Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou kontinye fè byen

Annou kontinye fè byen

Annou kontinye fè byen

“ Kontinye fè byen. ” — LIK 6:35.

1, 2. Poukisa souvan li difisil pou nou fè byen pou pwochen nou ?

LI KAPAB difisil pou nou fè byen pou pwochen nou. Moun nou montre nou gen lanmou pou yo gendwa pa montre yo gen lanmou pou nou. Byenke lè nou pataje “ bon nouvèl glorye Bondye ki gen kè kontan an ” ansanm ak bon nouvèl konsènan Pitit li a avèk pwochen nou, se byennèt espirityèl yo n ap chèche, yo gendwa pa bay sa valè e yo gendwa pa montre rekonesans pou sa (1 Tim. 1:11). Gen lòt moun ki montre yo se gwo “ ènmi poto soufrans Kris la ”. (Fil. 3:18.) Antanke kretyen, ki jan nou ta dwe trete moun sa yo ?

2 Jezi Kris te di disip li yo : “ Kontinye renmen ènmi nou, kontinye fè byen. ” ​(Lik 6:35). Annou egzamine konsèy sa a. N ap tire pwofi tou nan kèk lòt pwen Jezi te mansyone anrapò ak kesyon fè byen pou lòt moun nan.

“ Renmen ènmi nou ”

3. a) Fè yon rezime nan pwòp mo pa w sou sa Jezi te di nan Matye 5:43-45. b) Nan premye syèk la, ki pwennvi chèf relijye juif yo te vin genyen anrapò ak moun ki Juif e anrapò ak moun ki pa Juif ?

3 Nan Sèmon sou montay la, yon sèmon ki selèb, Jezi te di moun ki t ap koute l yo pou yo renmen ènmi yo e pou yo priye pou moun k ap pèsekite yo. (Li Matye 5:43-45.) Moun ki te la lè sa a se Juif yo te ye e yo te konnen kòmandman Bondye a ki di : “ Ou pa dwe ni fè vanjans ni gen rankin kont pitit pèp ou a, e ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. ” ​(Lev. 19:18). Chèf relijye juif yo nan premye syèk la te kwè ekspresyon “ pitit pèp ou a ” ak ekspresyon “ pwochen w ” lan te fè referans sèlman ak Juif parèy yo. Se vre, Lalwa Moyiz te egzije pou Izrayelit yo rete separe ak moun lòt nasyon yo. Men, yo te vin devlope pwennvi kòmkwa tout moun ki pa Juif se ènmi yo, e yo dwe rayi yo.

4. Ki jan disip Jezi yo te dwe aji anvè ènmi yo ?

4 Sepandan, Jezi te di : “ Kontinye renmen ènmi nou yo e priye pou moun k ap pèsekite nou yo. ” ​(Mat. 5:44). Disip li yo te dwe trete tout moun ki te montre yo pa renmen yo avèk amou. Dapre Evanjil Lik la, Jezi te di : “ Nou menm k ap koute m, mwen di nou kontinye renmen ènmi nou, kontinye fè byen pou moun ki rayi nou, kontinye beni moun k ap ban nou madichon, kontinye priye pou moun k ap derespekte nou. ” ​(Lik 6:27, 28). Menm jan ak moun nan premye syèk la ki te suiv konsèy Jezi yo, nou menm tou nou “ fè byen pou moun ki rayi ” nou lè nou fè aksyon ki demontre konpasyon pou yo, menm lè yo menm yo aji mal ak nou. Nou “ beni moun k ap ban nou madichon ” lè nou pale ak yo avèk jantiyès. Nou “ priye pou moun k ap pèsekite nou ”, menmsi yo fè vyolans fizik sou nou oswa yo “ derespekte ” nou lòt fason ankò. Nan priyè sa yo, nou montre nou renmen ènmi nou yo, paske nou mande pou kè yo chanje e pou yo fè aksyon k ap pèmèt yo jwenn favè Jewova.

5, 6. Poukisa nou dwe renmen ènmi nou ?

5 Poukisa nou dwe montre nou gen lanmou pou ènmi nou yo ? Jan Jezi te di sa : “ Se konsa n ap kapab montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la. ” ​(Mat. 5:45). Si nou suiv konsèy sa a, n ap vin “ pitit ” Bondye, paske n ap imite Jewova ki ‘ fè solèy li leve sou moun ki mechan ak sou moun ki bon, e ki fè lapli tonbe sou moun ki jis ak sou moun ki enjis ’. Jan liv Lik la di sa, Bondye “ bon ni pou moun ki engra a ni pou moun ki mechan an ”. — Lik 6:35.

6 Pou Jezi te montre jan li enpòtan pou disip li yo ‘ kontinye renmen ènmi yo ’, li te di : “ Si nou renmen moun ki renmen nou, ki rekonpans n ap genyen ? Èske pèseptè enpo yo pa fè menm bagay la tou ? E si se frè nou sèlman nou salye, ki bagay estrawòdinè nou fè ? Èske moun nan nasyon yo pa fè menm bagay la tou ? ” ​(Mat. 5:46, 47). Si nou montre nou gen lanmou sèlman pou moun ki montre yo gen lanmou pou nou, nou pa t ap merite okenn “ rekonpans ”, sa vle di nou pa t ap merite favè Bondye. An jeneral, pèseptè yo se moun yo te rayi, poutan menm yo menm yo te konn montre yo gen lanmou pou moun ki renmen yo. — Lik 5:30 ; 7:34.

7. Poukisa nou pa t ap fè anyen ki estrawòdinè si se ta “ frè ” nou yo sèlman nou salye ?

7 Nan salitasyon Juif yo te konn itilize a, mo “ lapè ” a te ladan l (Jij 19:20 ; Jan 20:19). Se te yon fason pou yo swete moun yo salye a bon sante ak pwosperite. Se pa t ap yon “ bagay estrawòdinè ” si se sèlman “ frè ” nou yo nou salye. Jan Jezi te montre sa, se sa “ moun nan nasyon yo ” fè.

8. Ki sa Jezi t ap ankouraje moun ki t ap koute l yo fè lè l te di yo yo “ dwe pafè ” ?

8 Li te enposib pou disip Kris yo te san defo oubyen pou yo te pafè, paske yo te eritye peche (Wom. 5:12). Sepandan, men sa Jezi te di nan fen pati sa a nan diskou li te fè a : “ Nou dwe pafè, menm jan Papa nou ki nan syèl la pafè. ” ​(Mat. 5:48). Konsa, li te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo imite Jewova, ‘ Papa yo ki nan syèl la ’, lè yo fè efò pou yo rann lanmou yo pafè, sa vle di pou yo fè l vin konplè lè yo renmen ènmi yo tou. Se sa nou menm tou nou dwe fè.

Poukisa nou dwe padone ?

9. Ki sa “ efase dèt nou yo ” vle di ?

9 N ap kontinye fè byen ak moun ki peche kont nou lè nou montre nou gen mizèrikòd e nou padone yo. Anfèt, nan Sèmon sou montay la, Jezi te bay yon modèl priyè yo rele Nòtrepè, e men sa li te di nan yon pati nan priyè sa a : “ Efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou. ” ​(Mat. 6:12). Nòmalman, se pa t anrapò ak kòb yon moun ta dwe yon lòt moun Jezi t ap pale. Evanjil Lik la montre “ dèt ” Jezi t ap pale la a se “ peche ”, paske Evanjil sa a di : “ Padone peche nou yo, paske nou menm tou nou padone tout moun ki dwe nou. ” — Lik 11:4.

10. Anrapò ak padon, ki jan nou kapab imite Bondye ?

10 Nou bezwen imite Jewova, li menm ki padone moun ki peche ki repanti yo ak tout kè l. Men sa apot Pòl te ekri : “ Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l menm jan Bondye padone nou ak tout kè l grasa Kris. ” ​(Efe. 4:32). Men sa salmis David te di nan yon chan : “ Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon, li pa an kòlè fasil e li chaje bonte ki plen lanmou nan kè l. [...] Li pa aji avè nou selon peche nou fè, ni li pa fè nou jwenn sa nou merite pou erè nou yo. [...] Menm jan kote solèy la leve a lwen kote solèy la kouche a, se konsa li mete fot nou yo lwen nou. Menm jan yon papa fè pitit li mizèrikòd, Jewova fè moun ki krenn li mizèrikòd. Paske li konnen byen ak ki sa nou fèt, li pa bliye nou se pousyè. ” — Sòm 103:8-14.

11. Kiyès Jewova padone ?

11 Moun kapab jwenn padon nan men Bondye sèlman si yo deja padone moun ki te peche kont yo (Mak 11:25). Pou Jezi te met aksan sou sa, li te ajoute : “ Paske si nou padone moun lè yo fè fot, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Tandiske si nou pa padone moun lè yo fè fot, Papa nou pap padone nou nonplis lè nou fè fot. ” ​(Mat. 6:14, 15). Vrèmanvre, se sèlman moun ki padone pwochen yo ak tout kè yo Bondye padone. E yon fason nou kapab kontinye fè byen, se lè nou suiv konsèy Pòl te bay lè l te di : “ Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou fè menm jan an. ” — Kol. 3:13.

“ Sispann jije ”

12. Ki konsèy Jezi te bay anrapò ak jije pwochen nou ?

12 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te mansyone yon lòt fason ankò nou ka fè byen ak pwochen nou. Li te di moun ki t ap koute l yo pou yo sispann jije pwochen yo, epi apre sa, li te bay yon egzanp ki pisan pou kore ide sa a. (Li Matye 7:1-5.) Annou egzamine ki sa Jezi te vle di lè l te di moun ki t ap koute l yo pou yo “ sispann jije ”.

13. Ki jan moun ki t ap koute Jezi yo t ap kapab “ kontinye libere ” lòt moun ?

13 Nan Evanjil Matye a, Matye site pawòl sa yo Jezi te di : “ Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. ” ​(Mat. 7:1). Selon Evanjil Lik la, Jezi te di : “ Sispann jije, e yo pap janm jije nou menm ; sispann kondane, e yo pap kondane nou menm. Kontinye libere, e y ap libere nou. ” ​(Lik 6:37). Nan premye syèk la, Farizyen yo te konn jije pwochen yo yon fason ki di, men, yo te fè sa dapre yon seri tradisyon ki pa t baze sou sa Labib di. Tout moun ki t ap koute Jezi yo ki te konn jije pwochen yo te dwe “ sispann jije ” yo. Okontrè, yo te dwe “ kontinye libere ”, sa vle di yo te dwe padone lòt moun pou erè yo fè. Apot Pòl te bay menm konsèy la tou anrapò ak kesyon padon an, jan nou te wè sa pi wo a.

14. Lefètke disip Jezi yo te konn padone pwochen yo, ki sa sa te pouse moun sa yo fè ?

14 Lè disip Jezi yo te padone pwochen yo, sa te pouse moun sa yo padone yo tou. Jezi te di “ se avèk jijman nou jije lòt moun, yo gen pou yo jije nou, e se nan mezi nou sèvi pou nou mezire pou lòt moun, yo gen pou yo mezire pou nou ”. (Mat. 7:2.) Sa vle di, anrapò ak fason nou trete lòt moun, nou rekòlte sa nou simen. — Gal. 6:7.

15. Ki jan Jezi te montre li pa bon pou nou kritike pwochen nou yon fason ki di ?

15 Sonje, pou Jezi te montre jan sa mal pou yon moun toujou ap kritike pwochen l, li te mande : “ Poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa egzamine gwo bout bwa ki nan je pa w la ? Oubyen tou, kòman w fè di frè w la ‘ ban m retire pay ki nan je w la ’, alòske, men w gen yon gwo bout bwa nan je pa w ? ” ​(Mat. 7:3, 4). Yon moun ki gen tandans kritike lòt moun remake yon ti defo ki nan “ je ” frè l. Li fè l konprann fason li wè bagay yo pa bon e li gen move jijman. Byenke se yon ti defo toupiti, ki tankou yon ti pay, li mande l pou l “ retire pay ” la pou li. Avèk ipokrizi, li ofri frè l la pou l ede l wè bagay yo pi byen.

16. Poukisa nou kapab di Farizyen yo te gen yon “ gwo bout bwa ” nan je yo ?

16 Chèf relijye juif yo sitou te renmen kritike lòt moun anpil. Pa egzanp, apre Jezi te fin geri yon mesye ki te avèg, mesye a te di fòk se Bondye ki te voye Jezi. Sepandan, lè Farizyen yo te tande sa, men sa yo te di : “ Ou fèt nèt nan peche, e w ap anseye nou ? ” ​(Jan 9:30-34). Donk, Farizyen yo pa t gen vizyon espirityèl klè e yo pa t gen kapasite pou yo jije kòrèkteman, se sa k fè yo te gen yon “ gwo bout bwa ” nan je yo e yo te avèg nèt. Se poutèt sa Jezi te di : “ Ipokrit ! Retire gwo bout bwa ki nan je w la anvan, epi, apre sa, w ap ka wè klè pou w retire pay ki nan je frè w la. ” ​(Mat. 7:5 ; Lik 6:42). Si nou dispoze fè byen pou lòt moun e nou dispoze trete yo byen, nou pap moun k ap kritike frè nou yon fason ki di e ki toujou ap chèche pay nan je yo. Olye de sa, n ap rekonèt nou enpafè e nou ta dwe evite jije frè ak sè nou yo e nou ta dwe evite kritike yo.

Fason nou ta dwe trete lòt moun

17. Ann amoni ak Matye 7:12, ki jan nou dwe trete lòt moun ?

17 Nan Sèmon sou montay la, Jezi montre Bondye aji ak sèvitè l yo tankou yon papa lè l reponn priyè yo. (Li Matye 7:7-12.) Li enteresan pou nou remake se Jezi li menm ki te vin ak prensip sa a ki di : “ Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, menm jan an, nou menm tou, se pou nou fè l pou yo. ” ​(Mat. 7:12). Se sèlman si nou trete pwochen nou konsa, n ap pwouve nou se disip Jezi Kris toutbonvre.

18. Ki jan “ Lalwa ” te montre nou dwe trete pwochen nou menm jan nou ta renmen yo trete nou ?

18 Apre Jezi te fin di nou dwe trete pwochen nou menm jan nou ta renmen yo trete nou, li te di : “ Annefè, se sa Lalwa ak Pwofèt yo vle di. ” Lè nou trete pwochen nou fason Jezi te di a, nou aji ann amoni ak objektif “ Lalwa ”, anpalan de sa ki ekri soti nan liv Jenèz la rive nan liv Detewonòm nan. Nonsèlman liv sa yo revele objektif Jewova te genyen pou l pwodui yon semans pou met fen nan mechanste, men, ladan yo tou, nou jwenn Lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la pa mwayen Moyiz nan ane 1513 anvan epòk nou an (Jen. 3:15). Men sa Lalwa te montre byen klè : Izrayelit yo te dwe jis, yo pa t dwe gen patipri, yo te dwe aji byen ak moun ki aflije e ak rezidan etranje ki te nan peyi a. — Lev. 19:9, 10, 15, 34.

19. Ki jan “ Pwofèt yo ” montre nou dwe fè sa ki byen ?

19 Lè Jezi te pale de “ Pwofèt yo ”, li te gen nan lespri l liv pwofetik ki nan Ekriti ebrayik yo. Ladan yo gen yon seri pwofesi konsènan Mesi a ki te jwenn akonplisman yo sou Jezi Kris. Liv sa yo montre tou Bondye beni pèp li a lè yo fè sa ki byen nan je l e lè yo trete pwochen yo kòmsadwa. Pa egzanp, nan pwofesi Izayi a, Izrayelit yo te jwenn konsèy sa a : “ Men sa Jewova di : Pratike jistis e fè sa ki dwat. [...] Byennere lòm mòtèl ki fè sa, e pitit lòm nan ki pratike l, [...] ki anpeche men l fè anyen ki mal. ’ ” ​(Iza. 56:1, 2). Wi, Jewova atann pou pèp li a kontinye fè sa ki byen.

Se pou nou toujou fè byen pou pwochen nou

20, 21. Ki reyaksyon foul moun ki t ap koute Jezi yo te genyen apre Jezi te fin bay Sèmon sou montay la, e poukisa nou ta dwe medite sou sèmon sa a ?

20 Nan tout pwen enpòtan Jezi te abòde nan Sèmon sou montay la, yon sèmon ki san parèy, se kèk pwen sèlman nou sòt egzamine. Malgre sa, li fasil pou nou konprann rezon ki fè moun ki te tande sa l te di nan okazyon sa a te gen reyaksyon yo te genyen an. Labib di : “ Ebyen, lè Jezi te fin di pawòl sa yo, kòm rezilta, foul moun yo te rete bouch ouvè devan fason li anseye. Paske li t ap anseye yo antanke yon moun ki gen otorite, non pa tankou eskrib yo. ” — Mat. 7:28, 29.

21 Pa gen dout nan sa, Jezi Kris te demontre li se “ Konseye estrawòdinè ” yo te anonse a (Iza. 9:6). Sèmon sou montay la se yon kokenn egzanp ki montre Jezi te konnen fason Papa l ki nan syèl la wè bagay yo. Anplis pwen nou sot egzamine yo, diskou sa a pale anpil sou sa ki fè yon moun gen kè kontan toutbonvre, sou fason nou ka evite tonbe nan imoralite, sou fason nou dwe pratike jistis, sou sa nou dwe fè pou nou gen yon bèl avni kote n ap an sekirite e kote n ap gen kè kontan, e sou anpil lòt bagay ankò. Li t ap bon pou nou li Matye chapit 5 rive nan chapit 7 avèk swen toutpandan n ap priye Jewova. Ansuit, nou kapab reflechi sou bèl konsèy nou jwenn nan chapit sa yo. Si nou aplike sa Jezi te di nan Sèmon sou montay la nan lavi nou, n ap kapab fè Jewova plezi pi byen, n ap kapab trete pwochen nou pi byen e n ap kapab kontinye fè sa ki byen.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou dwe trete ènmi nou ?

• Poukisa nou ta dwe padone ?

• Ki sa Jezi te di konsènan jije lòt moun ?

• Ann amoni ak Matye 7:12, ki jan nou dwe trete pwochen nou ?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 10]

Èske w konn poukisa Jezi te di : “ Sispann jije ” ?

[Foto nan paj 8]

Poukisa nou ta dwe priye pou moun k ap pèsekite nou yo ?

[Foto nan paj 10]

Èske w toujou trete pwochen w jan w ta renmen yo trete w ?