Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Bondye gide w nan tout bagay

Kite Bondye gide w nan tout bagay

Kite Bondye gide w nan tout bagay

“ Dye sa a se Dye nou pou tan endefini, wi pou toutan. Li menm li pral gide nou rive jis lè nou mouri. ” — SÒM 48:14.

1, 2. Poukisa nou dwe suiv direksyon Jewova ban nou olye nou met konfyans nou nan pwòp sajès pa nou ? Ki kesyon sa soulve ?

LI FASIL pou nou konsidere bagay ki san valè kòm bagay ki bon pou nou (Pwo. 12:11). Si nou vrèman anvi fè yon bagay ki pa konvnab pou yon kretyen, byen souvan, kè nou ka ban nou plizyè rezon pou l konvenk nou pou nou fè l (Jer. 17:5, 9). Men sa yon salmis ki t ap priye Jewova te di : “ Voye limyè w ak verite w. Se pou yo dirije m.” ​(Sòm 43:3). Vrèman, salmis la te montre li saj paske li pa t met konfyans li nan pwòp sajès limite li genyen an, men se nan Jewova li te met konfyans li. Li pa t ka chwazi yon pi bon kote pou l jwenn direksyon. Menm jan ak salmis la, n ap fè byen si nou chèche direksyon nan men Bondye.

2 Men, poukisa se nan direksyon Jewova ban nou nou dwe met konfyans nou pito ? Ki lè nou ta dwe chèche direksyon sa a ? Ki atitid nou dwe kiltive pou nou ka tire pwofi nan direksyon sa a, e ki jan Jewova gide nou jodi a ? Nou pral abòde kesyon sa yo nan atik sa a.

Poukisa nou dwe met konfyans nou nan direksyon Jewova bay ?

3-5. Poukisa nou ka gen yon konfyans total nan direksyon Bondye bay ?

3 Jewova se Papa nou ki nan syèl la (1 Kor. 8:6). Li konnen nou chak trè byen e li kapab li kè nou (1 Sam. 16:7 ; Pwo. 21:2). Wa David te di Bondye : “ Ou konnen lè m chita ak lè m leve. Ou suiv sa ki nan panse m depi byen lwen. Paske pa gen yon pawòl sou lang mwen, gade ! O Jewova, ou deja konnen l nèt. ” ​(Sòm 139:2, 4). Piske Jewova konnen nou byen konsa, nou ta dwe gen asirans li konnen sa k pi bon pou nou. Anplis, Jewova gen yon sajès ki pa gen limit. Li wè tout bagay, li wè pi lwen pase nenpòt lòt moun, e li konnen ki jan yon bagay ap fini depi lè l kòmanse (Iza. 46:9-11 ; Wom. 11:33). Se li ki ‘ Bondye, li menm sèl ki saj ’. — Wom. 16:27.

4 Anplis de sa, Jewova renmen nou, li toujou vle sa k pi bon pou nou (Jan 3:16 ; 1 Jan 4:8). Antanke yon Dye ki gen lanmou, li donan anvè nou. Men sa disip Jak te ekri : “ Tout bèl don ak tout kado pafè sot anlè, paske li desann sot nan Papa limyè yo ki nan syèl la. ” ​(Jak 1:17). Moun ki kite Bondye gide yo benefisye jenewozite l anpil.

5 Finalman, Jewova toupisan. Anrapò ak pisans li, salmis la di : “ Nenpòt moun ki abite nan kachèt Trèwo a ap jwenn lojman anba lonbray Toupisan an. M ap di Jewova : ‘ Ou se refij mwen e ou se fòtrès mwen, ou se Bondye mwen. Se nan ou m ap mete konfyans mwen. ’ ” ​(Sòm 91:1, 2). Lè nou suiv direksyon Jewova ban nou, se bò kote Bondye ki pa kapab echwe a nou chèche refij. Menmsi nou rankontre opozisyon, Jewova ap soutni nou. Li pap lage nou. (Sòm 71:4, 5 ; Li Pwovèb 3:19-26.) Wi, Jewova konnen sa k pi bon pou nou, li vle sa k pi bon pou nou e li gen pouvwa pou l ban nou sa k pi bon pou nou. Nou t ap montre nou vrèman manke sajès, si nou pa ta kite l gide nou ! Men, ki lè nou bezwen direksyon sa a ?

Ki lè nou bezwen Bondye dirije nou ?

6, 7. Ki lè nou bezwen Jewova dirije nou ?

6 Vrèman, nou bezwen Bondye dirije nou pandan tout vi nou, depi lè nou timoun jiskaske nou vyeyi. Salmis la di : “ Dye sa a se Dye nou pou tan endefini, wi pou toutan. Li menm li pral gide nou rive jis lè nou mouri. ” ​(Sòm 48:14). Menm jan ak salmis la, kretyen ki saj yo pa janm sispann chèche direksyon nan men Bondye.

7 Nòmalman, gende lè nou santi nou bezwen èd tousuit. Pafwa nou twouve nou nan yon “ sitiyasyon difisil ”, petèt n ap fè fas ak pèsekisyon, nou malad grav oswa nou pèdi travay nou sanzatann (Sòm 69:16, 17). Nan moman sa yo, n ap jwenn rekonfò si nou chèche Jewova avèk asirans l ap ban nou fòs pou nou andire e l ap ede nou pran bon desizyon. (Li Sòm 102:17.) Sepandan, nou bezwen èd li tou nan lòt okazyon. Pa egzanp, lè n ap pale ak pwochen nou konsènan bon nouvèl Wayòm nan, nou bezwen èd Jewova pou temwayaj n ap bay la ka efikas. Lè nou gen yon desizyon pou nou pran, kit se anrapò ak detant, ak abiman, ak frekantasyon nou, ak travay, ak etid oswa ak nenpòt lòt bagay, n ap aji yon fason saj sèlman si nou suiv direksyon Jewova bay. Anfèt, nou bezwen Bondye dirije nou nan tout aspè nan lavi nou.

Danje ki genyen lè nou pa chèche direksyon nan men Bondye

8. Lefètke Èv te manje fwi Bondye te defann li manje a, ki siyifikasyon sa te genyen ?

8 Fòk nou sonje nou bezwen dispoze suiv direksyon Jewova bay. Bondye pap fòse nou fè sa si nou pa vle. Èv se premye moun ki te chwazi pa suiv direksyon Jewova bay. Egzanp li montre lè yon moun pran move desizyon sa a, sa kapab bay anpil pwoblèm. Reflechi tou sou siyifikasyon sa te genyen. Èv te manje fwi Bondye te defann li manje a paske li te vle ‘ vin tankou Bondye, li te vle konnen sa ki byen ak sa ki mal ’. (Jen. 3:5.) Lefètke li te fè sa, sa montre li te vle jwe wòl Bondye a, sètadi li te vle se li menm ki pou deside sa ki byen ak sa ki mal olye pou l suiv direksyon Jewova. Konsa, li te rejte souvrènte Bondye. Li te vle se li k pou mèt tèt li. Adan, mari l, te suiv menm chemen rebelyon an. — Wom. 5:12.

9. Lè nou rejte direksyon Jewova ban nou, an reyalite ki sa nou fè, e poukisa sa pa saj ditou ?

9 Jodi a tou, si nou pa suiv direksyon Jewova ban nou, n ap montre nou menm tou, nou pa rekonèt souvrènte l. Pa egzanp, ann imajine yon moun ki pran abitid gade pònografi. Si li fè pati kongregasyon nou fòme antanke kretyen an, li konn pwennvi Jewova sou kesyon an. Menm mansyone nou pa ta dwe mansyone bagay ki pa pwòp, alewè pou n ta pran plezi ap gade yo (Efe. 5:3). Moun sa a ki rejte direksyon Jewova bay la, rejte souvrènte Jewova, sètadi li rejte Jewova kòm Chèf li (1 Kor. 11:3). Yon moun ki aji konsa pa t ap montre li saj ditou, sitou lè nou sonje Jeremi di : “ Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. ” — Jer. 10:23.

10. Poukisa nou dwe montre nou se moun ki responsab nan fason n ap sèvi ak libète Bondye ban nou pou nou deside a ?

10 Gen moun ki gendwa pa dakò ak pawòl Jeremi yo. Yo gendwa panse lefètke Jewova ban nou libète pou nou deside, li pa dwe kritike nou si nou sèvi ak libète sa a. Men, nou pa dwe bliye : libète nou genyen pou nou deside a se yon kado, men, li ban nou responsablite tou. Nou gen kont pou nou rann pou sa nou chwazi di ak sa nou chwazi fè (Wom. 14:10). Jezi te di “ se selon sa ki nan kè a ann abondans bouch la pale ”. Li te di tou : “ Rezònman ki mechan, touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, fo temwayaj, blasfèm, se nan kè a yo soti. ” ​(Mat. 12:34 ; 15:19). Kidonk, pawòl nou ak aksyon nou revele kondisyon kè nou. Yo montre sa nou ye toutbon. Se sa k fè, yon kretyen ki saj chèche direksyon Bondye nan tout bagay. Lè l aji konsa, Jewova ap twouve li se yon moun ‘ ki dwat nan kè l ’ e l ap ‘ fè byen pou li ’. — Sòm 125:4.

11. Ki sa nou aprann nan istwa pèp Izrayèl la ?

11 Sonje istwa pèp Izrayèl. Lè nasyon sa a te fè bon chwa, sètadi lè yo te obeyi kòmandman Jewova yo, li te pwoteje yo (Joz. 24:15, 21, 31). Sepandan, souvan yo te mal itilize libète yo te genyen pou yo deside. Nan epòk Jeremi an, men sa Jewova te di anpalan de yo : “ Yo pa t koute, ni yo pa t panche zòrèy yo, men yo te mache nan konsèy kè yo ki rebèl e ki pa bon, se sa k fè yo te fè bak olye yo te avanse. ” ​(Jer. 7:24-26). Sa te vrèman tris ! Pinga nou janm rejte direksyon Jewova bay akoz nou gen tèt di oswa akoz n ap chèche satisfè pwòp dezi pa nou, pou nou mache nan pwòp konsèy pa nou. Si nou fè sa, n ap ‘ fè bak olye nou avanse ’.

Ki sa nou bezwen genyen pou nou suiv konsèy Bondye ?

12, 13. a) Ki kalite ki pouse nou suiv direksyon Jewova bay ? b) Poukisa li enpòtan pou nou gen lafwa ?

12 Lanmou nou genyen pou Jewova fè nou dispoze suiv direksyon li ban nou (1 Jan 5:3). Sepandan, Pòl te atire atansyon sou yon lòt bagay nou bezwen. Li te di : “ N ap mache selon lafwa, non pa selon sa nou wè. ” ​(2 Kor. 5:6, 7). Poukisa lafwa enpòtan ? Ebyen, se vre, Jewova dirije nou nan “ ti chemen jistis la ” men, ti chemen sa a pa fè nou vin rich ni li pa fè nou vin gen gwo pozisyon nan monn sa a (Sòm 23:3). Pou rezon sa a, nou bezwen fikse je lafwa nou sou benediksyon san parèy nou jwenn nan domèn espirityèl lè nou sèvi Jewova. (Li 2 Korentyen 4:17, 18.) Anplis, lafwa ede nou kontante nou ak sa nou genyen. — 1 Tim. 6:8.

13 Jezi te montre vrè adorasyon an mande pou nou fè sakrifis, e sa mande pou nou gen lafwa (Lik 9:23, 24). Gen kèk adoratè fidèl Jewova ki fè gwo sakrifis, yo andire povrete, move tretman, prejije, e menm gwo pèsekisyon (2 Kor. 11:23-27 ; Rev. 3:8-10). Se paske lafwa yo solid ki fè yo rive fè sa avèk lajwa (Jak 1:2, 3). Lè nou gen yon fwa ki solid, sa fè nou gen konfyans li toujou pi bon pou nou suiv direksyon Jewova bay. Alalong, se sa k ap toujou pi bon pou nou. Nou pa gen dout sou sa menm : rekonpans ki rezève pou moun ki andire avèk fidelite yo plis lontan pase nenpòt soufrans yo ta jwenn pandan yon ti tan. — Ebre 11:6.

14. Poukisa Aga te oblije aji avèk imilite ?

14 Anplis, annou egzamine rezon ki fè nou bezwen imilite pou nou suiv direksyon Jewova bay. Egzanp Aga, sèvant Sara a, demontre sa. Lè Sara te reyalize li pa t ka fè pitit, li te bay Abraram Aga pou l kouche avè l, e Aga te vin ansent pou Abraram. Lè sa a, Aga te vin awogan nan fason li t ap boule ak metrès li a ki pa t ka fè pitit. Pakonsekan, Sara te ‘ kòmanse imilye l ’, e Aga te sove l ale. Yon zanj Jewova te rankontre Aga e li te di l : “ Retounen al jwenn metrès ou epi imilye tèt ou anba men l. ” ​(Jen. 16:2, 6, 8, 9). Petèt Aga t ap prefere pou zanj lan te di l fè yon lòt bagay. E, pou l te ka fè sa zanj lan te di l la, li t ap oblije sispann aji avèk awogans. Antouka, avèk imilite, Aga te fè sa zanj lan te di l la, e Yichmayèl, pitit gason l lan, te fèt nan kan papa l, kote li te an sekirite.

15. Bay kèk sitiyasyon jodi a, kote suiv direksyon Jewova bay ka mande pou nou montre nou gen imilite.

15 Pou nou suiv direksyon Jewova bay, nou menm tou nou bezwen montre nou gen imilite. Pa egzanp, nou ka bezwen rekonèt Jewova pa renmen yon aktivite nou fè pou nou detann nou. Oubyen, yon kretyen ka aji yon fason ki blese yon moun e sa fè li bezwen mande l eskiz. Oubyen, li te fè yon erè e li bezwen rekonèt sa. E si yon moun fè yon peche grav ? Li dwe imilye tèt li e li dwe di ansyen yo sa. Yo ka menm eskominye moun nan. Pou yo aksepte l ankò nan kongregasyon an, li dwe repanti avèk imilite e li dwe kase tèt tounen. Nan sitiyasyon sa yo e nan lòt sitiyasyon ki sanble ak yo, pawòl nou jwenn nan Pwovèb 29:23 yo ap rekonfòte nou : “ Ògèy lòm ki soti nan tè a ap imilye l, men moun ki enb nan lespri l la ap jwenn laglwa. ”

Ki jan Jewova gide nou ?

16, 17. Ki jan nou kapab tire pwofi omaksimòm nan Bib la antanke yon sous Bondye bay pou gide nou ?

16 Pi gwo sous kote nou ka jwenn direksyon Bondye, se nan Bib la, pawòl li enspire a. (Li 2 Timote 3:16, 17.) Si nou vle Pawòl Bondye a itil nou omaksimòm, li saj pou nou pa tann se lè nou nan yon sitiyasyon difisil pou nou chèche èd nan pawòl ki nan Ekriti yo. Okontrè, n ap pran abitid pou n li Bib la chak jou (Sòm 1:1-3). Konsa, n ap vin konn sa ki nan Pawòl enspire Bondye a. N ap vin panse menm jan ak Bondye e n ap ka fè fas ak pwoblèm nou gendwa pa t atann nou t ap genyen.

17 Anplis, li enpòtan pou nou medite sou sa nou li nan Ekriti yo e pou nou priye anrapò ak sa. Lè n ap medite sou vèsè biblik yo, nou reflechi pou n wè ki fason nou ka aplike yo nan kèk sitiyasyon byen presi (1 Tim. 4:15). Lè nou gen gwo pwoblèm, nou priye Jewova e nou mande l pou l ede nou jwenn direksyon nou bezwen an. Lespri sen Jewova ap ede nou sonje prensip biblik ki itil nou te li nan Bib la oswa nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. — Li Sòm 25:4, 5.

18. Ki jan Jewova sèvi ak fanmi nou fòme antanke kretyen an pou l gide nou ?

18 Fanmi nou fòme antanke kretyen an, se yon lòt bonjan kote nou jwenn direksyon nan men Jewova. Yon pati ki endispansab nan fanmi nou an se “ esklav fidèl di prevwayan an ” ansanm ak Kolèj santral li a ki reprezante l, ki toujou ban nou manje espirityèl pa mwayen piblikasyon yo e pa mwayen pwogram reyinyon yo ak pwogram asanble yo (Mat. 24:45-47 ; konpare ak Travay 15:6, 22-31). Anplis, anndan fanmi nou fòme antanke kretyen an, gen moun ki gen matirite espirityèl, sitou ansyen yo, ki kalifye pou ede nou chak e ki kalifye pou bay konsèy ki baze sou Ekriti yo (Iza. 32:1). Jèn ki gen paran yo ki kretyen gen yon lòt mwayen ankò pou yo jwenn direksyon nan men Jewova. Paran yo ki nan laverite se otorite Bondye met la pou ede yo, e yo jwenn ankourajman pou yo toujou chèche direksyon nan men yo. — Efe. 6:1-3.

19. Ki benediksyon nou jwenn lefètke nou kontinye chèche direksyon nan men Jewova ?

19 Wi, Jewova ban nou direksyon divès fason, e n ap fè byen si nou pwofite de direksyon sa a omaksimòm. Anpalan de yon epòk kote pèp Izrayèl la te fidèl, wa David te di : “ Se nan ou zansèt nou yo te gen konfyans ; yo te fè w konfyans, e w te toujou fè yo chape. Yo te rele w, e yo te chape sennesòf ; yo te gen konfyans nan ou e yo pa t wont. ” ​(Sòm 22:3-5). Nou menm tou nou ‘ pap wont ’, si nou fè Jewova konfyans e si nou suiv direksyon li ban nou. Esperans nou genyen an pap pou granmesi. Si nou ‘ woule tout aktivite nou sou Jewova ’, olye nou konte sou pwòp sajès nou, kòm rezilta, n ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a (Sòm 37:5). E, si nou kontinye obeyi Jewova e nou kontinye andire avèk fidelite akoz lanmou nou gen pou li e paske nou atache ak li, benediksyon sa yo ap dire pou toutan. Men sa wa David te ekri : “ Jewova renmen jistis e li pap abandone fidèl li yo. San mank, l ap pwoteje yo pou tan endefini. [...] Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan. ” — Sòm 37:28, 29.

Èske w ka esplike ?

• Poukisa nou gen konfyans nan direksyon Jewova bay ?

• Ki sa nou fè lè nou rejte direksyon Jewova bay ?

• Bay kèk sitiyasyon kote yon kretyen bezwen gen imilite.

• Ki jan Jewova gide nou jodi a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Èske w chèche direksyon nan men Jewova nan tout aspè nan lavi w ?

[Foto nan paj 9]

Èv te rejte souvrènte Jewova.

[Foto nan paj 10]

Pou Aga te fè sa zanj lan te di l la, ki kalite li te bezwen genyen ?