Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa k bay lavi a yon sans ?

Ki sa k bay lavi a yon sans ?

Ki sa k bay lavi a yon sans ?

“ Krenn vrè Dye a epi obsève kòmandman l yo. ” — EKL. 12:13.

1, 2. Ki pwofi nou ka tire lè nou egzamine liv Eklezyas la ?

IMAJINE yon mesye ki sanble gen tout sa l vle. Li se yon chèf d eta ki gen gwo renome, youn nan moun ki pi rich ki gen sou tè a e li se moun ki pi saj ki nan jenerasyon pa l la. Men, malgre tout sa, l ap mande tèt li : ‘ Ki sa k bay lavi a yon sans ? ’

2 Yon moun konsa te egziste toubonvre sa gen twa mil an. Li te rele Salomon, e nou jwenn sa l di konsènan fason li te chèche jwenn satisfaksyon nan liv Eklezyas la (Ekl. 1:13). Gen anpil bagay nou ka aprann nan eksperyans Salomon an. Vrèman, sajès nou jwenn nan liv Eklezyas la ka ede nou fikse objektif k ap bay lavi nou yon vrè sans.

“ Kouri dèyè van ”

3. Ak ki reyalite konsènan lavi lòm tout moun dwe fè fas ?

3 Salomon fè konnen Bondye te kreye yon pakèt bèl bagay sou tè a, yon kantite bagay nou pa ka konte ki enterese nou e ki kontinye emèveye nou. Sepandan, lavi nou twò kout pou nou ta menm kòmanse dekouvri tout sa Bondye kreye (Ekl. 3:11 ; 8:17). Jan Labib di sa, jou nou yo pa anpil e yo pase vit (Jòb 14:1, 2 ; Ekl. 6:12). Reyalite sa a ta dwe pouse nou reflechi e li ta dwe pouse nou itilize lavi nou avèk sajès. Li pa fasil pou nou fè sa paske monn Satan an kapab ap pouse nou ale nan move direksyon.

4. a) Ki sans mo ebre ki koresponn ak mo “ vanite ” a genyen ? b) Ki objektif moun ka pousuiv nan lavi a nou pral egzamine ?

4 Salomon sèvi ak mo “ vanite ” a anviwon 30 fwa nan liv Eklezyas la pou l montre danje ki genyen pou yon moun gaspiye lavi l ap pousuiv bagay ki pa itil anyen. Mo ebre ki koresponn ak mo “ vanite ” a fè referans ak yon bagay ki vid, ki pa itil anyen, ki san sans, ki pa gen pwa oswa ki pa gen yon valè k ap dire (Ekl. 1:2, 3). Pafwa, Salomon sèvi ak mo “ vanite ” a kòm ekivalan pou ekspresyon “ kouri dèyè van ” an (Ekl. 1:14 ; 2:11). Li klè, yon moun k ap chèche kenbe van se tan l l ap pèdi. Yon moun ki ta eseye fè sa ap wè li pa kenbe anyen nan men l. Chèche atenn objektif ki pa saj ka pote desepsyon menm jan an. Lavi nan sistèm sa a twò kout pou n ta gaspiye l ap chèche fè yon seri bagay k ap kite nou ak men nou vid. Donk, pou n pa fè erè sa a, annou gade kèk egzanp Salomon bay sou bagay moun pousuiv nan lavi a. Toudabò, nou pral egzamine sa l di konsènan chèche plezi e konsènan chèche posede bagay materyèl. Apre sa nou pral pale sou valè travay genyen.

Èske chèche plezi ka fè nou gen kè kontan ?

5. Ki kote Salomon te chèche jwenn satisfaksyon ?

5 Menm jan ak anpil moun jodi a, Salomon te chèche jwenn satisfaksyon nan plezi ki gen nan lavi a. Men sa l di : “ Mwen pa t refize kè m okenn kalite rejwisans. ” ​(Ekl. 2:10). Ki kote l te chèche plezi ? Selon sa nou jwenn nan Eklezyas chapit 2, li te ‘ bay chè l kè kontan ak diven ’, toutpandan li te kenbe kontwòl tèt li, e li te gen lòt aktivite tankou fè bèl jaden, fè plan palè, koute mizik epi manje bon manje.

6. a) Poukisa se pa yon bagay ki mal pou yon moun pwofite kèk nan bon bagay ki gen nan lavi a ? b) Nan domèn detant, ki ekilib ki nesesè ?

6 Èske Labib defann moun pase moman agreyab ak zanmi yo ? Non. Pa egzanp, Salomon te remake lè nou pran yon repa nan yon anbyans ki agreyab apre yon jounen kote nou te travay di, se yon kado Bondye bay. (Li Eklezyas 2:24 ; 3:12, 13.) Mete sou sa, Jewova li menm ankouraje jèn yo pou yo ‘ rejwi yo e pou yo kite kè yo fè yo santi yo byen ’, yon fason ki montre yo responsab (Ekl. 11:9). Nou bezwen detant e nou bezwen distraksyon ki kòrèk. (Konpare ak Mak 6:31.) Sepandan, detant pa ta dwe tounen objektif prensipal nou nan lavi a. Depreferans, li ta dwe menm jan ak yon desè nou pran apre nou fin manje, se pa li ki ta dwe pla prensipal la. W ap dakò, kèlkeswa jan w renmen bagay dous, ou t ap bouke rapidman ak yo si se sa sèlman w t ap manje, e yo pa t ap nourisan vre. Menm jan an, Salomon te rann li kont, yon moun ki santre lavi l sou chèche plezi, se kouri l ap “ kouri dèyè van ”. — Ekl. 2:10, 11.

7. Poukisa nou ta dwe pran san nou pou n deside ki kalite detant n ap chwazi ?

7 Anplis, se pa tout kalite fòm detant ki kòrèk. Gen anpil ladan yo ki pa bon menm, ni nan domèn espirityèl ni nan domèn moral. Se pa ni de ni twa milyon moun ki mete tèt yo nan chagren akoz yo pran dwòg, yo bwè anpil alkòl oswa yo jwe aza, paske yo te ‘ anvi pase yon bon moman ’. Avèk byenveyans, Jewova avèti nou si nou kite kè nou oswa je nou fè nou anvi fè sa k pa bon, nou dwe atann nou n ap sibi konsekans yo. — Gal. 6:7.

8. Poukisa li saj pou nou reflechi sou lavi nou ?

8 Anplis, lè n ap chèche plezi san kontwòl, sa ka anpeche nou konsantre sou bagay ki gen plis enpòtans yo. Sa nou dwe sonje sèke lavi nou pase byen rapid, e pa gen anyen ki garanti nou n ap gen sante e nou pap gen pwoblèm pandan ti tan nou genyen pou nou viv la. Se sa k fè, annapre, Salomon te ekri n ap jwenn plis byenfè lè n al nan yon antèman, sitou lè se antèman yon frè oswa yon sè ki mouri fidèl, pase lè n al nan yon “ kay kote ki gen fèt ”. (Li Eklezyas 7:2, 4.) Poukisa ? Se paske lè nou koute yon diskou antèman e nou reflechi sou lavi moun sa a ki t ap sèvi Jewova fidèlman, sa ka pouse nou reflechi sou lavi pa nou. Kòm rezilta, nou ka vin wè nou bezwen pote kèk chanjman nan objektif nou genyen yon fason pou n sèvi ak tan ki rete pou nou viv la avèk sajès. — Ekl. 12:1.

Èske bagay materyèl yo ka ban nou satisfaksyon ?

9. Ki sa Salomon te dekouvri anrapò ak posede richès ?

9 Lè Salomon te ekri liv Eklezyas la, li te youn nan moun ki te pi rich sou tè a (2 Kwo. 9:22). Li te gen mwayen pou l achte tout sa l te vle. Men sa l te ekri : “ Tout sa je m te mande, mwen te fè yo jwenn li. ” ​(Ekl. 2:10). Malgre sa, li te rann li kont bagay moun posede pa ba yo satisfaksyon. Li di : “ Yon moun ki renmen ajan pap satisfè ak ajan, ni tou yon moun ki renmen richès pap satisfè ak lajan l fè. ” — Ekl. 5:10.

10. Ki sa k bay vrè satisfaksyon an e ki pote vrè richès yo nan lavi a ?

10 Byenke byen materyèl gen yon valè ki pa dire lontan, yo ka atiran anpil. Selon yon sondaj yo te fè Ozetazini sa pa gen lontan, 75 pousan etidyan ki te nan premye ane inivèsite te fè konnen objektif prensipal yo nan lavi a se pou yo “ vin rich ”. Menmsi yo ta atenn objektif sa a, èske yo t ap gen kè kontan toutbon ? Pa fòseman. Moun k ap fè rechèch remake lè se bagay materyèl ki pi enpòtan pou yon moun, sa anpeche l gen kè kontan ak satisfaksyon. Salomon te deja tire menm konklizyon sa a depi lontan. Men sa li ekri : “ Mwen te ranmase ajan ak lò pou tèt mwen, ak byen ki pou wa. [...] E gade ! tout bagay se te vanite ak kouri dèyè van *. ” ​(Ekl. 2:8, 11). Yon lòt bò, si nou itilize lavi nou pou nou sèvi Jewova ak tout kè nou, n ap jwenn benediksyon l e n ap jwenn vrè richès yo. — Li Pwovèb 10:22.

Ki kalite travay ki ka ban nou satisfaksyon toutbon ?

11. Ki sa Ekriti yo fè konnen konsènan enpòtans travay genyen ?

11 Men sa Jezi te di : “ Papa m pa sispann travay jis kounye a, e mwen pa sispann travay. ” ​(Jan 5:17). Pa gen dout nan sa, Jewova ak Jezi jwenn satisfaksyon nan travay yo fè. Labib demontre Jewova te satisfè ak sa l te kreye yo lè l di : “ Bondye te wè tout sa l fè yo epi, gade ! yo te bon nèt. ” ​(Jen. 1:31). Zanj yo “ te pran bat bravo ” lè yo te wè tout sa Bondye te fè (Jòb 38:4-7). Menm jan an tou, Salomon te konnen yon travay ki gen yon objektif ki enpòtan, se yon travay ki gen anpil valè. — Ekl. 3:13.

12, 13. a) Ki sa de moun te di konsènan satisfaksyon yo jwenn pou travay onèt yo te fè ? b) Poukisa travay pwofàn kapab pote desepsyon pafwa ?

12 Gen anpil moun ki konprann santiman satisfaksyon yon moun jwenn lè l travay di. Annou pran egzanp José, yon gwo atis pent. Li di : “ Lè w rive penn imaj ou gen nan tèt ou a, ou santi se kòmsi w te rive monte yon kokenn mòn. ” Yon biznismann ki rele Miguel * di : “ Travay bay satisfaksyon paske l pèmèt ou pran swen fanmi w. Mete sou sa, li ka fè w santi w akonpli yon bagay. ”

13 Yon lòt bò, gen anpil travay kote se toujou menm bagay la w ap fè e yo pa bay posiblite pou w kreye yon lòt fason pou w fè l. Pafwa, se kote n ap travay la menm ki ka pote desepsyon oswa se la menm nou sibi enjistis. Jan Salomon fè konn sa, yon moun ki parese kapab rekòlte fwi travay oswa rekonpans yon moun ki dilijan te travay pou l jwenn. Petèt li reyisi fè sa paske li jwe sou relasyon li genyen ak moun ki gen gwo pozisyon (Ekl. 2:21). Gen lòt bagay ki ka fè moun jwenn desepsyon tou. Yon moun gendwa te jwenn yon swadizan bèl posiblite pou l fè yon biznis, men sa ka pa reyisi akoz pwoblèm ekonomik ki vin genyen nan peyi kote l ap viv la oswa akoz evènman li pa t prevwa. (Li Eklezyas 9:11.) Byen souvan, yon moun gendwa fè anpil efò pou l jwenn siksè, men alafen li vin egri e li vin desi lè l reyalize li t ap “ travay di pou van ”. — Ekl. 5:16.

14. Ki travay ki toujou bay bonjan satisfaksyon ?

14 Èske gen yon travay ki pa janm pote desepsyon ? José, atis pent nou te pale de li talè a fè remak sa a : “ Avèk letan, tablo yo ka pèdi oswa yo ka detwi. Se pa konsa sa ye anrapò ak sa nou fè nan sèvis Bondye. Lefètke mwen obeyi Jewova lè m preche bon nouvèl la, mwen jwe yon wòl nan bati yon bagay k ap dire pou toutan : kretyen ki gen lakrentif pou Bondye. E sa se yon bagay ki gen anpil valè. ” ​(1 Kor. 3:9-11). Miguel, li menm tou, fè konnen preche mesaj Wayòm nan ba l plis satisfaksyon pase travay pwofàn li. Men sa l di : “ Pa gen anyen ki ka ranplase lajwa yon moun jwenn lè l pataje yon verite biblik ak yon moun e lè l santi verite sa a te touche kè moun nan. ”

“ Voye pen w ”

15. Ki sa k vrèman bay lavi a yon sans ?

15 An konklizyon, ki sa k vrèman bay lavi a yon sans ? N ap jwenn satisfaksyon toutbon si nou sèvi ak ti tan nou gen pou n viv nan sistèm sa a pou nou fè sa k bon e pou nou fè Jewova plezi. Nou ka rive devlope bon relasyon ak Bondye, nou ka anseye pitit nou yo prensip ki nan Bib la, nou ka ede pwochen nou konn Jewova e nou ka kiltive amitye k ap dire pou toutan ak frè ak sè nou yo (Gal. 6:10). Tout bagay sa yo gen yon valè k ap dire e yo pote benediksyon pou moun ki fè yo. Salomon te sèvi ak yon konparezon ki enteresan pou l dekri enpòtans sa genyen pou nou fè sa ki byen. Men sa l di : “ Voye pen w sou dlo, paske apre plizyè jou w ap rejwenn li ankò. ” ​(Ekl. 11:1). Men ki egzòtasyon Jezi te bay disip li yo : “ Pran abitid bay, e moun ap ban nou. ” ​(Lik 6:38). Anplis, Jewova li menm pwomèt l ap rekonpanse tout moun ki fè byen pou lòt moun. — Pwo. 19:17 ; li Ebre 6:10.

16. Ki pi bon lè pou nou planifye sa n ap fè ak lavi nou ?

16 Pandan nou jèn, Labib ankouraje nou pran desizyon ki saj anrapò ak sa nou deside fè ak lavi nou. Konsa, n ap kapab evite jwenn desepsyon lè nou vin granmoun (Ekl. 12:1). Ala sa ta tris si nou ta gaspiye pi bèl ane nan lavi nou ap chèche gen bagay monn nan met devan nou ki ka parèt atiran, epi apre sa, pou nou rann nou kont tout bagay sa yo pa gen plis valè pase van !

17. Ki sa k ka ede w chwazi pi bon fason pou w viv la ?

17 Menm jan ak yon papa ki plen lanmou, Jewova vle w jwi lavi a, li vle w fè sa k bon e li vle evite w gen tristès san nesesite (Ekl. 11:9, 10). Ki sa k ap ede w nan sans sa a ? Se fikse objektif espirityèl epi travay di pou w atenn yo. Sa gen 20 an anviwon, yon frè ki rele Javier te gen pou l chwazi ant fè yon bèl karyè nan domèn medikal e antre nan sèvis aplentan. Men sa l di : “ Se vre, travay yon moun fè antanke doktè ka bay satisfaksyon, men, mwen gen yon jwa ki san parèy lefètke mwen te ede plizyè moun konnen laverite. Sèvis aplentan pèmèt mwen pwofite lavi m omaksimòm. Sèl sa m regrèt sèke mwen pa t kòmanse pi bonè. ”

18. Sa k fè lavi Jezi sou tè a te vrèman gen sans ?

18 Donk, ki bagay ki gen plis valè nou ta dwe chèche posede ? Men sa liv Eklezyas la di : “ Yon non pi bon pase bon luil, e jou lanmò pi bon pase jou yon moun fèt. ” ​(Ekl. 7:1). Se lavi Jezi ki montre sa pi byen. Pa gen dout nan sa, li te gen yon bèl non devan Jewova. Lefètke Jezi te mouri fidèl, li te jistifye souvrènte Papa l e li te bay sakrifis ranson an ki ban nou posiblite pou nou sove (Mat. 20:28). Pandan ti tan Jezi te fè sou tè a, li te kite yon egzanp pafè sou fason yon moun ka viv pou lavi l vrèman gen sans. E nou fè efò pou nou imite egzanp li. — 1 Kor. 11:1 ; 1 Pyè 2:21.

19. Ki konsèy ki saj Salomon te bay ?

19 Nou menm tou nou ka gen yon bèl non devan Bondye. Yon bon non devan Jewova gen plis valè pou nou pase richès. (Li Matye 6:19-21.) Chak jou, nou gen opòtinite pou nou aji yon fason ki fè Jewova plezi e k ap bay lavi nou yon sans. Pa egzanp, nou ka pataje bon nouvèl la ak pwochen nou, nou ka ranfòse lyen maryaj nou ak lyen nou gen nan fanmi nou e nou ka chèche vin gen pi bon relasyon ak Jewova grasa etid pèsonèl nou e grasa reyinyon yo (Ekl. 11:6 ; Ebre 13:16). Donk, èske w ta renmen gen yon vi ki vrèman gen sans ? Si wi, ou bezwen kontinye suiv konsèy Salomon an ki di : “ Krenn vrè Dye a epi obsève kòmandman l yo. Paske se sa ki tout obligasyon lòm. ” — Ekl. 12:13.

[Nòt anba paj]

^ § 10 An mwayèn, Salomon te gen 666 talan lò (sètadi plis pase 50 000 liv lò) kòm pwofi li te fè chak ane. — 2 Kwo. 9:13.

^ § 12 Yo chanje non moun nan.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa k ta dwe pouse nou reflechi seryezman sou objektif nou gen nan lavi a ?

• Ki pwennvi nou ta dwe genyen konsènan chèche plezi ak byen materyèl ?

• Ki kalite travay ki ka pote satisfaksyon pou toutan ?

• Ki bagay ki gen valè nou ta dwe fè efò pou nou posede ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Ki plas detant ta dwe gen nan lavi nou ?

[Foto nan paj 24]

Ki sa k fè travay predikasyon an bay anpil satisfaksyon ?