Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Apot Pòl te fè konnen ‘ tout Izrayèl t ap sove ’. (Wom. 11:26.) Èske li te vle di rive yon lè tout Juif yo t ap vin kretyen ?

Non. Se pa sa Pòl te vle di. Antanke nasyon, desandan Abraram yo pa t aksepte Jezi kòm Mesi a. Apre lanmò Jezi, ofiramezi ane yo t ap pase, sa te vin parèt aklè se pa tout Juif yo ki t ap gen pou yo vin kretyen. Sepandan, lè Pòl te di ‘ tout Izrayèl t ap sove ’ a, se yon verite li te di. Nan ki sans ?

Men sa Jezi te di chèf relijye juif nan epòk li a : “ Y ap pran wayòm Bondye a nan men nou e se yon nasyon k ap pwodui fwi l yo y ap bay li. ” ​(Mat. 21:43). Piske nasyon Izrayèl la te rejte Jezi, Jewova t ap fòme yon lòt nasyon, yon nasyon espirityèl. Pòl rele nasyon sa a “ Izrayèl Bondye a ”. — Gal. 6:16.

Gen lòt pasaj nan Ekriti grèk kretyen yo ki montre se 144 000 kretyen ki wen ak lespri ki t ap konpoze “ Izrayèl Bondye a ”. (Wom. 8:15-17 ; Rev. 7:4.) Yon pasaj nan Bib la ki montre aklè gen moun ki pa t Juif ki nan nasyon sa a se Revelasyon 5:9, 10. Pasaj sa a montre kretyen wen yo t ap soti “ nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp e nan tout nasyon ”. Yo chwazi moun ki fè pati Izrayèl espirityèl la prensipalman pou yo fòme “ yon wayòm e pou yo tounen prèt [...], e yo gen pou yo dirije tè a kòm wa. Se vre, Izrayèl pa t yon nasyon espesyal pou Jewova ankò, men gen moun ladan l ki te ka rekonsilye avèk li. Pami moun sa yo, te gen apot yo ak anpil lòt kretyen ankò nan premye syèk la. Natirèlman, yo te oblije achte ni Juif sa yo ni tout lòt moun yo ak san Jezi Kris. — 1 Tim. 2:5, 6 ; Ebre 2:9 ; 1 Pyè 1:17-19.

Menmsi pifò Juif ki t ap viv nan premye syèk la te pèdi posiblite yo te jwenn pou yo dirije ansanm ak Jezi, sa pa t anpeche Bondye reyalize objektif li. Anyen pa t ap janm ka anpeche Jewova fè sa, paske men sa l te di pa mwayen yon pwofèt li : “ Se konsa sa ap ye pou pawòl mwen ki sot nan bouch mwen. Li pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men, se sèten, l ap fè sa ki fè m plezi, e l ap reyisi san mank nan sa m voye l fè a. ” — Iza. 55:11.

Pawòl sa yo aplikab pou objektif Bondye genyen pou 144 000 moun dirije ansanm ak Pitit li a nan syèl la. Labib montre byen klè Bondye t ap wenn yon kantite moun egzak, 144 000 moun. Pa t ap gen youn menm ki t ap manke ! — Rev. 14:1-5.

Donk, lè Pòl te ekri ‘ tout Izrayèl t ap sove ’ a, li pa t vle di tout Juif yo nèt t ap vin kretyen. Depreferans, li te vle fè konnen objektif Bondye genyen pou 144 000 Izrayelit espirityèl dirije ansanm ak Jezi Kris, Pitit li a, nan syèl la t ap reyalize. Nan moman Bondye deside a, kantite egzak la, sètadi “ tout Izrayèl ”, t ap sove. Finalman, yo t apral dirije antanke wa e antanke prèt nan Wayòm Mesi a. — Efe. 2:8.

[Foto nan paj 28]

Kretyen wen yo soti “ nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp e nan tout nasyon ”.