Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou soumèt anba otorite Jewova

Annou soumèt anba otorite Jewova

Annou soumèt anba otorite Jewova

“ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou. ” — 1 JAN 5:3.

1, 2. a) Poukisa anpil moun jodi a pa ka sipòte zafè soumèt anba otorite a ? b) Èske moun ki pa vle konfòme yo endepandan toutbonvre ? Esplike.

“ OTORITE ” se pa yon mo moun renmen tande jodi a. Gen anpil moun ki pa sipòte zafè soumèt anba volonte yon lòt moun nan. Moun ki pa vle soumèt yo anba otorite lòt moun aji kòmsi yo te di : “ Se pa lòt moun ki pou di m sa pou m fè. ” Men, èske moun sa yo endepandan toutbonvre ? Non. Pifò nan yo se suiv yo suiv yon pakèt lòt moun ki ‘ konfòme yo selon sistèm sa a ’. (Wom. 12:2.) Olye yo endepandan, se “ esklav koripsyon ” yo ye pito (2 Pyè 2:19). Yo mache “ selon sistèm monn sa a, selon chèf otorite lè a ”, Satan Ledyab. — Efe. 2:2.

2 Men sa yon moun te ekri avèk ògèy : “ Mwen pa bay ni paran m ni okenn prèt ni okenn minis relijye [...] ni Labib pouvwa pou yo deside sa k bon pou mwen. ” Se vre, gen moun ki mal sèvi ak otorite yo genyen, e yo gendwa pa merite obeyisans nou. Men, èske solisyon an se annik rejte kèlkeswa otorite a ? Si nou fè yon koudèy nan gran tit jounal yo, n ap jwenn yon repons tris. Sa tris anpil pou nou wè pifò moun pa vle soumèt anba otorite ditou alòske n ap viv nan yon moman kote lèzòm vrèman bezwen direksyon.

Pwennvi nou sou kesyon otorite a

3. Ki jan kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te montre yo pa t annik fèmen je yo epi soumèt anba otorite lèzòm ?

3 Antanke kretyen, nou pa panse menm jan ak monn nan. Men, sa pa vle di nou annik fèmen je nou epi nou suiv tout sa yo di nou fè. Okontrè, pafwa nou dwe refize soumèt nou ak sa lòt moun vle nou fè menm lè yo nan pozisyon otorite. Se pwennvi sa a kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te genyen tou. Pa egzanp, lè yo te bay apot yo lòd pou yo sispann preche, laperèz pa t fè yo annik soumèt yo devan gran prèt la oubyen devan lòt otorite ki te fè pati Sanedren an. Yo pa t sispann fè sa ki byen pou yo te soumèt anba otorite lèzòm. — Li Travay 5:27-29.

4. Ki egzanp nou jwenn nan Ekriti ebrayik yo ki montre gen anpil nan sèvitè Bondye yo ki te aji yon fason ki te diferan ak sa lòt moun t ap fè ?

4 Gen anpil sèvitè Bondye ki te viv anvan Jezi ki te montre yo gen menm pwennvi a. Pa egzanp, Moyiz “ te refize pou yo rele l pitit pitit fi Farawon. Li te pito chwazi pou yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a ” menmsi lè l te aji konsa sa te fè ‘ wa a an kòlè ’ kont li (Ebre 11:24, 25, 27). Jozèf te reziste ak madan Potifa ki te vle pou l gen relasyon seksyèl avè l byenke li te konnen madanm sa a te gen pouvwa pou l fè l ditò (Jen. 39:7-9). Dànyèl “ te detèmine nan kè l pou l pa t kontamine tèt li ak manje rafine wa a ” menm lè li pa t fasil pou l fè fonksyonè an chèf nan lakou wayal la aksepte sa (Dàn. 1:8-14). Egzanp sa yo montre, depi lontan nan listwa, pèp Bondye a te toujou pran pozisyon yon fason fèm pou sa ki dwat, kèlkeswa konsekans sa ta ka pote pou yo. Yo pa t soumèt ak moun yo yon fason pou yo te jwenn favè yo. Egzanp sa yo se egzanp nou bezwen suiv.

5. Nan ki sans pwennvi nou anrapò ak otorite diferan ak pwennvi monn nan ?

5 Nou pa ta dwe konfonn pozisyon fèm nou pran an ak tèt di, ni tou nou pa menm jan ak moun ki rebèl jis pou yo ka montre yo pa dakò ak yon sistèm politik. Depreferans, nou detèmine pou nou bay otorite Jewova plis valè pase otorite kèlkeswa moun nan. Lè otorite lèzòm yo mande yon bagay ki an konfli ak lwa Bondye, li pa difisil pou nou deside ki sa nou dwe fè. Menm jan ak apot yo nan premye syèk la, nou obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm.

6. Poukisa obeyi kòmandman Jewova yo toujou pi bon pou nou ?

6 Ki sa k ede nou soumèt nou anba otorite Bondye ? Nou suiv sa nou jwenn nan Pwovèb 3:5, 6 ki di : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, teni kont de li, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat. ” Nou sèten kèlkeswa sa Bondye vle nou fè a se pou byen nou. (Li Detewonòm 10:12, 13.) Anfèt, Jewova te di Izrayelit yo li se ‘ Sila k ap anseye yo pou byen yo a, Sila k ap fè yo mache sou wout yo dwe mache a ’. Apre sa, li te ajoute : “ Aa ! Si sèlman ou ta pote atansyon toutbon ak kòmandman m yo ! Lè sa a, lapè w t ap vin tankou yon rivyè e jistis ou t ap vin tankou vag lanmè. ” ​(Iza. 48:17, 18). Nou gen konfyans nan pawòl sa yo. Nou gen asirans obeyi kòmandman Bondye yo toujou pi bon pou nou.

7. Ki sa nou ta dwe fè si nou pa fin byen konprann rezon ki fè Pawòl Bondye a di nou fè yon bagay ?

7 Nou aksepte otorite Jewova e nou obeyi l menm lè nou pa fin byen konprann rezon ki fè li mande nou yon bagay nan Pawòl li a. Sa pa vle di nou obeyi yon fason ki avèg, men se yon prèv ki montre nou gen konfyans nan Bondye. Lè nou fè sa, nou demontre nou kwè avèk tout kè nou Jewova konn sa k pi bon pou nou. Anplis, lefètke nou obeyi l nou demontre nou renmen l, paske apot Jan te ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. ” ​(1 Jan 5:3). Sepandan, gen yon lòt aspè nan obeyisans nou nou pa ta dwe bliye.

Annou egzèse kapasite klèvwayans nou

8. Ki rapò ki genyen ant ‘ egzèse kapasite klèvwayans nou ’ ak soumèt nou anba otorite Jewova ?

8 Bib la di nou pou nou ‘ egzèse kapasite klèvwayans nou pou nou distenge sa ki byen ak sa ki mal ’. (Ebre 5:14.) Se poutèt sa, objektif nou se pa pou nou obeyi lwa Bondye yo yon fason mekanik. Depreferans, nou ta renmen vin kapab “ distenge sa ki byen ak sa ki mal ” ann amoni ak prensip Jewova yo. Nou ta renmen konprann sajès ki gen nan chemen Jewova yo, yon fason pou nou ka di menm pawòl ak yon salmis ki te di : “ Lalwa w chita jis nan zantray mwen. ” — Sòm 40:8.

9. Ki sa nou ka fè pou konsyans nou ann akò ak prensip Jewova yo, e poukisa li enpòtan pou nou fè sa ?

9 Pou nou ka apresye valè lwa Bondye yo genyen menm jan ak salmis la, nou bezwen medite sou sa nou li nan Bib la. Pa egzanp, lè nou aprann yon bagay Jewova mande, nou ka mande tèt nou : ‘ Poukisa kòmandman sa a oubyen prensip sa a saj ? Poukisa l ap pi bon pou mwen si m obeyi ? Ki move konsekans moun ki meprize konsèy Bondye bay nan domèn sa a jwenn ? ’ Lè konsyans nou ann akò ak chemen Jewova yo, n ap plis gen tandans pran desizyon ki ann amoni ak volonte l. N ap kapab “ kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye ” epi n ap suiv li lè nou montre nou obeyisan, byenke sa pa toujou fasil. — Efe. 5:17.

Satan ap chèche minen otorite Bondye

10. Bay yon domèn kote Satan ap chèche minen otorite Bondye.

10 Depi lontan, Satan ap chèche minen otorite Bondye. Espri endepandans li genyen an parèt klè nan plizyè domèn. Pa egzanp, ann konsidere mank respè moun genyen pou maryaj, yon dispozisyon Bondye met anplas. Gen moun ki chwazi pou yo viv nan plasaj, tandiske gen moun k ap chèche yon mwayen pou yo kraze maryaj yo. Sandout, ni youn ni lòt gendwa dakò ak sa yon aktris anpil moun konnen te di : “ Li enposib ni pou fi ni pou gason pou yo rete ak yon sèl moun. ” Men sa l di ankò : “ Mwen pa konn pèsonn ki fidèl oubyen ki vle rete fidèl. ” Gen yon lòt aktè ki pale menm jan an konsènan pwòp relasyon santimantal li genyen ki kraze : “ Mwen pa fin kwè li natirèl pou yon moun ret ak yon sèl moun pou lavi. ” Li ta bon pou n mande tèt nou : ‘ Èske m aksepte otorite Jewova nan domèn maryaj, oubyen èske mwen kite monn nan enfliyanse pwennvi m nan domèn sa a ? ’

11, 12. a) Poukisa li ka difisil pou jèn yo soumèt anba otorite Jewova ? b) Rakonte yon eksperyans ki demontre nan ki pwen li pa bon pou nou dezobeyi lwa ak prensip Jewova yo.

11 Èske w se yon jèn ki nan òganizasyon Jewova a ? Si wi, se ou Satan vize espesyalman pou l fè w pa kwè otorite Jewova bon pou ou. “ Dezi ki gen lakay jèn yo ” ak presyon kamarad ou yo ka fè w gen tandans panse lwa Bondye yo twò difisil pou yon moun suiv (2 Tim. 2:22). Pa kite sa rive w. Fè efò pou w wè sajès ki gen nan prensip Bondye yo. Pa egzanp, Bib la di w “ kouri pou fònikasyon ”. (1 Kor. 6:18.) Nan ka sa a tou, ou ka poze tèt ou kesyon sa yo : ‘ Poukisa kòmandman sa a saj ? Ki jan m ka tire pwofi lè m obeyi nan domèn sa a ? ’ Petèt ou konn kèk moun ki te meprize konsèy sa a Bondye bay la e ki te peye erè sa a chè. Èske yo gen kè kontan kounye a ? Èske yo pi byen kounye a pase jan yo te ye lè yo te fè pati òganizasyon Jewova a ? Èske yo rive jwenn kèk sekrè ki mennen nan kè kontan rès sèvitè Jewova yo pa rive jwenn ? — Li Izayi 65:14.

12 Annou konsidere sa yon kretyèn ki rele Sharon te di sa fè kèk tan : “ Lefètke mwen pa t obeyi lwa Jewova yo, mwen te pran sida. Souvan, mwen sonje tout ane mwen te fè ap sèvi Jewova ak kè kontan. ” Li rekonèt li te aji yon fason ki sòt lè l te dezobeyi lwa Jewova yo e li rekonèt li te dwe bay lwa sa yo anpil valè. Lwa Jewova yo la pou pwoteje nou. Sharon te mouri sèt semèn sèlman apre li te fin ekri pawòl nou jwenn pi wo a. Jan eksperyans tris sa a montre sa, Satan pa gen anyen ki bon pou l ofri moun ki antre kò yo nan sistèm mechan sa a. Antanke “ papa manti ”, li fè yon pakèt pwomès, men yo youn pa reyalize, menm jan pwomès li te fè Èv la pa t reyalize (Jan 8:44). Vrèman, li toujou pi bon pou nou soumèt anba otorite Jewova.

Veye pou nou pa gen yon espri endepandans

13. Bay yon domèn kote nou bezwen veye pou nou pa gen yon espri endepandans.

13 Pou nou soumèt anba otorite Jewova, nou bezwen veye pou nou pa gen yon espri endepandans. Si nou gen yon etadespri ògeye, sa ka fè nou santi nou pa bezwen direksyon nan men pèsonn. Pa egzanp, nou ka pa vle aksepte konsèy moun ki pran latèt pami pèp Bondye a ban nou. Bondye mete yon dispozisyon anplas kote gen yon klas esklav fidèl ki prevwayan ki la pou fè nou jwenn manje espirityèl nan moman apwopriye (Mat. 24:45-47). Avèk imilite, nou ta dwe rekonèt se fason sa a Jewova pran swen pèp li a jodi a. Nou bezwen aji menm jan ak apot fidèl yo. Lè te gen kèk disip ki te trebiche, Jezi te mande apot yo : “ Nou pa vle ale tou, nou menm ? ” Pyè te reponn, li di : “ Seyè, kiyès pou nou al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl. ” — Jan 6:66-68.

14, 15. Poukisa nou dwe aksepte konsèy Bib la bay yo avèk imilite ?

14 Pou nou soumèt anba otorite Jewova, sa mande pou nou aji ann amoni ak konsèy ki baze sou Pawòl li a. Pa egzanp, klas esklav fidèl ki prevwayan an ankouraje nou pou nou ‘ rete je klè e pou nou rete nan bonsans nou ’. (1 Tes. 5:6.) Konsèy sa a apwopriye anpil nan dènye jou sa yo kote anpil moun ‘ renmen pwòp tèt yo, e yo renmen lajan ’. (2 Tim. 3:1, 2.) Èske etadespri sa a moun yo genyen kounye a ka gen efè sou nou ? Wi. Si n ap pousuiv objektif pwofàn, sa ka fè n ap dòmi nan domèn espirityèl oswa sa ka fè nou vin adopte yon etadespri materyalis (Lik 12:16-21). Se sa k fè se pa ti saj li saj pou nou aksepte konsèy Bib la bay e pou nou evite viv yon fason egoyis menm jan ak moun ki nan monn Satan an !

15 Nan kongregasyon yo, ansyen yo sèvi manje espirityèl esklav fidèl ki prevwayan an bay. Men ki egzòtasyon nou jwenn nan Bib la : “ Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou kòm moun ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè sa ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” ​(Ebre 13:17). Èske sa vle di ansyen yo pa ka fè erè ? Non, sa pa vle di sa. Bondye wè enpèfeksyon yo genyen pi byen pase kèlkeswa moun nan. Sepandan, li mande nou pou n soumèt ak yo. Lè nou kowopere ak ansyen yo, malgre yo enpafè, sa montre aklè nou aksepte otorite Jewova.

Enpòtans imilite genyen

16. Ki jan nou ka demontre nou gen respè pou Jezi, Chèf kongregasyon kretyen an ?

16 Nou dwe toujou sonje se Jezi ki vrè Chèf kongregasyon an (Kol. 1:18). Se yon rezon ki fè nou soumèt avèk imilite devan direksyon ansyen yo e nou ba yo “ yon konsiderasyon ki plis pase yon konsiderasyon estrawòdinè ”. (1 Tes. 5:12, 13.) Natirèlman, ansyen yo tou kapab demontre yo soumèt yo lè yo veye pou yo bay kongregasyon an mesaj Bondye a e non pa pwòp opinyon pa yo. Yo “ pa ale pi lwen pase sa ki ekri ” yon fason pou yo pa fè ide pa yo pase. — 1 Kor. 4:6.

17. Poukisa li danjere pou n ap chèche met tèt nou annavan ?

17 Tout moun nan kongregasyon an dwe veye pou yo pa chèche glwa pou tèt yo (Pwo. 25:27). Sanble gen yon disip apot Jan te konnen ki te tonbe nan pyèj sa a. Men sa apot Jan te ekri : “ Dyotrefès, ki renmen gen premye plas pami yo, pa resevwa anyen ki sot bò kote nou avèk respè. Se poutèt sa, si mwen vini, m ap fè sonje aksyon li kontinye fè yo, kòman l ap mache di move pawòl sou nou. ” ​(3 Jan 9, 10). Nou ka tire yon leson nan sa jodi a. Nou gen bonjan rezon pou nou derasinen tout dezi nou ta ka genyen pou nou met tèt nou annavan. Men sa Bib la di : “ Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w’ap fè awogans, ou pa lwen mouri. ” Moun ki soumèt anba otorite Bondye dwe veye pou yo toujou ret nan plas yo, sinon sa ta ka lage yo nan lawont. — Pwo. 11:2 ; 16:18, Bib la.

18. Ki sa k ap ede nou soumèt anba otorite Jewova ?

18 Wi, fè tout efò w pou w reziste devan espri endepandans ki gen nan monn nan e pou w soumèt anba otorite Jewova. Detanzantan, pran tan pou w medite, avèk rekonesans, sou gwo privilèj ou genyen pou w sèvi Jewova. Lefètke w fè pati pèp Bondye a, sa montre li te atire w pa mwayen lespri sen l (Jan 6:44). Pa janm pran relasyon w genyen ak Bondye alalejè. Fè tout sa w kapab nan tout aspè nan lavi w pou w demontre ou rejte espri endepandans e pou w demontre ou soumèt anba otorite Jewova.

Èske nou sonje ?

• Ki sa sa mande pou nou soumèt anba otorite Jewova ?

• Ki rapò ki genyen ant egzèse kapasite klèvwayans nou ak soumèt nou anba otorite Jewova ?

• Nan ki domèn Satan chèche minen otorite Bondye ?

• Poukisa nou bezwen gen imilite pou nou soumèt anba otorite Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

“ Nou dwe obeyi Bondye antanke chèf olye nou obeyi lèzòm. ”

[Foto nan paj 20]

Li toujou saj pou nou obeyi prensip Bondye yo.