Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo izole, men nou pa bliye yo

Yo izole, men nou pa bliye yo

Yo izole, men nou pa bliye yo

APOT Pòl te bay kretyen nan epòk li a konsèy sa a : “ Annou fè sa ki byen anvè tout moun, men sitou anvè moun ki fanmi nou nan lafwa. ” ​(Gal. 6:10). Jodi a tou, nou kontinye suiv konsèy sa a Bondye te enspire a e nou chèche mwayen pou nou fè byen pou konpayon kretyen nou yo. Pami moun ki bezwen e ki merite atansyon ak lanmou nan men kongregasyon kretyen an, nou jwenn frè ak sè aje nou yo k ap viv nan mezon retrèt.

Se vre, nan kèk peyi, an jeneral se fanmi yo ki pran swen paran ki aje yo lakay yo. Sepandan, gen peyi kote byen souvan, se nan mezon retrèt anpil moun ki aje rete, e se la yo jwenn swen yo bezwen. Kidonk, ki sa nou ka di konsènan kretyen aje k ap viv nan mezon retrèt yo ? Ki pwoblèm yo jwenn ? Ki jan yo ka fè fas ak sitiyasyon an si yo pa jwenn èd manm fanmi yo ? Ki jan kongregasyon kretyen an ka ede yo ? E ki jan nou menm nou tire pwofi lè n al wè yo regilyèman ?

Pwoblèm yo jwenn nan mezon retrèt yo

Lè kretyen ki aje yo al abite nan yon mezon retrèt, mezon an kapab sou tèritwa yon lòt kongregasyon, e frè ak sè nan zòn nan ka pa abitye avèk yo. Sa ka fè yo pa panse al vizite yo souvan. Anplis, nan mezon retrèt la, sandout y ap nan mitan moun ki pa gen menm kwayans avèk yo. Sa kapab mete frè ak sè aje nou yo nan yon sitiyasyon difisil.

Pa egzanp, gen kèk zòn kote mezon retrèt yo òganize sèvis relijye anndan mezon an. Men sa yon mesye ki bay swen nan yon mezon retrèt di : “ Gen kèk Temwen aje ki pa kapab kominike yon fason klè yo mennen yo nan sèvis relijye sou chèz woulant san yo pa mande yo si yo dakò. ” Anplis, byen souvan, moun ki fè pati staf mezon retrèt yo pwofite anivèsè nesans, Nwèl oswa Pak pou yo met anbyans pou moun ki nan mezon an. Yo menm bay kèk Temwen nan mezon retrèt yo manje konsyans yo pa pèmèt yo manje (Tra. 15:29). Si nou vizite frè ak sè kretyen nou yo regilyèman, n ap kapab ede yo fè fas ak pwoblèm sa yo.

Fason kongregasyon an kapab ede yo

Premye kretyen yo te konsyan de responsablite yo genyen parapò ak frè ak sè aje ki pa t gen fanmi pou pran swen yo (1 Tim. 5:9). Se konsa tou, jodi a, ansyen yo veye pou yo pa neglije moun aje k ap viv nan mezon retrèt ki nan tèritwa kongregasyon yo *. Gen yon ansyen ki rele Robert ki di : “ Li t ap bon pou ansyen yo vizite moun aje yo pèsonèlman pou yo ka wè nan ki kondisyon y ap viv, e pou yo priye avèk yo. Frè ak sè nan kongregasyon an ka fè anpil bagay pou reponn ak bezwen yo genyen. ” Si nou rezève tan pou nou vizite moun ki aje yo, n ap montre nou konprann nan ki pwen sa enpòtan nan je Jewova pou nou pran swen moun ki nan bezwen yo. — Jak 1:27.

Lè sa nesesè, ansyen yo byen kontan fè aranjman pou ede frè ak sè ki nan mezon retrèt ki nan tèritwa yo. Men sa Robert di konsènan youn nan bagay yo ka bezwen : “ Nou ta dwe ankouraje frè ak sè ki aje yo pou yo asiste reyinyon yo si sa posib pou yo. ” Men, ansyen yo ka fè lòt aranjman pou sila yo ki pa kapab al nan Sal Wayòm ankò. Jacqueline gen 85 an anviwon, li soufri ostewoatrit, yon maladi zo, e se nan telefòn li koute reyinyon yo. Men sa l di : “ Sa fè m dibyen pou m koute reyinyon yo nan moman y ap fèt la. Pa gen anyen ki ka fè m rate yo ! ”

Si yon kretyen aje pa kapab koute reyinyon yo nan telefòn, ansyen yo ka fè aranjman pou anrejistre yo pou li. Moun k ap pote anrejistreman yo pou frè oswa sè ki nan mezon retrèt la ka pwofite okazyon sa a pou l gen yon konvèsasyon ankourajan avè l. Gen yon siveyan ki fè remak sa a : “ Lè nou bay frè ak sè aje yo nouvèl lòt moun ki nan kongregasyon an, sa fè yo santi yo toujou fè pati fanmi espirityèl nou an. ”

Kontinye kominike avèk yo

Anpil moun aje santi yo strese e yo dezoryante lè yo deplase al viv nan yon mezon retrèt, e nou ka konprann sa. Sa konn fè kèk nan yo gen tandans pa kominike ak lòt moun ankò. Men, si nou pa pran lontan pou nou vizite frè ak sè aje nou yo lè yo fin antre nan mezon retrèt la e si nou kontinye ankouraje yo, n ap vrèman ede yo pou yo retounen gen lapè nan lespri yo e pou yo retounen jwenn jwa yo. — Pwo. 17:22.

Gen moun ki ka panse li pa nesesè pou yo vizite frè ak sè ki aje yo si yo pèdi nan kapasite mantal yo, si yo pa tande ankò oswa si yo gen lòt pwoblèm ki ka anpeche yo kominike. Sepandan, lè nou fè efò pou nou kontinye vizite yo menm lè li difisil pou n kominike ak yo, n ap montre nou kontinye “ pran devan nan onore ” frè ak sè nou yo (Wom. 12:10). Si yon frè oswa yon sè kòmanse pa gen memwa pou bagay k ap pase kounye a, nou ka ankouraje l rakonte nou eksperyans li te fè lontan, menm sa l te fè lè l te timoun. Oubyen nou kapab mande l pou l di nou ki jan l te fè aprann verite ki nan Bib la. Ki sa nou ka fè si l pa ka jwenn mo ki apwopriye yo pandan l ap pale ? Nou ka koute avèk pasyans e si sa nesesè, nou ka di de ou twa mo li ka ap chèche yo, oswa nou ka fè yon ti rezime sou sa l te di a epi nou ka ankouraje l kontinye pale. Si l melanje sa l ap di oubyen si l gen pwoblèm pou l pale e li difisil pou nou konprann li, nou ta dwe eseye konprann sa l ap di grasa ton vwa l.

Si nou pa kapab kominike an pawòl ak yo ankò, nou ka chèche lòt mwayen pou n fè sa. Gen yon pyonye ki rele Laurence ki toujou al vizite yon sè ki rele Madeleine ki gen 80 an ki pa kapab pale ankò. Men ki jan Laurence di li kominike avè l : “ Mwen kenbe men Madeleine lè n ap priye ansanm. Li menm, li peze men m dousman e li bat je l pou l montre li apresye bon ti moman sa yo. ” Lè nou kenbe men zanmi nou yo ki aje e lè nou ba yo akolad ak tout kè nou, vrèman sa ka rasire yo.

Prezans ou enpòtan

Lè nou vizite moun ki aje yo regilyèman, sa ka gen enfliyans sou kalite swen yo resevwa. Danièle gen 20 an depi l ap vizite frè ak sè ki nan mezon retrèt. Men ki remak li fè : “ Lè moun ki fè pati staf yon mezon retrèt remake yo vizite yon moun souvan, moun sa a jwenn pi bon swen. ” Men sa Robert, nou te mansyone pi wo a, di : “ Moun ki fè pati staf mezon retrèt la pi dispoze koute yon moun ki vizite yon moun nan mezon retrèt la regilyèman. Yo gendwa pa gen menm respè a pou yon moun ki pase yon lè konsa. ” Souvan, manm fanmi moun ki nan mezon retrèt la egzijan anpil, yo pa janm satisfè, e enfimyè yo oblije boule ak yo, se sa k fè yo apresye lè vizitè yo montre yo rekonesan. Mete sou sa, si nou devlope bon relasyon ak moun ki fè pati staf mezon retrèt la, y ap plis anvi respekte prensip moral ak kwayans Temwen aje y ap okipe a.

Nou ka vin gen bon relasyon ak moun ki fè pati staf mezon retrèt la tou lè nou ofri èd nou pou kèk bagay senp. Gen kèk zòn kote pa gen ase moun ki kalifye pou okipe moun aje, e sa bese kalite swen yo resevwa. Men ki konsèy yon enfimyè ki rele Rébecca bay : “ Moman repa yo se yon moman kote gen anpil aktivite. Donk, se kapab yon bon moman pou w pase vizite yon zanmi epi w ede l manje. ” Nou pa ta dwe ezite mande moun ki fè pati staf mezon retrèt la sijesyon yo konsènan sa nou ka fè pou nou bay èd nou.

Lè nou vizite yon mezon retrèt regilyèman, n ap pi fasil wè sa frè ak sè nou yo ki aje bezwen e, avèk pèmisyon moun ki fè pati staf mezon retrèt la, nou ka pran inisyativ pou nou reponn ak bezwen sa yo. Pa egzanp, nou ka gen posiblite met yon ti gete nan chanm yo lè nou met foto moun pa yo nan chanm nan, oswa desen timoun fè. Nan entansyon pou nou fè moun nan santi l byen, nou ta ka pote yon wòb de chanm pou li oubyen nou ta ka pote kèk bagay li ka bezwen tankou savon, krèm, eksetera. Si gen yon lakou nan mezon retrèt la, èske nou pa ta ka fè yon ti soti ak zanmi nou an pou l respire yon ti lè fre ? Men sa Laurence, nou te site pi wo a, di : “ Madeleine toujou ap tann vizit mwen rann li chak semèn yo. Lè m mennen timoun avè m, tousuit li souri epi je l briye ! ” Lè nou pran inisyativ konsa, sa ka vrèman gen yon gwo efè sou moun ki nan mezon retrèt yo. — Pwo. 3:27.

Yo jwenn byenfè, nou menm tou

Lè nou vizite yon moun aje regilyèman, sa kapab “ teste senserite lanmou nou ”. (2 Kor. 8:8.) Nan ki sans ? Li ka difisil pou n ap gade yon zanmi nou k ap depafini tikras pa tikras. Men sa Laurence admèt : “ Okòmansman, mwen te toujou kriye apre chak vizit, tèlman fason Madeleine te vin febli a te afekte m. Men, mwen te aprann lè nou priye avèk senserite, sa ka ede nou venk krent nou genyen e nou ka vin pi ankourajan pou lòt moun. ” Sa fè plizyè ane depi Robert ap vizite yon frè ki rele Larry ki soufri maladi Pakinsonn. Men sa l di : “ Maladi a tèlman fò sou Larry, sa fè mwen pa rive konprann yon mo nan sa l di ankò. Men lè nou priye ansanm, mwen santi li toujou gen lafwa. ”

Lè nou al wè frè ak sè nou yo ki aje, nonsèlman nou ede yo, men nou menm tou nou jwenn byenfè. Detèminasyon yo genyen pou yo rete pwòch Jewova, malgre y ap viv nan mitan moun ki pa gen menm kwayans ak yo, aprann nou ki jan nou ka gen lafwa e ki jan nou ka gen kouraj. Fason yo swaf resevwa manje espirityèl, malgre yo ka gen pwoblèm pou yo wè oswa pou yo tande, montre nou “ lòm dwe viv, pa ak pen sèlman, men ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova ”. (Mat. 4:4.) Moun ki aje yo apresye bagay ki senp, pa egzanp, yon timoun k ap souri oswa yon repa nou pataje avèk yo, e sa fè nou sonje nou dwe kontante nou ak sa nou genyen. Lanmou yo gen pou bagay espirityèl ka ede nou etabli priyorite nou.

Vrèman, tout kongregasyon an jwenn byenfè nan soutyen nou bay frè ak sè ki aje yo. Kòman ? Piske moun ki pi fèb yo depann plis de afeksyon frè ak sè yo, yo bay moun nan kongregasyon an opòtinite pou yo demontre plis konpasyon. Konsa, nou tout nou ta dwe konprann lè nou pran swen moun ki aje yo, menm lè nou fè sa pandan lontan, se yon fason youn kapab sèvi lòt (1 Pyè 4:10, 11). Si ansyen yo pran latèt nan domèn sa a, y ap ka ede lòt manm kongregasyon an wè yo pa ta dwe janm neglije aspè sa a nan aktivite yo antanke kretyen (Eze. 34:15, 16). Lè nou bay èd nou avèk amou e ak tout kè nou, n ap ka fè kretyen menm jan ak nou yo ki aje santi nou pa bliye yo.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Yonfwa sekretè yon kongregasyon konnen gen yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an ki deplase al viv nan yon mezon retrèt ki pa nan tèritwa yo, li t ap bon pou l fè ansyen nan kongregasyon ki nan zòn sa a konn sa imedyatman, e sa t ap montre lanmou li genyen.

[Antrefilè nan paj 28]

“ Lè moun ki fè pati staf yon mezon retrèt remake yo vizite yon moun souvan, moun sa a jwenn pi bon swen. ”

[Foto nan paj 26]

Priyè sensè nou fè ka ede yon Temwen parèy nou ki aje pou lespri l retounen vin anpè.

[Foto nan paj 26]

Lè nou demontre afeksyon nou pou kwayan parèy nou yo ki aje e nou aji avèk yo avèk tandrès, sa ap ankouraje yo.