Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou pa konnen kilès k ap bay rannman !

Nou pa konnen kilès k ap bay rannman !

Nou pa konnen kilès k ap bay rannman !

“ Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. ” — EKL. 11:6.

1. Poukisa lè n ap gade fason yon plant pouse, sa ka fè nou sezi e anmenmtan sa ka fè nou santi nou vrèman piti ?

YON kiltivatè bezwen pasyan (Jak 5:7). Lè l fin simen yon semans, li bezwen tann li boujonnen e li bezwen tann li grandi. Tikras pa tikras, lè kondisyon yo pèmèt sa, boujon yo kòmanse sòt nan tè a. Apre sa, semans lan devlope pou l tounen yon plant k ap pwodui fwi. Finalman, kiltivatè a gen yon jaden ki pare pou l rekòlte l. Èske se pa estrawòdinè pou nou wè mirak sa a ! Nou santi nou vrèman piti tou lè nou konprann kiyès ki fè sa posib. Nou ka fè tout sa ki posib pou plant lan devlope, nou kapab wouze l, men, se sèl Bondye ki ka fè l pouse. — Konpare ak 1 Korentyen 3:6.

2. Nan egzanp nou te egzamine nan atik anvan an, ki sa Jezi te anseye konsènan moun k ap pwogrese nan domèn espirityèl ?

Jan nou te di sa nan atik ki vin anvan an, Jezi te konpare travay predikasyon Wayòm nan ak travay yon nonm k ap simen semans. Nan egzanp konsènan divès kalite tè a, li te montre menmsi nonm k ap simen an simen bon semans, se kondisyon kè moun k ap koute a k ap detèmine si semans lan ap pouse pou l bay fwi oswa si li pap pouse (Mak 4:3-9). Nan egzanp nonm ki simen e ki dòmi an, Jezi te montre nonm nan pa byen konprann fason plant lan grandi, paske se Bondye ki fè l grandi, se pa efò l fè yo (Mak 4:26-29). Kounye a, annou egzamine twa lòt egzanp Jezi te bay : Egzanp grenn moutad la, egzanp ledven an ak egzanp privye a, yon filè pou fè lapèch *.

Egzanp grenn moutad la

3, 4. Anrapò ak mesaj Wayòm nan, sou ki aspè egzanp grenn moutad la mete aksan ?

3 Nou jwenn egzanp grenn moutad la nan Mak chapit 4 la tou. Egzanp sa a mete aksan sou de pwen : premyèman, fason mesaj Wayòm nan touche anpil moun, dezyèmman, pwoteksyon moun ki aksepte mesaj la jwenn. Men sa Jezi te di : “ Kisa m’ ta di Peyi kote Bondye Wa a [“ wayòm Bondye a ”, NW] sanble ankò ? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye ? Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l’, se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè. Men, lè ou fin simen l’, li pran grandi : li depase tout plant menm kalite avè l’, li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbraj yo. ” — Mak 4:30-32.

4 La a, yo dekri fason “ wayòm Bondye a ” grandi. Nou kapab wè sa lè nou konsidere nan ki pwen yo te simaye mesaj Wayòm nan e lè nou konsidere jan kongregasyon kretyen an ki te pran nesans nan Pannkòt ane 33 te vin gen anpil moun ladan l. Yon grenn moutad se yon ti semans ki reprezante yon bagay ki toupiti. (Konpare ak Lik 17:6.) Sepandan, lè yon pye moutad fin grandi, li ka mezire 3 a 5 m wotè e branch li yo vin solid. Nan yon sans, se kòmsi l te tounen yon pyebwa. — Mat. 13:31, 32.

5. Ki akwasman kongregasyon kretyen premye syèk la te jwenn ?

5 Nan ane 33 epòk nou an, lè kongregasyon kretyen an te fèk fòme, li te gen anviwon 120 disip yo te wenn ak lespri sen. Nan yon ti tan, ti kongregasyon sa a te vin gen plizyè milye kwayan ladan l. (Li Travay 2:41 ; 4:4 ; 5:28 ; 6:7 ; 12:24 ; 19:20.) Nan trant an, kantite moun ki t ap travay nan rekòt la te tèlman ogmante, apot Pòl te kapab di frè nan kongregasyon Kolòs yo yo te deja anonse bon nouvèl la “ bay tout moun sou latè ”. (Kol. 1:23.) Se yon akwasman ki te estrawòdinè !

6, 7. a) Ki akwasman ki genyen depi 1914 ? b) Ki lòt akwasman ki pral genyen ?

6 Depi lè Wayòm Bondye a fin etabli nan syèl la an 1914, branch “ pye ” moutad la etann yo pi lwen pase sa nou te ka espere. Pèp Bondye a wè akonplisman literal pwofesi Izayi te ekri a, kote l te di : “ Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (1.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. ” ​(Iza. 60:22). Ti gwoup kretyen wen ki t ap fè travay Wayòm nan nan kòmansman 20yèm syèk la pa t ap janm ka imajine nan ane 2008 t ap gen anviwon sèt milyon Temwen k ap patisipe nan travay sa a nan plis pase 230 peyi. Vrèmanvre, akwasman estrawòdinè sa a sanble ak grenn moutad nan egzanp Jezi a.

7 Men, èske akwasman an rete la ? Non. Finalman, moun k ap viv anba Wayòm Bondye a pral ranpli tout tè a nèt. Tout moun ki te opoze ak Wayòm nan pral detwi. Se pa lèzòm ki pral fè sa, men se Jewova, Souvren Seyè a, ki pral entèvni nan sa k ap fèt sou tè a. (Li Dànyèl 2:34, 35.) Lè sa a, gen yon lòt pwofesi Izayi te bay ki pral akonpli. Men sa l te di : “ Kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo. ” — Iza. 11:9.

8. a) Kiyès zwazo nan egzanp grenn moutad Jezi te bay la reprezante ? b) Anba ki sa nou jwenn pwoteksyon depi kounye a ?

8 Jezi te di zwazo nan syèl la ap jwenn kote pou yo rete anba lonbray Wayòm nan. Zwazo sa yo pa reprezante ènmi Wayòm nan k ap eseye manje bon semans yo jan zwazo ki nan egzanp nonm ki simen semans k al tonbe nan divès kalite tè a fè sa (Mak 4:4). Okontrè, nan egzanp grenn moutad la, yo reprezante moun ki gen kè dwat k ap chèche pwoteksyon nan kongregasyon kretyen an. Depi kounye a, moun sa yo jwenn pwoteksyon anba yon seri abitid degradan ki anpeche moun gen bon relasyon ak Bondye e anba yon seri bagay ki pa pwòp moun yo ap pratike nan monn nan. (Konpare ak Izayi 32:1, 2.) Menm jan an tou, Jewova te konpare Wayòm Mesi a ak yon pyebwa, e men sa l te di nan yon pwofesi : “ M’ap plante l’ [...] sou tèt mòn ki pi wo nan peyi Izrayèl la. L’ap fè branch, l’ap donnen. L’ap vin fè yon bèl bèl pye sèd. Tout kalite zwezo pral rete ladan l’. Y’ ap pare solèy nan lonbraj branch li yo. ” — Eze. 17:22, 23.

Egzanp ledven an

9, 10. a) Sou ki pwen Jezi te mete aksan nan egzanp ledven an ? b) Nan Bib la, souvan, ki sa ledven reprezante, e ki kesyon nou pral egzamine anrapò ak mo ledven an Jezi te itilize a ?

9 Moun pa toujou wè ki jan akwasman fèt. Nan yon lòt egzanp Jezi te bay, li mete aksan sou pwen sa a. Men sa l te di : “ Wayòm syèl la sanble ak ledven yon dam pran epi li mete ak twa mezi farin, ki fè tout pat la leve. ” ​(Mat. 13:33, Bib Kreyòl La). Ki sa ledven sa a reprezante, e ki rapò l genyen ak Wayòm nan k ap grandi ?

10 Nan Bib la, souvan yo itilize ledven pou reprezante peche. Apot Pòl te pale de ledven nan sans sa a lè l te pale konsènan move enfliyans yon moun k ap fè peche te gen nan kongregasyon Korent lan lontan (1 Kor. 5:6-8). Èske la a Jezi te sèvi ak mo ledven an pou reprezante yon bagay negatif ?

11. Ki jan yo te konn sèvi ak ledven nan Izrayèl tan lontan an ?

11 Anvan nou reponn kesyon sa a, nou bezwen reflechi sou twa aspè fondamantal. Premyèman, se vre, Jewova pa t pèmèt Juif yo sèvi ak ledven nan peryòd fèt Pak la, men, nan lòt moman, li te aksepte sakrifis ki gen ledven ladan yo. Yo te sèvi ak ledven nan sakrifis kominyon yo te konn fè kòm remèsiman. Moun ki t ap prezante sakrifis sa yo te fè sa ak tout kè l yon fason pou l te montre rekonesans li genyen pou Jewova pou tout benediksyon li te resevwa nan men l. Se yon repa ki te dwe pote kè kontan pou moun ki patisipe ladan l. — Lev. 7:11-15.

12. Ki sa nou aprann nan fason Bib la itilize yon seri mo kòm senbòl ?

12 Dezyèmman, byenke nan yon kontèks yon mo gendwa gen yon sans negatif nan Ekriti yo, men, nan yon lòt kontèks, yo kapab itilize menm mo sa a pou reprezante yon bagay pozitif. Pa egzanp, nan 1 Pyè 5:8, yo konpare Satan ak yon lyon pou montre jan li mechan e jan l fewòs. Sepandan, nan Revelasyon 5:5, yo konpare Jezi ak yon lyon, “ lyon ki soti nan fanmi Jida a ”. Nan ka sa a, yo itilize lyon an kòm senbòl kouraj ak jistis.

13. Ki sa egzanp ledven Jezi te bay la montre sou fason yon moun pwogrese nan domèn espirityèl ?

13 Twazyèmman, nan egzanp Jezi te bay la, li pa t di ledven an gate tout pat la pou l fè l vin yon bagay moun pa ka itilize. Sèlman li te pale konsènan fason moun yo te konn fè pen an jeneral. Fi a te chwazi mete ledven an nan pat la, epi sa te bay bon rezilta. Ledven an te kache nan farin nan, sa vle di fi a pa t wè travay ledven an t ap fè a. Sa fè nou sonje nonm ki simen semans lan e k al dòmi lè lannuit rive. Jezi te di “ san [nonm nan] pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi ”. (Mak 4:27.) Vrèman, se yon fason senp pou demontre lè moun yo ap fè pwogrè espirityèl nou ka pa menm wè sa ! Okòmansman, nou ka pa t wè l ap pwogrese, men finalman, rezilta yo vin parèt aklè.

14. Lefètke ledven an fè tout farin nan leve, ki aspè nan predikasyon Wayòm nan sa reprezante ?

14 Moun pa wè lè pwogrè ap fèt nan domèn espirityèl e pwogrè sa a fèt toupatou sou tè a. Sa se yon lòt aspè egzanp ledven an mete aksan sou li. Ledven an fè tout farin nan, sètadi tout “ twa mezi farin ” nan, leve (Lik 13:21). Menm jan ak ledven an, travay predikasyon Wayòm nan ki fè gen akwasman nan domèn espirityèl la tèlman etann li, kounye a y ap anonse Wayòm nan “ jouk nan dènye bout latè ”. (Tra. 1:8 ; Mat. 24:14.) Ala yon gwo privilèj nou genyen pou nou patisipe nan bèl travay Wayòm nan, yon travay ki gaye sou tout tè a !

Privye a

15, 16. a) Fè rezime egzanp privye a. b) Ki sa privye a reprezante, e sou ki aspè li atire atansyon ki gen rapò ak Wayòm nan k ap grandi ?

15 Yon bagay ki pi enpòtan pase kantite moun ki di yo se disip Jezi Kris, se kalite moun ki vin disip yo genyen. Jezi atire atansyon sou aspè sa a anrapò ak Wayòm nan k ap grandi lè l te bay yon lòt egzanp, egzanp yon privye. Men sa l te di : “ Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. ” — Mat. 13:47.

16 Privye a reprezante travay predikasyon Wayòm nan e li rasanble tout kalite pwason. Men sa Jezi te di ankò : “ Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l’ sou bò rivaj la. Yo chita, yo triye pwason yo : yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y’ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. Y’a jete mechan yo nan gwo founo k’ap boule a. Se la va gen rèl, se la moun va manje dan yo. ” — Mat. 13:48-50.

17. Separasyon yo pale de li nan egzanp privye a, nan ki epòk l ap fèt ?

17 Èske separasyon sa a gen rapò ak jijman mouton ak kabrit Jezi te di ki gen pou fèt lè l vin nan glwa l la (Mat. 25:31-33) ? Non. Jijman sa a pral fèt lè Jezi vini, pandan gwo tribilasyon an. Yon lòt bò, separasyon sa a yo pale de li nan egzanp privye a ap rive nan epòk kote “ tout bagay va fini nèt la ” *. Se nan epòk sa a n ap viv kounye a. Se yon epòk k ap mennen nan gwo tribilasyon an. Donk, ki jan travay separasyon sa a ap fèt kounye a ?

18, 19. a) Ki jan yon travay separasyon ap fèt kounye a ? b) Ki etap moun ki gen kè sensè yo dwe franchi ? (Gade nòt anba paj la ki nan paj 21.)

18 Jewova atire plizyè milyon moun, li fè yo soti nan lanmè ki reprezante limanite a pou yo vin nan kongregasyon an nan epòk nou an. Genyen ki asiste Memoryal, gen lòt ki vin nan reyinyon nou yo e gen lòt tou ki aksepte pou nou etidye Labib ak yo. Men, èske yo tout demontre yo se vrè kretyen ? Se vre, nou “ rale [yo] sou bò rivaj la ”, men Jezi di se sèlman “ bon pwason yo ” yo mete nan panyen oswa nan veso. Veso sa yo reprezante kongregasyon yo. Yo jete pwason ki pa bon yo, e finalman y ap lage yo nan yon founèz dife ki reprezante destriksyon k ap vini an.

19 Gen anpil moun ki te konn etidye ak Temwen Jewova yo lontan ki kanpe etid la. Yo sanble ak pwason ki pa bon yo. Gen kèk moun tou ki fèt nan yon fanmi kote paran yo se kretyen, men ki pa janm vle vin disip Jezi toutbonvre. Yo pa dispoze pran desizyon pou yo sèvi Jewova. Gen nan yo ki te kòmanse sèvi l pandan yon ti tan, men yo pa kontinye fè sa *. (Eze. 33:32, 33.) Sepandan, li vrèman nesesè pou tout moun ki gen kè sensè kite yo rasanble yo nan veso yo, sètadi nan kongregasyon yo, anvan dènye jou jijman an rive e pou yo rete kote yo an sekirite a.

20, 21. a) Ki sa nou aprann nan egzamen nou te fè sou egzanp Jezi te bay konsènan akwasman ? b) Ki sa w detèmine pou w fè ?

20 Kounye a, ki sa nou sot aprann nan egzamen tou kout nou te fè sou egzanp Jezi te bay konsènan akwasman an ? Premyèman, menm jan ak yon grenn moutad k ap grandi, gen yon kokenn akwasman nan kantite moun ki tande mesaj Wayòm nan. Pa gen anyen ki ka anpeche travay Jewova a kontinye etann li sou tè a (Iza. 54:17) ! Anplis, moun ki chèche “ pare solèy nan lonbraj branch [pye bwa a] ” jwenn pwoteksyon nan domèn espirityèl. Dezyèmman, se Bondye ki fè plant lan grandi. Menm jan ledven an ki te kache te gaye nan tout pat la, se konsa tou, moun pa toujou wè pwogrè ki fèt nan domèn espirityèl e yo pa toujou konprann ki jan l fèt, epoutan, li fèt kanmenm. Twazyèmman, se pa tout moun ki te gen yon bon reyaksyon ki demontre yo se bon pwason. Gen moun ki sanble ak pwason ki pa bon Jezi te pale nan egzanp li a.

21 Men, se pa ti ankourajan sa ankourajan pou nou wè jan Jewova atire anpil bon pwason (Jan 6:44) ! Sa fè gen gwo akwasman nan yon peyi apre yon lòt. Se Jewova Dye ki merite tout glwa pou akwasman sa a. Piske nou wè sa, sa ta dwe pouse nou chak obeyi ankourajman nou pral site la a, yon ankourajman yo te ekri depi plizyè syèk : “ Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p’ap pran, si tou de p’ap bay menm rannman. ” — Ekl. 11:6.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Esplikasyon nou pral bay yo se yon ajisteman parapò ak esplikasyon yo te bay oparavan nan Toudegad 15 jen 1992, paj 17-22 (fransè) ak Toudegad 15 janvye 1975, paj 47-64 (fransè).

^ § 17 Byenke Matye 13:39-43 pale de yon lòt aspè nan travay predikasyon Wayòm nan, ni sa yo di nan vèsè sa yo ni egzanp privye a akonpli nan menm epòk, sètadi epòk “ lè tout bagay va fini nèt la ”. Separasyon pwason senbolik yo se yon bagay k ap kontinye, menm jan travay simen an ak travay rekòlte a ap kontinye fèt pandan epòk sa a. — Toudegad 15 oktòb 2000, paj 25-26 (fransè) ; Adore sèl vrè Dye a, paj 178-181, paragraf 8-11.

^ § 19 Èske sa vle di tout moun ki sispann etidye oswa ki sispann frekante pèp Jewova a se moun zanj yo voye jete kòm pa bon ? Non. Si yon moun vle retounen vin jwenn Jewova sensèman, l ap jwenn pòt la ouvè ap tann li. — Mal. 3:7.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa egzanp Jezi te bay sou grenn moutad la aprann nou konsènan fason Wayòm nan ta va grandi e konsènan pwoteksyon moun ta va jwenn nan domèn espirityèl ?

• Ki sa ledven an reprezante nan egzanp Jezi te bay la, e sou ki verite Jezi te mete aksan ki gen rapò ak Wayòm nan k ap grandi ?

• Ki sa egzanp privye a montre anrapò ak Wayòm nan k ap grandi ?

• Ki jan nou kapab fè pou nou gen asirans n ap toujou fè pati moun ‘ yo mete nan veso yo ’ ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Ki sa egzanp grenn moutad la aprann nou sou fason Wayòm nan ap grandi ?

[Foto nan paj 19]

Ki sa nou aprann nan egzanp ledven an ?

[Foto nan paj 21]

Ki sa separasyon yo fè ant bon pwason yo ak pwason ki pa bon yo reprezante ?