Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason Kolèj santral la òganize

Fason Kolèj santral la òganize

Fason Kolèj santral la òganize

SE YON seri frè ki vwe lavi yo bay Bondye e ki wen ak lespri ki fòme Kolèj santral Temwen Jewova yo. Yo sèvi antanke reprezantan klas esklav fidèl ki prevwayan an, yon klas ki gen responsablite pou l bay manje espirityèl, pou l bay direktiv e pou l veye aske travay predikasyon Wayòm nan fèt sou tout tè a. — Mat. 24:14, 45-47.

Kolèj santral la reyini chak semèn, an jeneral chak mèkredi. Sa pèmèt frè ki ladan l yo travay ansanm nan inite (Sòm 133:1). Anplis, frè ki manm Kolèj santral la sèvi nan plizyè komite. Pou komite yo ka byen pran swen enterè Wayòm nan, yo chak responsab yon seri aktivite ak yon seri aspè nan travay predikasyon Wayòm nan. Nou pral esplike sa yon fason brèf pi ba a.

▪ KOMITE KOWÒDINATÈ YO : Komite sa a gen ladan l frè ki kowòdinatè nan chak lòt komite nan Kolèj santral la ansanm ak yon sekretè ki li menm tou fè pati Kolèj santral la. Komite sa a veye pou tout komite yo travay yon fason ki swa e ki efikas. Li okipe tou yon seri sitiyasyon ijan, tankou pèsekisyon, dezas ak lòt ka ijan ki afekte Temwen Jewova yo nan lemonnantye.

▪ KOMITE POU PÈSONÈL LA : Frè ki nan komite sa a responsab pou yo veye sou byennèt manm fanmi Betèl yo ki sou tout tè a nan domèn materyèl, nan domèn espirityèl ak nan lòt domèn ankò. Se komite sa a ki bay apwobasyon l lè y ap chwazi moun ki pou vin fè pati fanmi Betèl yo e ki envite yo. Li responsab tou tout sa ki gen rapò ak sèvis yo nan Betèl.

▪ KOMITE EDISYON : Komite sa a sipèvize travay enprime, pibliye ak ekspedye piblikasyon biblik yo nan lemonnantye. Se komite sa a ki sipèvize enprimri yo ak byen ki nan men divès asosyasyon Temwen Jewova yo itilize. Li veye tou pou yo itilize ofrann volontè ki fèt pou travay mondyal predikasyon Wayòm nan fason ki pi bon an.

▪ KOMITE POU SÈVIS : Frè ki nan komite sa a gen responsablite pou yo veye sou travay predikasyon an e sou sa ki konsène kongregasyon yo, pyonye yo, ansyen yo ak siveyan sikonskripsyon yo. Li sipèvize preparasyon Ministè Wayòm nan. Se li ki envite moun nan Lekòl Gileyad ak nan Lekòl fòmasyon ministeryèl e ki ba yo asiyasyon anrapò ak kote yo prale apre yo fin gradye.

▪ KOMITE POU ANSÈYMAN : Komite sa a sipèvize pwogram ansèyman y ap prezante nan kongrè yo, nan asanble yo ak nan reyinyon kongregasyon yo. Se li ki prepare pwogram espirityèl pou manm fanmi Betèl yo, se li tou ki sipèvize divès lekòl, tankou Lekòl Gileyad, Lekòl pyonye, e se li ki sipèvize preparasyon tout enfòmasyon k ap parèt sou fòm odyo oswa sou fòm videyo.

▪ KOMITE REDAKSYON : Komite sa a gen responsablite pou l sipèvize travay ekri piblikasyon yo pral enprime e yo pral distribye bay frè ak sè yo e bay piblik la an jeneral. Li reponn kesyon biblik moun poze e se li ki bay apwobasyon l pou enfòmasyon yo prezante nan dram yo ak nan plan diskou yo. Li sipèvize tou travay tradiksyon k ap fèt sou tout tè a.

Apot Pòl te konpare kongregasyon kretyen wen yo ak kò moun. Li te fè konnen chak moun okipe yon plas enpòtan nan kongregasyon an. Li te fè konnen tou moun ki nan kongregasyon an depann youn de lòt, yo gen lanmou youn pou lòt e yo kowopere youn ak lòt pou yo fè travay Bondye a (Wom. 12:4, 5 ; 1 Kor. 12:12-31). Jezi Kris, Tèt la, bay manm kò a sa yo gen bezwen pou yo byen kowopere youn ak lòt, pou yo byen òganize e pou yo jwenn manje espirityèl (Efe. 4:15, 16 ; Kol. 2:19). Konsa, Kolèj santral la òganize pou l pran latèt grasa direksyon Jewova bay pa mwayen lespri sen.