objektif moun sa yo se sèlman ede jèn yo reyisi nan monn nan. Tanpri, sèvi ak Pawòl Bondye a e ak piblikasyon klas esklav fidèl ki prevwayan an bay pou nou egzamine konsèy sa yo nan lapriyè. Grasa etid Labib ou fè, ou konnen se sitou moun ki jèn e ki san eksperyans Satan vize. Pa egzanp, nan jaden Edenn nan, Èv ki te san eksperyans te koute Satan, yon etranje ki pa t ba l okenn prèv li renmen l. Se pa ti diferan bagay yo t ap diferan si l te koute Jewova ki te deja fè anpil bagay pou pwouve l li renmen l ! — Jen. 3:1-6.

14. Poukisa nou ta dwe koute ni Jewova ni paran nou ki kwayan ?

14 Gran Kreyatè w la renmen w tou, e lanmou sa a li genyen pou ou a se yon lanmou toutbon. Li vle pou w gen kè kontan pa sèlman kounye a men pou toutan ! Se sa k fè, menm jan ak yon papa ki gen sousi pou pitit li, avèk tandrès, li di ni ou menm ni tout lòt moun k ap adore l yo : “ Men chemen an. Mache ladan l. ” ​(Iza. 30:21). Si paran w yo kwayan e yo renmen Jewova toutbon, ou gen yon benediksyon anplis. Avèk respè, koute konsèy yo ba ou lè w ap etabli priyorite w ak objektif ou (Pwo. 1:8, 9). Dayè, yo vle pou w gen lavi, yon bagay ki gen plis valè pase richès ak renome yon moun ka genyen nan monn sa a. — Mat. 16:26.

15, 16. a) Ki konfyans nou kapab genyen nan Jewova ? b) Ki leson enpòtan nou aprann nan eksperyans Bawouk la ?

15 Moun ki sonje Gran Kreyatè yo a kenbe lavi yo senp, paske yo gen konfyans Jewova pap kite yo “ okenn fason ”, ni nonplis li pap abandone yo “ okenn fason ”. (Li Ebre 13:5.) Lefètke bèl etadespri sa a diferan ak fason monn nan panse, nou dwe fè atansyon pou nou pa kite lespri monn nan enfliyanse nou (Efe. 2:2). Nan sans sa a, annou egzamine egzanp Bawouk, sekretè Jeremi an, ki t ap viv Jerizalèm nan dènye jou difisil ki t apral mennen nan destriksyon vil la, nan ane 607 anvan epòk nou an.

16 Li posib pou Bawouk te vle yon lavi miyò sou plan materyèl. Jewova te wè sa e avèk bonte li te avèti Bawouk pou l sispann chèche “ gwo bagay ” pou tèt li. Bawouk te demontre li enb e li saj. Lefètke li te koute Jewova, li te rive chape anba destriksyon Jerizalèm nan (Jer. 45:2-5). Yon lòt bò, moun ki t ap viv nan epòk Bawouk la ki te vin gen “ gwo bagay ” materyèl, e ki te neglije sèvis Jewova a pa t pran tan pou yo te pèdi tout bagay lè Kaldeyen yo (Babilonyen yo) te pran Jerizalèm. Anpil ladan yo te pèdi lavi yo tou (2 Kwo. 36:15-18). Eksperyans Bawouk la ede nou wè yon bon relasyon ak Bondye pi enpòtan lontan pase richès ak renome yon moun ka genyen nan monn sa a.

Suiv pi bon egzanp yo

17. Ki sa k fè Jezi, Pòl, ak Timote se bèl egzanp pou sèvitè Jewova yo jodi a ?

17 Pawòl Bondye a ban nou anpil bèl egzanp pou ede nou sou chemen lavi a. Jezi, pa egzanp, se moun ki te gen plis talan ki te viv sou tè a, poutan li te konsantre tout enèji l nan simaye “ bon nouvèl Wayòm nan ” ki t ap ede moun yo pou toutan (Lik 4:43). Pou apot Pòl te bay Jewova sa li te gen nan li ki te pi bon, li te kite yon bèl karyè e li te sèvi ak tan l ak enèji l pou l preche bon nouvèl la. Timote, “ [yon] bonjan pitit nan lafwa ”, te imite bèl egzanp Pòl (1 Tim. 1:2). Èske Jezi, Pòl, ak Timote te regrèt fason yo te viv la ? Jamè ! Anfèt, Pòl te di li te konsidere sa monn nan te ofri l yo kòm “ yon pil fatra ” an konparezon ak privilèj li genyen pou l sèvi Bondye. — Fil. 3:8-11.

18. Ki gwo chanjman yon jèn frè te fè, e sa k fè li pa regrèt ?

18 Anpil jèn kretyen jodi a imite lafwa Jezi, Pòl, ak Timote. Pa egzanp, men sa yon jèn frè ki te nan yon travay ki byen peye te ekri : “ Lefètke m ap viv ann amoni ak prensip biblik yo, mwen te jwenn pwomosyon vit. Malgre avantaj ekonomik mwen te jwenn, mwen te santi se dèyè van mwen t ap kouri. Lè m t al kote moun ki te alatèt konpayi an e m te esplike yo dezi mwen genyen pou m antre nan sèvis aplentan, byen vit yo te ofri m plis kòb nan lespwa mwen t ap rete. Men, mwen te pran desizyon m. Anpil moun pa konprann poukisa mwen kite yon travay k ap rapòte pou m antre nan sèvis aplentan. Repons lan sèke mwen vle viv annakò ak ve mwen te fè bay Jewova a toutbonvre. Lefètke kounye a lavi m santre sou bagay espirityèl, mwen gen yon jwa ak yon satisfaksyon lajan oswa renome pa t ap janm ka ban mwen. ”

19. Ki chwa ki saj yo ankouraje jèn yo fè ?

19 Nan lemonnantye, gen plizyè milye jèn ki fè chwa ki saj nan menm sans lan. Donk, ou menm jèn, lè w ap reflechi sou avni w, kenbe jou Jewova a nan lespri w (2 Pyè 3:11, 12). Pa kòmanse anvye moun k ap pwofite monn sa a anplen. Koute moun ki renmen w toutbon yo pito. Lè w sere “ trezò nan syèl ” la, se pi bon envestisman ou te ka fè e se sèl envestisman sa a k ap bay pwofi k ap dire pou letènite. (Mat. 6:19, 20 ; li 1 Jan 2:15-17.) Wi, sonje Gran Kreyatè w la. Lè w fè sa, Jewova ap beni w.

[Nòt anba paj]

^ § 11 Anrapò ak gwo etid ak travay, gade Toudegad 1ye oktòb 2005, paj 27-32.

Èske w sonje ?

• Ki jan nou demontre nou gen konfyans nan Bondye ?

• Ki fòmasyon ki pi bon ?

• Ki diferan leson Bawouk aprann nou ?

• Ki moun ki se bèl egzanp pou nou, e ki rezon ki fè sa ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Jewova bay pi bon fòmasyon ki genyen an.

[Foto nan paj 15]

Bawouk te koute Jewova e li te delivre lè Jerizalèm te detwi. Ki sa egzanp li a aprann nou ?