Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nou pa t pè paske Jewova te la avèk nou

Nou pa t pè paske Jewova te la avèk nou

Nou pa t pè paske Jewova te la avèk nou

Dapre Egyptia Petrides

Nan ane 1972, Temwen Jewova ki sou zile Chip yo te rasanble nan Nikozi pou yo tande yon diskou espesyal Nathan Knorr t ap bay. Depi kèk tan, se Nathan Knorr ki te alatèt travay predikasyon Temwen Jewova yo. Kou l te wè m, li te rekonèt mwen. E anvan menm mwen te di l kiyès mwen ye, li te poze m kesyon sa a : “ Èske w pran nouvèl frè Ejip yo ? ” Mwen te rankontre frè Knorr ventan anvan sa nan Aleksandri, vil kote m te fèt la, ann Ejip.

MWEN fèt nan vil Aleksandri 23 janvye 1914, e mwen se premye pitit nan yon fanmi ki gen 4 pitit. Nou grandi toupre lanmè a. Nan epòk sa a, Aleksandri te yon bèl vil ki gen yon popilasyon ki gen moun ki sot nan plizyè nasyon. Anpil moun te konnen l akoz bèl achitekti l ak istwa l. Lefètke te toujou gen Ewopeyen ak Arab nan vil sa a, pandan nou te timoun nou te aprann pale arab, anglè, fransè, italyen ansanm ak grèk, lang fanmi nou.

Apre m te fin gradye lekòl, mwen te kòmanse travay nan yon gran mezon kouti fransè, e mwen te santi m fyè pou m fè bèl modèl rad pou yon seri medam nan boujwazi a. Mwen te toujou aktif anpil nan relijyon m e mwen te toujou renmen li Bib la, malgre se yon ti pòsyon nan sa m te konn li yo mwen te konprann.

Nan epòk sa a, nan mitan ane 1930 yo, mwen te rankontre Theodotos Petrides, yon jenòm debyen ki te fèt Chip. Li te fò nan spò yo rele lit la, men tou, li te aprann patisri. Li t ap travay yon kote yo te fè patisri pou vann ki te gen gwo renome. Theodotos te tonbe damou pou mwen, yon ti dam ki gen cheve mawon fonse. Souvan, li te konn vin chante chante grèk pou mwen anba fenèt mwen. Nou te marye 30 jen 1940. Se te yon bèl epòk. Nou te abite nan yon apatman ki te anba apatman kote manman m te rete a. Premye pitit nou an, John, te fèt an 1941.

Nou aprann verite ki nan Bib la

Sa te gen kèk tan depi Theodotos te vin pa satisfè ak relijyon nou an e li t ap poze kesyon sou Bib la. Byenke m pa t konn sa, Temwen Jewova yo te kòmanse etidye Labib ak li. Yon jou, pandan mwen te lakay ak tibebe a, yon dam te frape pòt kay la e lè m te parèt, li lonje yon ti papye ban mwen ki te gen yon mesaj biblik ladan l. Pou m pa t parèt malelve, mwen te pran yon ti tan pou m li l. Apre sa, li te ofri m kèk piblikasyon biblik. Se te menm liv Theodotos te genyen yo nan kay la !

Lè sa a mwen di dam nan : “ Mwen gen liv sa yo, ou mèt antre. ” Kou dam Temwen Jewova a fin antre, mwen kòmanse bonbade l ak kesyon. Li te rele Eleni Nicolaou. Avèk pasyans, li te itilize Labib pou l reponn mwen. Mwen te renmen sa. Mwen te kòmanse konprann mesaj ki nan Bib la. Pandan konvèsasyon nou an, Eleni te remake yon foto mari m e li te di : “ Mwen konnen mesye sa a ! ” Mwen te dekouvri sekrè Theodotos la. Mwen te sezi tande sa, kounye a m te rive konprann li te kòmanse al nan reyinyon san mwen. Li pa t menm di m sa ! Lè Theodotos retounen lakay jou sa a, mwen di l : “ Kote w t ale dimanch pase a, semèn sa a m pral avè w. ”

Nan premye reyinyon mwen t ale a, yo t ap pale sou liv Mika a, e te gen anviwon dis moun ki te la. Mwen te kapte tout sa yo te di ! Apati reyinyon sa a, chak vandredi swa, George ak Katerini Petraki te pase vizite nou pou yo etidye Bib la ak nou. Papa m ak de frè m yo pa t vle Temwen Jewova yo etidye Labib avèk nou, men, sè m nan pa t gen pwoblèm ak sa, byenke li pa janm vin Temwen Jewova. Yon lòt bò, manman m te aksepte laverite. An 1942, ni li menm, ni Theodotos, ni mwen menm, nou te batize nan lanmè ki toupre vil Aleksandri a pou nou te montre nou vwe lavi nou bay Jewova.

Chanjman ki te fèt nan lavi nou

Dezyèm gè mondyal la te kòmanse an 1939, e yon ti tan apre sa, li te vin pi mal. Nan kòmansman ane 1940 yo, Erwin Rommel, yon jeneral alman, ansanm ak sòlda ki te avè l yo te gentan toupre Èlalamayn, e Aleksandri te chaje ak militè anglè. Nou te stoke manje an kantite. Apre sa, patwon Theodotos la te mande Theodotos al Pòtoufik, toupre kanal Syèz, pou l jere yon kote patwon l lan te fèk ouvri pou l vann patisri. Donk, nou te deplase al la. Nan vil sa a te gen de Temwen Jewova ki te chèche nou. Byenke yo pa t konn adrès kay nou, yo te preche kay an kay jiskaske yo jwenn nou.

Pandan nou Pòtoufik, nou te etidye Labib ak Stavros ansanm ak Giula Kypraios e ansanm ak pitit yo, Totos ak Georgia, e yo te vin bon zanmi nou. Stavros te tèlman renmen etidye Labib ak nou, li te konn met revèy lakay li yo anreta inèdtan, yon fason pou n rate dènye tren ki t ap mennen nou lakay nou an, e konsa pou n te ka fè plis tan avèk yo. Nou te konn kontinye konvèsasyon nou yo byen ta nan aswè.

Nou te pase 18 mwa Pòtoufik, e apre sa nou te retounen Aleksandri akoz manman m te vin malad. An 1947, li mouri fidèl ak Jewova. Yon fwa ankò, nou te santi Jewova te ankouraje nou pa mwayen zanmi kretyen nou yo ki gen matirite ki te bonjan frekantasyon pou nou. Anplis, nou te gen okazyon akeyi misyonè lakay nou lè bato yo te pran pou y al nan asiyasyon yo te fè eskal Aleksandri pou yon ti tan.

Jwa ak pwoblèm nou te genyen

An 1952, mwen te fè James, dezyèm pitit gason nou an. Antanke paran, nou te rekonèt li enpòtan pou nou leve pitit gason nou yo nan yon anviwònman espirityèl k ap bon pou yo. Se sa k fè, nonsèlman nou te ofri kay nou pou yo fè reyinyon pou etidye Bib la regilyèman, men tou, souvan, nou te konn akeyi sèvitè aplentan lakay nou. Sa te fè John, pi gran pitit gason nou an, te vin renmen verite ki nan Bib la e li te vin pyonye byenke li te adolesan. Toutpandan li te pyonye, li te konn pran kèk kou nan lekòl aswè pou l te ka fini fòmasyon pwofàn li.

Kèk tan apre sa, Theodotos te aprann li te gen yon pwoblèm kè ki grav, e yo te konseye l sispann fè travay li t ap fè a. Lè sa a, James te gen katran sèlman. Ki sa nou t apral fè ? Èske Jewova pa t fè pwomès sa a nou jwenn nan Izayi 41:10 (Ezayi) : “ Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou ” ? Imajine jan nou te sezi e nou te kontan lè yo te envite nou nan ane 1956 pou nou sèvi antanke pyonye nan vil Ismayilya, yon vil ki toupre kanal Syèz ! Nan ane ki te vin apre yo, te gen anpil pwoblèm ann Ejip, e frè ak sè nou yo te bezwen ankourajman.

An 1960, nou te oblije kite Ejip e nou chak nou te ale avèk yon malèt sèlman. Nou te deplase al viv Chip, zile mari m te fèt la. Rive nan moman sa a, maladi Theodotos la te vin pi grav e li pa t kapab travay ankò. Sepandan, yon frè ansanm ak madanm li te aji byen avèk nou lè yo te ban nou yon kote pou nou rete nan yon kay yo te genyen. Malerezman, dezan apre, mari m te mouri e mwen te vin poukont mwen ak James. John te vin Chip tou, men, li te gentan marye lè sa a e li te gen pwòp fanmi pa l pou l okipe.

Jewova te pran swen nou nan moman difisil yo

Apre sa, Stavros ak Dora Kairis te ban nou yon kote pou nou rete lakay yo. Mwen te met jenou m atè pou m remèsye Jewova paske li te ban nou sa nou te bezwen yon lòt fwa ankò (Sòm 145:16). Lè Stavros ak Dora te deside vann kay yo a pou yo bati yon lòt kay a etaj ki gen yon Sal Wayòm anba, nan bonte yo, yo te bati de pyès kay ki te kole ak pa yo a pou mwen ak James rete.

Avèk letan, James te marye, e li menm ak madanm li te sèvi antanke pyonye jiskaske yo te fè premye nan kat pitit yo genyen yo. An 1974, dezan apre vizit frè Knorr a, te gen gwo pwoblèm politik nan Chip *. Anpil moun te oblije kite kay yo pou y al rekòmanse lavi yo nan yon lòt peyi. Gen Temwen Jewova tou ki te fè sa. John, pitit gason m nan, se youn ladan yo. Li te deplase al viv Kanada ansanm ak madanm li ak twa pitit li yo. Sepandan, nan menm epòk sa a, nou te kontan wè kantite pwoklamatè yo ogmante sou zile Chip.

Lè m te kòmanse resevwa pansyon m, li te vin posib pou m pase plis tan nan ministè a. Sa gen kèk ane depi m te fè yon stwok ki pa twò grav e mwen te oblije al viv ak James, pitit gason m nan, ansanm ak fanmi l. Kèk tan apre, sante m te vin pi mal, e yo te ospitalize m pandan plizyè semèn. Ansuit yo te mete m nan yon mezon retrèt. Malgre mwen toujou gen doulè, mwen preche moun k ap travay anndan an, pasyan yo ak moun ki vin vizite yo. Mwen pase anpil tan tou poukont mwen ap etidye e mwen asiste yon etid liv ki pa lwen mezon retrèt la grasa èd frè m ki nan lafwa yo ban mwen avèk bonte.

Mwen jwenn rekonfò nan vye jou m yo

Mwen jwenn anpil rekonfò lè m pran nouvèl moun Theodotos ansanm avè m te gen privilèj ede yo. Anpil nan pitit yo ak pitit pitit yo nan sèvis aplentan. Genyen nan yo k ap sèvi ann Ostrali, o Kanada, ann Angletè, an Grès e an Suis. Jodi a, John ak madanm li ap viv o Kanada ak pitit gason yo a. Pi gran pitit fi yo a ap sèvi antanke pyonye ak mari l. Linda, dènye pitit yo a, ansanm ak mari l, Joshua Snape te jwenn envitasyon pou yo asiste nan 124yèm klas Lekòl Gileyad.

Kounye a, James ak madanm li ap viv ann Almay. De nan pitit gason l yo ap sèvi nan Betèl, youn nan Betèl ki Atèn nan, an Grès e lòt la nan sa ki Sèltès la, ann Almay. Dènye pitit gason yo a, pitit fi yo a ansanm ak mari l ap sèvi antanke pyonye ann Almay.

Ala bagay nou pral gen pou nou rakonte manman m ak Theodotos, mari m mwen te renmen anpil la, lè yo resisite ! Y ap kontan wè bèl eritaj yo te kite pou fanmi yo *.

[Nòt anba paj]

^ § 21 Gade nan Réveillez-vous ! 8 fevriye 1975, paj 12-15.

^ § 26 Pandan yo t ap prepare atik sa a, sè Petrides te mouri. Li te gen 93 an.

[Antrefilè nan paj 24]

Yon fwa ankò, nou te santi Jewova te ankouraje nou pa mwayen zanmi kretyen nou yo ki gen matirite ki te bonjan frekantasyon pou nou.

[Kat jeyografik nan paj 24]

(Gade peryodik la)

CHIP

NIKOZI

LANMÈ MEDITÈRANE

EJIP

Èlalamayn

Aleksandri

Ismayilya

Syèz

Pòtoufik

Kanal Syèz

[Liy kredi]

Dapre yon foto NASA/Visible Earth imagery

[Foto nan paj 23]

Mwen menm avèk Theodotos nan ane 1938.

[Foto nan paj 25]

James, pitit gason m, ak madanm li.

[Foto nan paj 25]

John, pitit gason m, ak madanm li.