Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou gen fòs malgre feblès nou yo

Nou gen fòs malgre feblès nou yo

Nou gen fòs malgre feblès nou yo

OU KA santi w about avèk feblès ou yo. Yo kole la, yo pa lage w yon may. Ou ka gen santiman ou pap janm rive venk yo, oubyen ou gendwa santi w pa vo anyen lè w ap konpare tèt ou ak lòt moun, paske w panse yo pi bon pase w. Oubyen tou, ou gendwa ap lite ak yon maladi k ap fini avè w, ki souse tout enèji w e ki fè w pèdi gou w te genyen pou lavi. Kèlkeswa sa k lakòz ou santi w fèb la, ou gendwa santi se kòmsi w pran nan yon pyèj. Petèt ou santi w menm jan ak Jòb ki te di Bondye : “ O ! Si w ta kache m nan cheyòl, si w ta sere m jiskaske kòlè w pase, si w ta fikse yon delè pou mwen pou w sonje m ! ” — Jòb 14:13.

Ki sa w ka fè pou w soti nan dezespwa ki anvayi w la ? Menmsi sa difisil, ou bezwen retire pwoblèm yo nan lespri w pandan yon tan. Pa egzanp, ou ka konsidere kesyon Jewova te poze Jòb, sèvitè l la, lè l te di : “ Ki kote w te ye lè m te fè fondasyon tè a ? Di m li, si toutbonvre ou konn sa yo rele entèlijans. Kiyès ki te fikse mezi yo, si w konnen, oubyen kiyès ki te pase kòd pou mezire a sou li ? ” ​(Jòb 38:4, 5). Si nou reflechi sou sans kesyon sa yo, sa ka pouse nou rekonèt Jewova gen yon sajès ak yon pisans ki estrawòdinè. Li gen bon rezon ki fè li kite sitiyasyon ki egziste nan monn nan jodi a kontinye egziste.

“ Yon pikan nan chè ”

Gen yon lòt sèvitè fidèl ki te mande Jewova pou l retire yon pwoblèm li te genyen ki t ap pèsiste ki te tankou “ yon pikan nan chè ” l. Apot Pòl te sipliye Bondye twa fwa pou l retire l anba eprèv sa a. Kèlkeswa pwoblèm li te genyen an, li te tankou yon pikan ki t ap nui l. Petèt li te fè Pòl pèdi jwa l te gen nan sèvis Jewova a. Pòl te di se kòmsi yo t ap frape l san rete. Men repons Jewova te ba li : “ Bonte m moun pa merite a sifi pou ou, paske pisans mwen ap vin pafè nan feblès. ” Jewova pa t retire pikan an. Pòl te oblije lite avèk li, sepandan, men sa Pòl te ajoute : “ Lè mwen fèb, se atò mwen gen pisans. ” ​(2 Kor. 12:7-10). Ki sa l te vle di ?

Pwoblèm Pòl la pa t disparèt. Sepandan, sa pa t anpeche l fè yon seri bagay estrawòdinè nan sèvis Jewova. Pòl te konte sou Jewova pou l te ka jwenn fòs nan men l e li te toujou mande l èd li (Fil. 4:6, 7). Se sa k fè, kèk tan anvan Pòl te mouri, li te kapab di : “ Mwen lite nan bèl lit la, mwen fini kous la, mwen obsève lafwa. ” — 2 Tim. 4:7.

Malgre lèzòm enpafè e yo gen pwoblèm, Jewova sèvi ak yo pou l akonpli volonte l, e li merite tout onè pou sa. Li kapab ba yo direksyon ak sajès pou yo fè fas ak pwoblèm yo genyen e pou yo pa pèdi jwa yo nan sèvis li a. Wi, li kapab sèvi ak moun ki enpafè pou yo fè travay ki estrawòdinè malgre feblès yo.

Pòl te di rezon ki fè Bondye pa t retire pikan li te gen nan chè l la se ‘ pou l pa t elve tèt li depase ’. (2 Kor. 12:7.) “ Pikan ” l lan te fè l sonje limit li te genyen e li te ede l rete enb. Sa ann amoni ak sa Jezi te anseye : “ Nenpòt moun ki glorifye tèt li y ap imilye l, e nenpòt moun ki imilye tèt li y ap glorifye l. ” ​(Mat. 23:12). Eprèv yo ka ede sèvitè Bondye yo gen imilite e yo ka ede yo konprann yo bezwen mete konfyans yo nan Jewova si yo vle andire fidèlman. Konsa, menm jan ak apot Pòl, yo kapab ‘ glorifye tèt yo nan Jewova ’. — 1 Kor. 1:31.

Feblès ki kache yo

Gen kèk moun ki ka gen feblès san yo pa konn sa oubyen yo ka pa vle admèt sa. Pa egzanp, yon moun ka gen twòp konfyans nan tèt li (1 Kor. 10:12). Yon lòt feblès anpil moun enpafè genyen, se dezi pou moun konsidere yo kòm moun ki enpòtan.

Yowab, ki te vin jeneral lame David la, te yon gason vanyan ki te konn aji avèk detèminasyon e ki te gen fasilite pou l rezoud pwoblèm. Sepandan, Yowab te komèt yon seri aksyon grav ki te pwouve li te gen twòp konfyans nan tèt li e ki te montre li t ap chèche gen pouvwa. Avèk vyolans, li te touye de jeneral. Toudabò, li te tire revanj lè l te touye Abnè. Annapre, li te fè kòmsi li t ap salye Amaza, kouzen l, li kenbe l nan bab ak men dwat li kòmsi l t apral bo l epi li touye l avèk yon epe li te gen nan men goch li (2 Sam. 17:25 ; 20:8-10). Yo te bay Amaza pòs jeneral Yowab te genyen an, e Yowab te pwofite okazyon sa a pou l elimine rival li a. Petèt li te espere yo t ap remete l nan pozisyon jeneral la. Nou ka wè Yowab pa t metrize lespri l ni li pa t kontwole anbisyon egoyis li te genyen an nonplis. Li te aji san pitye e li pa t montre li te regrèt sa l te fè a. Anvan David te mouri, li te bay Salomon lòd pou l veye aske yo egzekite Yowab pou mechanste li te fè yo. — 1 Wa 2:5, 6, 29-35.

Nou pa dwe sede devan move dezi nou genyen yo. Nou ka rive kontwole feblès nou yo. Pou nou fè sa, toudabò, nou bezwen rekonèt nou genyen yo. Apre sa, nou ka travay pou nou venk yo. Nou bezwen priye Jewova regilyèman pou nou mande l èd pou n venk feblès sa yo e nou bezwen etidye Pawòl li a avèk dilijans etan n ap chèche mwayen pou nou venk tandans sa yo (Ebre 4:12). Nou ka bezwen kontinye fè efò pou nou venk enpèfeksyon nou yo, olye nou kite yo dekouraje nou. Lit sa a ka menm kontinye toutotan n ap viv nan enpèfeksyon. Pòl te rekonèt sa nan ka pa l, men sa l te di : “ Sa m ta renmen an, se pa li m pratike, men sa m rayi a, se li m fè. ” Sepandan, jan nou konn sa deja, Pòl pa t annik reziyen l, kòmsi l pa t gen okenn kontwòl sou aksyon l. Okontrè, li te kontinye lite kont feblès li yo toutpandan l te mete konfyans li nan èd Bondye bay pa mwayen Jezi Kris (Wom. 7:15-25). Men sa Pòl te di yon lòt kote : “ Mwen benyen kò m ak kou e mwen mennen l tankou yon esklav, konsa, lè m fin preche lòt yo, mwen pap vin mwen menm yon moun ki dezapwouve yon fason oswa yon lòt. ” — 1 Kor. 9:27.

Lèzòm gen tandans toujou chèche jistifye tèt yo. Nou ka chèche venk tandans sa a lè nou chèche gen pwennvi Jewova e lè nou aji ann amoni ak konsèy Pòl te bay kretyen yo lè l te di : “ Rayi sa ki mal, kenbe fèm nan sa ki byen. ” ​(Wom. 12:9). Nan lit n ap mennen pou nou venk feblès nou yo, n ap bezwen yon seri kalite tankou onètete, pèseverans ak disiplin. Men sa David te mande Jewova : “ Rafine ren m ansanm ak kè m. ” ​(Sòm 26:2). Li te konnen Bondye kapab wè tandans ki pi pwofon nou genyen nan nou menm e li kapab ede nou lè nou bezwen sa. Si nou byen reyaji devan direksyon Jewova bay pa mwayen Pawòl li a e pa mwayen lespri sen l, n ap ka fè pwogrè jiskaske nou rive venk feblès nou yo.

Gen kèk moun ki ka santi yo dekouraje lè yo fas ak pwoblèm yo wè yo pa ka rezoud poukont yo. Pa gen dout nan sa, ansyen yo nan kongregasyon an kapab ba yo èd ak ankourajman ki plen lanmou (Iza. 32:1, 2). Men, li saj pou nou reyalis nan sa n ap atann. Paske gen kèk pwoblèm ki pap janm jwenn solisyon nèt nan sistèm sa a. Malgre sa, gen anpil moun ki aprann viv avèk pwoblèm yo, e sa ede yo jwenn satisfaksyon nan lavi yo.

Nou mèt gen konfyans Jewova ap ede nou

Kèlkeswa pwoblèm nou jwenn nan tan difisil sa yo, nou ka gen asirans Jewova ap gide nou e l ap soutni nou. Men ki egzòtasyon Bib la ban nou : “ Kidonk, se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou lè moman an rive, toutpandan n ap lage tout tètchaje nou sou li, paske li gen sousi pou nou. ” — 1 Pyè 5:6, 7.

Lè Kathy, ki te fè yon pakèt tan ap sèvi nan Betèl, te aprann mari l te fè Alzaymè, li pa t santi l te ka fè fas ak eprèv ki t ap tann li yo. Se chak jou li te bezwen sipliye Jewova pou l mande l sajès ak fòs. Ofiramezi sante mari l t ap deteryore, avèk amou, gen frè ki te pran tan pou yo aprann kòman pou yo fè fas ak maladi sa a e gen sè ki gen sousi pou yo ki te ba yo sipò moral. Jewova te sèvi ak kretyen sa yo kòm youn nan mwayen pou l bay èd li, e konsa, Kathy te kapab pran swen mari l pou jis li mouri anviwon 11 an annapre. Men sa l di : “ Se avèk dlo nan je e ak tout kè m mwen te remèsye Jewova pou tout èd li te ban mwen, sa te ede m kontinye kenbe. Mwen pa t panse m te kapab kontinye fè tout sa m te bezwen fè pandan tout tan sa a pou jan m te santi m fèb e m te santi m fatige ! ”

Sa k ka ede nou venk feblès ki kache yo ?

Lè moun santi yo pa vo anyen, yo ka panse Jewova pap koute yo lè y ap mande l èd nan moman detrès yo. Donk, nan moman sa yo l ap bon pou nou reflechi sou sa David te di lè l te santi l gen remò poutèt peche grav li te fè ak Batcheba a. Li te di : “ Yon kè ki brize, ki kraze, o Bondye ou pap meprize l. ” ​(Sòm 51:17). David te repanti sensèman, li te konnen li te ka pwoche bò kote Bondye e li te ka konte sou mizèrikòd li. Jezi gen menm santiman ak Jewova. Matye te fè aplikasyon pawòl Izayi yo sou Jezi nan Evanjil li a. Li te di : “ Li pap kraze wozo ki abime a, e mèch an len k ap fè lafimen an, li pap etenn li, jiskaske li fè jistis soti avèk siksè. ” ​(Mat. 12:20 ; Iza. 42:3). Lè Jezi te sou tè a, li te gen konpasyon pou moun ki enb e pou moun yo t ap eksplwate. Li pa t aji yon fason ki te ka demoralize moun sa yo pou l fè yo pèdi gou yo gen pou lavi, sètadi pou l etenn mèch lanp ki te prèske etenn yo. Men depreferans, avèk tandrès li te pran swen moun ki t ap soufri yo, menm jan yon moun t ap pran tan pou l mete luil nan yon lanp pou mèch la ka kontinye limen. Se konsa li te aji lè l te pami lèzòm. Èske w pa panse Jezi toujou menm jan an e li kapab konprann feblès ou yo ? Ebre 4:15 di li “ ka konprann feblès nou ”.

Lè Pòl t ap ekri konsènan “ pikan nan chè ” li te genyen an, li te di pisans Kris la te sou li “ tankou yon tant ”. (2 Kor. 12:7-9.) Menm jan yon moun jwenn pwoteksyon kont lapli, van ak solèy lè l anba yon tant, se konsa li te santi Bondye te ba l pwoteksyon pa mwayen Kris. Menm jan ak Pòl, nou pa dwe lage bay feblès nou yo ak pwoblèm nou yo. Pou nou rete fò nan domèn espirityèl, nou bezwen byen pwofite dispozisyon Jewova pran pou nou pa mwayen kongregasyon li an ki sou tè a. Nou dwe fè tout sa nou kapab epi nou dwe priye Jewova avèk espwa l ap ede nou. Lè nou wè fason pisans Bondye ka ede nou ak feblès nou yo, n ap kapab di menm jan ak Pòl : “ Lè mwen fèb, se atò mwen gen pisans. ” — 2 Kor. 12:10.

[Foto nan paj 3]

Pòl te toujou priye Jewova pou l ede l akonpli ministè l.

[Foto nan paj 5]

Wa David te bay Yowab dirije lame a.

[Foto nan paj 5]

Yowab te elimine Amaza ki te yon rival pou li.

[Foto nan paj 6]

Avèk amou, ansyen yo ban nou konsèy ki sot nan Bib la ki ka ede nou andire pwoblèm nou yo.