Èske Jezi te vle pale de yon lanfè dife ?
Èske Jezi te vle pale de yon lanfè dife ?
GEN kèk moun ki kwè nan lanfè ki lonje dwèt sou pawòl Jezi te di nou jwenn nan Mak 9:48 (oswa nan vèsè 44 ak vèsè 46). Li te pale de vè ki pa mouri ak yon dife ki pa etenn. Ki jan w t ap reponn si yon moun ta poze w kesyon sou mo sa yo ?
Selon tradiksyon Bib moun ki poze nou kesyon an genyen, li kapab li swa vèsè 44 swa vèsè 46, oubyen vèsè 48, paske gen kèk vèsyon Labib ki di apeprè menm bagay nan toule twa vèsè sa yo *. Men sa Traduction du monde nouveau a di : “ Si je w fè w trebiche, voye l jete. Li pi bon pou ou pou w antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl je pase pou yo lage w nan jeyèn nan ak de je, kote vè yo genyen yo pa mouri e kote dife a pa etenn. ” — Mak 9:47, 48.
Antouka, gen kèk moun ki panse sa Jezi te di a montre lè moun ki mechan yo mouri, nanm yo al nan touman pou toutan. Pa egzanp, men sa nou jwenn nan yon kòmantè yo fè nan yon Bib espayòl (Sagrada Biblia) ki sot nan inivèsite Nava (Navarre) : “ Seyè nou an itilize pawòl sa yo pou l pale de touman ki gen nan lanfè. Souvan, yo fè konnen ‘ vè ki pa mouri yo ’ reprezante remò moun ki nan lanfè yo genyen, yon remò k ap dire pou letènite e ‘ dife ki pa etenn nan ’ reprezante doulè moun sa yo santi. ”
Men, annou konpare pawòl Jezi te di yo ak dènye vèsè ki nan pwofesi Izayi a *. Èske sa pa klè Jezi t ap fè referans ak vèsè ki nan Izayi 66 la ? Nan liv sa a, sanble pwofèt la t ap pale de soti “ Jerizalèm pou al nan vale Inòm (jeyèn) ki antoure vil sa a, kote yo te konn fè sakrifis moun (Jer. 7:31) e kote moun nan vil la te konn jete fatra ”. (The Jerome Biblical Commentary.) Li klè, nan langaj senbolik ki gen nan Izayi 66:24 la, yo pap pale de moun y ap tòtire, men y ap pale de kadav moun. Sa yo di ki pa janm mouri a se vè yo, se pa moun ki vivan oswa nanm ki imòtèl. Men, ki sa Jezi te vle di ?
Gade ki kòmantè yon ouvraj katolik fè sou Mak 9:48 : “ Pati sa a soti nan Izayi (66,24). La a, pwofèt la montre de fason kadav yo te sibi destriksyon nòmalman : yo te pouri oubyen yo te boule yo [...]. Lefètke yo pale de vè epi tousuit apre sa yo pale de dife, sa ranfòse ide destriksyon an [...]. Yo dekri toule de bagay ki lakòz destriksyon yo kòm bagay ki pèmanan (‘ ki pap mouri, ki pap etenn ’). Donk, pa gen okenn mwayen pou yon moun chape anba yo. Nan imaj sa a, sèl sa k pa detwi se vè yo ak dife a, se pa moun. E yo toule de ap detwi kèlkeswa sa k pase anba men yo. Donk, sa yo di nan vèsè sa yo pa gen rapò ak yon touman etènèl, men li gen rapò ak yon destriksyon total. E piske destriksyon sa a pa pèmèt yon moun jwenn rezirèksyon, li tou egal ak yon lanmò etènèl. Konsa, [dife a] senbolize destriksyon total. ” — El evangelio de Marcos. Análisis lingüístico y comentario exegético, Volim II.
Yon moun ki konnen vrè Dye a se yon Dye ki plen lanmou e ki jis ta dwe kapab wè li toutafè rezonab pou yon moun konprann sa Jezi te di a fason sa a. Li pa t vle di moun ki mechan yo pral nan touman etènèl. Depreferans, yo ka jwenn destriksyon etènèl k ap fè yo pa janm resisite.
[Nòt anba paj]
^ § 3 Maniskri Labib ki pi fyab yo pa mete vèsè 44 ak vèsè 46 la. Biblis yo rekonèt sanble se annapre yo te ajoute yo. Men sa pwofesè Archibald T. Robertson ekri : “ Maniskri ki pi ansyen yo e ki pi egzak yo pa mete de vèsè sa yo. Yo soti nan gwoup maniskri ki soti nan lwès yo ak nan sa k soti nan peyi Siri yo (Bizans). Vèsè sa yo di menm bagay ak vèsè 48 la. Pakonsekan, nou pa mete vèsè 44 ak vèsè 46 la nan tradiksyon pa nou an paske yo pa t la vre. ”
^ § 5 “ Y ap soti e y ap gade kadav moun ki t ap peche kont mwen yo. Paske vè ki sou yo pap mouri e dife ki sou yo pap etenn, e y ap bay tout moun kè plen. ” — Iza. 66:24.