Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason nou ka fè fas ak difikilte nou jwenn nan travay predikasyon kay an kay la

Fason nou ka fè fas ak difikilte nou jwenn nan travay predikasyon kay an kay la

Fason nou ka fè fas ak difikilte nou jwenn nan travay predikasyon kay an kay la

“ Nou te mete kran sou nou pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a, e nou te lite anpil pou nou fè sa. ” — 1 TES. 2:2, NW.

1. Ki difikilte Jeremi te jwenn, e ki jan l te rive venk yo ?

JEREMI te yon moun ki gen menm santiman ak nou. Men sa l te di lè Jewova te fè l konnen li konfye l misyon pou l vin “ pwofèt pou nasyon yo ” : “ Aa ! Seyè Bondye sèl mèt ! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale. ” Men, piske l te gen konfyans nan Jewova, li te aksepte asiyasyon sa a (Jer. 1:4-10). Pandan plis pase 40 an, Jeremi te oblije fè fas ak yon seri pwoblèm : moun yo te endiferan, yo te meprize l, yo te pase l nan rizib e yo te menm fè vyolans sou li (Jer. 20:1, 2). Pafwa, li te menm santi l ta lage sa. Men, li te pèsevere, li te kontinye anonse yon mesaj moun yo pa t renmen, e pifò moun pa t byen reyaji devan mesaj la. Grasa èd Bondye te bay Jeremi, li te akonpli yon travay li pa t ap janm ka fè poukont li. — Li Jeremi 20:7-9.

2, 3. Ki jan sèvitè Jewova yo jwenn difikilte ki sanble ak sa Jeremi te jwenn yo ?

2 Anpil sèvitè Bondye jodi a ka konprann jan Jeremi te santi l. Anpil nan nou, lè nou t ap reflechi gen yon lè n apral patisipe nan predikasyon kay an kay la, nou te konn di tèt nou : ‘ Se yon bagay mwen pap janm ka fè. ’ Men, lè nou te vin konprann volonte Jewova se pou nou pwoklame bon nouvèl la, nou te venk krent nou te genyen e nou te kòmanse preche. Sepandan, omwen yon fwa nan lavi nou, anpil nan nou te rankontre yon sitiyasyon ki te fè li difisil pou nou kontinye fè sa. Nou pa ka nye sa, se yon defi pou nou kòmanse preche kay an kay e pou nou kontinye fè sa jiskaske lafen an rive. — Mat. 24:13.

3 Èske w ap etidye ak Temwen Jewova yo e ou gen kèk tan depi w ap asiste reyinyon yo, men ou ezite kòmanse preche kay an kay ? Oubyen, èske w se yon Temwen batize e ou twouve li difisil pou w patisipe nan travay predikasyon kay an kay la alòske ou pa gen pwoblèm fizik ? Ou pa bezwen pè, gen tout kalite moun ki rive venk difikilte ki genyen nan travay predikasyon kay an kay la. Avèk èd Jewova, ou menm tou ou kapab fè sa.

Annou mete kran sou nou

4. Ki sa k te pèmèt apot Pòl anonse bon nouvèl la avèk kran ?

4 Sandout, ou konnen se pa pouvwa lèzòm oubyen sajès pa yo ki fè travay predikasyon an ap fèt, men se lespri Bondye (Zek. 4:6). Se menm bagay la tou pou ministè chak kretyen (2 Kor. 4:7). Ann konsidere egzanp apot Pòl. Men sa l te ekri pou l fè sonje jan kèk opozan te maltrete li menm ansanm ak lòt misyonè ki te akonpaye l la : “ Apre nou te fin soufri toudabò, e apre yo te fin trete nou yon fason derespektan [...] nan Filip, grasa Bondye nou an, nou te mete kran sou nou pou nou fè nou konnen bon nouvèl Bondye a, e nou te lite anpil pou nou fè sa. ” ​(1 Tes. 2:2, NW ; Tra. 16:22-24). Li ka difisil pou nou panse yon moun ki te zele nan predikasyon an tankou Pòl te oblije lite pafwa pou l preche. Menm jan ak nou tout, Pòl te dwe konte sou Jewova pou l te ka anonse bon nouvèl la avèk kran. (Li Efezyen 6:18-20.) Kòman nou ka imite egzanp Pòl ?

5. Bay yon bagay nou kapab fè k ap ede nou met kran sou nou pou nou preche.

5 Yon bagay ki ka ede nou mete kran sou nou pou nou preche se lapriyè. Men sa yon pyonye te di : “ Mwen priye pou m ka pale avèk asirans, pou m ka touche kè moun yo e pou m ka jwenn lajwa nan ministè a. Dayè, se travay Jewova n ap fè, se pa travay pa nou, donk, nou pa ka fè anyen si nou pa jwenn èd nan men l. ” ​(1 Tes. 5:17). Nou tout nou bezwen priye toutan pou nou jwenn èd lespri sen Bondye pou n ka preche avèk kran. — Lik 11:9-13.

6, 7. a) Ki vizyon Ezekyèl te resevwa, e ki siyifikasyon l te genyen ? b) Ki leson moun k ap sèvi Bondye jodi a ka aprann nan vizyon Ezekyèl la ?

6 Liv Ezekyèl la fè nou konnen yon lòt bagay ki ka ede nou pale avèk kran. Jewova te bay Ezekyèl yon vizyon kote li te ba l yon woulo ki te gen “ pawòl moun di lè y’ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y’ap soufri anpil ”. Pawòl sa yo te ekri sou toule de bò woulo a e Jewova te di Ezekyèl pou l manje woulo a. Men sa l te di : “ Nonm o ! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a. ” Ki siyifikasyon vizyon sa a te genyen ? Ezekyèl te dwe byen konnen mesaj li t apral bay la. Mesaj sa a te dwe antre nan li menm, li te dwe gen yon efè sou santiman li genyen nan fon kè l. Men sa pwofèt la di ankò : “ Mwen manje l’, li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl. ” Ezekyèl te pran plezi pou l anonse mesaj Bondye a an piblik. Se te tankou siwo myèl nan bouch li. Se te yon gwo privilèj pou li pou l reprezante Jewova e pou l ranpli asiyasyon sa a li te ba l la, menm lè sa te mande pou l anonse yon mesaj ki pisan bay yon pèp ki pa t enterese tande mesaj la. — Li Ezekyèl 2:8–3:4, 7-9.

7 Moun k ap sèvi Bondye jodi a ka tire yon leson ki enpòtan nan vizyon sa a. Nou menm tou nou gen yon mesaj pisan pou nou bay moun yo ki pa toujou bay efò n ap fè yo valè. Pou nou ka kontinye konsidere ministè nou genyen antanke kretyen an kòm yon privilèj Bondye ban nou, nou bezwen byen nouri nan domèn espirityèl. Si nou etidye san nou pa fè sa an pwofondè oubyen si se yon lè konsa nou etidye, sa pap sifi pou nou byen konprann sa k nan Pawòl Bondye a. Èske w pa ta ka amelyore fason w etidye, oubyen èske w pa ta ka etidye pi regilyèman ? Èske w pa ta ka medite pi souvan sou sa w aprann yo ?

Fason nou kapab kòmanse konvèsasyon biblik

8. Bay yon metòd ki ede kèk pwoklamatè Wayòm nan kòmanse konvèsasyon biblik nan travay predikasyon kay an kay la.

8 Gen anpil pwoklamatè ki twouve sa k pi difisil nan travay predikasyon kay an kay la se kòmanse yon konvèsasyon ak moun yo rankontre yo. Se vre, nan kèk tèritwa, se vrèman yon defi pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo. Gen kèk pwoklamatè ki santi yo pi alèz pou yo pale ak moun yo nan papòt lakay yo si yo kòmanse prezantasyon an avèk kèk pawòl yo te byen prepare epi apre sa, yo bay moun nan yon feyè, jan nou wè sa nan kare a. Tit feyè a ansanm ak bèl foto ki sou li yo ka atire atansyon moun nan e yo ka ban nou posiblite pou nou fè moun nan konnen rezon ki fè nou vin vizite l ak posiblite pou nou poze l yon kesyon. Yon lòt fason nou ka itilize metòd sa a, se lè nou montre moun nan twa oswa kat feyè epi nou mande l chwazi youn ki enterese l. Natirèlman, objektif nou se pa annik kite yon feyè pou moun nan ni pou nou sèvi avèk yo nan chak pòt nou fè, men objektif nou se kòmanse konvèsasyon ki pral debouche sou etid biblik.

9. Poukisa li bon pou nou byen prepare ?

9 Kèlkeswa metòd ou itilize, lè w byen prepare, sa ede w pou w gen asirans ak antouzyas nan travay predikasyon kay an kay la. Men sa yon pyonye di : “ Mwen gen plis kè kontan lè m byen prepare. Sa fè m anvi pataje prezantasyon m nan ak moun yo. ” Men sa yon lòt pyonye di : “ Lè m konnen sa k nan piblikasyon m pral prezante a, mwen santi m plis anvi sèvi avè l. ” Se vre, li bon pou nou repase sa nou pral di a nan tèt nou, men tou gen anpil moun ki wè li pi bon pou yo repete sa yo pral di a awotvwa anvan. Lè yo fè sa, sa ede yo bay Jewova sa yo genyen nan yo menm ki pi bon an. — Kol. 3:23 ; 2 Tim. 2:15.

10. Ki sa k ka fèt pou reyinyon predikasyon yo fèt yon fason pratik e pou pwoklamatè yo tire pwofi ladan yo ?

10 Lè reyinyon predikasyon yo fèt yon fason pratik, sètadi yo montre nou sa nou kapab fè lè nou nan predikasyon, sa ede nou efikas nan ministè a e sa ede nou jwenn kè kontan ladan l. Si tèks pou jounen an gen yon rapò dirèk avèk travay predikasyon an, frè k ap kondui reyinyon predikasyon an ka fè li l e li ka fè yon ti pale tou kout sou li. Li ta dwe pran ase tan pou l bay yon prezantasyon ki senp e ki apwopriye pou tèritwa a, oswa pou l fè yon demonstrasyon sou li. Oubyen li ka egzamine lòt enfòmasyon pwoklamatè yo ap kapab itilize nan predikasyon pou jou a. Sa ap pèmèt moun ki la yo pi byen ekipe pou yo bay yon temwayaj ki efikas. Lè ansyen yo ak lòt moun ki kondui reyinyon predikasyon yo fè bonjan preparasyon alavans, nonsèlman y ap rive fè sa, men tou yo pap depase tan reyinyon an dwe dire a. — Wom. 12:8.

Bon rezilta nou ka jwenn lè nou koute moun yo

11, 12. Ki jan lè nou koute avèk konpasyon, sa ka ede nou touche kè moun yo ak bon nouvèl la ? Bay kèk egzanp.

11 Lè nou nan ministè a, nonsèlman nou bezwen fè bonjan preparasyon, men tou nou bezwen gen yon enterè sensè pou moun yo. Sa ap ede nou kòmanse konvèsasyon biblik avèk yo e sa ap ede nou touche kè yo. Yon jan nou ka demontre nou gen yon enterè sensè pou yo se nan fason nou koute sa y ap di nou. Men ki sa yon siveyan itineran te remake : “ Lè nou pasyan e nou dispoze koute moun yo, sa atire yo e se yon bèl fason nou demontre enterè sensè nou gen pou yo. ” Lè nou koute avèk konpasyon, sa kapab tankou yon kle ki ouvri kè moun n ap koute a. Eksperyans ki vin apre a montre sa.

12 Gen yon dam ki te ekri yon lèt ki te parèt nan jounal Le Progrès, nan vil Sentetyèn, an Frans. Nan lèt sa a, li esplike ki jan li te resevwa vizit de moun ki te frape pòt li yon ti tan apre l te fin pèdi yon bebe, yon tifi, ki te gen twa mwa. Men sa l te ekri : “ Tousuit, mwen te wè se Temwen Jewova yo ye. Mwen te pare pou m fè yo ale san m pa fè malelve, men, mwen te remake yon bwochi yo t ap ofri. Bwochi sa a t ap pale sou rezon ki fè Bondye pèmèt soufrans. Se sa k fè mwen te deside envite yo antre yon fason pou m te ka demanti tout sa yo t apral di m. [...] Temwen yo te rete pou inèdtan anviwon. Yo te koute m avèk anpil konpasyon, e lè yo t aprale, mwen te tèlman santi m soulaje, mwen te aksepte pou yo retounen vizite m. ” ​(Wom. 12:15). Annapre, dam sa a te aksepte etidye Labib. Leson nou ka tire nan egzanp sa a, sèke sa l te sonje nan premye vizit la se pa sa Temwen yo te di l, men se fason yo te koute l.

13. Ki jan nou ka adapte fason nou prezante bon nouvèl la ak chak moun nou rankontre ?

13 Anfèt, lè nou koute avèk konpasyon, se kòmsi nou te bay moun yo posiblite pou yo di nou rezon ki fè yo bezwen Wayòm nan. Konsa, nou vin pi byen kapab pataje bon nouvèl la avèk yo. Petèt ou te remake pwoklamatè ki efikas yo se moun ki konn koute (Pwo. 20:5). Yo demontre yon enterè sensè pou moun yo rankontre nan ministè a. Nonsèlman yo mete non moun yo ak adrès yo nan nòt y ap pran, men tou yo mete sa k enterese yo ak sa yo bezwen nan nòt sa yo. Lè yon moun fè pwoklamatè sa yo konnen yon bagay k ap trakase l, y al fè rechèch e yo pa pran tan pou yo retounen al vizite moun nan pou yo pataje sa yo te jwenn nan avèk li. Menm jan ak apot Pòl, yo adapte fason yo prezante mesaj Wayòm nan ak chak moun yo rankontre. (Li 1 Korentyen 9:19-23.) Yon enterè sensè konsa fè moun yo anvi koute bon nouvèl la e li byen reflete “ kè sansib ” Bondye nou an genyen. — Lik 1:78.

Annou kontinye gen yon pwennvi pozitif

14. Ki jan nou ka reflete kalite Jewova yo nan ministè nou ?

14 Jewova demontre li ban nou valè lefètke li ban nou libète pou nou deside. Byenke li Toupisan, li pa fòse pèsonn sèvi l, men li atire moun yo grasa lanmou li gen pou yo e li beni moun ki byen reyaji devan bèl dispozisyon l pran yo (Wom. 2:4). Antanke minis Jewova, chak fwa n ap bay temwayaj, nou ta dwe prè pou nou prezante bon nouvèl la yon fason ki onore Bondye nou an ki chaje ak mizèrikòd (2 Kor. 5:20, 21 ; 6:3-6). Pou nou ka fè sa, nou bezwen toujou gen yon pwennvi ki pozitif sou moun ki nan tèritwa nou yo. Ki sa k ka ede nou leve defi sa a ?

15. a) Ki sa Jezi te di disip li yo yo ta dwe fè si kèk moun ta rejte mesaj la ? b) Ki sa k ka ede nou konsantre sou chèche moun ki diy yo ?

15 Jezi te fè disip li yo konnen yo pa dwe enkyete yo si kèk moun ta rejte mesaj la, men yo ta dwe fè tout efò yo pou yo chèche moun ki diy yo. (Li Matye 10:11-15.) Lè nou fikse objektif ki pa twò gwo, objektif nou ka atenn, sa ka ede nou fè sa. Gen yon frè ki konpare tèt li ak yon moun k ap chèche lò. Men ki sa l di tèt li : “ Pandan jounen an, mwen atann m ap jwenn lò. ” Gen yon lòt frè ki fikse objektif pou l “ rankontre yon moun ki janti chak semèn e pou l retounen al wè l kèk jou annapre pou l pousuiv enterè l te jwenn nan ”. Gen kèk pwoklamatè ki fè efò pou yo li omwen yon vèsè biblik, si sa posib, avèk chak moun yo rankontre lakay yo. Ki objektif ki reyalis ou ta ka fikse tèt ou ?

16. Ki rezon nou genyen pou nou kontinye preche ?

16 Se pa lè moun yo byen reyaji nan tèritwa a ki montre si predikasyon kay an kay la itil oswa si l pa itil. Se vre, travay predikasyon an jwe yon wòl enpòtan pou ede moun ki gen kè sensè yo sove, men li enpòtan tou pou lòt rezon. Ministè kretyen an ban nou posiblite pou nou demontre lanmou nou genyen pou Jewova (1 Jan 5:3). Li pèmèt nou evite gen yon dèt san sou do nou (Tra. 20:26, 27). Li avèti moun ki pa gen respè pou Bondye yo, li fè yo konnen ‘ lè a rive pou Bondye jije lèzòm ’. (Rev. 14:6, 7.) Sa ki pi enpòtan, pa mwayen predikasyon bon nouvèl la, nou louwe non Jewova sou tout tè a (Sòm 113:3). Se poutèt sa, kit moun yo koute, kit yo pa koute, nou dwe kontinye anonse mesaj Wayòm nan. Vrèman, Jewova apresye tout efò nou fè pou nou pwoklame bon nouvèl la. — Wom. 10:13-15.

17. Ki sa moun yo pral oblije rekonèt talè konsa ?

17 Byenke gen anpil moun jodi a ki meprize travay predikasyon n ap fè a, talè konsa yo pap wè l menm jan an ankò (Mat. 24:37-39). Jewova te bay Ezekyèl asirans kou l ta egzekite jijman li te anonse yo, mezon Izrayèl la ki te rebèl t ap “ konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo ”. (Eze. 2:5.) Menm jan an tou, lè Bondye egzekite jijman l yo sou sistèm ki la jodi a, moun yo ap oblije rekonèt mesaj Temwen Jewova yo te konn preche kay an kay la ak nan andwa piblik yo se nan Jewova li soti, li menm ki se sèl vrè Dye a. Y ap oblije rekonèt tou Temwen Jewova yo te reprezante l toutbonvre. Ala yon privilèj sa ye pou nou pote non Jewova e pou nou anonse mesaj li a nan epòk espesyal sa a ! Se sa k fè annou kontinye venk difikilte ki gen nan travay predikasyon kay an kay la grasa èd Bondye.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou ka mete kran sou nou pou nou preche ?

• Ki sa k ka ede nou kòmanse konvèsasyon biblik nan travay predikasyon kay an kay la ?

• Ki jan nou ka demontre nou gen yon enterè sensè pou moun yo ?

• Ki sa k ka ede nou kontinye gen yon pwennvi pozitif sou moun ki nan tèritwa nou yo ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 9]

Yon fason nou ka kòmanse konvèsasyon biblik

Pou kòmanse :

▪ Apre w fin salye moun nan, ou ka ba li yon feyè epi ou ka di l : “ Jodi a, mwen pase wè w pou m pataje yon panse ankourajan avè w sou sijè enpòtan sa a. ”

▪ Oubyen ou ka ofri l yon feyè epi w di l : “ Mwen vin rann ou yon ti vizit tou kout jodi a paske m ta renmen konnen sa w panse sou sijè sa a. ”

Si moun nan aksepte feyè a :

▪ San w pa pran twòp tan, poze moun nan yon kesyon senp ki baze sou tit feyè a pou w konn pwennvi l.

▪ Byen koute sa moun nan ap di a, etan w ap chèche konprann pwennvi l. Remèsye l pou repons li ba w epi pale de sa nan konvèsasyon an.

Sa nou ka fè pou nou kontinye konvèsasyon an :

▪ Li youn oubyen plizyè vèsè, fè prezantasyon an selon sa k enterese moun nan e selon bezwen l.

▪ Lè yon moun montre li enterese, ofri l yon piblikasyon epi, si sa posib, montre l ki jan yon etid biblik fèt. Pran dispozisyon pou w retounen.