Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou suiv egzanp Pòl pou nou ka fè pwogrè espirityèl

Annou suiv egzanp Pòl pou nou ka fè pwogrè espirityèl

Annou suiv egzanp Pòl pou nou ka fè pwogrè espirityèl

“ Mwen lite nan bèl lit la, mwen fini kous la, mwen obsève lafwa. ” — 2 TIM. 4:7.

1, 2. Ki chanjman Sol, moun Tas, te fè nan lavi l, e ki travay enpòtan li te antreprann ?

SOL, moun Tas, te yon nonm entèlijan e se te yon moun ki te detèmine nan sa l ap fè. Men, li ‘ te konn aji ann amoni avèk dezi lachè l ’. (Efe. 2:3.) Annapre, li te di li te “ yon blasfematè, yon pèsekitè, yon moun ki ensolan ”. — 1 Tim. 1:13.

2 Rive yon lè, Sol te fè gwo chanjman nan lavi l. Li te rejte fason l te konn aji anvan e li te fè gwo efò pou l “ pa t chèche jwenn pwòp avantaj pa l men pou l te chèche avantaj lòt moun ”. (1 Kor. 10:33.) Li te vin dou e li te demontre afeksyon ki plen lanmou pou moun ki te ka viktim anba l akoz hèn li te genyen an. (Li 1 Tesalonisyen 2:7, 8.) Li di : “ Mwen te vin yon minis ”, e li te ajoute : “ Se mwen menm, yon nonm ki pi piti pase pi piti nan tout sen yo, yo bay bonte sa a moun pa merite a, pou m ka anonse nasyon yo bon nouvèl konsènan richès Kris moun pap janm fin konprann nan. ” — Efe. 3:7, 8.

3. Lè nou etidye lèt Pòl yo ak sa ki rakonte sou ministè l, ki jan sa ka ede nou ?

3 Sol, yo te rele Pòl tou, te fè gwo pwogrè nan domèn espirityèl (Tra. 13:9). Yon fason nou ka fè pwogrè pi rapid nan laverite, se lè nou etidye lèt Pòl yo ak sa ki rakonte sou ministè l e lè nou imite egzanp li nan domèn lafwa. (Li 1 Korentyen 11:1 ; Ebre 13:7.) Annou wè ki jan lè nou fè sa, sa ap motive nou pou nou vin gen bonjan abitid anrapò ak etid pèsonèl nou, pou nou gen vrè lanmou pou pwochen nou e pou nou gen yon pwennvi ki ekilibre sou tèt nou.

Abitid Pòl te genyen pou l etidye

4, 5. Ki jan etid pèsonèl Pòl te fè te pwofitab pou li ?

4 Antanke yon Farizyen ki te jwenn edikasyon ‘ nan pye Gamalyèl, ki te resevwa yon enstriksyon ki konfòm ak Lalwa zansèt li yo ki strik ’, Pòl te deja gen kèk konesans sou Ekriti yo (Tra. 22:1-3 ; Fil. 3:4-6). Tousuit apre li te fin batize, li te “ pati al ann Arabi ”, swa nan dezè Siri a, swa yon kote nan preskil Arabi a ki te kalm e ki te favorize meditasyon (Gal. 1:17). Sanble Pòl te vle reflechi sou pòsyon nan Ekriti yo ki te pwouve se Jezi ki te Mesi a. Anplis, Pòl te vle prepare l pou travay li te gen devan l lan. (Li Travay 9:15, 16, 20, 22.) Pòl te pran tan pou l medite sou bagay espirityèl.

5 Konesans ak konpreyansyon Pòl te vin genyen sou Ekriti yo grasa etid pèsonèl li te fè te pèmèt li anseye laverite yon fason ki efikas. Pa egzanp, Pòl te site Ekriti ebrayik yo dirèkteman omwen senk fwa nan sinagòg Antyòch ki nan Pizidi a pou l te pwouve se Jezi ki Mesi a. Li te fè referans ak Ekriti sa yo tou plizyè fwa. Agiman li te bay ki te baze sou Bib la te tèlman solid, sa te fè “ gen anpil Juif ak pwozelit ki t ap adore Bondye ki te suiv Pòl ak Banabas ” pou yo te ka aprann plis bagay toujou (Tra. 13:14-44). Kèk ane apre sa, lè yon gwoup Juif ki t ap viv Wòm te vin wè Pòl kote li te rete a, li te ba yo bonjan esplikasyon lè ‘ li te rann temwayaj afon konsènan wayòm Bondye a, e [...] li te sèvi ak lalwa Moyiz la ak Pwofèt yo pou li konvenk moun sa yo sou kesyon ki konsène Jezi ’. — Tra. 28:17, 22, 23.

6. Ki sa k te ede Pòl rete fèm nan domèn espirityèl lè l te anba eprèv ?

6 Lè Pòl t ap pase anba eprèv, li te kontinye etidye Ekriti yo e li te kontinye jwenn fòs nan mesaj enspire ki ladan yo a (Ebre 4:12). Pandan Pòl te nan prizon nan Wòm, yon ti tan anvan yo te egzekite l, li te mande Timote pou l pote “ woulo yo ” ak “ pachemen yo ” pou li (2 Tim. 4:13). Sanble, dokiman sa yo se te pòsyon nan Ekriti ebrayik yo Pòl te konn itilize pou l fè etid ki apwofondi. Pou Pòl te rete fèm, li te esansyèl pou l kontinye etidye Labib regilyèman pou l te ka kontinye aprann plis bagay nan Ekriti yo.

7. Site kèk byenfè w ap jwenn lè w etidye Labib regilyèman.

7 Lè nou etidye Labib regilyèman e lè nou pran tan pou nou medite sou li, sa ap ede nou fè pwogrè espirityèl (Ebre 5:12-14). Men sa yon salmis te di nan yon chante anrapò ak valè Pawòl Bondye a genyen : “ Lwa ki sot nan bouch ou bon pou mwen, plis pase plizyè milye pyès lò ak ajan. Kòmandman w fè m pi saj pase ènmi m yo, paske pou tan endefini se pou mwen li ye. Mwen anpeche pye m pran tout move chemen, dekwa pou m ka kenbe pawòl ou. ” ​(Sòm 119:72, 98, 101). Èske w gen abitid etidye Labib pèsonèlman ? Èske w ap prepare w pou kèk asiyasyon ou ka gen nan sèvis Bondye a lè w li Labib chak jou e lè w reflechi sou sa w li a ?

Sol te aprann renmen moun

8. Ki jan Sol te trete moun ki pa t nan relijyon Jidayis la ?

8 Anvan Sol te vin kretyen, li te zele nan relijyon Jidayis la e li te meprize moun ki pa t nan relijyon sa a (Tra. 26:4, 5). Lè yo t ap lapide Etyèn, li t ap gade sa e li te dakò. Lè li te wè sa yo te fè Etyèn, petèt sa te ranfòse detèminasyon l pou l pèsekite kretyen yo. Petèt li te panse se te yon pinisyon Etyèn te merite (Tra. 6:8-14 ; 7:54–8:1). Men sa nou li nan Bib la : “ Sol te kòmanse aji avèk vyolans ak kongregasyon an. Li rantre nan yon kay apre yon lòt, li rale ni fi ni gason met deyò, e li fè mete yo nan prizon. ” ​(Tra. 8:3). Li “ te menm rive pèsekite yo ata nan vil andeyò yo ”. — Tra. 26:11.

9. Ki sa k te rive Sol ki te fè l reflechi sou fason li te konn trete moun ?

9 Lè Seyè Jezi te parèt devan Sol, li te sou wout Damas pou l al pèsekite disip Kris yo nan zòn sa a. Yon fason sinatirèl, Pitit Bondye a te briye tankou limyè. Sa te fè Sol vin avèg, e sa te fè l vin depann de lòt moun. Lè Jewova te sèvi ak Anànyas pou l fè Sol wè ankò, atitid Sol anvè moun te gentan chanje nèt (Tra. 9:1-30). Apre l te fin tounen yon disip Kris, li te fè anpil efò pou l byen boule ak tout kalite moun, menm jan Jezi te fè sa. Sa te mande pou l rejte vyolans epi pou l viv “ anpè ak tout moun ”. — Li Women 12:17-21.

10, 11. Ki jan Pòl te demontre yon vrè lanmou pou lòt moun ?

10 Pòl pa t kontante l sèlman pou l viv anpè ak tout moun. Men, li te vle demontre li gen yon vrè lanmou pou yo, e ministè kretyen an te ba l opòtinite pou l fè sa. Nan premye vwayaj misyonè li te fè, li te preche bon nouvèl la ann Azi Minè. Malgre Pòl ansanm ak moun ki te akonpaye l yo te jwenn gwo opozisyon, yo te fè tout sa yo kapab pou yo ede moun ki enb yo vin kretyen. Yo te retounen Lis ak Ikonyòm malgre moun ki te opoze nan vil sa yo te eseye touye Pòl. — Tra. 13:1-3 ; 14:1-7 ; 19:23.

11 Annapre, Pòl ak moun ki te avèk li yo te chèche moun ki nan dispozisyon kòrèk yo nan Filip, yon vil an Masedwàn. Te gen yon pwozelit juif ki te rele Lidi ki te koute bon nouvèl la e ki te vin kretyèn. Otorite sivil yo te bat Pòl ak Silas ak baton e yo te lage yo nan prizon. Men, Pòl te preche gadyen prizon an, e kòm rezilta, ni gadyen prizon an ni manm fanmi l yo te batize e yo te vin adoratè Jewova. — Tra. 16:11-34.

12. Ki sa k te pouse Sol, yon nonm ensolan, vin yon apot Jezi ki plen lanmou ?

12 Poukisa Sol, ansyen pèsekitè sa a, te vin adopte menm kwayans ak moun li te konn pèsekite yo ? Ki sa k te pouse mesye ensolan sa a vin yon apot ki byenveyan, ki chaje lanmou nan kè l e ki te prè pou l riske lavi l yon fason pou lòt moun te ka aprann laverite sou Bondye e sou Kris ? Men esplikasyon Pòl li menm bay : “ Bondye, [...] ki te rele m nan bonte l moun pa merite a, te jije li bon pou l sèvi avè m pou l revele Pitit li a. ” ​(Gal. 1:15, 16). Men sa Pòl te ekri Timote : “ Yo fè m mizèrikòd : se yon fason pou Kris Jezi ka montre tout pasyans li, pa mwayen mwen menm, pi gwo egzanp lan, pou l fè m vin yon echantiyon moun ki pral mete lafwa yo nan li pou yo gen lavi etènèl. ” ​(1 Tim. 1:16). Jewova te padone Pòl, e lefètke Pòl te benefisye bonte sa a moun pa merite a ak mizèrikòd li, sa te pouse l demontre lanmou pou lòt moun pa mwayen predikasyon bon nouvèl la.

13. Ki sa k ta dwe pouse nou demontre lanmou pou lòt moun, e ki jan nou ka fè sa ?

13 Menm jan an tou, Jewova padone peche ak fot nou yo (Sòm 103:8-14). Yon salmis te mande Jewova : “ Si se te fot ou t ap chèche, o Ya, o Jewova, kiyès ki t ap ka kanpe ? ” ​(Sòm 130:3). Si Bondye pa t fè nou mizèrikòd, pa gen youn nan nou ki t ap ka goute lajwa ki genyen nan sèvis sakre l la, ni pa gen youn nan nou ki t ap ka espere jwenn lavi etènèl. Grasa bonte Bondye moun pa merite a, nou benefisye anpil bagay. Kidonk, menm jan ak Pòl, nou ta dwe gen dezi pou nou demontre lanmou pou lòt moun lè nou preche yo, lè nou anseye yo laverite e lè nou ankouraje kretyen menm jan avèk nou yo. — Li Travay 14:21-23.

14. Ki jan nou ka rive elaji ministè nou ?

14 Pòl te vle preche plis e li te vle vin pi efikas nan fason li t ap preche bon nouvèl la, e egzanp Jezi te kite nan domèn sa a te touche kè l. Travay predikasyon Pitit Bondye a te fè a, se youn nan fason li te montre lanmou san parèy li te gen pou moun. Men sa Jezi te di : “ Rekòt la anpil, men ouvriye yo pa anpil. Kidonk, priye mèt rekòt la pou l voye ouvriye nan rekòt li a. ” ​(Mat. 9:35-38). Si Pòl te fè yon demann pou gen plis ouvriye nan rekòt la, se klè li te aji ann amoni ak demann sa a, paske li menm li te yon ouvriye ki zele. E ou menm ? Èske w ka amelyore kalite ministè w ? Oswa èske w ka ogmante kantite tan ou pase nan travay predikasyon an, e petèt pou w menm fè aranjman pou w pran sèvis pyonye ? Annou demontre yon lanmou ki sensè pou pwochen nou lè nou ede yo “ kenbe pawòl lavi a byen di ”. — Fil. 2:16.

Fason Pòl te konsidere tèt li

15. Ki jan Pòl te konsidere tèt li parapò ak konpayon kretyen l yo ?

15 Antanke minis kretyen, Pòl kite yon bèl egzanp pou nou nan yon lòt domèn ankò. Byenke Pòl te resevwa anpil privilèj nan kongregasyon kretyen an, li te byen konnen li pa t merite benediksyon sa yo e li te konnen se pa poutèt kapasite l li te jwenn yo. Li te rekonèt benediksyon l te jwenn yo, se te yon fason Bondye te demontre bonte l, yon bonte moun pa merite. Pòl te rekonèt gen lòt kretyen tou ki te minis bon nouvèl la ki efikas. Malgre pozisyon li te genyen nan mitan pèp Bondye a, li te rete enb. — Li 1 Korentyen 15:9-11.

16. Ki jan Pòl te demontre imilite ak modesti nan fason l te chèche solisyon pou kesyon sikonsizyon an ?

16 Annou wè fason Pòl te regle yon pwoblèm ki te genyen nan vil Antyòch, yon vil nan peyi Siri. Kongregasyon ki te la a te divize sou kesyon sikonsizyon an (Tra. 14:26–15:2). Piske Pòl te jwenn asiyasyon pou l pran latèt nan preche moun ki pa t Juif e ki pa t sikonsi, li te ka panse se li ki abitye boule ak moun ki pa Juif yo, e pakonsekan, li kalifye pou l rezoud pwoblèm nan. (Li Galat 2:8, 9.) Sepandan, lè l te wè efò l yo pa t rezoud pwoblèm nan, avèk imilite e ak modesti, li te suiv dispozisyon yo te pran pou li t al prezante pwoblèm nan devan kolèj santral la nan vil Jerizalèm pou yo te rezoud li. Li te kowopere ak manm kolèj santral la ki te pran yon desizyon apre yo te fin koute pwoblèm nan e ki te ba l asiyasyon pou l sèvi kòm youn nan moun ki t apral pote desizyon kolèj santral la te pran an bay frè yo (Tra. 15:22-31). Konsa, Pòl te “ pran devan nan onore ” kretyen parèy li yo. — Wom. 12:10.

17, 18. a) Ki santiman Pòl te devlope pou moun nan kongregasyon yo ? b) Ki sa reyaksyon ansyen Efèz yo te genyen lè Pòl t aprale a aprann nou sou li ?

17 Pòl, yon moun ki enb, pa t frèt ak frè ak sè yo nan kongregasyon yo. Men depreferans, li te atache ak yo. Nan fen lèt li te ekri Women yo, li te salye plis pase 20 moun e li te site non yo. Non pifò nan moun sa yo pa parèt nan rès Ekriti yo, e se kèk nan yo sèlman ki te gen gwo privilèj. Sepandan, se te sèvitè Jewova ki fidèl yo te ye e Pòl te renmen yo anpil. — Wom. 16:1-16.

18 Imilite Pòl ak jantiyès li te ankouraje kongregasyon yo. Apre dènye rankont li te genyen ak ansyen Efèz yo, “ yo tout te pran kriye, e yo te vole nan kou Pòl epi yo anbrase l avèk tandrès, paske yo te gen lapenn sitou poutèt li te di yo yo pap wè figi l ankò ”. Si l te yon moun ki te ògeye e ki te frèt ak moun, frè yo pa t ap gen reyaksyon sa a. — Tra. 20:37, 38.

19. Ki jan nou ka aji “ avèk imilite ” nan relasyon nou genyen ak kretyen menm jan avèk nou yo ?

19 Tout moun ki vle fè pwogrè espirityèl ta dwe manifeste yon etadespri enb menm jan ak Pòl. Li te egzòte kretyen menm jan avèk li yo pou yo ‘ pa fè anyen nan polemik, ni paske yo vle pase pou pi bon, men, avèk imilite, pou yo konsidere lòt moun yo siperyè yo ’. (Fil. 2:3.) Ki jan nou ka suiv konsèy sa a ? Yon fason nou ka fè sa, se lè nou kowopere ak ansyen nan kongregasyon nou, nou suiv direksyon yo bay e nou aji ann amoni ak desizyon yo pran. (Li Ebre 13:17.) Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè nou bay frè ak sè nou yo nan lafwa anpil valè. Souvan se moun ki soti nan divès nasyonalite, divès kilti, divès ras ak divès gwoup etnik ki fòme anpil kongregasyon nan pèp Bondye a. Donk, èske nou pa ta dwe aprann trete tout moun san patipri e avèk amou menm jan ak Pòl (Tra. 17:26 ; Wom. 12:10a) ? Nou jwenn ankourajman pou nou “ akeyi nou youn lòt, tankou Kris te akeyi nou tou pou glwa Bondye ”. — Wom. 15:7.

‘ Annou kouri avèk andirans ’ nan kous pou lavi a

20, 21. Ki sa k ap ede nou kouri nan kous pou lavi a e k ap ede nou fini l ?

20 Lavi yon kretyen konparab ak yon kous ki long. Men sa Pòl te ekri : “ Mwen fini kous la, mwen obsève lafwa. Depi kounye a, yo rezève kouwòn jistis la pou mwen, kouwòn Seyè a, jij ki jis la, pral ban m kòm rekonpans nan jou sa a, e se pa mwen sèlman l ap bay li, men se tout moun ki renmen manifestasyon l. ” — 2 Tim. 4:7, 8.

21 Si nou suiv egzanp Pòl, sa ap ede nou kouri nan kous pou lavi a e sa ap ede nou fini l (Ebre 12:1). Donk, se pou nou fè kou nou konnen pou nou kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl lè nou pran bon abitid pou nou fè etid pèsonèl nou, lè nou devlope yon lanmou pwofon pou lòt moun e lè nou kontinye aji avèk imilite.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki pwofi Pòl te tire lefètke li te konn etidye Ekriti yo regilyèman ?

• Poukisa li enpòtan pou vrè kretyen yo gen yon lanmou ki pwofon pou pwochen yo ?

• Ki kalite k ap ede nou pa aji avèk patipri si nou genyen yo ?

• Ki jan egzanp Pòl ka ede w kowopere ak ansyen ki nan kongregasyon w ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Menm jan ak Pòl, annou pran fòs nan Ekriti yo.

[Foto nan paj 24]

Montre w gen lanmou lè w pataje bon nouvèl la ak pwochen w.

[Foto nan paj 25]

Èske w konnen sa k te fè frè yo renmen Pòl konsa ?