Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Travay la

Pwen enteresan ki nan liv Travay la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Travay la

LIV Travay la prezante nou yon istwa konplè sou peryòd kongregasyon kretyen an te etabli e sou fason li te grandi annapre. Se Lik, yon doktè, ki te ekri l. Yon fason vivan, liv sa a rakonte aktivite kretyen yo te genyen pandan anviwon 28 an, soti nan ane 33 epòk nou an pou rive nan ane 61 epòk nou an.

Premye pati liv Travay la pale konsènan aktivite apot Pyè e dènye pati a pale konsènan aktivite apot Pòl. Lik te la lè kèk evènman te pase. Se sa k fè nan ka sa yo, li te itilize pwonon “ nou ” pou l montre sa. Si nou reflechi sou mesaj ki nan liv Travay la, sa ap fè nou plis apresye pouvwa Pawòl Bondye a genyen e sa ap ede nou apresye pisans lespri sen Bondye plis toujou (Ebre 4:12). Sa ap pouse nou tou pou nou gen espri sakrifis e sa ap ranfòse lafwa nou genyen nan esperans Wayòm nan.

PYÈ ITILIZE “ KLE WAYÒM ” YO

(Travay 1:1–11:18)

Apre apot yo te fin resevwa lespri sen, yo te bay yon temwayaj avèk kran. Pyè te itilize premye “ kle wayòm syèl la ” pou l ouvri pòt konesans lan pou Juif ak pwozelit ki “ te aksepte pawòl li ”, pou l te ba yo posiblite antre nan Wayòm nan (Mat. 16:19 ; Tra. 2:5, 41). Yon gwo pèsekisyon te rive bridsoukou, e sa te fè disip yo gaye, men, sa te kontribye pou fè travay predikasyon an etann li.

Lè apot yo nan Jerizalèm te tande moun Samari te aksepte pawòl Bondye a, yo te voye Pyè ak Jan kote yo. Pyè te itilize dezyèm kle a lè l te bay Samariten yo opòtinite pou yo antre nan Wayòm nan (Tra. 8:14-17). Gen yon gwo chanjman ki te fèt nan Sol, moun Tas, petèt nan menm ane apre Jezi te fin resisite a. Nan ane 36 epòk nou an, Pyè te itilize twazyèm kle a, e lè sa a, moun ki pa t sikonsi ki nan nasyon yo te resevwa lespri sen kòm kado gratis. — Tra. 10:45.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:44-47 ; 4:34, 35 — Poukisa gen kwayan ki te vann sa yo te posede e ki te distribye kòb la ? Anpil nan moun ki te vin kwayan yo te soti byen lwen e yo pa t gen ase manje pou yo te pase plis tan Jerizalèm. Sepandan, yo te vle rete pi lontan yon fason pou yo te ka aprann plis bagay toujou sou lafwa yo te fèk genyen an e pou yo te ka bay lòt moun temwayaj. Gen kèk kretyen ki te vann byen yo pou yo te ka ede moun sa yo e yo te distribye kòb la bay moun ki te nan bezwen yo.

4:13 — Èske Pyè ak Jan pa t konn li ak ekri oswa èske yo pa t gen enstriksyon ? Non. Yo te di yo se “ moun ki san enstriksyon, moun òdinè ” paske yo pa t al nan lekòl rabinik yo pou yo te resevwa fòmasyon relijye.

5:34-39 — Ki jan Lik te fè konnen sa Gamalyèl te di nan reyinyon Sanedren an, alòske reyinyon sa a pa t fèt an piblik ? Gen omwen twa posiblite : 1) Pòl, ki te etidyan Gamalyèl anvan, gendwa te di l sa ; 2) Lik gendwa te konsilte yon manm Sanedren an ki te yon senpatizan, tankou Nikodèm ; 3) Lik gendwa te resevwa enfòmasyon sa yo grasa enspirasyon Bondye.

7:59 — Èske Etyèn te priye Jezi ? Non. Yon moun ta dwe adore Jewova Dye sèlman, donk, sa vle di tou, se Jewova sèlman li ta dwe priye (Lik 4:8 ; 6:12). Nan sikonstans nòmal, Etyèn t ap priye Jewova nan non Jezi (Jan 15:16). Sepandan, nan moman sa a, Etyèn te resevwa yon vizyon kote l te wè “ Pitit lòm nan ki kanpe sou bò dwat Bondye ”. (Tra. 7:56.) Piske li te byen konnen Jezi te resevwa pouvwa pou l resisite mò yo, li te pale dirèkteman ak Jezi, men, se pa priye li te priye l. Li te mande l pou l prezève lespri l. — Jan 5:27-29.

Leson pou nou jodi a :

1:8. Travay predikasyon mondyal adoratè Jewova yo ap fè a pa kapab fèt san èd lespri sen.

4:36–5:11. Yo te rele Jozèf, moun peyi Chip, Banabas, yon non ki vle di “ Pitit konsolasyon ”. Petèt apot yo te ba l non Banabas la paske li te montre li gen afeksyon, li te janti e li te konn ede lòt moun. Nou ta dwe menm jan ak li, nou pa ta dwe menm jan ak Anànyas ak Safira ki te gen twonpri nan yo, ki te ipokrit e ki pa t onèt.

9:23-25. Lè nou evite ènmi nou yo yon fason pou nou kontinye preche, sa pa vle di nou lach pou sa.

9:28-30. Si lè nou preche nan yon zòn oswa lè nou preche kèk moun, sa ka mete nou an danje fizikman, moralman oswa espirityèlman. Nou bezwen pridan e nou bezwen chwazi ki kote ak ki lè pou nou preche.

9:31. Nan moman kote sanble gen lapè, nou ta dwe fè efò pou nou fòtifye lafwa nou grasa etid ak meditasyon. Si nou fè sa, sa ap ede nou mache nan krent Jewova etan n ap aplike sa nou aprann e sa ap fè nou zele nan ministè a.

PÒL TE AKONPLI MINISTÈ L AVÈK ZÈL

(Travay 11:19–28:31)

Nan ane 44 epòk nou an, Agabis te vin Antyòch, kote Banabas ak Sol t ap anseye “ pandan yon ane ann antye ”. Agabis te anonse “ yon gwo grangou ”, e sa te fèt dezan annapre (Tra. 11:26-28). Banabas ak Sol te retounen nan vil Antyòch “ apre yo te fini nèt ak sèvis sekou yo te fè nan Jerizalèm nan ”. (Tra. 12:25.) Nan ane 47 epòk nou an, anviwon 12 an apre Sol te fin konvèti, lespri sen te voye Banabas ak Sol fè yon vwayaj misyonè (Tra. 13:1-4). Nan ane 48, yo retounen Antyòch, “ kote yo te lage yo sou kont bonte Bondye moun pa merite a ”. — Tra. 14:26.

Anviwon nèf mwa apre, Pòl (yo te rele Sol tou) te chwazi Silas kòm konpayon l e li te fè dezyèm vwayaj misyonè l (Tra. 15:40). Timote ak Lik te vin akonpaye l pandan vwayaj la. Lik te rete Filip pandan Pòl te kontinye pou rive Atèn. Apre sa, Pòl t al Korent kote li rankontre Akila ak Prisil e kote li te pase ennan simwa (Tra. 18:11). Nan kòmansman ane 52 epòk nou an, apre Pòl fin kite Timote ak Silas Korent, li pran Akila ak Prisil epi li pati ansanm avèk yo pou l al nan peyi Siri (Tra. 18:18). Akila ak Prisil te akonpaye l rive jis nan vil Efèz e yo te rete la.

Apre Pòl te fin pase kèk tan nan vil Antyòch, nan peyi Siri, nan ane 52 epòk nou an, li anbake pou twazyèm vwayaj misyonè l (Tra. 18:23). Nan vil Efèz, “ pawòl Jewova a te kontinye etann li e se li ki te gen plis fòs ”. (Tra. 19:20.) Pòl te pase apeprè twazan la (Tra. 20:31). Nan zòn Pannkòt ane 56 epòk nou an, Pòl te Jerizalèm. Apre yo te fin arete l, li te bay yon temwayaj avèk kran devan otorite yo. Nan vil Wòm, yo te mete apot la nan rezidans siveye pandan dezan (59-61 epòk nou an), e toutpandan l la, li te jwenn fason pou l preche konsènan Wayòm nan e li te anseye “ bagay ki gen rapò ak Jezi Kris, Seyè a ”. — Tra. 28:30, 31.

Kesyon biblik ak tout repons :

14:8-13 — Poukisa moun nan vil Lis yo te rele “ Banabas Zes, men yo te rele Pòl Èmès ” ? Nan lejann grèk la, Zes se te dye k ap dirije lòt dye yo e Èmès se te pitit li. Dapre yo menm, Èmès te konn pale byen. Lefètke se Pòl ki te plis pale, moun nan vil Lis yo te rele l Èmès e yo te rele Banabas Zes.

16:6, 7 — Poukisa lespri sen te entèdi Pòl ak konpayon l yo preche nan distri Azi ak nan Bitini ? Pa t gen anpil ouvriye nan travay la. Donk, lespri sen te dirije yo pou y al nan tèritwa k ap plis pwodui fwi.

18:12-17 — Poukisa gouvènè Galyon pa t entèvni lè kèk moun ki t ap gade te pran bat Sostèn ? Petèt Galyon te panse Sostèn, ki sanble te alatèt foul moun ki te kanpe kont Pòl la, te jwenn sa l merite. Sepandan, evènman sa a ki te rive a te bay yon bon rezilta paske li te fè Sostèn vin konvèti nan krisyanis la. Annapre, Pòl te pale de Sostèn kòm “ frè nou ”. — 1 Kor. 1:1.

18:18 — Ki ve Pòl te fè ? Gen biblis ki fè konnen Pòl te fè yon ve nazireya (Nonb 6:1-21). Men, Labib pa di ki ve Pòl te fè. Anplis, Ekriti yo pa di si Pòl te fè ve sa a anvan l te konvèti oswa apre, ni yo pa di si l te fèk fè l oswa si se akonpli li t ap fin akonpli ve a. Kèlkeswa sa k te pase a, fè yon ve konsa pa t yon peche.

Leson pou nou jodi a :

12:5-11. Nou kapab priye pou frè nou yo e nou dwe fè sa.

12:21-23 ; 14:14-18. Ewòd te aksepte san pwoblèm pou moun ba l glwa yo te dwe bay Bondye. Atitid sa a vrèman diferan ak atitid Pòl ak Banabas te demontre lè yo te rejte imedyatman e avèk fòs glwa ak onè ki pa t kòrèk moun te vle ba yo. Nou pa ta dwe chèche laglwa pou okenn bagay nou ta fè nan sèvis Jewova.

14:5-7. Lè nou montre nou pridan, sa kapab fè nou rete aktif nan sèvis la. — Mat. 10:23.

14:22. Kretyen yo atann y ap jwenn tribilasyon. Yo pa fè konpwomi ak lafwa yo yon fason pou yo kouri pou tribilasyon sa yo. — 2 Tim. 3:12.

16:1, 2. Jèn kretyen yo ta dwe travay di nan sèvis y ap bay Bondye nan kongregasyon an e yo ta dwe chèche èd Jewova yon fason pou yo ka gen yon bon repitasyon.

16:3. Nou ta dwe fè tout sa nou kapab ann amoni ak prensip ki nan Ekriti yo pou nou ede lòt moun aksepte bon nouvèl la. — 1 Kor. 9:19-23.

20:20, 21. Predikasyon kay an kay la se yon aspè enpòtan nan ministè nou.

20:24 ; 21:13. Li pi enpòtan pou nou rete fidèl devan Bondye pase pou nou chèche sove lavi nou.

21:21-26. Nou ta dwe dispoze aksepte bon konsèy.

25:8-12. Kretyen yo kapab sèvi ak dispozisyon lalwa met anplas pou yo ‘ defann bon nouvèl la e pou yo fè yo rekonèt li devan lajistis ’ e yo ta dwe fè sa. — Fil. 1:7.

26:24, 25. Nou dwe anonse “ pawòl verite ak pawòl ki gen bon sans ”, menmsi yo se sotiz pou “ yon moun fizik ”. — 1 Kor. 2:14.

[Foto nan paj 30]

Ki lè Pyè te itilize “ kle wayòm ” yo ?

[Foto nan paj 31]

Travay predikasyon mondyal la pa t ap ka fèt san èd lespri sen.