Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe “ lanmou w te genyen okòmansman an ”

Kenbe “ lanmou w te genyen okòmansman an ”

Kenbe “ lanmou w te genyen okòmansman an ”

“ Kontinye kenbe sa w genyen an fèm. ” — REV. 3:11.

1, 2. Ki jan w te santi w lè w te vin kwè sa w t ap aprann sou Jewova yo se laverite ?

ÈSKE w sonje premye fwa ou te vin konnen bèl avni Jewova pwomèt moun ki obeyi l yo ? Si w te nan yon lòt relijyon anvan, ki jan w te santi w lè yo te esplike w objektif Bondye genyen yo pa mwayen Labib oswa lè yo te esplike w yon seri ansèyman ki te difisil pou w konprann anvan ? Petèt ou te vin konprann yo te twonpe w. Men, kounye a se pa ti kontan ou dwe kontan dèske w konnen laverite ! Si paran w te deja kretyen, èske w sonje ki jan w te santi w lè w te vin kwè sa y ap aprann ou sou Jewova yo se laverite e lè w te deside viv ann amoni ak laverite ? — Wom. 12:2.

2 Gen anpil nan frè nou yo ki nan kongregasyon an k ap di yo te kontan anpil, yo te santi yo pwòch Jewova e yo te santi yo gen rekonesans pou li paske li te atire yo vin jwenn li (Jan 6:44). Kontantman sa a te pouse yo patisipe nan aktivite kretyen yo. Yo te tèlman kontan, sa te fè yo anvi esplike tout moun sa yo santi. Èske w te santi w konsa tou ?

3. Ki sitiyasyon ki te egziste nan kongregasyon Efèz lè Jezi te voye yon mesaj ba yo ?

3 Lè Jezi t ap pale ak kongregasyon kretyen ki te nan vil Efèz nan premye syèk la, li te pale de ‘ lanmou yo te genyen okòmansman an ’. Efezyen yo te gen anpil bèl kalite, men, lanmou yo te demontre yo genyen pou Jewova te diminye. Se sa k fè Jezi te di yo pawòl sa yo : “ Mwen konnen sa w fè, mwen konnen travay ou ak andirans ou, ou pa kapab sipòte move moun, ou teste moun ki di yo se apot, e ki pa sa vre, e ou dekouvri yo se mantè. Epitou ou demontre andirans, e ou te sipòte anpil bagay akoz non mwen e ou pa t bouke. Toutfwa, men sa mwen genyen kont ou : ou kite lanmou w te genyen okòmansman an. ” — Rev. 2:2-4.

4. Poukisa mesaj Jezi te voye bay Efezyen yo enpòtan jodi a ?

4 Konsèy Jezi te bay kongregasyon Efèz la ak lòt kongregasyon li te pale avè yo nan liv Revelasyon an apwopriye pou kretyen wen yo lè nou konsidere kondisyon ki te egziste pami yo pandan yon tan apati 1914 (Rev. 1:10). Sepandan, menm kounye a, kèk kretyen kapab pèdi “ lanmou [yo] te genyen okòmansman ” pou Jewova e pou laverite. Pandan nou gen sa nan lespri nou, annou egzamine ki jan nou kapab kenbe lanmou ak zèl nou te genyen okòmansman pou Bondye e pou laverite, ki jan nou kapab rejwenn yo e ki jan nou kapab ogmante yo lè nou sonje eksperyans nou te fè e nou medite sou yo.

Sa k te konvenk ou sa w te aprann yo se laverite ?

5, 6. a) Ki sa chak kretyen dwe konstate pèsonèlman ? b) Ki sa k te konvenk ou Temwen Jewova yo anseye laverite ? c) Ki sa ki ka ede yon moun rejwenn lanmou l te genyen okòmansman an ?

5 Chak moun ki vwe tèt yo bay Jewova dwe “ konstate ” pèsonèlman sa ki “ volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè ”. (Wom. 12:1, 2.) Youn nan bagay nou bezwen fè se aprann verite ki gen nan Bib la. Paske sa ki konvenk yon moun Temwen Jewova yo ap anseye laverite gendwa se pa sa ki konvenk yon lòt moun. Gen moun atitid yo te vin chanje lè yo te li non Bondye nan Bib la oswa lè yo te konprann nan ki kondisyon mò yo ye toutbon, paske sa te fè yon gwo efè sou yo (Sòm 83:18 ; Ekl. 9:5, 10). Gen lòt moun, se lanmou ki gen nan mitan pèp Jewova a ki te touche yo (Jan 13:34, 35). Gen lòt moun toujou, se lè yo te vin konprann sa sa vle di pa fè pati monn nan, atitid yo te chanje. Yo te vin konprann vrè kretyen yo pa ka patisipe nan konfli politik ak nan gè nasyon yo. — Iza. 2:4 ; Jan 6:15 ; 17:14-16.

6 Pou anpil moun, se sa yo te aprann sou bagay sa yo e sou lòt verite ankò ki te fè yo vin gen lanmou pou Bondye okòmansman. Pran tan pou w raple w ki sa k te konvenk ou ou jwenn laverite. Chak moun gen pèsonalite pa yo e yo pa nan menm sitiyasyon. Rezon fondamantal ou genyen ki fè w renmen Jewova e ki fè w kwè nan pwomès li yo gendwa diferan ak rezon lòt moun genyen. Sandout, rezon sa yo ka gen menm efè a sou ou jodi a tou. Laverite pa chanje. Se sa k fè, si w reflechi sou reyaksyon w te genyen ak fason w te santi w lè sa a, sa kapab ede w rejwenn lanmou w te genyen okòmansman pou laverite. — Li Sòm 119:151, 152 ; 143:5.

Ranfòse lanmou w te genyen okòmansman an

7. Poukisa nou bezwen fòtifye lanmou nou te genyen okòmansman pou laverite, e ki jan nou kapab fè sa ?

7 Petèt gen anpil bagay ki chanje nan vi w depi lè w te vwe tèt ou bay Jewova. Lanmou w te genyen okòmansman pou laverite te enpòtan pou ou. Men, tank ane yo t ap pase ou te bezwen ogmante l pi plis toujou pou w te ka fè fas ak nouvo sitiyasyon ki te teste lafwa w. E Jewova te ede w fè sa (1 Kor. 10:13). Pakonsekan, eksperyans ou fè pandan ane ki pase yo dwe gen anpil valè pou ou. Yo te ede w fòtifye lanmou ou te genyen okòmansman an e yo se yon lòt mwayen ki kapab pèmèt ou konstate pèsonèlman sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon e ki agreyab. — Joz. 23:14 ; Sòm 34:8.

8. Kiyès Jewova te di Moyiz li ye, e ki jan Izrayelit yo te vin konnen Bondye pèsonèlman ?

8 Annou pran egzanp Izrayelit yo lè Jewova te fè yo konnen objektif li genyen pou l delivre yo nan esklavaj ann Ejip. Bondye te fè Moyiz rekonèt kiyès li ye, li te di l : “ M ap vin tounen sa m ap vin tounen. ” ​(Egz. 3:7, 8, 13, 14). Anfèt, Jewova te vle di l l ap tounen kèlkeswa sa ki nesesè pou l libere pèp li a. Nan chak evènman ki te pase, Izrayelit yo te wè diferan aspè nan pèsonalite Jewova. Yo te wè l kòm Toupisan an, kòm yon Jij, yon Gid, yon Sovè, yon Gèrye e kòm Sila k ap pran swen yo a. — Egz. 12:12 ; 13:21 ; 14:24-31 ; 16:4 ; Ney. 9:9-15.

9, 10. Ki sitiyasyon ki kapab ede yon moun aprann konnen Bondye, e poukisa li bon pou l sonje eksperyans sa yo ?

9 Sitiyasyon pa w pa menm ak pa Izrayelit nan tan lontan yo. Men, petèt ou te fè eksperyans ki te ba w asirans Bondye enterese nan ou pèsonèlman, e sa te ranfòse lafwa w. Petèt yon fason kèlkonk Jewova te pran swen w, li te rekonfòte w oswa li te anseye w. (Li Izayi 30:20b, 21.) Oubyen ou kapab santi ou te jwenn repons pou yon priyè w te fè. Petèt ou te rankontre yon pwoblèm e yon frè oswa yon sè te ede w. Oubyen grasa etid pèsonèl ou ou te jwenn kèk vèsè ki te ede w nan sitiyasyon w te ye a.

10 Si w ta rakonte lòt moun eksperyans sa yo, yo gendwa pa santi yo touche yo menm jan yo touche w la. Eksperyans sa yo se pa mirak yo ye. Men, yo gen anpil enpòtans pou ou. Wi, Jewova te demontre li se egzakteman sa ki te nesesè pou l ye pou ou. Panse ak ane ou deja pase nan laverite yo. Èske w kapab sonje kèk sitiyasyon nan lavi w kote w te santi Jewova soutni w pèsonèlman ? Si sa te rive, lè w sonje moman sa yo e ou sonje ki jan sa te fè w santi w, sa ka ede w toujou gen menm lanmou ou te gen nan kè w pou Jewova lè sa a. Ou bezwen gen rekonesans anvè Jewova pou eksperyans sa yo e ou bezwen medite sou yo. Yo se yon prèv ki demontre w Jewova enterese nan ou pèsonèlman, e pa gen moun ki ka fè w sispann kwè sa.

Egzamine tèt ou

11, 12. Si lanmou yon kretyen te genyen pou laverite vin diminye, ki sa ki kapab lakòz sa, e ki konsèy Jezi te bay anrapò ak sa ?

11 Si w pa santi w gen menm lanmou ou te genyen lontan pou Bondye e pou laverite, se pa paske Bondye gen yon bagay ki chanje nan li. Jewova pa janm chanje (Mal. 3:6 ; Jak 1:17). Li te enterese nan ou lontan, e li toujou enterese nan ou menm jan an jodi a. Donk, si gen yon bagay ki chanje nan relasyon w genyen avèk Jewova, ki sa k lakòz sa ? Èske se paske w santi w gen plis pwoblèm ak plis tètchaje nan lavi a e lespri w vin okipe ak bagay sa yo ? Petèt lontan ou te plis konn priye ak tout kè w, ou te konn etidye avèk plis dilijans e ou te konn medite pi souvan. Èske w te pi zele nan ministè a e ou te asiste reyinyon kongregasyon an pi regilyèman pase kounye a ? — 2 Kor. 13:5.

12 Lè w fin egzamine tèt ou, ou ka pa remake w gen pwoblèm sa yo. Men, si w ta gen youn ladan yo, ki sa k dwe fè sa ? Èske se kapab sousi ou genyen ki nòmal, tankou sousi pou w pran swen fanmi w yon fason ki kòrèk, pou w pran swen sante w, oswa pou lòt bagay ankò, ki fè w vin pa wè jou Jewova a ap pwoche byen vit ? Men sa Jezi te di apot li yo : “ Veye kò nou, pou kè nou pa janm vin lou nan fè eksè nan manje, nan bwè twòp, nan tètchaje lavi a, e bridsoukou pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, tankou yon pyèj. Wi, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout tè a. Donk, pa kite dòmi pran nou. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka reyisi chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive. ” — Lik 21:34-36.

13. Ak ki sa Jak te konpare Pawòl Bondye a ?

13 Jak, yon ekriven biblik ki te enspire, te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo itilize Pawòl Bondye a pou yo egzamine tèt yo sensèman. Men sa l te ekri yo : “ Se pou nou tounen moun k ap met pawòl la an pratik, e non pa moun k ap koute l sèlman, k ap twonpe tèt nou ak fo rezònman. Paske si yon moun koute pawòl la men li pa mete l an pratik, moun sa a sanble ak yon nonm ki gade figi l nan yon glas. Paske li gade tèt li, e l ale, epi lamenm li bliye ki kalite moun li ye. Men, moun ki gade avèk atansyon nan lwa pafè a, lwa libète a, e ki pèsevere ladan l, l ap mete l an pratik e l ap fè sa ak kè kontan, paske li tounen yon moun ki koute l e ki pa bliye. ” — Jak 1:22-25.

14, 15. a) Ki jan Labib kapab ede w amelyore tèt ou nan domèn espirityèl ? b) Sou ki kesyon ou ta ka reflechi ?

14 Yon moun ka sèvi ak yon glas pou l gade tèt li pou l wè si l bon. Pa egzanp, si yon gason wè kravat li kwochi, li kapab ranje l. Si yon fi wè cheve l pa byen ranje, li kapab ranje l. Menm jan an tou, Labib ede nou egzamine tèt nou pou nou wè ki moun nou ye. Nou itilize Labib kòm yon glas lè nou konpare tèt nou ak jan li di nou ta dwe ye. Men, ki sans sa t ap genyen si nou ta gade nan yon glas, nou wè yon bagay ki pa kòrèk ki merite ranje, epi nou pa fè anyen pou nou ranje l ? Si nou aji ann amoni ak sa nou wè nan “ lwa pafè ” Bondye bay la, n ap tounen ‘ yon moun k ap pratike ’ lwa sa a e n ap montre nou gen sajès. Pou rezon sa a, si yon moun wè lanmou li te genyen okòmansman pou Jewova e pou laverite diminye, l ap bon pou l reflechi sou kesyon sa yo : ‘ Ak ki pwoblèm m ap fè fas nan lavi m, e ki jan m reyaji devan yo ? Ki jan m te konn reyaji lontan ? Èske gen yon bagay ki chanje nan fason m reyaji ? ’ Si egzamen sa a fè w wè ou gen kèk feblès, pinga w fè kòmsi w pa wè yo. Si gen chanjman ou dwe fè, fè yo san pèdi tan. — Ebre 12:12, 13.

15 Yon meditasyon konsa ka ede w fikse objektif rezonab k ap fè w pwogrese nan domèn espirityèl. Apot Pòl te bay Timote, konpayon sèvis li, kèk konsèy Bondye te enspire l ki t ap ede Timote amelyore ministè l. Men sa Pòl te konseye jenòm sa a : “ Reflechi sou bagay sa yo, plonje ladan yo, yon fason pou pwogrè w parèt vizib pou tout moun. ” L ap bon pou nou menm tou nou chèche wè ki pwogrè nou kapab fè ann amoni ak Pawòl Bondye a. — 1 Tim. 4:15.

16. Ki pyèj ou ta dwe evite lè w ap egzamine tèt ou ann amoni ak Ekriti yo ?

16 Si w egzamine tèt ou sensèman, li vrèman pwobab pou w jwenn kèk feblès. Sa ka fè w santi w dekouraje. Sepandan, ou pa ta dwe kite feblès ou fè w dekouraje. Avrèdi, objektif yon egzamen konsa se pèmèt ou idantifye ki kote ou kapab pote yon amelyorasyon. An reyalite, Satan ta renmen pou yon kretyen santi l pa vo anyen akoz enpèfeksyon l. Li te deja fè konnen Bondye pa bay efò moun ap fè pou sèvi l yo okenn valè (Jòb 15:15, 16 ; 22:3). Sa se yon manti, e Jezi te pale kont manti sa a ak tout fòs li. Li te montre nou chak gen anpil valè nan je Bondye. (Li Matye 10:29-31.) Lè w konnen feblès ou, sa ta dwe fè w detèmine avèk imilite pou w amelyore w grasa èd Jewova ap ba w (2 Kor. 12:7-10). Si maladi oswa laj fè w limite nan sa w ka fè, ou bezwen fikse objektif ki rezonab, men, pinga w bese lebra ni pinga w kite lanmou w diminye.

Ou gen anpil rezon pou w gen rekonesans

17, 18. Ki byenfè ou jwenn lè w ranfòse lanmou w te genyen okòmansman an ?

17 Moun ki kontinye ranfòse lanmou yo te genyen okòmansman an ap jwenn anpil gwo byenfè. Ou kapab ogmante konesans ou sou Bondye ak rekonesans ou pou fason li gide w avèk amou. (Li Pwovèb 2:1-9 ; 3:5, 6.) Gen yon salmis ki te di : “ Gen yon gwo rekonpans lè moun obsève [desizyon jidisyè Jewova yo]. ” E anvan sa, li te di : “ Rapèl Jewova a diy de konfyans, li fè yon moun ki pa gen eksperyans vin saj. ” Anplis, yon lòt salmis te di : “ Byennere moun ki entèg nan wout yo, moun ki mache nan lwa Jewova a. ” — Sòm 19:7, 11 ; 119:1.

18 W ap dakò ou gen anpil bon bagay pou w rekonesan pou yo. Ou konprann rezon ki fè bagay yo jan yo ye a nan monn nan. Ou jwenn swen ak atansyon Bondye ap bay pèp li a jodi a nan domèn espirityèl. Sandout, ou dwe kontan tou paske Jewova te atire w vin nan kongregasyon li gen nan lemonnantye a e li te ba w privilèj pou w vin youn nan Temwen l yo. Se pou w gen rekonesans pou benediksyon ou jwenn yo ! Si w ta fè yon lis benediksyon ou jwenn, sandout l ap long. L ap bon pou w reflechi sou benediksyon sa yo detanzantan. Se sèten sa ap ede w suiv konsèy sa a : “ Kontinye kenbe sa w genyen an fèm. ” — Rev. 3:11.

19. Apa medite sou relasyon nou genyen ak Bondye, ki sa k trèzenpòtan pou nou kontinye rete an sante nan domèn espirityèl ?

19 Lè w reflechi sou fason lafwa w te grandi pandan ane ki pase yo, se yon bagay ki ka fè w kenbe sa w genyen an fèm. Souvan, peryodik sa a atire atansyon nou sou lòt bagay ki trèzenpòtan nou kapab fè pou nou kontinye rete an sante nan domèn espirityèl. Pami yo, gen lapriyè, asiste reyinyon kretyen yo, patisipe ladan yo e patisipe nan ministè a avèk zèl. Bagay sa yo kapab ede w kontinye ogmante lanmou w te genyen okòmansman an. — Efe. 5:10 ; 1 Pyè 3:15 ; Jid 20, 21.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan rezon ki te fè w vin renmen Jewova yo ka ankourajan pou ou kounye a ?

• Lè w reflechi sou eksperyans ou te fè pandan ane ki pase yo, ki asirans sa ba w ?

• Poukisa w ta dwe egzamine lanmou w genyen pou Bondye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Ki sa k te atire w nan laverite e ki te konvenk ou ?

[Foto nan paj 25]

Èske w wè gen chanjman ou bezwen fè nan ou ?