Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kontinye chèche gen “ sentete nan lakrentif pou Bondye ”

Kontinye chèche gen “ sentete nan lakrentif pou Bondye ”

Kontinye chèche gen “ sentete nan lakrentif pou Bondye ”

LABIB montre se Jewova Dye ki sen nan dènye degre a. Li di : ‘ Jewova sen, sen, sen. ’ ​(Iza. 6:3 ; Rev. 4:8). Mo ebre ak mo grèk lè yo tradui yo ki bay mo “ sentete ” a gen ide yon moun oswa yon bagay ki pa kontamine oswa ki pwòp nan domèn relijye, ki separe ak salte. Lè yo pale de sentete Bondye, sa fè referans ak pèfeksyon li genyen nan domèn moral.

Èske Jewova, Bondye ki sen an, pa atann pou moun k ap adore l yo sen, sa vle di pou yo pwòp fizikman, moralman e espirityèlman ? Bib la montre byen klè Jewova vle pou moun k ap sèvi l yo sen. Men sa nou li nan 1 Pyè 1:16 : “ Nou dwe sen, paske mwen sen. ” Èske lèzòm ki enpafè ka vrèman imite sentete Jewova ? Wi, menmsi yo pa ka fè sa yon fason ki pafè. Bondye kapab konsidere nou sen si nou adore l toutpandan nou rete pwòp nan domèn espirityèl e si nou gen yon relasyon sere avèk li.

Ki jan nou ka rete pwòp nan yon monn ki pa pwòp moralman ? Ki abitid nou bezwen rejte ? Ki chanjman nou bezwen fè nan pawòl nou ak nan konduit nou ? Annou wè ki leson nou ka tire nan domèn sa a selon sa Bondye te mande Juif yo fè lè yo t ap tounen sot Babilòn pou y al nan peyi yo nan ane 537 anvan epòk nou an.

‘ Pral gen yon Chemen Sentete ’

Jewova te anonse pèp li a ki te ann egzil nan peyi Babilòn t ap retounen nan peyi l. Men ki garanti pwofesi ki te pale de restorasyon an te bay : “ Vrèman pral gen yon gwo wout la, yon chemen, e y ap rele l Chemen Sentete a. ” ​(Iza. 35:8a). Pawòl sa yo montre Jewova pa t annik ouvri chemen an pou Juif yo retounen lakay yo, men, li te ba yo asirans l ap pwoteje yo sou chemen an.

Jewova te ouvri “ Chemen Sentete a ” pou sèvitè l yo ki sou tè a nan epòk nou an yon fason pou yo te ka soti nan Gran Babilòn nan, ki se tout fo relijyon ki gen nan monn nan. Nan ane 1919, li te libere kretyen wen yo anba esklavaj espirityèl yo te ye nan fo relijyon an. E pwogresivman, yo te retire tout fo ansèyman nan adorasyon yo a pou l te ka vin pwòp. Jodi a, antanke moun k ap sèvi Jewova nan kongregasyon l lan n ap viv nan yon anbyans ki pwòp e ki pezib. E se nan anbyans sa a nou gen posiblite adore Jewova e nou kapab gen relasyon pezib ni avèk li ni avèk pwochen nou.

Moun ki fè pati “ ti twoupo ” kretyen wen yo fòme a ansanm ak “ gwo foul ” “ lòt mouton ” yo, ki pa sispann grandi, chwazi mache nan yon chemen ki sen e yo envite lòt moun vin fè sa avèk yo (Lik 12:32 ; Rev. 7:9 ; Jan 10:16). “ Chemen Sentete a ” la pou tout moun ki dispoze “ prezante kò [yo] kòm yon sakrifis vivan, ki sen, ki agreyab pou Bondye ”. — Wom. 12:1.

“ Moun ki pa pwòp la pap pase ladan l ”

An 537 anvan epòk nou an, Juif ki t ap retounen yo te gen yon kondisyon enpòtan yo te dwe ranpli. Men sa Izayi 35:8b di konsènan moun ki te kalifye pou yo mache nan “ Chemen Sentete a ” : “ Moun ki pa pwòp la pap pase ladan l. E l ap la pou moun k ap mache nan chemen an, e pa gen okenn moun sòt k ap pase ladan l. ” Piske Juif yo te retounen Jerizalèm nan objektif pou yo te retabli adorasyon ki pa kontamine a, pa t ap gen plas ni pou moun ki wè enterè pa yo sèlman, ni pou moun ki pa t gen respè pou bagay sakre, ni pou moun ki pa t pwòp espirityèlman. Moun ki t ap retounen yo te bezwen kontinye suiv prensip moral wo nivo Jewova te bay yo. Jodi a, moun ki vle gen favè Bondye dwe aksepte menm kondisyon an. Yo dwe kontinye chèche gen “ sentete nan lakrentif pou Bondye ”. (2 Kor. 7:1.) Ki abitid konsa ki pa pwòp nou ta dwe rejte ?

Men sa apot Pòl te ekri : “ Zèv lachè a parèt klè : se fònikasyon, salte, konduit deregle. ” ​(Gal. 5:19). Fònikasyon se tout aktivite seksyèl moun ki pa marye pratike, kote yo itilize ògàn seksyèl yo. Konduit deregle gen ladan l “ debòch, konduit devègonde, konduit ki san jèn ”. Ni fònikasyon ni konduit deregle se bagay ki pa mache ditou ak sentete Jewova. Kidonk, moun ki kontinye pratike bagay sa yo pa ka vin fè pati kongregasyon kretyen an e yo eskominye moun k ap aji konsa ladan l. Se menm bagay la k ap rive pou moun k ap pratike salte ki chokan, sa vle di “ tout kalite salte avèk vorasite ”. — Efe. 4:19.

Mo “ salte ” a se yon mo ki anglobe plizyè kalite peche. Mo grèk lè yo tradui l ki bay salte a fè referans ak tout kalite bagay ki pa pwòp oswa ki imoral. Se kapab nan konduit yon moun, nan pawòl li oswa si l ta patisipe ak moun ki pa kwayan nan aktivite relijye yo genyen. Li gen rapò tou ak pratik ki sal men ki pa rive nan degre pou yo ta antreprann yon aksyon jidisyè kont moun ki fè yo a *. Men, èske yon moun k ap pratike kalite salte sa yo se yon moun k ap chèche pou l sen ?

Annou sipoze yon kretyen kòmanse ap gade pònografi an kachèt. Tikras pa tikras, dezi ki pa pwòp ap pran pye nan li e sa ap minen desizyon li te pran pou l rete pwòp nan je Jewova a. Petèt konduit li poko rive nan nivo pou yo konsidere l kòm yon salte ki chokan, men kretyen sa a pap yon kretyen ki reflechi sèlman sou ‘ tout bagay ki pwòp, ki gen bon repitasyon, ki se yon bèl kalite e ki merite louwanj ’. (Fil. 4:8.) Pònografi se yon bagay ki sal e an reyalite li kraze relasyon yon moun genyen ak Bondye. Kèlkeswa kalite salte li ta ye a, nou pa dwe menm mansyone yo nan mitan nou. — Efe. 5:3.

Annou pran yon lòt egzanp. Ann konsidere yon kretyen k ap pratike mastibasyon, sètadi k ap manyen ògàn seksyèl li yon fason pou l eksite dezi seksyèl lakay li. Li gendwa fè sa pandan l ap gade pònografi, oswa san li pap gade pònografi. Menmsi mo “ mastibasyon ” an pa parèt nan Bib la, pa gen dout pratik sa a se yon pratik ki sal lespri moun k ap fè l la e ki sal kè l. Èske yon moun k ap pratike yon salte konsa se pa kraze l ap kraze relasyon pèsonèl li genyen avèk Jewova, e èske sa pap fè moun nan vin pa pwòp nan je l ? Apot Pòl te ankouraje nou pou nou “ pirifye tèt nou anba tout salte lachè ak lespri ” e pou nou “ fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak fònikasyon, salte, dezi seksyèl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta ”. Annou pran egzòtasyon sa yo oserye. — 2 Kor. 7:1 ; Kol. 3:5.

Monn sa a Satan ap dirije a tolere konduit deregle, e li menm ankouraje moun pratike sa. Li kapab difisil pou yon moun reziste devan tantasyon li jwenn pou l lage kò l nan yon konduit ki pa pwòp. Men, se pou nou sonje vrè kretyen yo pa dwe “ mache ankò tankou nasyon yo tou ap mache nan eta initil lespri yo ye a ”. (Efe. 4:17.) Se sèlman lè nou pa pratike bagay ki pa pwòp ni an kachèt ni an piblik Jewova ap kite nou kontinye mache nan “ Chemen Sentete a ”.

“ Pap gen okenn lyon nan zòn sa a ”

Pou kèk moun jwenn favè Jewova, Dye ki sen an, sa ka mande pou yo fè yon seri chanjman enpòtan nan konduit yo ak nan pawòl yo. Men sa Izayi 35:9 di : “ Pap gen okenn lyon nan zòn sa a, e bèt rapas ki nan mitan bèt sovaj yo pap monte la ’’, sa vle di li pap monte nan “ Chemen Sentete a ”. Yon fason senbolik, yo konpare moun ki vyolan e ki agresif nan aksyon yo ak nan pawòl yo ak bèt sovaj. Se sèten pap gen plas pou yo nan monn nouvo jis Bondye pral etabli a (Iza. 11:6 ; 65:25). Kidonk, li esansyèl pou moun ki vle jwenn apwobasyon Bondye yo retire aspè nan pèsonalite yo ki fè yo sanble ak bèt e li esansyèl pou yo kontinye mache nan chemen sentete a.

Men egzòtasyon Labib ban nou : “ Se pou nou retire tout rankin malveyan, ni kòlè, ni move san, ni rele sou moun, ni jouman ansanm ak tout mechanste nan nou menm. ” ​(Efe. 4:31). Men sa nou li nan Kolosyen 3:8 : “ Kòlè, ray, mechanste, jouman, gwo mo k ap soti nan bouch nou, se pou nou voye tout bagay sa yo jete lwen nou toutbonvre. ” Nan toule de vèsè sa yo, yo itilize ekspresyon “ jouman ” an. An jeneral, li fè referans ak sa yon moun di pou l ensilte yon lòt moun, pou l imilye l oswa li fè referans ak pawòl blasfèm li di.

Jodi a, li kouran anpil pou moun di pawòl vilgè, pawòl ki blesan, menm anndan lakay yo. Gen moun marye ki pale yon fason ki rèd, ki sovaj oswa ki imilyan youn ak lòt e ak pitit yo. Pa dwe gen kalite langaj sa yo nan fwaye kretyen yo. — 1 Kor. 5:11.

Lè nou chèche gen “ Sentete nan lakrentif pou Bondye ”, se yon benediksyon sa ye !

Ala yon gwo privilèj nou genyen se sèvi Jewova, Bondye ki sen an (Joz. 24:19) ! Paradi espirityèl Jewova mennen nou ladan l lan gen anpil enpòtans. Lè nou kontinye chèche gen yon konduit ki sen nan je Jewova se pi bon fason nou kapab viv.

Talè konsa, pwomès Bondye fè pou latè tounen yon Paradi a pral reyalize (Iza. 35:1, 2, 5-7). Se moun k ap tann sa avèk enpasyans e ki kontinye chèche gen yon konduit ki sen k ap antre ladan l (Iza. 65:17, 21). Kidonk, annou fè tout sa nou kapab pou nou kontinye adore Bondye yon fason ki pwòp e annou kenbe yon relasyon sere avèk li.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Pou w ka wè sa k fè “ salte [...] avèk vorasite ” pa menm ak “ salte ”, gade Toudegad 15 Jiyè 2006 (fransè), paj 29-31.

[Foto nan paj 26]

Ki sa Juif yo te dwe fè pou yo mache nan “ Chemen Sentete a ” ?

[Foto nan paj 27]

Pònografi kraze relasyon yon moun genyen avèk Jewova.

[Foto nan paj 28]

Se pou nou sispann “ rele sou moun ”, e se pou nou sispann joure moun.