Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kalite nou bezwen kontinye devlope

Kalite nou bezwen kontinye devlope

Kalite nou bezwen kontinye devlope

“ Kontinye devlope kalite tankou jistis, atachman pou Bondye, lafwa, andirans ak yon tanperaman ki dou. ” — 1 TIM. 6:11.

1. Dèyè ki sa moun yo ap kouri jodi a ?

DÈYÈ ki sa moun yo ap kouri nan monn nan jodi a ? Jan Bib la montre sa, anpil moun ap kouri dèyè objektif ki pa itil yo anyen. Genyen ladan yo k ap “ chèche bagay ki san valè ”, paske yo panse bagay materyèl kapab bay moun kè kontan (Pwo. 28:19). Gen lòt ki “ kontinye gen konduit deregle ” e se plezi ki pi enpòtan pou yo nan lavi a (Sòm 119:150). Byenke moun yo gendwa ap kraze kò yo nan chèche bagay sa yo, an reyalite, se “ dèyè van ” y ap kouri. — Ekl. 1:14.

2. a) Ki rekonpans Bondye mete devan kèk kretyen ? b) Ki objektif Jewova mete devan pifò kretyen yo jodi a ?

2 Sepandan, annou wè bèl etadespri Pòl te genyen. Men sa l te di : “ M ap kouri nan bi pou m jwenn rekonpans lan, sètadi apèl selès Bondye fè pa mwayen Kris Jezi a. ” ​(Fil. 3:14). Bib la montre se 144 000 kretyen antou ki wen ki prale nan syèl la. Pòl ladan l tou. Yo pral dirije tè a ansanm avèk Jezi pandan rèy mil an an. Ala yon bèl objektif Bondye mete devan yo pou yo chèche atenn ! Sepandan, pifò nan vrè kretyen yo jodi a gen yon lòt esperans oswa yon lòt objektif. Jewova sere pou yo sa Adan ak Èv te pèdi a, anpalan de esperans pou yo viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradi kote y ap gen yon sante pafè. — Rev. 7:4, 9 ; 21:1-4.

3. Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou bonte Bondye moun pa merite a ?

3 Lèzòm pechè pa ka gen lavi etènèl la grasa merit yo, malgre tout efò yo gendwa ap fè pou yo toujou fè sa ki byen (Iza. 64:6). Yon moun kapab jwenn lavi etènèl la sèlman si li gen lafwa nan dispozisyon ki plen lanmou Bondye pran pou l sove nou pa mwayen Jezi Kris. Ki sa nou ka fè pou nou montre nou gen rekonesans pou bonte Bondye moun pa merite a ? Yon bagay nou ka fè, se obeyi kòmandman sa a ki di : “ Kontinye devlope kalite tankou jistis, atachman pou Bondye, lafwa, andirans ak yon tanperaman ki dou. ” ​(1 Tim. 6:11). Si nou egzamine kalite sa yo nou sot mansyone la yo, sa ap ban nou plis detèminasyon pou nou kontinye devlope yo “ plis toujou ”. — 1 Tes. 4:1.

“ Kontinye devlope [...] jistis ” lakay ou

4. Ki sa k fè nou sèten li enpòtan pou nou kontinye devlope “ jistis ” lakay nou ?

4 Nan toule de lèt Pòl te ekri Timote yo, li te site kèk kalite nou bezwen kontinye devlope, e nan chak okazyon sa yo li te mansyone “ jistis ” an premye (1 Tim. 6:11 ; 2 Tim. 2:22). Gen lòt kote ankò nan Bib la nou jwenn ankourajman pou nou kontinye devlope jistis lakay nou (Pwo. 15:9 ; 21:21 ; Iza. 51:1). Yon fason nou kapab kòmanse fè sa, se lè nou aprann “ konnen [...] sèl vrè Dye a, ak sila [li] te voye a, Jezi Kris ”. (Jan 17:3.) Lè yon moun kontinye devlope jistis lakay li, sa ap pouse l fè aksyon, sa vle di, sa ap pouse l repanti pou peche l te fè e sa ap pouse l “ kase tèt tounen ”, yon fason pou l ka fè volonte Bondye. — Tra. 3:19.

5. Ki sa nou dwe fè si nou vle pou Bondye konsidere nou kòm moun ki jis, e ki sa nou ka fè pou nou rete nan sitiyasyon sa a ?

5 Plizyè milyon moun ki vrèman ap fè efò pou yo kontinye devlope jistis lakay yo vwe lavi yo bay Jewova e yo batize pou yo montre sa. Si w se yon kretyen ki batize, sandout ou deja montre ou se yon moun ki kontinye ap devlope jistis lakay ou. Men, èske w toujou reflechi sou lefètke lavi w ta dwe montre ou se yon moun ki kontinye ap fè sa ? Yon aspè nan devlope jistis lakay ou, se aprann disène “ sa ki byen ak sa ki mal ” dapre sa Labib di, lè w gen desizyon pou w pran nan lavi w. (Li Ebre 5:14.) Pa egzanp, si w se yon jèn kretyen e ou nan laj pou w marye, èske w pran detèminasyon pou w pa renmen ak moun ki pa batize ? Si w se yon moun ki kontinye ap devlope jistis ou toutbonvre, w ap pran detèminasyon sa a. — 1 Kor. 7:39.

6. Si yon moun vrèman vle kontinye devlope jistis lakay li, ki sa l ap fè ?

6 Yon moun ki jis toutbonvre pa menm ak yon moun ki jis nan je pa l oswa ak yon moun ki “ jis aleksè ”. (Ekl. 7:16.) Jezi te bay avètisman kont moun ki gen tandans sa yo paske yo vle montre yo pi bon pase lòt moun (Mat. 6:1). Si yon moun vrèman vle kontinye devlope jistis lakay li, l ap fè chanjman nan kè l. Pa egzanp, l ap korije move panse li genyen, move atitid, move mobil ak move dezi li genyen. Si nou kontinye fè sa, ap gen mwens chans pou nou fè peche ki grav. (Li Pwovèb 4:23 ; konpare ak Jak 1:14, 15.) Anplis, Jewova ap beni nou e l ap ede nou devlope lòt kalite ki enpòtan pou kretyen genyen.

“ Kontinye devlope [...] atachman pou Bondye ”

7. Ki sa “ atachman pou Bondye ” ye ?

7 Lè yon moun devwe pou yon kòz, li detèmine pou l soutni l. Gen yon diksyonè biblik ki fè remake mo grèk lè yo tradui l ki bay “ atachman pou Bondye a ” dekri yon “ atitid pozitif kote yon moun detèmine nan kè l pou l toujou gen lakrentif pou Bondye ”. Souvan, Izrayelit yo pa t gen atachman sa a. Tout zak dezobeyisans yo te fè menm apre Bondye te fin libere yo pou l fè yo soti nan peyi Ejip yo montre sa.

8. a) Ki kesyon peche Adan te fè a te soulve ? b) Ki jan Jewova te bay repons “ sekrè sakre ” a ?

8 Pandan plizyè milye ane ki pase apre Adan, yon nonm pafè, te peche, kesyon ki vin apre a potko janm jwenn repons : “ Èske yon imen kapab montre yon atachman pou Bondye yon fason ki pafè ? ” Pandan tout syèk sa yo, pa gen pèsonn ki te rive rete atache ak Jewova yon fason ki pafè. Men, lè moman an te rive, Jewova te bay repons “ sekrè sakre ” sa a. Li te transfere lavi sèl Pitit li te fè a, ki te nan syèl la avè l, nan matris Mari pou l te fèt antanke yon òm pafè. Pandan lavi Jezi sou tè a, e menm pandan lanmò l, li te montre sa sa vle di pou yon moun vrèman detèmine nan kè l pou l totalman fidèl anvè vrè Dye a. Nan priyè l yo, li te montre respè li te genyen pou Papa l ki nan syèl la ki plen lanmou (Mat. 11:25 ; Jan 12:27, 28). Konsa, Jewova te enspire Pòl pou l pale konsènan “ atachman pou Bondye ”, e Pòl te itilize kòm egzanp fason Jezi te viv. — Li 1 Timote 3:16.

9. Ki jan nou kapab kontinye devlope atachman pou Bondye ?

9 Nan sitiyasyon nou ye a, sa vle di pandan nou nan peche, nou pa kapab gen atachman pou Bondye yon fason ki pafè. Sepandan, nou kapab kontinye devlope l. Sa mande pou nou suiv tras Jezi otank posib (1 Pyè 2:21). Konsa, nou pap tankou ipokrit yo ki gen ‘ yon fòm atachman pou Bondye, men ki renye fòs li ’. (2 Tim. 3:5.) Sepandan, sa pa vle di yon moun ki vrèman gen atachman pou Bondye pap chèche montre sa nan aksyon l. Se sèten li sousye l de sa. Pa egzanp, kit se yon rad maryaj n ap chwazi, kit se deside n ap deside ki sa pou nou mete lè n ap soti al achte yon bagay, n ap asire nou aparans nou montre nou se moun ki “ gen respè pou Bondye ”. (1 Tim. 2:9, 10.) Wi, si nou vle kontinye devlope atachman pou Bondye nan lavi nou chak jou, sa mande pou nou suiv prensip li yo ki jis.

“ Kontinye devlope [...] lafwa ”

10. Ki sa pou nou fè si nou vle lafwa nou rete solid ?

10 Li Women 10:17. Pou yon kretyen vin gen lafwa e pou lafwa l rete solid, li bezwen kontinye reflechi sou verite ki nan Pawòl Bondye a, verite ki gen anpil valè. “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” prepare anpil bonjan piblikasyon. Twa liv ki trè bon ki kapab ede nou, se liv Le plus grand homme de tous les temps an, liv Koute gran Anseyan an ak liv “ Vin suiv mwen ” an. Yo fè liv sa yo nan entansyon pou nou ka konnen Kris pi byen e konsa pou nou ka imite l (Mat. 24:45-47). Klas esklav la òganize reyinyon, asanble ak kongrè, kote souvan yo atire atansyon sou “ pawòl ki konsène Kris la ”. Èske w kapab tire plis pwofi toujou nan okazyon sa yo lè w bay enstriksyon Bondye ban nou yo “ yon atansyon ki plis pase sa [ou] abitye bay ” ? — Ebre 2:1.

11. Ki wòl lapriyè ak obeyisans jwe pou yon moun kontinye devlope lafwa l ?

11 Lapriyè se yon lòt mwayen pou nou fè lafwa nou vin solid. Yon lè, disip Jezi yo te mande l pou l ‘ ba yo plis lafwa ’. Avèk imilite, nou kapab mande Bondye menm bagay la tou (Lik 17:5). Nan menm objektif sa a, nou kapab mande Bondye pou l ede nou pa mwayen lespri sen l, paske lafwa fè pati “ fwi lespri a ”. (Gal. 5:22.) Anplis, lè nou obeyi Pawòl Bondye a, sa ranfòse lafwa nou. Pa egzanp, nou ka fè tout sa nou kapab pou nou patisipe plis nan travay predikasyon an. Se sèten sa ap ban nou anpil kè kontan. Lè nou reflechi sou benediksyon nou jwenn lè nou “ chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye ”, lafwa nou ap ogmante. — Mat. 6:33.

“ Kontinye devlope [...] lanmou ”

12, 13. a) Ki nouvo kòmandman Jezi te bay ? b) Ki fason enpòtan nou kapab kontinye devlope yon lanmou ki sanble ak pa Kris la ?

12 Li 1 Timote 5:1, 2. Pòl te bay konsèy ki pratik sou fason kretyen yo ka montre yo gen lanmou youn pou lòt. Si nou gen atachman pou Bondye, nou bezwen obeyi nouvo kòmandman Jezi te bay la ki di se pou nou “ youn renmen lòt ” menm jan li menm li renmen nou an (Jan 13:34). Men sa apot Jan te di : “ Yon moun ki gen mwayen nan monn sa a e ki wè frè l nan nesesite, e malgre sa li fèmen pòt konpasyon l ak tandrès li sou li, ki jan pou lanmou Bondye rete nan li ? ” ​(1 Jan 3:17). Èske w sonje kèk okazyon kote w te demontre lanmou w yon fason pratik ?

13 Yon lòt fason ankò nou kontinye devlope lanmou nou, se lè nou dispoze padone frè nou yo e nou pa kenbe rankin nan kè nou kont yo. (Li 1 Jan 4:20.) Okontrè, nou bezwen suiv konsèy enspire sa a ki di : “ Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan an. ” ​(Kol. 3:13). Èske konsèy sa a valab pou ou anrapò ak yon moun nan kongregasyon an ? Èske w ap padone l ?

“ Kontinye devlope [...] andirans ”

14. Ki sa egzanp kongregasyon Filadèlfi a ka aprann nou ?

14 Fè tout sa w kapab pou w rive atenn yon objektif ki pap pran anpil tan pou w atenn li se youn, men, se yon lòt bagay lè objektif la difisil pou w atenn oswa l ap pran plis tan pase sa w te prevwa. Sa klè, nou bezwen andirans pou nou kontinye pousuiv objektif nou genyen pou nou jwenn lavi etènèl la. Men sa Jezi, Seyè a, te di kongregasyon Filadèlfi a : “ Piske nou te kenbe sa m te di konsènan andirans, m ap pwoteje nou tou nan lè eprèv la. ” ​(Rev. 3:10 ; nòt anba paj). Vrèmanvre, Jezi te konnen nou bezwen andirans, yon kalite k ap ede nou pou nou pa lage lè nou jwenn eprèv ak tantasyon. Frè ki te nan kongregasyon Filadèlfi yo genlè te montre anpil andirans devan tout eprèv lafwa yo te jwenn. Se sa k fè Jezi te pwomèt li t ap ede yo pandan pi gwo eprèv ki te gen pou vini an. — Lik 16:10.

15. Ki sa Jezi te anseye konsènan andirans ?

15 Jezi te konnen fanmi disip li yo ki pa t kwayan ak monn nan an jeneral t ap rayi disip yo, se sa k fè, nan omwen de okazyon, li te ba yo ankourajman sa a : “ Moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove. ” ​(Mat. 10:22 ; 24:13). Jezi te montre disip li yo tou ki sa yo te bezwen fè pou yo jwenn fòs pou yo andire nan moman sa a. Nan yon egzanp li te bay, li te konpare yon tè karyann ak moun ki “ resevwa [pawòl Bondye a] ak kè kontan ” men ki lage sa lè lafwa yo jwenn eprèv. Men, li te konpare disip li ki fidèl yo ak yon bon tè paske yo “ kenbe ” pawòl Bondye a e yo “ pwodui fwi avèk andirans ”. — Lik 8:13, 15.

16. Ki sa ki ede plizyè milyon moun andire ?

16 Èske w te remake sekrè andirans lan ? Nou bezwen “ kenbe ” Pawòl Bondye a vivan nan kè nou ak nan lespri nou. Lefètke nou gen Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau a, yon tradiksyon Labib ki egzak, ki fasil pou moun li e ki kontinye ap vin disponib nan plis lang toujou, li vin pi fasil pou nou fè sa. Si nou medite sou yon pòsyon nan Pawòl Bondye a chak jou, sa ap ede nou jwenn fòs nou bezwen pou nou kontinye pwodui fwi “ avèk andirans ”. — Sòm 1:1, 2.

“ Kontinye devlope [...] yon tanperaman ki dou ” e kontinye pousuiv lapè

17. a) Poukisa li trèzenpòtan pou nou gen yon “ tanperaman ki dou ” ? b) Ki jan Jezi te montre li te gen yon tanperaman ki dou ?

17 Pa gen moun ki renmen lè yo akize l e yo di li te di oswa li te fè yon bagay, epoutan se pa vre. Nòmalman, se avèk kòlè yon moun ap nye yon akizasyon konsa ki fo. Sepandan, nan yon sitiyasyon konsa, èske li pa t ap pi bon pou nou montre nou gen yon “ tanperaman ki dou ” ? (Li Pwovèb 15:1.) Sa mande anpil fòs pou yon moun aji avèk dousè lè yo kritike l san rezon. Nan sans sa a, Jezi te bay yon egzanp ki pafè, paske “ lè yo te joure l, li pa t joure yo tou. Lè li t ap soufri, li pa t menase pèsonn, men li te toujou remèt tèt li nan men moun ki jije avèk jistis la ”. (1 Pyè 2:23.) Nou pa ka atann n ap rive fè menm jan ak Jezi, men, èske nou pa ka fè plis efò pou nou montre nou gen yon tanperaman ki dou ?

18. a) Lè nou gen yon tanperaman ki dou, ki sa sa ap anpeche nou fè ? b) Ki lòt kalite nou jwenn ankourajman pou nou kontinye devlope ?

18 Menm jan ak Jezi, “ se pou nou toujou pare pou n defann ” kwayans nou, “ men, se pou nou fè sa ak dousè e ak gwo respè ”. (1 Pyè 3:15.) Sandout, lè nou gen yon tanperaman ki dou, sa ap anpeche nou fè gwo diskisyon ni ak moun nou rankontre nan ministè a, ni ak frè nou yo, lè nou pa wè bagay yo menm jan ak yo (2 Tim. 2:24, 25). Dousè pèmèt gen lapè. Petèt se pou rezon sa a, nan dezyèm lèt Pòl te ekri Timote a, li te mansyone “ lapè ” pami kalite nou bezwen kontinye devlope yo (2 Tim. 2:22 ; konpare ak 1 Timote 6:11). Wi, Ekriti yo ankouraje nou pou nou pousuiv “ lapè ”. — Sòm 34:14 ; Ebre 12:14.

19. Apre nou fin egzamine sèt kalite sa yo kretyen yo bezwen kontinye devlope, ki detèminasyon w pran, e poukisa ?

19 Nou sot egzamine sèt kalite kretyen yo jwenn ankourajman pou yo kontinye devlope : jistis, atachman pou Bondye, lafwa, lanmou, andirans, yon tanperaman ki dou ak lapè. Lè frè ak sè yo fè efò pou yo kontinye devlope kalite sa yo plis toujou, èske sa pa pote benediksyon pou kongregasyon yo ? Lè nou fè sa, sa ap onore Jewova e sa ap pèmèt li ban nou fòmasyon pou glwa li.

Pwen pou nou medite sou yo

• Si n ap kontinye devlope jistis nou ak atachman pou Bondye, ki sa sa ap mande pou nou fè ?

• Ki sa k ap ede nou kontinye devlope lafwa ak andirans ?

• Si nou gen lanmou, ki enfliyans sa ap genyen sou fason nou trete youn lòt ?

• Poukisa nou bezwen kontinye devlope yon tanperaman ki dou e nou bezwen kontinye pousuiv lapè ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 12]

Jezi te bay avètisman pou nou pa pratike jistis nou pou nou fè moun wè.

[Foto nan paj 13]

Nou ka kontinye devlope lafwa lè nou medite sou verite ki nan Pawòl Bondye a.

[Foto nan paj 15]

Nou kapab kontinye devlope lanmou ansanm ak yon tanperaman ki dou.