Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Delivrans Wayòm Bondye a ap pote a toupre !

Delivrans Wayòm Bondye a ap pote a toupre !

Delivrans Wayòm Bondye a ap pote a toupre !

“ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” — MAT. 6:10.

1. Ki ansèyman ki te prensipal ansèyman Jezi ?

NAN Sèmon sou montay la, Jezi Kris te bay yon priyè ki sèvi kòm yon modèl e ki gen prensipal ansèyman l lan ladan l. Li te anseye disip li yo pou yo priye Bondye konsa : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a, kou nan syèl la. ” ​(Mat. 6:9-13). Jezi “ te mache vil an vil, bouk an bouk, li t ap preche e li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye ” a (Lik 8:1). Kris te ankouraje disip li yo pou yo “ kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye ”. (Mat. 6:33.) Pandan w ap etidye atik sa a, chèche wè ki jan w kapab itilize enfòmasyon ou jwenn yo nan ministè w. Pa egzanp, chèche wè ki jan ou ta ka reponn kesyon ki vin apre yo : Ki enpòtans mesaj Wayòm nan genyen ? Anba ki sa limanite bezwen delivre ? Ki jan Wayòm Bondye a pral bay delivrans sa a ?

2. Ki enpòtans mesaj Wayòm nan genyen ?

2 Men sa Jezi te anonse : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa, lafen an ap vini. ” ​(Mat. 24:14). Bon nouvèl Wayòm Bondye a gen yon enpòtans kapital. Vrèmanvre, se mesaj ki pi enpòtan pou monn nan ! Nan plis pase 100 000 kongregasyon Temwen Jewova ki gen sou tè a, gen anviwon sèt milyon sèvitè Bondye k ap patisipe nan yon travay predikasyon ki san parèy, kote y ap di lòt moun Wayòm nan etabli. Wayòm nan ki etabli a se yon bon nouvèl, paske sa vle di Bondye mete yon gouvènman nan syèl la pou pran kontwòl tout sa k ap fèt sou tè a nèt. Anba dominasyon Wayòm nan, volonte Jewova pral fèt sou tè a tankou l fèt nan syèl la.

3, 4. Ki jan sa pral ye lè volonte Bondye ap fèt sou tè a ?

3 Ki byenfè limanite ap jwenn lè volonte Bondye fèt sou tè a,  ? Lè sa a, Jewova pral “ siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò ”. (Rev. 21:4.) Moun pap malad ankò ni yo pap mouri akoz peche ak enpèfeksyon yo eritye yo. Moun ki mouri ki nan memwa Bondye yo pral gen posiblite pou yo viv pou toutan, paske men pwomès Labib fè : “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” ​(Tra. 24:15). Pap gen ni lagè ni maladi ni grangou ankò, e tè a pral tounen yon paradi. Menm bèt ki te fewòs yo pral viv anpè avèk lèzòm e avèk lòt bèt parèy yo. — Sòm 46:9 ; 72:16 ; Iza. 11:6-9 ; 33:24 ; Lik 23:43.

4 Piske Wayòm Bondye a pral pote tout benediksyon estrawòdinè sa yo, nou pa etone wè pwofesi Labib yo pale de tan sa a ak pawòl ankourajan sa yo : “ Moun ki enb yo yo menm, yo pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè. ” Men, ki sa k ap rive moun k ap fè sa ki mal yo ? Men sa Ekriti yo anonse : “ Nan yon tikras tan ankò, mechan an pap la ankò. ” Sepandan, “ moun ki mete espwa yo nan Jewova se yo menm ki pral posede tè a ”. — Sòm. 37:9-11.

5. Ki sa k pral rive sistèm ki la kounye a ?

5 Pou tout bagay sa yo fèt, sistèm ki la kounye a dwe disparèt, sistèm sa a ki gen ladan l gouvènman yo, relijyon yo ak sistèm komèsyal yo ki divize. E se egzakteman sa Wayòm nan ki nan syèl la pral fè. Men sa Bondye te enspire pwofèt Dànyèl pou l anonse : “ Nan jou wa sa yo [ki la kounye a], Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm [nan syèl la] ki pap janm kraze. E yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo [ki la], e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” ​(Dàn. 2:44). Lè sa a, Wayòm Bondye a, sètadi nouvo gouvènman ki nan syèl la, pral dirije nouvo sosyete moun k ap sou tè a. Pral gen yon “ syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite ”. — 2 Pyè 3:13.

Se kounye a lèzòm plis bezwen delivrans

6. Nan ki eta Bib la montre monn mechan sa a ye ?

6 Lè Satan, Adan ak Èv te rebele kont Bondye, paske yo te vle deside pou tèt yo sa ki byen ak sa ki mal, lèzòm te pran yon chemen ki danjere. Plis pase 1 600 an annapre, anvan delij la, yon delij ki te rive sou tout tè a, “ mechanste lèzòm te vin anpil sou tè a e lide ki nan kè yo te toujou panche sou bagay ki mal ”. (Jen. 6:5.) Anviwon 1 300 an apre, Salomon te tèlman wè bagay yo mal, li te ekri : “ Mwen te felisite moun mouri ki deja mouri olye de moun vivan ki toujou vivan. Donk, moun ki poko la a pi byen pase yo toule de a, li menm ki pa wè move bagay k ap fèt anba solèy la. ” ​(Ekl. 4:2, 3). Depi lè sa a pou rive jodi a, gen anviwon 3 000 an ki pase, e mechanste kontinye ap ogmante.

7. Poukisa se kounye a nou plis bezwen delivrans Bondye pral bay la  ?

7 Se vre, mechanste egziste depi byen lontan, sepandan, jodi a, plis pase nenpòt lè, moun yo plis bezwen delivrans Wayòm Bondye a pral bay la. Sitiyasyon ki egziste pandan 100 an ki pase yo vin pi mal pase anvan, e yo kontinye ap deteryore. Pa egzanp, men sa yon òganizasyon (Worldwatch Institute) rapòte : “ Gen twa fwa plis moun ki mouri nan gè ki fèt nan [20yèm] syèk la pase nan tout gè ki te fèt soti depi nan premye syèk nan epòk nou an pou rive nan ane 1899. ” Soti nan ane 1914, gen plis pase 100 milyon moun ki pèdi lavi yo nan lagè. Gen yon ansiklopedi ki fè konnen gen jiska 60 milyon moun ki te mouri nan Dezyèm Gè mondyal la. Piske gen nasyon ki gen zam nikleyè kounye a, lèzòm gen kapasite pou yo detwi yon bon pati nan popilasyon mondyal la. E menmsi lasyans ak lamedsin fè anpil pwogrè, chak ane grangou touye anviwon senk milyon timoun. — Gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a.

8. Ki sa plizyè milye ane ki pase depi lòm ap dirije yo pwouve byen klè ?

8 Efò lèzòm fè yo pa reyisi mete fen nan mechanste. Òganizasyon politik, relijye ak komèsyal ki nan monn sa a pa janm rive satisfè bezwen fondamantal lòm genyen, tankou pou l viv anpè, pou l gen sa ki nesesè pou l viv e pou l gen lasante. Olye pou òganizasyon sa yo rezoud gwo pwoblèm lèzòm ap rankontre kounye a, yo ajoute plis pwoblèm sou yo pito. Pa gen dout nan sa, plizyè milye ane ki pase depi lèzòm ap dirije yo pwouve pawòl nou li nan Jeremi 10:23 yo se verite. Vèsè sa a di : “ Lòm ki fèt ak tè, wout li pa nan men l. Sa pa nan men lòm k ap mache pou l dirije pa l. ” Wi, “ lòm domine sou lòm pou fè l ditò ”. (Ekl. 8:9.) Anplis, “ tout kreyasyon an kontinye ap jemi ansanm e yo kontinye ap soufri ansanm ”. — Wom. 8:22.

9. Ki jan kretyen yo atann sitiyasyon an ap ye nan “ dènye jou ” sa yo ?

9 Konsènan epòk n ap viv la, men sa Labib te predi : “ Nan dènye jou yo, pral gen tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte. ” Men sa pwofesi a di apre l fin dekri jan sitiyasyon an t ap ye nan dènye jou yo anba dominasyon lèzòm nan : “ Moun mechan ansanm ak enpostè ap vin pi mal toujou. ” ​(Li 2 Timote 3:1-5, 13.) Kretyen yo deja konnen se konsa sitiyasyon an ap ye, piske “ lemonnantye anba pouvwa mechan an ”, Satan (1 Jan 5:19). Sepandan, bon nouvèl la, sèke Bondye pral delivre moun ki renmen l yo talè konsa. Li pral delivre yo anba monn sa a, yon monn k ap degrengole.

Sèl Sous delivrans nou kapab fè konfyans lan

10. Poukisa se Jewova ki sèl Sous delivrans nou kapab fè konfyans lan ?

10 Lè w ap preche bon nouvèl la, esplike moun k ap koute w yo se Jewova ki sèl Sous delivrans nou kapab fè konfyans lan. Se li sèl ki gen pouvwa ak volonte pou l delivre sèvitè l yo anba kèlkeswa move sitiyasyon an (Tra. 4:24, 31 ; Rev. 4:11). Nou mèt gen asirans Jewova ap toujou delivre pèp li a e l ap reyalize objektif li, paske men ki garanti li bay : “ Egzakteman jan m imajine l la, fòk se konsa pou sa rive. ” Pawòl li “ pap retounen vin jwenn [li] san rezilta ”. — Li Izayi 14:24, 25 ; 55:10, 11.

11, 12. Ki garanti Bondye bay sèvitè l yo ?

11 Jewova bay garanti l ap delivre sèvitè l yo lè l ap egzekite jijman l sou mechan yo. Lè Bondye t ap voye pwofèt Jeremi al pale avèk kran ak kèk gwo pechè, men sa l te di l : “ Ou pa bezwen pè. ” Poukisa li pa t bezwen pè ? Bondye te di l : “ Mwen avè w pou mwen delivre w. ” ​(Jer. 1:8). Menm jan an tou, lè Jewova t apral detwi Sodòm ak Gomò poutèt mechanste ki te gen nan vil sa yo, li te voye de zanj pou yo mennen Lòt ak fanmi l sennesòf deyò zòn sa a. “ Lè sa a, Jewova te fè yon lapli souf ak dife [...] tonbe sou Sodòm e sou Gomò. ” — Jen. 19:15, 24, 25.

12 Jewova kapab delivre moun ki fè volonte l menm lè yo tout kote sou tè a. Lè l te detwi monn lontan an nan delij la, li “ te prezève lavi Noye, yon nonm ki t ap preche sa ki jis, ansanm avèk sèt lòt moun ”. (2 Pyè 2:5.) Jewova pral delivre moun ki jis yo ankò lè l ap detwi monn mechan ki la kounye a. Se sa k fè Pawòl li a di : “ Chèche Jewova, nou tout, moun ki enb sou latè [...]. Chèche ladwati, chèche imilite. Sandout y ap kache nou lè jou kòlè Jewova a rive. ” ​(Sef. 2:3). Grasa destriksyon sa a, ‘ moun ki dwat yo pral abite sou tè a, men, y ap rache mechan yo nan li ’. — Pwo. 2:21, 22.

13. Ki jan sèvitè Jewova ki mouri yo pral delivre ?

13 Sepandan, gen anpil nan sèvitè Bondye yo ki deja mouri akoz maladi, pèsekisyon ak lòt bagay ankò (Mat. 24:9). Ki jan yo menm yo pral delivre ? Jan nou te wè sa anvan, “ pral gen yon rezirèksyon [...] pou moun ki jis ”. (Tra. 24:15.) Se pa ti rekonfò nou jwenn lè nou konnen pa gen anyen ki ka anpeche Jewova delivre sèvitè l yo !

Yon gouvènman ki jis

14. Poukisa nou kapab gen konfyans Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki jis ?

14 Nan ministè w, ou kapab esplike moun yo Wayòm Jewova a ki nan syèl la se yon gouvènman ki jis. Li jis paske li reflete bèl kalite Bondye yo, pa egzanp jistis, ladwati ak lanmou (Det. 32:4; 1 Jan 4:8). Bondye bay Jezi Kris dirije Wayòm nan. Se Jezi Kris ki pi byen kalifye pou l dirije tè a. Jewova gen nan objektif li tou pou l pran 144 000 kretyen ki wen sou tè a pou y al nan syèl la. Yo se eritye ansanm ak Kris e yo pral dirije tè a ansanm avè l. — Rev. 14:1-5.

15. Bay diferans ki genyen ant Wayòm Bondye a ak gouvènman lèzòm yo.

15 Ala yon gwo diferans ki pral genyen ant gouvènman Jezi ak 144 000 moun yo fòme a ak gouvènman lèzòm enpafè yo. Souvan, moun k ap dirije nan sistèm sa a se moun ki mechan e yo pouse moun y ap dirije yo fè lagè, sa fè plizyè milyon moun pèdi lavi yo. Se sa k fè nou pa sezi dèske Ekriti yo konseye nou pou nou pa mete konfyans nou nan lòm, piske yo “ pa kapab sove pèsonn ”. (Sòm 146:3.) Sepandan, Kris li menm pral dirije avèk yon bèl etadespri. Men sa l te di : “ Vin jwenn mwen, nou tout k ap travay di e ki anba chay, epi m ap reban nou fòs. Mete jouk mwen an sou nou e aprann nan men m, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m, e n ap jwenn fòs pou nanm nou. Paske jouk mwen an dous e chay mwen an lejè. ” — Mat. 11:28-30.

Dènye jou yo pral pran fen talè konsa !

16. Ki jan dènye jou n ap viv yo pral fini ?

16 Depi nan ane 1914, monn sa a antre nan dènye jou l yo, oubyen nan “ konklizyon sistèm nan ”. (Mat. 24:3.) Talè konsa, sa Jezi te rele “ gwo tribilasyon ” an pral rive. (Li Matye 24:21.) Tribilasyon sa a ki san parèy pral detwi tout monn Satan an nèt. Men, ki jan l ap kòmanse e ki jan l ap fini ?

17. Ki sa Bib la fè konnen konsènan kòmansman gwo tribilasyon an ?

17 Gwo tribilasyon an pral kòmanse bridsoukou. Wi, “ jou Jewova ” a ap vini yon lè moun pa panse, “ lè yo va di : ‘ Lapè ak sekirite ! ’ ” ​(Li 1 Tesalonisyen 5:2, 3.) Tribilasyon sa a yo te anonse a pral kòmanse nan moman nasyon yo panse yo toupre rezoud kèk nan gwo pwoblèm yo genyen yo. Destriksyon “ Gran Babilòn nan ” se yon destriksyon ki pral rive bridsoukou san monn nan pa atann. Ni wa yo ni lòt moun yo ap sezi lè yo fin egzekite jijman sou Gran Babilòn nan. — Rev. 17:1-6, 18 ; 18:9, 10, 15, 16, 19.

18. Ki jan Jewova pral reyaji fas ak atak Satan pral fè kont pèp li a ?

18 Gen yon moman kritik ki pral rive kote pral gen “ siy nan solèy la, nan lalin nan ak etwal yo ” e kote “ siy Pitit lòm nan pral parèt nan syèl la ”. Lè sa a, n ap kapab ‘ kanpe dwat paske delivrans nou ap prèske rive ’. (Lik 21:25-28 ; Mat. 24:29, 30.) Satan, sètadi Gòg, pral pouse lame l yo atake pèp Bondye a. Sepandan, men sa Jewova di anrapò ak sèvitè fidèl li yo ki se yon avètisman pou moun ki pral atake sèvitè fidèl sa yo : “ Moun ki touche nou, se gla je m li touche. ” ​(Zek. 2:8). Atak Satan pral fè pou l detwi yo a pap reyisi. Poukisa ? Paske Jewova, Souvren Seyè a, pral reyaji tousuit pou l delivre sèvitè l yo. — Eze. 38:9, 18.

19. Poukisa nou kapab sèten lame k ap egzekite jijman Bondye yo pral detwi sistèm Satan an ?

19 Lè Bondye aji kont nasyon yo, ‘ y ap konnen li se Jewova ’. (Eze. 36:23.) Li pral voye lame l yo pou yo egzekite jijman l yo, sètadi plizyè dizèn milye kreyati espirityèl Jezi Kris ap dirije yo, pou yo detwi rès sistèm Satan an ki sou tè a (Rev. 19:11-19). Lè nou sonje nan yon okazyon yon sèl zanj te “ touye san katreven senk mil ” ènmi Bondye nan yon sèl nuit, nou kapab gen konfyans lame selès la pral detwi tout rès sistèm Satan an ki sou tè a san pwoblèm nan Amagedòn, dènye faz gwo tribilasyon an (2 Wa 19:35 ; Rev. 16:14, 16). Yo pral lage Satan ak demon l yo nan yon abim pou mil an. Finalman, y ap detwi yo. — Rev. 20:1-3.

20. Ki sa Jewova pral fè pa mwayen Wayòm nan ?

20 Konsa, yo pral efase mechanste sou tè a, e moun ki jis yo pral viv pou toutan sou li. Jewova ap pwouve li se Gran Sovè a (Sòm 145:20). Pa mwayen Wayòm nan, li pral jistifye souvrènte l, li pral sangtifye non l ki sen e li pral akonpli objektif estrawòdinè li gen pou tè a. Nou swete pou w jwenn anpil jwa nan ministè w pandan w ap anonse bon nouvèl la e pandan w ap ede moun “ ki nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” yo konprann delivrans Wayòm Bondye a pral bay la toupre. — Tra. 13:48.

Èske nou sonje ?

• Ki jan Jezi te mete aksan sou enpòtans Wayòm nan genyen ?

• Poukisa moun plis bezwen delivrans kounye a pase nenpòt lè anvan ?

• Ki evènman nou atann ki pral rive pandan gwo tribilasyon an ?

• Ki jan Jewova pwouve li se Gran Sovè a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12, 13]

Pawòl Bondye a te anonse yon travay predikasyon mondyal san parèy ki dwe fèt nan epòk nou an.

[Foto nan paj 15]

Jewova kapab delivre nou menm jan li te delivre Noye ak fanmi l.

[Foto nan paj 16]

Jewova “ pral siye tout dlo nan je [...], e lanmò pap la ankò. ” — Rev. 21:4.