Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w pare pou w defann lafwa w ?

Èske w pare pou w defann lafwa w ?

Èske w pare pou w defann lafwa w ?

ÈSKE w te janm nan yon sitiyasyon kote w te santi w oblije defann lafwa w ? Annou wè sa k te rive Susana, yon sè ki gen 16 an k ap viv nan peyi Paragwe. Nan yon kou li te genyen nan lekòl li, yo te di Temwen Jewova pa aksepte “ Ansyen Testaman an ”, yo pa kwè ni nan Jezi Kris ni nan Mari. Yo te di tou Temwen yo se yon seri fanatik ki pito mouri pase yo aksepte swen medikal. Ki jan w t ap reyaji nan yon sitiyasyon konsa ?

Susana te priye Jewova epi l te leve men l pou l mande lapawòl. Piske lè kou a te prèske fini, li te mande pwofesè a pèmisyon pou l fè yon ekspoze sou kwayans li antanke Temwen Jewova. Pwofesè a te aksepte san pwoblèm. Pandan de semèn ki te vin apre yo, Susana te prepare l pou ekspoze a. Li te sèvi ak bwochi Temwen Jewova : Kilès yo ye ? Nan ki sa yo kwè ?

Lè jou ekspoze a te rive, Susana te esplike ki kote non Temwen Jewova a soti. Anplis, li te bay esplikasyon sou espwa nou genyen pou lavni e li te esplike ki rezon ki fè nou pa aksepte transfizyon san. Apre sa, li te envite tout klas la poze l kesyon. Pifò elèv yo te leve men yo. Pwofesè a te sezi wè jan jèn fi sa a te sèvi ak Ekriti yo pou l reponn kesyon yo te poze l yo.

Gen yon elèv ki te di : “ Yon fwa, mwen t al nan yon Sal Wayòm, men pa t menm gen yon imaj ladan l. ” Pwofesè a te vle konnen pou ki rezon. Lè sa a, Susana li Sòm 115:4-8 ak Egzòd 20:4 pou yo. Pwofesè a te sezi, e li te di : “ Kòman fè gen tout imaj sa yo nan legliz nou yo alòske Labib kondane sa ? ”

Susana te fè yon diskisyon sou fòm kesyon repons avèk yo ki te dire 40 minit. Lè Susana te mande klas la si yo vle gade kasèt Pas de sang : la médecine relève le défi a, tout moun te di wi. Donk, pwofesè a te aranje yon lòt sesyon pou demen. Apre yo te fin gade kasèt la, Susana te esplike lòt tretman medikal kèk Temwen Jewova aksepte kote yo pa itilize san. Konsènan tretman sa yo, men sa pwofesè a te di : “ Mwen pa t konnen te gen tout tretman sa yo kote yo pa itilize san. Ni mwen pa t konnen avantaj ki genyen ladan yo. Èske tretman sa yo se pou Temwen Jewova sèlman ? ” Lè l te aprann se pou nenpòt moun yo ye, li di : “ Pwochèn fwa Temwen Jewova yo vin frape nan pòt lakay mwen, m ap pale avèk yo. ”

Ekspoze sa a Susana te prevwa ki t ap dire 20 minit la te dire twazèdtan. Yon semèn apre sa, gen lòt elèv ki te fè ekspoze tou sou kwayans yo antanke manm legliz. Nan fen ekspoze yo a, yo te poze yo anpil kesyon, men yo pa t kapab defann lafwa yo. Sa te fè pwofesè a mande yo : “ Kòman fè nou pa ka defann lafwa nou menm jan ak kamarad nou an ki Temwen Jewova a ? ”

Men repons yo te bay : “ Yo menm yo etidye Labib toutbonvre. Nou menm nou pa fè sa. ”

Pwofesè a vire gade Susana, epi li di : “ Ou etidye Labib toutbonvre e w fè efò pou w aplike sa l di. Ou merite felisitasyon. ”

Susana te ka pe bouch li, li te ka pa di anyen. Men, lefètke l te pale pou l korije kòmantè ki te fèt la, li te suiv egzanp yon tifi izrayelit yo pa bay non l Siryen yo te pran kòm esklav. Tifi sa a te vin ap travay lakay Naamàn, jeneral lame Siryen yo, ki te gen yon vye maladi po. Tifi izrayelit la te di metrès li : “ Si sèlman seyè m nan te devan pwofèt ki nan Samari a ! Lè sa a pwofèt la t ap delivre l anba maladi lèp li a. ” Tifi a pa t ka rete san l pa bay temwayaj konsènan vrè Dye a. Sa te pèmèt Naamàn, mèt li a, vin yon sèvitè Jewova. — 2 Wa 5:3, 17.

Menm jan an tou, Susana pa t ka rete san l pa bay temwayaj konsènan Jewova e konsènan pèp li a. Lefètke li te pran inisyativ pou l defann lafwa l lè yo te kritike kwayans li yo, li te obeyi lòd sa a ki nan Ekriti yo ki di : “ Sangtifye Kris nan kè nou kòm Seyè. Se pou nou toujou pare pou n defann nou chak fwa yon moun mande nou rezon ki fè nou gen espwa ki nan nou an. Men, se pou nou fè sa ak dousè e ak gwo respè. ” ​(1 Pyè 3:15). Èske w pare pou w defann lafwa w e èske w ap pran inisyativ fè sa lè okazyon an prezante ?

[Foto nan paj 17]

Zouti sa yo ka ede w defann lafwa w :