Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Women an

Pwen enteresan ki nan liv Women an

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Women an

OZANVIWON ane 56 epòk nou an, pandan apot Pòl t ap fè twazyèm vwayaj misyonè l la, li te rive nan yon vil yo rele Korent. Nan vil Wòm, kretyen ki Juif ak kretyen ki te soti nan lòt nasyon yo te gen opinyon diferan. Pòl te vle ede yo pou yo vin gen yon inite total nan Kris. Se poutèt sa li te pran inisyativ pou l ekri yo yon lèt.

Nan lèt sa a Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li te esplike ki jan fè gen moun yo deklare jis e ki jan moun sa yo ta dwe viv. Lèt sa a ogmante konesans nou sou Bondye e sou Pawòl li a, li mete aksan sou bonte Bondye moun pa merite a e li di anpil bon bagay sou wòl Kris jwe nan delivrans nou. — Ebre 4:12.

KI JAN FÈ GEN MOUN YO DEKLARE JIS ?

(Wom. 1:1–11:36)

Men sa Pòl te ekri : “ Tout moun peche e yo pa atenn glwa Bondye. E se kòm don gratis yo deklare yo jis grasa bonte [Bondye] moun pa merite a pa mwayen yon liberasyon grasa ranson Kris Jezi te peye a. ” Pòl di tou : “ Yo deklare yon moun jis paske l gen lafwa, e non pa paske l fè sa lalwa mande. ” ​(Wom. 3:23, 24, 28). Yo “ deklare ” ni kretyen wen yo ni manm “ gwo foul ” “ lòt mouton ” yo “ jis ” grasa lafwa yo genyen nan “ yon sèl aksyon jis ” ki te fèt. Yo deklare kretyen wen yo jis pou y al viv nan syèl la antanke moun ki eritye ansanm ak Kris. E yo deklare gwo foul la jis antanke zanmi Bondye ki gen espwa pou yo chape nan “ gwo tribilasyon an ”. — Wom. 5:18 ; Rev. 7:9, 14 ; Jan 10: 16 ; Jak 2:21-24 ; Mat. 25:46.

Pòl te poze kesyon sa a : “ Èske n ap komèt yon peche paske nou pa sou lalwa, men nou anba bonte moun pa merite a ? ” Men sa l te reponn : “ Pinga sa janm fèt ! ” Men esplikasyon li bay : “ Swa nou se esklav peche pou nou jwenn lanmò, swa nou se esklav obeyisans pou nou jwenn jistis. ” ​(Wom. 6:15, 16). Li te di apre sa : “ Si nou fè pratik kò a mouri pa mwayen lespri, n ap viv. ” — Wom. 8:13.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:24-32 — Èske konduit imoral yo dekri nan vèsè sa yo gen rapò ak Juif yo oswa ak moun lòt nasyon yo ? Byenke sa yo dekri nan vèsè sa yo te ka pou nenpòt nan de gwoup moun sa yo, sepandan, se konsènan Izrayelit ki te vin aposta lontan yo Pòl t ap pale dirèkteman. Malgre yo te konnen dekrè Bondye yo ki jis, “ yo pa t twouve li bon pou yo gen konesans egzak sou Bondye ”. Donk, yo te vrèman koupab.

3:24, 25 — Ki jan “ ranson Kris Jezi te peye a ” te ka kouvri “ peche ki te konn fèt nan tan lontan ” anvan li te bay ranson an ? Premye pwofesi sou Mesi a nou jwenn nan Jenèz 3:15 lan te reyalize nan ane 33 epòk nou an lè yo te touye Jezi sou yon poto soufrans (Gal. 3:13, 16). Sepandan, nan moman Jewova te bay pwofesi sa a, li posib pou l te gentan konsidere ranson an kòm yon bagay ki deja peye, paske pa gen anyen ki kapab anpeche l reyalize sa li gen nan objektif li. Se sa k fè sou baz sakrifis Jezi Kris t apral bay la, Jewova te kapab padone peche moun pami desandan Adan yo ki te gen lafwa nan pwomès sa a. Ranson an fè l posib tou pou moun ki t ap viv anvan epòk kretyen yo resisite. — Tra. 24:15.

6:3-5 — Sa sa vle di batize nan Kris Jezi ak batize nan lanmò l ? Lè Jewova wenn disip Kris yo ak lespri sen, yo vin ini ak Jezi e yo vin manm kongregasyon an ki se kò Kris la e ki gen Kris kòm Tèt li (1 Kor. 12:12, 13, 27 ; Kol. 1:18). Se konsa yo batize nan Kris Jezi. Yon lòt bò, kretyen wen yo “ batize nan lanmò [Kris] ” nan sans yo mennen yon vi sakrifis e yo renonse ak esperans yo te genyen pou yo viv toutan sou tè a. Se sa k fè byenke lanmò yo pa sèvi kòm ranson, lanmò yo se yon sakrifis menm jan ak lanmò Jezi. Batèm nan lanmò Kris la fini pou yo lè yo mouri e yo resisite pou yo viv nan syèl la.

7:8-11 — Nan ki sans ‘ peche a te jwenn yon okazyon grasa kòmandman an ’ ? Lalwa te fè moun konprann tout sa k peche. Li te fè yo pran konsyans plis toujou yo se pechè. Pakonsekan, yo te vin kapab wè nan ki pwen peche a te nan anpil aksyon yo fè alòske yo pa t wè sa anvan. Konsa, nou kapab di peche te jwenn okazyon grasa Lalwa.

Leson pou nou jodi a :

1:14, 15. Nou gen anpil rezon pou nou chofe pou nou anonse bon nouvèl la. Youn ladan yo, se paske nou gen yon dèt anvè moun Jezi achte ak san l yo e nou gen obligasyon pou nou ede yo vin gen yon bon relasyon avèk Bondye.

1:18-20. Moun ki pa gen respè pou Bondye e ki enjis yo “ san eskiz ” paske kalite envizib Bondye yo parèt aklè nan sa l kreye yo.

2:28 ; 3:1, 2 ; 7:6, 7. Lè Pòl te fin fè yon seri deklarasyon ki te ka blese Juif yo, li te fè lòt remak ki te adousi sa l te di a. Sa se yon egzanp ki montre nou ki jan, avèk sajès e avèk ladrès, nou kapab trete sijè ki ka blese moun.

3:4. Lè sa lèzòm di an kontradiksyon ak sa Bondye di nan Pawòl li a, n ap montre nou “ rekonèt Bondye veridik ” si nou mete konfyans nou nan mesaj ki nan Bib la e nou aji ann amoni ak volonte Bondye. Lè nou patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la avèk zèl, nou kapab ede lòt moun rekonèt Bondye veridik.

4:9-12. Lafwa Abraram te fè Bondye konsidere l kòm yon moun ki jis depi byen lontan anvan li te sikonsi nan laj 99 an (Jen. 12:4 ; 15:6 ; 16:3 ; 17:1, 9, 10). Konsa, Bondye montre aklè sa k ka fè yon moun gen repitasyon moun ki jis devan l.

4:18. Esperans se yon aspè ki trèzenpòtan nan lafwa yon moun. Lafwa nou chita sou esperans nou. — Ebre 11:1.

5:18, 19. Yon fason ki lojik, Pòl montre resanblans ki genyen ant Jezi ak Adan, konsa li montre, san l pa di anpil pawòl, ki jan yon moun kapab bay “ nanm li kòm ranson pou anpil moun ”. (Mat. 20:28.) Lè n ap anseye, nou bezwen imite bèl metòd sa yo : itilize rezònman ki lojik e fè sa yon fason ki senp, san nou pa di anpil pawòl. — 1 Kor. 4:17.

7:23. Gen kèk manm nan kò nou tankou men nou, janm nou ak lang nou ki ka ‘ fè nou vin kaptif lalwa peche ’. Donk, nou bezwen veye pou nou pa mal sèvi avèk yo.

8:26, 27. Lè nou devan sitiyasyon ki tèlman mete nou nan konfizyon e sa fè nou pa konnen sa pou nou mande nan priyè nou, “ lespri a li menm li sipliye pou nou ”. Alò Jewova, Sila “ ki konn tande priyè ” a, ka konsidere priyè nan Pawòl li a ki sanble ak sitiyasyon nou an kòmsi se yon priyè nou te fè. — Sòm 65:2.

8:38, 39. Ni eprèv yo, ni kreyati espirityèl mechan yo, ni gouvènman imen yo pa ka fè Jewova sispann renmen nou, e yo pa ta dwe fè nou sispann renmen l.

9:22-28 ; 11:1, 5, 17-26. Gen anpil pwofesi konsènan retablisman Izrayèl ki reyalize sou kongregasyon kretyen wen yo, yon kongregasyon ki fòme ak moun ki soti “ nonsèlman pami Juif yo men tou pami nasyon yo ”.

10:10, 13, 14. Lanmou nou gen pou Bondye e pou pwochen nou ansanm ak lafwa nan Jewova e nan pwomès li yo kapab motive nou pou nou patisipe avèk zèl nan ministè kretyen an.

11:16-24, 33. Gen yon bèl ekilib ant “ bonte Bondye ak severite l ”. Wi, “ Wòch la, travay li bon nèt, paske tout chemen l se jistis ”. — Det. 32:4.

YO DEKLARE NOU JIS, KIDONK, ANNOU DETÈMINE POU N RETE KONSA

(Wom. 12:1–16:27)

Men sa Pòl di : “ Se sa k fè, frè, mwen sipliye nou, pa mwayen konpasyon Bondye, pou nou prezante kò nou kòm yon sakrifis vivan, ki sen, ki agreyab pou Bondye. ” ​(Wom. 12:1). Lè Pòl di “ se sa k fè ” a, li te vle di lefètke yo deklare kretyen yo jis akoz lafwa yo, sa li di apre yo ta dwe gen yon efè sou fason yo konsidere tèt yo, sou fason yo konsidere lòt moun e sou fason yo konsidere gouvènman yo.

Men sa li ekri : “ M ap di chak moun nan mitan nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse. ” Epi li bay konsèy sa a : “ Se pou lanmou nou san ipokrizi. ” ​(Wom. 12:3, 9). “ Se pou tout nanm soumèt devan otorite siperyè yo. ” ​(Wom. 13:1). Nan kesyon ki gen rapò ak konsyans chak moun, li ankouraje kretyen yo ‘ pou yo pa jije youn lòt ’. — Wom. 14:13.

Kesyon biblik ak tout repons :

12:20 — Nan ki sans nou “ anpile chabon ki byen limen ” sou tèt ènmi nou ? Nan tan biblik yo, yo te konn mete metal yo nan yon founèz dife epi yo te konn met chabon dife ni anlè metal la ni anba l. Lefètke gen anpil chalè pa anlè metal la, sa te fè metal la fonn pi fasil pou dechè yo soti ladan l. Menm jan an tou, nou mete chabon ki byen limen sou tèt yon moun ki ènmi nou lè nou fè byen pou li yon fason pou opozisyon l lan fonn e pou bèl kalite l yo parèt.

12:21 — Ki jan nou “ kontinye venk mal la avèk byen ” ? Youn nan fason nou ka fè sa, se lè nou kontinye fè travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan avèk kouraj, jiskaske Jewova, Sila ki ban nou fè travay sa a, di travay la fini. — Mak 13:10.

13:1 — Nan ki sans otorite siperyè yo “ se Bondye ki mete yo nan pozisyon yo youn parapò ak lòt ” ? Gouvènman yo “ se Bondye ki mete yo nan pozisyon yo youn parapò ak lòt ” paske se Bondye ki pèmèt yo dirije. Nan kèk ka, li te menm prevwa nan ki moman yo t ap gen pou yo dirije. Sa parèt klè lè nou konsidere sa Labib te anonse sou kèk dirijan.

Leson pou nou jodi a :

12:17, 19. Lè nou tire revanj pou mal yo fè nou, nou fè yon bagay se Jewova sèlman ki gen dwa fè l. Si nou ta “ rann mal pou mal ”, nou t ap montre vrèman nou pran yon dwa ki pa pou nou !

14:14, 15. Nou ta dwe veye pou nou pa fè frè nou tris oswa pou nou pa fè l trebiche akoz sa nou ba l manje oswa sa nou ba l bwè.

14:17. Pou yon moun gen yon bon relasyon avèk Bondye, sa pa depann prensipalman de sa l manje oswa de sa l bwè, ni sa pa depann de sa l chwazi pa manje oswa de sa l chwazi pa bwè. Men, avantou li bezwen gen jistis, lapè ak lajwa.

15:7. Nou dwe akeyi nan kongregasyon an tout moun k ap chèche laverite toutbonvre e nou dwe fè sa san patipri. Nou dwe preche mesaj Wayòm nan bay tout moun nou rankontre.

[Foto nan paj 31]

Èske ranson an ka aplike pou peche moun te fè anvan Jezi te bay ranson an ?