Bagay nou bezwen kouri pou yo
Bagay nou bezwen kouri pou yo
“ Ras sèpan, kiyès ki fè nou konnen nou ka kouri pou kòlè k ap vini an ? ” — MAT. 3:7.
1. Ki sitiyasyon Bib la prezante kote gen moun k ap kouri ?
KI SA k vin nan tèt ou lè w tande mo “ kouri ” a ? Kèk moun gendwa panse ak bèl jenòm ki rele Jozèf la k ap kouri pou madan Potifa ki te eseye kenbe l pou l kouche avè l (Jen. 39:7-12). Gen lòt moun ki kapab panse ak kretyen ki te kouri kite Jerizalèm yo nan ane 66 epòk nou an pou yo te obeyi avètisman sa a Jezi te bay : “ Lè nou wè lame tabli kan toutotou Jerizalèm, lè sa a, [...] se pou moun ki nan Jide kòmanse kouri pran mòn, epi se pou moun ki anndan l wete kò yo. ” — Lik 21:20, 21.
2, 3. a) Ki sa Jan Batis te vle fè konprann nan fason li te kritike chèf relijye yo ? b) Ki jan Jezi te kore avètisman Jan te ba yo a ?
2 Egzanp ki mansyone pi wo yo gen rapò ak moun ki t ap kouri toutbonvre. Jodi a, nan prèske tout peyi sou tè a, li vrèman ijan pou vrè kretyen yo kouri nan yon sans senbolik. Se nan sans sa a tou Jan Batis te itilize mo “ kouri ” a. Pami moun ki te vin kot Jan yo, te gen chèf relijye juif yo ki te jis nan je pa yo e ki pa t santi yo bezwen repanti. Yo te meprize moun òdinè ki te vin batize pou montre repantans yo. San Jan pa t pè, li te montre chèf relijye sa yo se te yon bann ipokrit. Men sa l te di : “ Ras sèpan, kiyès ki fè nou konnen nou ka kouri pou kòlè k ap vini an ? Ebyen, se pou nou pwodui fwi ki mache ak repantans. ” — Mat. 3:7, 8.
3 Jan pa t vle di yo te dwe kouri nan yon sans literal. Li t ap anonse yon jijman ki te gen pou vini, yon jou kòlè, e li te fè chèf relijye yo konnen si yo te vle chape nan jou sa a, yo t ap oblije pwodui fwi ki pwouve repantans yo. Annapre, Jezi li menm te kondane chèf relijye yo tou yon fason fèm. Atitid vyolan yo te genyen an te demontre se Dyab la ki te vrè papa yo (Jan 8:44). Pou Jezi kore sa Jan te di anvan an, li te rele yo “ ras sèpan ” epi li te mande yo : “ Ki jan pou nou fè chape anba jijman jeyèn nan ? ” (Mat. 23:33). Ki sa Jezi te vle di lè l te itilize mo “ jeyèn ” nan ?
4. Ki sa Jezi te vle fè konprann lè l te itilize mo “ jeyèn ” nan ?
4 Jeyèn nan se te yon ti plèn ki te deyò vil Jerizalèm kote yo te konn boule fatra ak kadav bèt. Jezi te itilize mo jeyèn nan kòm senbòl pou lanmò etènèl. (Gade nan paj 27.) Kesyon li te poze chèf relijye yo anrapò ak jijman jeyèn nan montre antanke gwoup yo te merite pou yo detwi pou toutan. — Mat. 5:22, 29.
5. Ki jan avètisman Jan ak Jezi te bay la te reyalize ?
5 Chèf relijye juif yo te ajoute sou peche yo lè yo te pèsekite Jezi ak disip li yo. E jan Jezi ak Jan te avèti yo sa, jou kòlè Bondye a te vini. Nan epòk sa a, ‘ kòlè ki te vini an ’ te fèt nan yon zòn sèlman, Jerizalèm ak Jide. Donk, li te posib pou yon moun kite zòn sa a toutbonvre. Kòlè sa a te vini lè lame women an te detwi Jerizalèm ak tanp li an nan ane 70 epòk nou an. “ Tribilasyon ” sa a, se pi gwo tribilasyon ki te frape Jerizalèm. Anpil moun te mouri oswa yo te pran yo kòm prizonye. Destriksyon sa a te anonse yon pi gwo destriksyon k ap tann anpil moun ki swadizan kretyen ak lòt moun ki nan lòt relijyon. — Mat. 24:21.
Gen yon kòlè k ap vini nou bezwen chape anba l
6. Ki sa k te kòmanse devlope nan kongregasyon kretyen an nan premye syèk la ?
6 Pami kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, genyen ki te vin aposta e ki te gen pwòp disip pa yo (Tra. 20:29, 30). Pandan apot Jezi yo te vivan, yo te tankou yon “ obstak ” ki te anpeche apostazi sa a parèt, men apre yo te fin mouri, gen anpil fo kretyen ki te fòme gwoup relijye pa yo. Jodi a, nan lakretyente, gen plizyè santèn relijyon k ap anseye bagay ki depaman. Labib te anonse klèje lakretyente a te gen pou l parèt. Li dekri l antanke “ mechan ki deja kondannen pou disparèt la ”. “ Seyè Jezi va [...] touye li. L’ap [...] parèt nan tout pouvwa li pou l’ fini nèt ak li. ” — 2 Tes. 2:3, 6-8, Bib la.
7. Poukisa ekspresyon “ mechan ” an tonbe daplon ak klèje lakretyente a ?
7 Klèje lakretyente a mechan nan sans li twonpe plizyè milyon moun ak yon seri ansèyman ki pa biblik, li ankouraje moun obsève jou fèt e li ankouraje yo gen konpòtman ki pa biblik. Menm jan ak chèf relijye Jezi te kondane yo, moun nan epòk nou an ki fè pati “ pitit destriksyon ” sa a ap tann yon destriksyon kote yo pap gen espwa pou yo resisite (2 Tes. 1:6-9). Men, ki sa k ap tann moun klèje lakretyente a ak klèje tout lòt fo relijyon yo twonpe yo ? Pou nou reponn kesyon sa a, annou egzamine kèk evènman ki te pase apre Jerizalèm te detwi nan ane 607 anvan epòk nou an.
“ Kouri soti nan mitan Babilòn ”
8, 9. a) Ki mesaj pwofetik Jeremi te gen pou Juif ki te Babilòn yo ? b) Apre Mèd yo ak Pès yo te pran Babilòn, ki jan Juif yo t apral chape ?
8 Pwofèt Jeremi te predi Jerizalèm t ap detwi, e sa te fèt nan ane 607 anvan epòk nou an. Li te di yo t ap mennen pèp Bondye a an kaptivite, men pèp la t ap retounen nan peyi l apre “ swasanndizan ”. (Jer. 29:4, 10.) Jeremi te gen yon mesaj enpòtan pou Juif ki te an kaptivite nan Babilòn yo : yo pa t dwe kite fo relijyon yo pratike Babilòn yo kontamine yo. Konsa, lè lè a ta rive, yo t ap pare pou yo retounen Jerizalèm pou yo retabli vrè adorasyon an. Sa te fèt yon ti tan apre Mèd yo ak Pès yo te pran Babilòn nan ane 539 anvan epòk nou an. Wa Pès la, Siris II, te bay yon dekrè ki te pèmèt Juif yo retounen Jerizalèm pou yo rebati tanp Jewova a. — Ezra 1:1-4.
9 Plizyè milyon Juif te pwofite okazyon an pou yo retounen nan peyi yo (Ezra 2:64-67). Konsa, yo te suiv lòd pwofetik Jeremi an. Nan ka pa yo, sa te vle di pou yo chape kite yon zòn pou y al nan yon lòt zòn. (Li Jeremi 51:6, 45, 50.) Se pa tout Juif yo ki te kapab fè gwo vwayaj sa a pou yo retounen Jerizalèm, nan Jida. Moun ki te rete Babilòn yo, tankou pwofèt Dànyèl ki te gen anpil laj lè sa a, t ap kapab gen benediksyon Bondye depi yo te soutni vrè adorasyon an ki te retabli nan Jerizalèm ak tout kè yo e depi yo pa t patisipe nan fo adorasyon Babilonyen yo.
10. Ki “ bagay repiyan ” konsa “ Gran Babilòn nan ” responsab ?
Jen. 11:6-9). Tout relijyon sa yo ansanm fòme “ Gran Babilòn nan, manman pwostitye yo ak bagay repiyan ki sou tè a ”. (Rev. 17:5.) Depi lontan, fo relijyon an ap soutni dirijan politik ki nan monn nan. Pami “ bagay repiyan ” li responsab yo, gen anpil gè kote “ yo masakre ” plizyè santèn milyon moun “ sou tè a ”. (Rev. 18:24.) Gen lòt “ bagay repiyan ” ankò tankou zak seksyèl ki fèt sou timoun ak lòt fòm imoralite seksyèl manm klèje yo fè e chèf legliz yo tolere sa. Sa pa fè nou sezi lè nou tande Jewova Dye pral elimine fo relijyon sou tè a talè konsa. — Rev. 18:8.
10 Jodi a, plizyè milya moun patisipe nan divès fòm fo relijyon ki soti nan Babilòn tan lontan an (11. Anvan yo detwi Babilòn, ki obligasyon vrè kretyen yo genyen ?
11 Vrè kretyen yo konn sa e yo gen obligasyon pou yo avèti moun ki nan Gran Babilòn nan. Youn nan fason yo fè sa, se lè yo distribye Bib ak piblikasyon biblik “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pibliye, esklav Jezi etabli pou bay “ manje ” espirityèl “ nan moman apwopriye ” a (Mat. 24:45). Lè gen moun ki enterese nan mesaj ki nan Bib la, nou pran dispozisyon pou nou etidye Labib avèk yo pou nou ka ede yo. Nou espere y ap wè nesesite pou yo “ kouri soti nan mitan Babilòn ” anvan li twò ta. — Rev. 18:4.
Kouri pou idolatri
12. Ki pwennvi Bondye sou adorasyon imaj ak zidòl ?
12 Yon lòt bagay repiyan ankò ki gen nan Gran Babilòn nan, se adorasyon imaj ak zidòl. Bondye rele yo “ bagay repiyan ” ak “ zidòl sal ”. (Det. 29:17.) Tout moun ki ta renmen fè Bondye plezi dwe kouri pou idolatri. Men sa Bondye di : “ Mwen se Jewova. Sa se non mwen. E mwen pap bay pèsonn glwa mwen, ni louwanj mwen, mwen pap bay imaj taye li. ” — Iza. 42:8.
13. Pou ki fòm idolatri moun pa rive disène fasilman nou bezwen kouri ?
13 Pawòl Bondye a devwale tou fòm idolatri moun pa rive disène fasilman. Pa egzanp, li di konvwatiz se “ idolatri ”. (Kol. 3:5.) Yon moun ki gen konvwatiz se yon moun ki anvi genyen yon bagay ki pa pou li, tankou bagay yon lòt moun posede (Egz. 20:17). Zanj ki vin tounen Satan an te vin gen anvi pou l egal Trèwo a e pou yo adore l (Lik 4:5-7). Sa te fè l rebele kont Jewova e sa te fè l pouse Èv anvi yon bagay Bondye te met entèdiksyon sou li. Nan yon sans, Adan te fè idolatri tou paske li te aji yon fason egoyis lè l te bay konpayi madanm li plis enpòtans pase obeyi Papa l ki nan syèl la, yon Papa ki plen lanmou. Men, tout moun ki vle chape nan jou kòlè Bondye a dwe ba li yon atachman san pataj e yo dwe fè tout sa yo kapab pou yo pa tonbe nan okenn fòm konvwatiz.
“ Kouri pou fònikasyon ”
14-16. a) Poukisa Jozèf se yon bon egzanp nan domèn moralite ? b) Ki sa pou nou fè si nou santi nou gen dezi seksyèl ki pa konvnab ? c) Ki jan nou ka rive kouri pou fònikasyon ?
14 Li 1 Korentyen 6:18. Lè madan Potifa te eseye sedui Jozèf, Jozèf te kouri sot bò kote l la toutbonvre. Ala yon bèl egzanp li kite ni pou kretyen ki selibatè ni pou kretyen ki marye ! Li klè, Jozèf te fòme konsyans li grasa kèk evènman ki te pase lontan e ki te montre pwennvi Jewova sou kesyon imoralite a. Si nou vle obeyi kòmandman ki mande pou nou “ kouri pou fònikasyon an ”, se pou nou evite tout bagay ki ka eksite dezi seksyèl nou pou yon moun ki pa konjwen nou. Men sa nou aprann nan Labib : “ Fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak fònikasyon, salte, dezi seksyèl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak konvwatiz, ki se idolatri. Se akoz bagay sa yo kòlè Bondye ap vini. ” — Kol. 3:5, 6.
15 N ap remake yo di “ kòlè Bondye ap vini ”. Anpil moun nan monn nan devlope dezi seksyèl ki pa kòrèk ki fè yo tonbe nan peche. Se sa k fè nou menm kretyen nou bezwen priye Bondye pou l ede nou e pou l ban nou lespri sen l, yon fason pou dezi seksyèl ki pa kòrèk pa domine nou. Anplis, lè nou etidye Labib, nou asiste reyinyon yo e nou pataje bon nouvèl la ak pwochen nou, sa ap ede nou “ kontinye mache selon lespri ”. Konsa, “ nou pap akonpli okenn dezi chanèl ”. — Gal. 5:16.
16 Se sèten, si n ap gade pònografi, nou pap “ mache selon lespri ”. Chak kretyen bezwen veye pou yo pa ni li ni gade ni koute anyen ki kapab eveye dezi seksyèl lakay yo. Anplis, li pa bon ‘ pou moun Bondye yo ki sen ’ jwenn plezi nan bay blag ki gen rapò ak imoralite seksyèl oswa pou yo pale sou sa (Efe. 5:3, 4). Konsa, n ap montre Papa nou an ki plen lanmou nou vrèman vle chape anba kòlè l k ap vini an pou nou viv nan monn nouvo a kote pral gen jistis.
17, 18. Poukisa nou bezwen kouri pou “ lanmou pou lajan ” ?
17 Nan premye lèt Pòl te ekri Timote a, li te souliye prensip ki ta dwe gide kretyen ki te esklav yo, paske gen ladan yo ki petèt te konprann yo t ap jwenn kèk avantaj materyèl paske moun ki te mèt yo a te kretyen. Gen lòt petèt ki te itilize bagay ki sakre pou pwòp avantaj pa yo. Pòl te avèti yo pou yo pa “ panse lè yon moun gen atachman pou Bondye se yon mwayen pou l jwenn avantaj [materyèl] ”. Rasin pwoblèm nan te gendwa “ lanmou pou lajan ”, yon lanmou ki ka gen yon move enfliyans sou nenpòt moun, kit li pòv, kit li rich. — 1 Tim. 6:1, 2, 5, 9, 10.
Kouri pou “ lanmou pou lajan ”
18 Èske w sonje kèk moun yo mansyone nan Bib la ki te pèdi relasyon yo te genyen ak Bondye paske yo te gen “ lanmou pou lajan ” oswa paske yo te renmen bagay ki pa nesesè nan lavi a lajan kapab achte (Joz. 7:11, 21 ; 2 Wa 5:20, 25-27) ? Men ankourajman Pòl te bay Timote : “ Ou menm ki moun Bondye, se pou w kouri pou bagay sa yo. Men, se pou w kontinye devlope kalite tankou jistis, atachman pou Bondye, lafwa, andirans ak yon tanperaman ki dou. ” (1 Tim. 6:11). Tout moun ki ta renmen chape nan jou kòlè k ap vini an bezwen suiv konsèy sa a.
“ Kouri pou dezi ki gen lakay jèn yo ”
19. Ki sa tout jèn bezwen ?
19 Li Pwovèb 22:15. Sotiz ki nan kè yon jèn kapab fè li fè sa k pa sa fasilman. Yon bagay ki kapab anpeche sa fèt, se disiplin li jwenn ki baze sou Bib la. Anpil jèn ki pa gen paran yo ki Temwen Jewova chèche konnen prensip ki nan Bib la e yo aplike yo nan lavi yo. Gen lòt ki jwenn konsèy ki saj nan men frè ak sè ki gen matirite espirityèl ki nan kongregasyon an. Kèlkeswa moun ki ba yo konsèy ki baze sou Bib la, si yo suiv konsèy sa yo, sa ap ede yo gen kè kontan depi kounye a e alavni. — Ebre 12:8-11.
20. Ki jan jèn yo kapab jwenn èd pou yo kouri pou move dezi ?
2 Timote 2:20-22. Anpil jèn ki manke jwenn bonjan disiplin tonbe nan move konduit oubyen yo devlope yon atitid ki pa kòrèk. Pa egzanp, gen kèk ki devlope espri konpetisyon, gen lòt ki vin gen konvwatiz, anpil lòt tonbe nan fònikasyon, gen lòt ankò ki renmen lajan oubyen ki toujou ap chèche plezi. Bagay sa yo mache ak “ dezi ki gen lakay jèn yo ”, dezi Bib la ankouraje nou kouri pou yo. Pou yon jèn kretyen kouri pou bagay sa yo, li dwe evite move enfliyans, kèlkeswa kote yo soti a. Nan sans sa a, si nou koute konsèy Labib ban nou pou nou devlope kalite Bondye vle nou devlope yo “ ansanm avèk moun k ap envoke Seyè a avèk yon kè ki pwòp ”, sa ap ede nou anpil.
20 Li21. Ki bèl pwomès Jezi te fè konsènan disip li yo ki sanble ak mouton ?
21 Kit nou jèn, kit nou aje, si nou refize koute moun k ap eseye twonpe nou, n ap montre nou vle fè pati disip Jezi yo ki sanble ak mouton ki “ kouri ” lè yo tande “ vwa etranje yo ”. (Jan 10:5.) Sepandan, si nou vle sove nan jou kòlè Bondye a, nou bezwen fè plis pase kouri pou move enfliyans. Nou bezwen devlope bèl kalite tou. Nan pwochen atik la, nou pral pale de sèt bèl kalite. Nou gen bonjan rezon pou nou fè sa, paske men bèl pwomès Jezi te fè : “ M ap bay [mouton m yo] lavi etènèl, e yo pap janm detwi, non jamè, e pèsonn pap ka rache yo nan men m. ” — Jan 10:28.
Ki repons nou ta bay ?
• Ki avètisman Jezi te bay chèf relijye yo ?
• Nan ki sitiyasyon danjere plizyè milyon moun ye jodi a ?
• Pou ki fòm idolatri moun pa disène fasilman nou dwe kouri ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 8, 9]
Ki sa k vin nan tèt ou lè w tande mo “ kouri ” a ?