Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Jan an

Pwen enteresan ki nan liv Jan an

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Jan an

JAN, “ disip Jezi te renmen an ”, se dènye moun ki te jwenn enspirasyon pou l ekri yon liv sou lavi Kris e sou ministè l (Jan 21:20). Jan te ekri Evanjil li a ozanviwon ane 98 epòk nou an, e prèske tout sa k nan Evanjil sa a se yon seri detay ki pa parèt nan twa lòt Evanjil yo.

Apot Jan te gen yon objektif byen presi lè l t ap ekri Evanjil li a. Men sa l te di konsènan bagay li te ekri yo : “ Yo te ekri bagay sa yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye a, e, paske nou kwè sa, pou nou ka gen lavi pa mwayen non li. ” ​(Jan 20:31). Vrèman, mesaj ki nan Evanjil sa a gen anpil valè pou nou. — Ebre 4:12.

“ GADE, MEN TIMOUTON BONDYE A ”

(Jan 1:1–11:54)

Lè Jan Batis te wè Jezi, avèk konfyans, li te di : “ Gade, men Timouton Bondye a k ap wete peche monn nan ! ” ​(Jan 1:29). Pandan Jezi t ap vwayaje nan Samari, nan Galile, nan Jide ak nan zòn ki nan lès Jouden an pou l preche, pou l anseye e pou l akonpli zèv pisans, ‘ gen anpil moun ki te vin kote l e ki te met lafwa nan li ’. — Jan 10:41, 42.

Youn nan pi gwo mirak Jezi te fè se te rezirèksyon Laza. Anpil moun te met lafwa nan li lè yo te wè l resisite yon mesye ki te mouri depi kat jou. Sepandan, prèt an chèf yo ak Farizyen yo te met ansanm pou yo touye Jezi. Se sa k fè Jezi te deplase e l ale nan “ peyi ki toupre dezè a, nan yon vil ki rele Efrayim ”. — Jan 11:53, 54.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:35, 40 — Kiyès, apa Andre, ki te disip ki te kanpe ansanm ak Jan Batis la ? Moun k ap ekri a toujou di “ Jan ” lè l ap pale de Jan Batis e li pa janm site non pa l lè l ap pale de tèt li nan Evanjil li a. Donk, sanble disip yo pa nonmen non l lan se Jan, li menm ki te ekri Evanjil la.

2:20 — Ki tanp sa a “ yo te bati [...] an karannsizan ” an ? Se konsènan rekonstriksyon tanp Zowobabèl la Juif yo t ap pale, rekonstriksyon Ewòd, wa peyi Jide, te fè a. Selon Jozèf, yon istoryen, travay sa a te kòmanse nan 18yèm ane rèy Ewòd la, sètadi ant ane 18 e ane 17 anvan epòk nou an. Yo te fin konstwi sangtyè tanp lan ak batisman prensipal yo nan uit an. Men, Juif yo te di yo te pran 46 an pou yo konstwi tanp lan, paske te gen travay ki te kontinye fèt nan tanp lan jis nan Pak ane 30 epòk nou an e menm apre sa.

5:14 — Èske se paske yon moun peche ki fè l malad ? Pa fòseman. Mesye Jezi te geri a te fè 38 an malad akoz enpèfeksyon li te eritye (Jan 5:1-9). Jezi te vle di piske yo te fè mesye a mizèrikòd, li te dwe suiv chemen pou l sove a e li te dwe sispann peche volontèman sinon yon bagay ki pi rèd pase maladi te ka tonbe sou li. Mesye a ta ka vin komèt yon peche ki pa gen padon e konsa li t ap merite lanmò ki pa gen rezirèksyon pou li a. — Mat. 12:31, 32 ; Lik 12:10 ; Ebre 10:26, 27.

5:24, 25 — Ki moun sa yo ki ‘ soti nan lanmò pou yo antre nan lavi ’ a ? Jezi ap pale de moun ki te mouri anvan sou plan espirityèl, men ki met lafwa nan li e ki sispann pratike peche, lè yo tande pawòl li yo. Yo ‘ soti nan lanmò pou yo antre nan lavi ’ paske yo libere anba kondanasyon amò a, e yo gen espwa pou yo viv etènèlman grasa lafwa yo gen nan Bondye. — 1 Pyè 4:3-6.

5:26 ; 6:53 — Sa sa vle di pou yon moun gen ‘ lavi nan li menm ’ ? Pou Jezi Kris, gen ‘ lavi nan li menm ’ vle di li resevwa de kapasite nan men Bondye : kapasite pou l mete lèzòm nan yon bèl pozisyon devan Jewova ak pouvwa pou l bay lavi pa mwayen rezirèksyon. Pou disip Jezi yo, gen ‘ lavi nan yo menm ’ vle di yo gen lavi yon fason ki total. Kretyen wen yo genyen l lè yo resisite pou y al viv nan syèl la. Moun ki fidèl e ki gen esperans pou yo viv sou tè a ap jwenn lavi yon fason ki total lè yo rete fidèl nan eprèv final la k ap fèt tousuit apre fen Rèy milenè Kris la. — 1 Kor. 15:52, 53 ; Rev. 20:5, 7-10.

6:64 — Èske Jezi te deja konnen Jida Iskaryòt t ap trayi l lè l t ap chwazi l la ? Sanble li pa t konnen. Men, yon lè, nan ane 32 epòk nou an, Jezi te di apot li yo : “ Youn nan nou se yon medizan. ” Petèt lè sa a, Jezi te wè lakay Jida “ kòmansman ” yon tandans pou l fè sa k pa bon. — Jan 6:66-71.

Leson pou nou jodi a :

2:4. Jezi te vle fè Mari konprann antanke Pitit Bondye ki batize e ki wen, se Papa l ki nan syèl la ki dwe dirije l. Byenke Jezi te fèk kòmanse ministè l, li te byen konnen ki lè, oswa nan ki moman, pou l fè travay li te gen pou l fè a, sa ki te gen ladan l lanmò l kòm yon sakrifis. Li pa t ap kite yon manm fanmi pwòch li, pa menm Mari, anpeche l fè volonte Bondye. Nou ta dwe gen menm detèminasyon ak Jezi pou nou sèvi Jewova.

3:1-9. Nou ka tire de leson nan egzanp Nikodèm, youn nan dirijan Juif yo. Premye leson an sèke Nikodèm te montre li gen imilite ak klèvwayans e li te montre li konsyan li gen bezwen espirityèl lefètke li te rekonèt yon senp pitit chapantye kòm yon anseyan Bondye voye. Vrè kretyen yo bezwen gen imilite jodi a. Dezyèm leson an sèke Nikodèm pa t vin yon disip Jezi pandan Jezi te sou tè a. Petèt se paske li te gen krent pou lòm oubyen paske li pa t vle pèdi pozisyon l te genyen nan Sanedren an oubyen paske li te renmen richès li yo. Sa ede nou tire yon leson ki enpòtan : nou pa ta dwe janm kite tandans konsa anpeche nou ‘ pran poto soufrans nou epi suiv Jezi nètale ’. — Lik 9:23.

4:23, 24. Pou Bondye aksepte adorasyon n ap ba li a, adorasyon sa a dwe ann amoni ak verite ki nan Bib la e se lespri sen ki dwe gide l.

6:27. Pou nou travay pou “ manje k ap rete pou lavi etènèl la ”, nou dwe fè efò pou nou satisfè bezwen espirityèl nou. N ap gen kè kontan si nou fè sa. — Mat. 5:3.

6:44. Jewova gen sousi pou nou chak. Li atire nou vin jwenn Pitit li a pa mwayen travay predikasyon an ki pèmèt li rive atenn nou chak pèsonèlman, e li atire nou lè l ede nou konprann verite espirityèl yo e lè li ede nou aplike yo grasa lespri sen li.

11:33-36. Lè nou eksprime santiman nou, sa pa vle di nou fèb.

‘ KONTINYE SUIV LI ’

(Jan 11:55–21:25)

Pandan fèt Pak ane 33 epòk nou an ap pwoche, Jezi retounen Betani. Nan jou ki te 9 Nizan an, li rantre Jerizalèm sou do yon ti bourik. Nan jou ki te 10 Nizan an, Jezi tounen nan tanp lan ankò. Kòm repons pou yon priyè li fè pou non Papa l glorifye, gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di : “ Mwen te glorifye l e m ap glorifye l ankò. ” — Jan 12:28.

Pandan Jezi ak disip li yo ap manje nan okazyon Pak la, li ba yo kèk dènye konsèy anvan li kite yo e li priye pou yo. Yo arete Jezi, yo jije l e yo mete l sou yon poto kote li te mouri, apre sa li resisite.

Kesyon biblik ak tout repons :

14:2 — Nan ki sans Jezi t apral “ prepare yon plas ” nan syèl la pou disip fidèl li yo ? Sa vle di Jezi t ap ratifye nouvo alyans lan lè l parèt devan Bondye e lè l prezante Bondye valè san l. Preparasyon sa a t ap gen ladan l tou pou l ta resevwa pouvwa antanke Wa, e se apre sa rezirèksyon disip wen yo t ap kòmanse. — 1 Tes. 4:14-17 ; Ebre 9:12, 24-28 ; 1 Pyè 1:19 ; Rev. 11:15.

19:11 — Lè Jezi te pale Pilat de moun ki te livre L la, èske l t ap pale de Jida Iskaryòt ? Sanble Jezi pa t ap pale de Jida oswa de yon moun an patikilye. Men, sanble li t ap panse a tout moun ki te jwe yon wòl nan lanmò l. Pami moun sa yo te gen Jida, “ prèt an chèf yo ak tout Sanedren an nèt ” e menm “ foul yo ” yo te konvenk pou yo mande lage Barabas. — Mat. 26:59-65 ; 27:1, 2, 20-22.

20:17 — Poukisa Jezi te di Mari Magdalèn pou l sispann kenbe l ? Sanble Mari te kenbe Jezi paske li te panse Jezi t apral monte nan syèl e li pa t ap janm wè l ankò. Pou Jezi te ka ba l asirans li poko prale, Jezi te di l pou l sispann kenbe l, men pou l al bay disip li yo nouvèl li resisite pito.

Leson pou nou jodi a :

12:36. Pou nou vin “ pitit limyè ”, oubyen pou nou pote limyè, nou bezwen gen yon konesans egzak sou Labib, Pawòl Bondye a. Apre sa, nou bezwen sèvi ak konesans sa a pou nou rale moun yo sot nan fènwa espirityèl la pou yo vin nan limyè Bondye a.

14:6. Nou pa ka gen apwobasyon Bondye si se pa pa mwayen Jezi Kris. Se sèl si nou gen lafwa nan Jezi e si nou suiv egzanp li nou ka pwoche bò kot Jewova. — 1 Pyè 2:21.

14:15, 21, 23, 24 ; 15:10. Lè nou fè volonte Bondye, sa ap ede nou ret nan lanmou l e nan lanmou Pitit li a. — 1 Jan 5:3.

14:26 ; 16:13. Lespri sen Jewova jwe wòl yon pwofesè e li fè nou sonje sa nou te aprann deja. Mete sou sa, li aji pou l fè konnen yon seri verite. Donk, li ka ede nou gen plis konesans, sajès, klèvwayans, bon jijman ak kapasite pou nou reflechi. Se pou rezon sa a nou ta dwe kontinye priye Bondye pou nou mande l lespri sen l. — Lik 11:5-13.

21:15, 19. Jezi te mande Pyè si l renmen l plis pase “ sa yo ”, sètadi plis pase pwason ki te devan yo a. Konsa, li te mete aksan sou nesesite pou Pyè chwazi suiv li aplentan, olye pou l chèche fè karyè nan lapèch. Apre nou fin egzamine Evanjil yo, se pou nou gen plis detèminasyon toujou pou nou renmen Jezi plis pase kèlkeswa bagay ki ta ka atire nou. Wi, se pou nou kontinye suiv li ak tout kè nou.

[Foto nan paj 31]

Ki sa nou ka aprann nan egzanp Nikodèm nan ?