Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou w chwazi sèvi Jewova pandan w jèn

Se pou w chwazi sèvi Jewova pandan w jèn

Se pou w chwazi sèvi Jewova pandan w jèn

“ Kontinye nan bagay ou te aprann yo, bagay yo te konvenk ou pou w kwè yo. ” — 2 TIM. 3:14.

1. Ki jan Jewova konsidere sèvis jèn Temwen l yo ap ba li ?

SÈVIS sakre jèn yo ap bay Jewova a gen anpil enpòtans nan je l. Li tèlman gen enpòtans nan je l, li te enspire yon pwofesi konsènan jèn yo. Men sa salmis la di : “ Pèp ou a ap ofri tèt li volontèman nan jou fòs militè w. Nan bote sentete a, depi nan matris douvanjou, ou gen gwoup jènjan w yo tankou gout lawouze. ” ​(Sòm 110:3). Vrèman, Jewova gen anpil estim pou jèn ki vle sèvi l yo.

2. Ki presyon jèn yo ap sibi anrapò ak avni yo ?

2 Si w se yon jèn nan kongregasyon kretyen an, èske w vwe tèt ou bay Jewova ? Gen anpil jèn ki ka twouve li difisil pou yo chwazi sèvi vrè Dye a. Gwo biznismann yo, edikatè yo, pafwa manm fanmi ak zanmi jèn yo konn ankouraje yo pou yo pousuiv objektif materyèl. Lè jèn yo pousuiv objektif espirityèl, souvan monn nan kritike yo. Men, yon bagay ki sèten, sèke sèvi vrè Dye a se pi bon bagay ou ka fè nan lavi w (Sòm 27:4). Nan sans sa a, annou konsidere twa kesyon : Poukisa w ta dwe sèvi Bondye ? Ki jan w ka reyisi antanke moun ki vwe lavi w bay Bondye malgre sa lòt moun ka di w oubyen malgre sa yo ka fè w ? Ki bèl opòtinite w genyen devan w nan sèvis sakre a ?

Sèvi Jewova se pi bon bagay ou ka fè

3. Ki efè sa Jewova kreye yo ta dwe gen sou nou ?

3 Poukisa w ta dwe sèvi vrè Dye a, Bondye vivan an ? Nou jwenn rezon prensipal la nan Revelasyon 4:11. Men sa l di : “ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa glwa, ak onè ak pisans, paske ou te kreye tout bagay, e akoz volonte w yo egziste, e yo te kreye. ” Se Jewova ki kreye tout sa ki egziste. Se pa ti bèl tè a bèl ! Pyebwa yo, flè yo, bèt yo, lanmè a, mòn yo ak chit dlo yo, se Jewova ki fè tout. Men sa nou li nan Sòm 104:24 : “ Tè a chaje ak sa [Bondye] pwodui. ” Se pa ti rekonesan nou ta dwe rekonesan anvè Jewova dèske avèk amou li ban nou yon kò ak yon sèvo ki pèmèt nou jwi tè a ak bon bagay ki gen sou li ! Èske rekonesans sensè nou gen pou li pou bagay estrawòdinè sa yo li kreye pa fè nou gen dezi pou nou sèvi l ?

4, 5. Ki aksyon Jewova te fè ki te fè Jozye vin pi pwòch avè l ?

4 Nou jwenn yon lòt rezon pou nou sèvi Jewova nan pawòl Jozye yo, yon moun ki t ap kondui pèp Izrayèl la. Jozye pa t lwen mouri lè l te di pèp Bondye a : “ Nou byen konnen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. ” Sa k fè Jozye te ka di sa ? — Joz. 23:14.

5 Sandout, lè Jozye te yon timoun ki t ap grandi ann Ejip, li te konnen pwomès Jewova te fè pou l bay Izrayelit yo yon peyi (Jen. 12:7 ; 50:24, 25 ; Egz. 3:8). Apre sa, Jozye te wè jan Jewova te kòmanse reyalize pwomès sa a lè l te lage dis flewo sou Ejip pou l te fòse Farawon, yon nonm ki tèti, kite pitit Izrayèl yo ale. Jozye te pami moun ki te travèse lanmè Wouj la, e apre sa, ki te wè lè lanmè sa a fèmen sou Farawon ak lame l la. Pandan yon gwo vwayaj nan dezè Sinayi, Jozye te wè ki jan Jewova te fè Izrayelit yo jwenn tout sa yo te bezwen. Grangou ak swaf pa t touye menm yon moun (Det. 8:3-5, 14-16 ; Joz. 24:5-7). Lè lè a te rive pou Izrayelit yo venk nasyon kananeyen yo ki te pisan e pou yo pran latè pwomiz, Jozye te wè ki jan Bondye te ede yo, Bondye li menm ak lòt Izrayelit yo t ap adore a. — Joz. 10:14, 42.

6. Ki sa k ap ede w gen dezi pou w sèvi Bondye ?

6 Jozye te konnen Jewova te kenbe pwomès li yo. Se sa k fè li te di : “ Kanta pou mwen menm ak moun lakay mwen, n ap sèvi Jewova. ” ​(Joz. 24:15). E ou menm ? Lè w panse a pwomès vrè Dye a deja reyalize e pwomès li gen pou l reyalize yo, èske w pa anvi sèvi l menm jan ak Jozye ?

7. Poukisa batèm se yon etap enpòtan pou yon moun franchi ?

7 Lè nou reflechi seryezman sou sa Jewova kreye e lè nou panse a pwomès estrawòdinè li fè, yon seri pwomès nou ka fè konfyans, sa ta dwe pouse nou nonsèlman pou nou vwe tèt nou ba li, men tou, pou nou senbolize ve sa a pa mwayen batèm nan dlo. Batèm se yon etap enpòtan tout moun ki vle sèvi Bondye ta dwe franchi. Jezi Kris, Modèl nou an, te montre sa aklè. Yon ti tan anvan l te kòmanse travay li antanke Mesi, li t al jwenn Jan Batis pou l te batize l. Poukisa Jezi te fè pa sa a ? Men sa l te di annapre : “ Mwen desann sot nan syèl la pou m vin fè, non pa volonte pa m, men volonte moun ki voye m nan. ” ​(Jan 6:38). Jezi te batize pou l montre li te prezante tèt li pou l fè volonte Papa l. — Mat. 3:13-17.

8. Poukisa Timote te chwazi adore Bondye, e ki sa ou menm ou ka bezwen fè ?

8 Annou konsidere egzanp Timote tou, yon jèn kretyen Jewova te bay anpil travay ak anpil privilèj avèk letan. Poukisa Timote te deside sèvi vrè Dye a ? Labib fè nou konnen te gen ‘ bagay li te aprann, yo te konvenk li pou l kwè ’. (2 Tim. 3:14.) Si w te etidye Pawòl Bondye a e si yo te konvenk ou pou w kwè sa l anseye yo se laverite, ou nan yon sitiyasyon ki sanble ak pa Timote a. Kounye a, ou bezwen pran yon desizyon. Sa w panse si w pale ak paran w konsènan sa w anvi fè ? Yo menm ansanm ak ansyen yo ka ede w konprann sa w bezwen fè selon Ekriti yo pou w batize. — Li Travay 8:12.

9. Ki efè batèm ou ka gen sou lòt moun ?

9 Si w batize, se ap yon bon kòmansman pou w sèvi vrè Dye a. Lè w fè pa sa a, se antre w antre nan yon kous ki long, e rekonpans w ap resevwa pou sa, se lavi etènèl ak lajwa w ap jwenn depi kounye a dèske w ap fè volonte Jewova (Ebre 12:2, 3). W ap fè kè manm fanmi w ki deja nan kous la kontan e w ap fè kè zanmi w ki nan kongregasyon kretyen an kontan tou. Sa k pi enpòtan an, sèke w ap fè kè Jewova kontan. (Li Pwovèb 23:15.) Se vre, lòt moun ka pa konprann pou ki rezon w chwazi adore Jewova e yo ka menm panse se pa yon bon desizyon. Genyen menm ki ka opoze avè w. Men, ou ka fè fas ak pwoblèm sa yo e ou ka reyisi.

Lè moun pa dakò avè w oswa yo opoze avè w

10, 11. a) Ki kesyon moun yo ka poze w konsènan desizyon w pran pou w sèvi Bondye ? b) Ki sa w ka aprann nan fason Jezi te reponn kesyon ki te gen rapò ak vrè adorasyon an ?

10 Desizyon w pran pou w sèvi Jewova ka fè kamarad lekòl ou, vwazen w ak fanmi w sezi. Yo ka mande w poukisa w chwazi suiv chemen sa a e yo ka poze w kesyon konsènan kwayans ou. Ki repons ou ka ba yo ? Natirèlman, ou dwe analize fason w panse e ou dwe reflechi sou sa w santi, yon fason pou w ka esplike rezon ki fè w fè chwa sa a. E lè w ap reponn kesyon ki gen rapò ak kwayans ou, pa gen pi bon egzanp pou w suiv pase egzanp Jezi.

11 Lè chèf relijye juif yo te poze Jezi kesyon konsènan rezirèksyon an, li te atire atansyon yo sou yon vèsè yo pa t pran an konsiderasyon (Egz. 3:6 ; Mat. 22:23, 31-33). Lè yon eskrib te mande l ki kòmandman ki pi gwo kòmandman an, Jezi te sèvi ak vèsè ki apwopriye pou l reponn li. Mesye sa a te kontan repons Jezi te ba l la (Lev. 19:18 ; Det. 6:5 ; Mak 12:28-34). Fason Jezi te sèvi ak Ekriti yo e fason li te pale te lakòz “ vin gen yon divizyon konsènan li menm nan foul la ”, e moun ki te opoze avè l yo pa t ka fè l anyen ki mal (Jan 7:32-46). Lè w ap reponn kesyon yo poze w sou kwayans ou, sèvi ak Labib epi reponn “ ak dousè e ak gwo respè ”. (1 Pyè 3:15.) Si w pa ka reponn yon kesyon, admèt sa e ofri moun nan pou w fè rechèch pou li. Apre sa, ou ka sèvi ak Index des publications de la Société Watch Tower oswa Watchtower Library sou CD-ROM si l disponib nan lang ou pale a pou w fè rechèch sou sijè a. Si w byen prepare, w ap ‘ konnen jan w dwe reponn chak moun ’. — Kol. 4:6.

12. Poukisa w pa ta dwe kite pèsekisyon dekouraje w ?

12 Moun gendwa fè plis pase annik poze w kesyon konsènan desizyon w pran pou w sèvi Bondye e konsènan kwayans ou. Dayè se Satan Ledyab, ènmi Bondye a, k ap dirije monn nan. (Li 1 Jan 5:19.) Li pa t ap reyalis pou w panse tout moun ap felisite w oswa tout moun ap dakò avè w. Ou ka menm fè fas ak opozisyon. Gen kèk moun ki ka ‘ pale w mal ’ e yo ka kontinye ap fè sa (1 Pyè 4:4). Men sonje sa, se pa ou menm sèl sa ka rive. Jezi Kris te sibi pèsekisyon. Apot Pyè tou te sibi pèsekisyon, e men sa l ekri : “ Byenneme, nou pa bezwen boulvèse poutèt dife [soufrans] ki nan mitan nou an, ki vin sou nou pou pase nou anba eprèv, kòmsi se yon bagay etranj ki rive nou. Okontrè, se pou nou toujou rejwi piske n ap patisipe nan soufrans Kris yo. ” — 1 Pyè 4:12, 13.

13. Poukisa kretyen yo kapab rejwi lè yo jwenn pèsekisyon ?

13 Antanke kretyen, lè w andire pèsekisyon oswa opozisyon, se yon rezon pou w rejwi. Poukisa ? Se paske si w ta gen apwobasyon monn nan, sa t ap endike w ap viv ann amoni ak prensip Satan, e non pa ann amoni ak prensip Bondye yo. Men avètisman Jezi te bay : “ Malè pou nou lè tout moun pale an byen de nou, paske se menm jan an zansèt moun sa yo te konn fè pou fo pwofèt yo. ” ​(Lik 6:26). Pèsekisyon w jwenn yo montre Satan ak monn li an an kòlè poutèt w ap sèvi Jewova. (Li Matye 5:11, 12.) E lè “ yo fè nou sibi move tretman pou non Kris ”, se yon bagay ki dwe fè nou rejwi. — 1 Pyè 4:14.

14. Ki bon rezilta yon moun ka jwenn lè l ret fidèl ak Jewova malgre l jwenn pèsekisyon ?

14 Lè w ret fidèl ak Jewova malgre lòt moun opoze avè w, sa bay omwen kat bon rezilta. Ou bay yon temwayaj pou Bondye e pou Pitit li a. Lè w andire fidèlman, sa ankouraje frè ak sè w yo nan lafwa. Gen kèk moun k ap gade w ki pa konnen Jewova ki ka vin anvi chèche konnen l. (Li Filipyen 1:12-14.) E plis ou santi fason Jewova ba w fòs pou w andire eprèv yo, se plis lanmou w gen pou li ap ogmante.

“ Gen yon gwo pòt ” ki ouvri devan w

15. Ki “ gwo pòt ” ki te ouvri devan apot Pòl ?

15 Men sa apot Pòl te di anrapò ak ministè l nan vil Efèz : “ Gen yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ki ouvri pou mwen, men gen anpil opozan. ” ​(1 Kor. 16:8, 9). Se te yon pòt ki mennen nan anpil aktivite nan travay predikasyon bon nouvèl la ak travay fè disip la nan vil sa a. Lefètke Pòl te rantre nan pòt sa a, li te ede anpil moun pou yo aprann konn Jewova e pou yo vin adore l.

16. Ki jan rès wen an te pase nan “ yon pòt tou louvri ” an 1919 ?

16 An 1919, Jezi Kris ki te glorifye te mete “ yon pòt tou louvri ” devan rès wen an (Rev. 3:8). Yo te pase nan pòt sa a e yo te kòmanse preche bon nouvèl la e yo te anseye verite ki nan Bib la avèk plis zèl pase anvan. Ki rezilta ministè yo a bay ? Kounye a, bon nouvèl la rive jis nan dènye bout tè a, e gen anviwon sèt milyon moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a.

17. Ki jan w ka rantre nan “ yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ” ?

17 Jis kounye a, gen “ yon gwo pòt ki mennen nan aktivite ” ki ouvri devan tout sèvitè Jewova yo. Moun ki rantre ladan l yo jwenn lajwa ak satisfaksyon piske yo patisipe plis nan preche bon nouvèl la. Ou menm jèn k ap sèvi Jewova, nan ki pwen ou valorize kokenn privilèj ou genyen pou w ede lòt moun “ gen lafwa nan bon nouvèl la ” ? (Mak 1:14, 15.) Èske w te janm anvizaje sèvi kòm pyonye pèmanan oswa kòm pyonye oksilyè ? Gen lòt opòtinite ki kapab prezante devan anpil nan nou tankou travay nan konstriksyon Sal Wayòm, sèvis nan Betèl ak sèvis misyonè. Piske monn mechan Satan an prèske rive nan bout li, de jou an jou li vin pi ijan pou nou antre nan fòm sèvis sa yo. Èske w ap rantre nan “ gwo pòt ” sa a pandan gen tan pou sa toujou ?

“ Goute e n a wè jan Jewova bon ”

18, 19. a) Ki sa k te ede David gen yon gwo dezi pou l sèvi Jewova ? b) Ki sa k montre David pa t janm regrèt lefètke l t ap sèvi Bondye ?

18 “ Goute e n a wè jan Jewova bon. ” Se envitasyon sa a yon salmis ki te enspire te fè (Sòm 34:8). Lè David, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, te yon gadyen mouton etan l te timoun, Jewova te pwoteje l lè bèt fewòs te atake l. Bondye te soutni l nan konba li te fè avèk Golyat e li te sove l anba yon seri lòt kalamite (1 Sam. 17:32-51 ; Sòm 18, nòt ki ekri anlè l la). Bonte ki gran e ki plen lanmou Bondye genyen an te pouse David pou l ekri pawòl sa yo : “ Ou menm, ou fè anpil bagay, o Jewova Bondye mwen an, wi, travay estrawòdinè w yo ak panse ou genyen pou nou yo. Nanpwen pèsonn ki ka konpare avè w. ” — Sòm 40:5.

19 David te vin renmen Bondye anpil e li te vle louwe l ak tout kè l e ak tout lespri l. (Li Sòm 40:8-10.) Tank ane t ap pase, David pa t janm regrèt li te kontinye ap adore vrè Dye a. Sa k te pi enpòtan pou li se te rete atache ak Bondye, e se sa k te ba l plis kè kontan. Etan David te granmoun anpil, li te di : “ Se ou menm ki espwa m, o Souvren Seyè Jewova, konfyans mwen depi lè m te jèn. E menm jiskaske m vyeyi e cheve m gri, o Bondye, pa kite m. ” ​(Sòm 71:5, 18). Konfyans David te gen nan Jewova te grandi e amitye l te gen avè l te vin pi sere, menm lè fòs fizik li te bese.

20. Poukisa sèvi Bondye se pi bon fason w ka itilize lavi w ?

20 Lavi Jozye, David ak Timote demontre sèvi Jewova se pi bon fason w ka itilize lavi w. Avantaj materyèl ou ka jwenn pou yon tan nan yon karyè nan monn sa a pa ka parèt devan tout byenfè w ap jwenn, byenfè ki dirab, lè w ‘ sèvi Jewova ak tout kè w e ak tout nanm ou ’. (Joz. 22:5.) Si w poko vwe lavi w bay Jewova nan lapriyè, mande tèt ou : ‘ Ki sa k anpeche m vin Temwen Jewova ? ’ Si w deja yon adoratè Jewova ki batize, èske w ta renmen gen plis jwa nan lavi w ? Si w ta renmen sa, ebyen, fè plis nan ministè w, epi kontinye fè pwogrè espirityèl. Atik ki vin apre a pral montre w ki jan w ka grandi nan domèn espirityèl lè w suiv egzanp apot Pòl.

Ki repons nou ta bay ?

• Bay de rezon ki fè nou ta dwe sèvi Bondye.

• Ki sa k te ede Timote pran desizyon pou l sèvi Bondye ?

• Poukisa w ta dwe rete fèm menm lè w jwenn pèsekisyon ?

• Ki opòtinite ki kapab prezante devan w nan sèvis la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Sèvi Jewova se pi bon fason ou ka viv.

[Foto nan paj 19]

Si yo poze w kesyon konsènan lafwa w, èske w ap ka reponn ?