Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Maryaj ak fè pitit nan tan lafen an

Maryaj ak fè pitit nan tan lafen an

Maryaj ak fè pitit nan tan lafen an

“ Tan ki rete a vin pi kout. ” — 1 KOR. 7:29.

1. a) Ki chanjman k ap fèt ki fè pati bagay “ ki difisil pou moun sipòte ” yo ? b) Poukisa chanjman k ap fèt nan fanmi yo enkyete nou ?

PAWÒL Bondye a te predi t ap gen gè, tranblemanntè, grangou ak epidemi mòtèl nan “ tan lafen an ”. (Dàn. 8:17, 19 ; Lik 21:10, 11.) Labib te fè konnen tou peryòd kritik sa a nan listwa lèzòm se yon peryòd kote t ap gen gwo chanjman sosyal. Boulvèsman ki gen nan lavi fanmi fè pati bagay “ ki difisil pou moun sipòte ” nan “ dènye jou [sa] yo ” ki kritik (2 Tim. 3:1-4). Poukisa chanjman sa yo enkyete nou ? Se paske yo sitèlman gaye toupatou, yo ka enfliyanse fason kretyen yo konsidere maryaj ak leve timoun jodi a. Nan ki sans yo kapab fè sa ?

2. Ki jan monn nan an jeneral konsidere maryaj ak divòs ?

2 Jodi a, divòs se yon bagay ki vin fasil e ki gaye toupatou, e nan anpil peyi, to divòs la se grenpe l ap grenpe. Sepandan, nou ta dwe kenbe sa klè nan lespri nou : pwennvi Jewova Dye sou maryaj ak divòs konplètman diferan parapò ak pwennvi moun yo aksepte jeneralman nan monn ki antoure nou an. Men, ki pwennvi Jewova ?

3. Ki jan Jewova ak Jezi Kris konsidere maryaj ?

3 Jewova Dye atann pou moun ki marye yo respekte ve yo te fè jou maryaj yo a. Lè Jewova te marye premye gason an ak premye fi a, li te di “ yon gason [...] dwe atache ak madanm li e yo dwe vin yon sèl chè ”. Annapre, Jezi Kris te repete pawòl sa yo e li te ajoute : “ Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. ” Anplis, Jezi te di : “ Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, anwetan pou rezon fònikasyon, e ki marye ak yon lòt moun, komèt adiltè. ” ​(Jen. 2:24 ; Mat. 19:3-6, 9). Kidonk, Jewova ak Jezi konsidere maryaj kòm yon relasyon ki la pou lavi, e se sèlman lanmò youn nan konjwen yo ki mete fen nan relasyon sa a (1 Kor. 7:39). Etandone maryaj se yon aranjman ki sakre, nou pa dwe pran divòs alalejè. Anfèt, Pawòl Bondye a di Jewova rayi divòs ki pa fèt pou rezon biblik *. — Li Malaki 2:13-16 ; 3:6.

Respekte obligasyon ki makònen ak maryaj

4. Poukisa kèk jèn kretyen regrèt yo te prese marye ?

4 Nan monn sa a n ap viv ladan l lan ki san respè pou Bondye, se sèlman sèks ki nan lespri moun yo. Chak jou, nou fè fas ak yon kantite imaj ki kapab eveye dezi seksyèl lakay nou. Nou pa ka inyore efè yo ka gen sou nou, espesyalman sou jèn nou yo nan kongregasyon an. Ki jan jèn kretyen yo ta dwe reyaji devan move enfliyans sa a ki kapab eveye dezi seksyèl lakay yo menm lè yo lite kont yo ? Gen kèk jèn ki eseye rezoud pwoblèm sa a lè yo marye bonè. Konsa, yo espere evite tonbe nan imoralite seksyèl. Sepandan, kèk ladan yo pa pran lontan pou yo regrèt desizyon sa a. Sa k fè sa ? Yonfwa kè kontan yo te gen nan premye moman maryaj la pase, yo vin reyalize yo menm ak konjwen yo pa vrèman wè bagay yo menm jan nan lavi y ap mennen chak jou. Lè sa a, koup sa yo vin gen yon gwo pwoblèm.

5. Ki sa k ap ede koup yo rete fidèl ak ve yo te fè jou maryaj yo a ? (Gade nòt anba paj la tou.)

5 Vrèman, lè yon moun marye ak yon moun ki diferan anpil de sa li t ap atann, menm lè se yon kretyen parèy li, se yon bagay ki difisil (1 Kor. 7:28). Sepandan, kèlkeswa jan sitiyasyon an ta difisil, vrè kretyen yo konnen menm lè yo gen pwoblèm nan maryaj yo e menm lè li pa ba yo kè kontan, yon divòs san rezon biblik pa akseptab. Kidonk, moun ki kontinye travay di pou yo prezève maryaj yo paske yo vle rete fidèl ak ve yo te fè jou maryaj yo a merite pou frè ak sè yo nan kongregasyon kretyen an respekte yo e pou yo ede yo avèk amou *.

6. Ki jan jèn kretyen yo ta dwe konsidere maryaj ?

6 Èske w jèn e w poko marye ? Si se sa, ki jan w ta dwe konsidere maryaj ? Ou ka evite anpil lapenn si w tann lè w pare fizikman, mantalman e espirityèlman anvan w renmen ak yon kretyen ki pa menm sèks avè w. Natirèlman, Ekriti yo pa bay yon laj pou moun marye *. Men, Bib la montre li t ap bon pou w tann ou fin pase moman nan lavi w kote dezi seksyèl yo fò anpil (1 Kor. 7:36). Pou ki rezon ? Se paske gwo dezi seksyèl kapab lakòz ou pa byen reflechi e yo ka lakòz ou pran desizyon ki pa saj e ki ka mennen nan lapenn pi devan. Sonje, konsèy saj Jewova bay nan Bib la konsènan maryaj se pou byen w e se pou bonè w. — Li Izayi 48:17, 18.

Leve timoun yon fason responsab

7. Ki eksperyans kèk jèn koup fè, e sa k fè sa bay pwoblèm nan maryaj yo ?

7 Kèk koup ki marye jèn twouve yo nan sitiyasyon kote yo pral gen yon timoun alòske yo menm yo apèn kite peryòd adolesans lan. Yo pa t vrèman gen tan pou youn byen konn lòt anvan tibebe a fèt, e yon tibebe mande yon atansyon 24 sou 24. Lè manman an kòmanse ap bay tibebe a prèske tout atansyon l, sa ki toutafè nòmal, mari a, ki jèn toujou, kapab fè jalouzi. Anplis, lè paran yo kòmanse ap pèdi nuit pou okipe tibebe a, sa ka kreye strès ki bay pwoblèm nan relasyon koup la. Toudenkou, yo rann yo kont yo pèdi anpil nan libète yo. Kounye a, yo pa ka soti jan yo te konn fè anvan yo te gen timoun, ni yo pa lib ankò pou yo fè tout sa yo te konn fè anvan. Kòman yo dwe konsidere chanjman sa yo ki fèt nan lavi yo ?

8. Kòman nou ta dwe konsidere leve timoun, e poukisa ?

8 Menm jan nou dwe abòde maryaj yon fason responsab, se konsa tou, nou ta dwe konsidere leve timoun kòm yon responsablite ak yon privilèj Bondye ban nou. Kèlkeswa chanjman yon koup kretyen oblije fè nan lavi yo akoz yo vin gen yon tibebe, yo ta dwe fè tout posib yo pou yo fè fas ak chanjman sa yo yon fason ki demontre yo responsab. Piske se Jewova ki bay lèzòm kapasite pou yo fè timoun, paran yo bezwen konsidere tibebe ki fèk fèt la kòm “ yon eritaj Jewova bay ”. (Sòm 127:3.) Yon manman ak yon papa ki kretyen ap fè efò pou yo pran responsablite yo antanke ‘ paran [...], ann inyon ak Seyè a ’. — Efe. 6:1.

9. a) Ki sa leve timoun gen ladan l ? b) Ki sa yon mari ka fè pou l ede madanm li rete djanm sou plan espirityèl ?

9 Leve timoun mande plizyè ane sakrifis. Sa mande anpil tan ak anpil enèji. Yon mari kretyen dwe konprann, pandan plizyè ane apre yon tibebe fin fèt, li pwobab pou madanm li distrè pandan reyinyon yo, e li ka gen mwens okazyon pou l fè etid pèsonèl e pou l medite. Sa kapab fè l febli sou plan espirityèl. Pou paran yo leve pitit yo a yon fason ki responsab, sa mande pou mari a fè tout sa l kapab nan yon degre rezonab pou l ede madanm li pran swen l. Li ka eseye konpanse sa madanm li pèdi nan reyinyon yo lè l pale avè l sou kèk pwen nan pwogram nan, yonfwa yo rive lakay yo. Li ka ede madanm li pran swen tibebe a tou pou l ka ba li posiblite pou l patisipe nan ministè a yon fason ki rezonab. — Li Filipyen 2:3, 4.

10, 11. a) Ki jan nou ka leve timoun yo nan “ avètisman Jewova ” ? b) Sa k fè anpil paran kretyen merite felisitasyon ?

10 Leve timoun yon fason responsab gen ladan l plis pase bay timoun nan manje, rad, kote pou l rete, ak swen sante. Depi lè timoun yo toupiti, yo bezwen aprann prensip moral ki pou gide yo nan lavi a, sitou nan tan lafen sa a ki danjere. Paran yo dwe leve timoun yo nan “ disiplin ak nan avètisman Jewova ”. (Efe. 6:4.) Pou yo leve pitit yo nan “ avètisman Jewova ”, sa mande pou yo fè panse Jewova yo antre nan lespri timoun nan depi lè l toupiti, rive jis nan peryòd adolesans li, yon peryòd ki trè difisil. — 2 Tim. 3:14, 15.

11 Lè Jezi te di disip li yo yo ta dwe “ fè disip pami moun tout nasyon ”, asireman, li te vle di pou paran yo ede pitit yo vin disip (Mat. 28:19, 20). Sa difisil akoz tout presyon monn sa a ap fè sou jèn yo. Se sa k fè, paran ki reyisi leve timoun yo pou yo vin kretyen ki vwe, merite vrèman pou frè ak sè nan kongregasyon an felisite yo ak tout kè yo. Yo “ venk ” enfliyans monn nan grasa lafwa yo e grasa fidelite yo antanke paran ki responsab. — 1 Jan 5:4.

Bèl objektif ki ka fè yon kretyen chwazi rete selibatè oswa pa fè pitit

12. Poukisa kèk kretyen deside rete selibatè pandan yon tan ?

12 Piske “ tan ki rete a vin pi kout ”, e piske “ sèn monn sa a se chanje l ap chanje ”, Pawòl Bondye a ankouraje nou konsidere avantaj ki genyen lè nou rete selibatè (1 Kor. 7:29-31). Se sa k fè kèk kretyen chwazi rete selibatè tout vi yo oswa yo deside rete selibatè pandan kèk ane anvan yo marye. Yo merite felisitasyon paske yo pa pwofite libète yo genyen lè yo rete selibatè a pou yo kouri dèyè enterè egoyis. Anpil ladan yo rete selibatè yon fason pou yo sèvi Jewova “ san distraksyon ”. (Li 1 Korentyen 7:32-35.) Gen kèk kretyen selibatè k ap sèvi kòm pyonye oswa kòm Betelit. Gen yon kantite ki chèche rann tèt yo pi itil pou òganizasyon Jewova a lè yo fè efò pou yo vin kalifye pou yo asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl. Anfèt, souvan, moun ki te sèvi kòm minis aplentan pou kèk tan pandan yo selibatè e ki vin deside marye, santi leson enpòtan yo te aprann nan sèvis aplentan pandan ane yo te selibatè yo pwofitab toujou pou maryaj yo.

13. Ki sa k fè kèk koup kretyen deside pa fè pitit ?

13 Nan kèk pati nan monn nan, gen yon lòt chanjman ki fèt nan fanmi : yon kantite koup deside pa fè timoun. Kèk ladan yo fè sa pou rezon ekonomik ; gen lòt ki fè l paske yo vle lib pou yo pousuiv yon karyè k ap ba yo kòb. Pami kretyen yo, gen koup tou ki pa fè pitit. Sepandan, souvan yo fè sa yon fason pou yo ka pi lib pou yo sèvi Jewova. Sa pa vle di koup sa yo pa gen yon vi nòmal nan maryaj yo. Yo genyen l. Toutfwa, yo deside bay enterè Wayòm nan priyorite sou kèk benediksyon yo ta ka jwenn nan kad maryaj la (1 Kor. 7:3-5). Kèk nan koup sa yo sèvi Jewova e yo sèvi frè yo tou antanke siveyan sikonskripsyon, antanke siveyan distri oswa antanke Betelit. Gen lòt ki sèvi kòm pyonye oswa kòm misyonè. Jewova pap bliye travay yo fè ak lanmou yo demontre pou non l. — Ebre 6:10.

‘ Tribilasyon nan lachè ’

14, 15. Ki “ tribilasyon nan chè ” paran ki kretyen yo kapab genyen ?

14 Apot Pòl te di kretyen ki marye yo t ap gen “ tribilasyon nan chè yo ”. (1 Kor. 7:28.) Sa ka gen ladan l pwoblèm sante koup la genyen, pwoblèm sante pitit yo genyen, oswa pwoblèm sante paran yo ki aje genyen. Tribilasyon sa yo ka gen ladan yo tou difikilte ak lapenn ki makònen ak leve timoun. Jan nou te di sa nan kòmansman atik sa a, Bib la te predi “ dènye jou yo ” t ap gen “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. Pami bagay ki difisil pou moun sipòte yo t ap gen timoun k “ ap dezobeyi paran yo ”. — 2 Tim. 3:1-3.

15 Leve timoun se yon gwo defi pou paran ki kretyen. Nou pa egzan move efè “ tan kritik ” ki la aktyèlman yo genyen sou moun. Kidonk, paran ki kretyen yo bezwen kontinye goumen kont enfliyans mòtèl “ sistèm sa a ” ka genyen sou pitit yo (Efe. 2:2, 3). Men, yo pa toujou genyen batay la ! Lè gen yon pitit gason oswa yon pitit fi nan yon fanmi kretyen ki sispann sèvi Jewova, an reyalite, se yon “ tribilasyon ” pou paran yo ki te eseye leve l nan verite Bondye a. — Pwo. 17:25.

“ Pral gen yon gwo tribilasyon ”

16. Ki “ tribilasyon ” Jezi te pwofetize ?

16 Kèlkeswa “ tribilasyon ” nou rankontre nan maryaj nou e nan leve timoun, pral gen yon lòt tribilasyon k ap pi gwo lontan pase sa. Nan pwofesi Jezi te bay anrapò ak prezans li a e anrapò ak konklizyon sistèm nan, li te di : “ Pral gen yon gwo tribilasyon, pa t janm gen youn konsa depi nan kòmansman lemonn jiska prezan, non, e pap janm gen youn konsa ankò. ” ​(Mat. 24:3, 21). Annapre Jezi te revele gen yon gwo foul ki t ap chape anba “ gwo tribilasyon ” sa a. Sistèm Satan an gen pou l fè fon, sepandan l ap lanse yon dènye gwo atak kont Temwen pezib Jewova yo. Pa gen dout, se pral yon tan k ap difisil pou nou tout, granmoun kou timoun.

17. a) Ki rezon nou genyen pou nou afwonte lavni avèk konfyans ? b) Ki sa ki ta dwe gen enfliyans sou fason nou konsidere maryaj ak leve timoun ?

17 Sepandan, nou pa ta dwe twò pè lavni. Paran ki fidèl ak Jewova yo kapab espere y ap jwenn pwoteksyon ansanm ak timoun piti yo genyen. (Li Izayi 26:20, 21 ; Sef. 2:2, 3 ; 1 Kor. 7:14.) Donk, annatandan, se pou konesans nou genyen konsènan tan kritik n ap viv ladan l lan enfliyanse fason nou konsidere maryaj ak leve timoun nan tan lafen sa a (2 Pyè 3:10-13). Konsa, kit nou selibatè kit nou marye, kit nou gen timoun kit nou pa gen timoun, lavi nou ap bay ni Jewova ni kongregasyon kretyen an onè ak louwanj.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Gade nan liv Vivez en gardant à l’esprit le jour de Jéhovah a, nan paj 125, anba soutit “ Il a haï le divorce ”.

^ § 5 Moun k ap fè fas ak pwoblèm nan maryaj yo ap jwenn fòs lè yo reli atik sou maryaj tankou sa nou jwenn nan Toudegad 15 septanm 2003 a (fransè), e nan Réveillez-vous ! 8 janvye 2001 an.

^ § 6 Gade chapit 30 nan liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques la ki gen pou tit : “ Suis-je mûr pour le mariage ? ”

Revizyon

• Poukisa jèn kretyen yo pa ta dwe kouri marye ?

• Ki sa leve timoun gen ladan l ?

• Poukisa anpil kretyen rete selibatè, oswa yo pa fè pitit si yo marye ?

• Ki “ tribilasyon ” paran kretyen yo ka jwenn ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Poukisa li saj pou jèn kretyen yo tann anvan yo marye ?

[Foto nan paj 18]

Yon mari ka fè anpil bagay pou l ede madanm li patisipe nan aktivite espirityèl yo yon fason ki rezonab.

[Foto nan paj 19]

Poukisa kèk kretyen deside pa fè pitit ?