Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa predikasyon kay an kay la enpòtan jodi a ?

Poukisa predikasyon kay an kay la enpòtan jodi a ?

Poukisa predikasyon kay an kay la enpòtan jodi a ?

“ Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t’ap mache kay an kay, yo pa t’ janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t’ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a. ” — TRA. 5:42.

1, 2. a) Ki metòd predikasyon tout moun konnen Temwen Jewova yo itilize jodi a ? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a ?

GEN yon bagay moun abitye wè nan prèske tout peyi ki gen sou tè a : de moun ki byen abiye pwoche bò yon kay e yo chèche transmèt yon mesaj ki pa long ki baze sou Bib la konsènan Wayòm Bondye a bay moun ki nan kay la. Si moun nan montre li enterese nan mesaj la, yo ka ofri l piblikasyon ki baze sou Bib la e yo ka ofri l yon etid biblik gratis lakay li. Lè yo fini, y al nan kay apre a. Si w deja ap patisipe nan travay sa a, sandout w ap remake byen souvan moun yo gentan wè se Temwen Jewova w ye depi anvan w kòmanse pale avèk yo. Vrèmanvre, travay predikasyon kay an kay la se mak fabrik Temwen Jewova yo.

2 Nou sèvi ak yon kantite metòd pou nou akonpli misyon Jezi te ban nou pou nou preche epi fè disip la (Mat. 28:19, 20). Nou bay temwayaj nan mache, nan lari ak nan lòt andwa piblik (Tra. 17:17). Nou kontakte anpil moun nan telefòn oubyen nou ekri yo lèt. Nou pataje verite ki nan Bib la ak moun nou rankontre nan aktivite nou mennen chak jou. Nou menm gen yon sit Entènèt ki pèmèt moun jwenn enfòmasyon ki baze sou Labib nan plis pase 300 lang *. Tout metòd sa yo pote bon rezilta. Men, nan pifò zòn, prensipal metòd nou itilize pou nou gaye bon nouvèl la se predikasyon kay an kay. Poukisa nou sèvi ak metòd predikasyon sa a ? Kòman pèp Bondye a fè vin ap sèvi avè l anpil konsa nan epòk nou an ? E poukisa li enpòtan kounye a ?

Metòd apot yo te itilize a

3. Ki enstriksyon Jezi te bay apot yo konsènan predikasyon, e ki sa sa endike sou fason yo te dwe preche ?

3 Se nan Ekriti yo metòd predikasyon kay an kay la soti. Men enstriksyon Jezi te bay apot yo lè l t ap voye yo preche : “ Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. ” Ki jan yo te dwe chèche moun ki diy yo ? Jezi te di yo pou yo ale lakay moun yo, epi li te di yo : “ Lè n’ap antre nan kay la, n’a di : Benediksyon Bondye sou kay la. Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou li. ” Èske sa vle di yo te dwe tann moun yo envite yo lakay yo anvan pou yo al vizite yo ? N ap remake apre sa Jezi te di : “ Si yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, soti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. ” ​(Mat. 10:11-14). Enstriksyon sa yo montre aklè lè apot yo t ap “ mache ale nan tout bouk, [...] ap anonse bon nouvèl la ”, yo te dwe pran inisyativ pou yo vizite moun yo lakay yo. — Lik 9:6.

4. Ki kote yo pale de predikasyon kay an kay nan Bib la ?

4 Labib montre aklè apot yo te konn preche kay an kay. Pa egzanp, men sa Travay 5:42 di konsènan apot yo : “ Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t’ap mache kay an kay, yo pa t’ janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t’ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a. ” Anviwon 20 an apre sa, men sa apot Pòl te fè ansyen nan kongregasyon Efèz yo sonje : “ Mwen pa janm kache nou anyen ki ta ka sèvi nou, mwen te fè nou konnen tout bagay, mwen te moutre nou tout bagay, kit an piblik kit lakay nou [kay an kay, NW]. ” Èske Pòl te konn vizite ansyen sa yo anvan yo te vin kwayan ? Sa klè, li te konn vizite yo, paske pami lòt bagay li te konn anseye yo li te anseye yo “ pou yo chanje lavi yo, tounen vin jwenn Bondye, pou yo mete konfyans yo nan Seyè Jezi ”. (Tra. 20:20, 21.) Men sa nou jwenn anrapò ak Travay 20:20 nan yon liv yon ekriven ki rele Robertson ekri : “ Li enpòtan pou nou note gwo predikatè sa a te konn preche kay an kay. ” — Word Pictures in the New Testament.

Yon lame krikèt nan epòk nou an

5. Ki jan pwofesi Yowèl la dekri travay predikasyon an ?

5 Temwayaj yo te bay nan premye syèk la se te yon avangou sèlman pou yon pi gwo travay ki te gen pou fèt nan epòk pa nou an. Pwofèt Yowèl te konpare travay predikasyon kretyen wen yo ak yon pakèt tibèt ki anvayi yon zòn e li te mansyone krikèt pami yo (Yow. 1:4). Li dekri krikèt yo k ap avanse tankou yon lame, yo venk obstak, yo rantre nan kay e yo devore kèlkeswa sa yo jwenn sou wout yo. (Li Yowèl 2:2, 7-9.) Vrèman, sa se yon deskripsyon vivan sou pèseverans pèp Bondye a genyen e sou fason y ap fè travay predikasyon an afon nan epòk nou an ! Youn nan metòd kretyen wen yo ak “ lòt mouton ” yo plis itilize pou yo akonpli pwofesi sa a se predikasyon kay an kay la (Jan 10:16). Ki jan nou menm, Temwen Jewova, nou te fè vin adopte metòd apot yo pou nou preche ?

6. Ki ankourajman yo te bay anrapò ak predikasyon kay an kay la an 1922, men ki jan kèk moun te reyaji ?

6 Apati ane 1919, yo te vin mete plis aksan sou responsablite chak kretyen genyen pou yo patisipe nan travay predikasyon an. Pa egzanp, te gen yon atik ki gen tit “ Ministè a enpòtan ” ki te parèt nan Toudegad 15 out 1922 (anglè) ki te fè kretyen wen yo sonje jan li enpòtan pou yo “ pote mesaj la bay moun yo e pou yo pale avèk yo lakay yo pou yo fè konnen wayòm syèl la toupre ”. Yo te bay kèk prezantasyon detaye nan Bilten an (aktyèlman ki rele Ministè Wayòm nan). Malgre sa, okòmansman, kantite moun ki te konn preche kay an kay la te piti. Gen kèk moun ki pa t vle al preche. Yo te bay plizyè rezon ki fè yo pa t fè sa, men anfèt, pwoblèm yo te genyen, sèke yo te santi travay predikasyon kay an kay la imilyan pou yo. Kòm òganizasyon Jewova a te vin mete plis aksan sou travay predikasyon an, ofiramezi, anpil nan moun sa yo te kite òganizasyon an.

7. Ki sa k te vin nesesè nan ane 1950 yo ?

7 Sa fè plizyè dizèn ane ki pase depi ane sa a, e ofiramezi ane sa yo t ap pase, gen yon pakèt moun ki te vin patisipe nan travay predikasyon an. Sepandan, li te vin evidan pwoklamatè yo te bezwen jwenn plis fòmasyon pou yo patisipe nan travay predikasyon kay an kay la. Annou pran egzanp peyi Etazini. Nan kòmansman ane 1950 yo, aktivite predikasyon 28 pousan Temwen Ozetazini yo se te annik distribye feyè oswa kanpe nan lari avèk peryodik nan men yo. Plis pase 40 pousan Temwen pa t regilye nan travay predikasyon an. Yo te konn pase plizyè mwa san yo pa preche ditou. Ki sa k te ka fèt pou ede tout kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye preche kay an kay ?

8, 9. Ki pwogram fòmasyon yo te lanse an 1953, e ki rezilta sa te pote ?

8 Yo te mete aksan anpil sou travay predikasyon kay an kay la nan yon kongrè entènasyonal ki te fèt Nouyòk an 1953. Frè Nathan Knorr te fè konnen prensipal travay siveyan kretyen yo se ede tout Temwen yo patisipe regilyèman nan travay predikasyon kay an kay la. Li te di : “ Tout moun ta dwe kapab ale kay an kay pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan. ” Pou atenn objektif sa a, yo te vin lanse yon pwogram fòmasyon toupatou sou tè a. Moun ki potko konn preche kay an kay yo te resevwa fòmasyon sou fason pou yo abòde moun yo lakay yo, pou yo rezone avèk yo sou Labib e pou yo reponn kesyon yo poze yo.

9 Pwogram fòmasyon sa a te bay yon rezilta estrawòdinè. Nan dizan, kantite pwoklamatè ki te genyen nan lemonnantye a te ogmante a 100 pousan, kantite nouvèl vizit yo te ogmante a 126 pousan e kantite etid biblik yo te ogmante a 150 pousan. Jodi a, gen anviwon sèt milyon pwoklamatè Wayòm nan k ap anonse bon nouvèl la sou tout tè a. Kokenn akwasman sa a se yon prèv ki montre aklè Jewova beni efò pèp li a ap fè nan travay predikasyon kay an kay la. — Iza. 60:22.

Y ap make moun ki pral chape yo

10, 11. a) Selon sa nou jwenn nan Ezekyèl 9, ki sa Ezekyèl te wè nan yon vizyon ? b) Ki jan vizyon sa a akonpli nan epòk pa nou an ?

10 Nou ka wè enpòtans travay predikasyon kay an kay la nan vizyon pwofèt Ezekyèl te resevwa a. Ezekyèl te wè sis mesye nan vizyon sa a ki te gen zam nan men yo e li te wè yon setyèm ki te gen yon rad twal fen tou blan sou li ak yon poban lank bò ren l. Yo di setyèm mesye a pou l “ ale nan tout lavil ” la epi pou l ‘ mete yon mak sou fwon tout moun k ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k ap fèt nan vil la ’. Apre travay make moun nan fin fèt, yo bay sis mesye ki gen zam nan men yo a lòd pou yo touye tout moun ki pa gen mak la. — Li Ezekyèl 9:1-6.

11 Nou vin konprann nan akonplisman pwofesi sa a, mesye ki gen “ yon rad twal fen tou blan sou li ” a reprezante rès kretyen ki wen ak lespri yo. Pa mwayen travay predikasyon an ak travay fè disip la, klas kretyen wen yo ap mete yon mak senbolik sou moun ki vin fè pati “ lòt mouton ” Kris yo (Jan 10:16). Ki sa mak la ye ? Mak la se yon prèv ki montre mouton sa yo vwe lavi yo bay Bondye, yo batize antanke disip Jezi Kris e yo gen nouvo pèsonalite a ki sanble ak pèsonalite Kris, e tou sa parèt klè kòmsi se yon mak tout moun ka wè ki sou fwon yo (Efe. 4:20-24). Moun sa yo ki tankou mouton fè yon sèl twoupo ak kretyen wen yo e yo ede yo nan travay enpòtan y ap fè a ki se mete mak sou plis moun toujou. — Rev. 22:17.

12. Ki jan vizyon Ezekyèl te resevwa konsènan mete mak sou fwon an mete aksan sou nesesite ki genyen pou nou chèche moun ki tankou mouton yo ?

12 Vizyon Ezekyèl la mete aksan sou yon rezon ki fè travay chèche moun “ k’ap plenn, ki nan gwo lapenn ” nan enpòtan anpil. Lavi moun yo depann de travay sa a. Talè konsa, sis mesye ki gen zam nan men yo a, ki reprezante fòs lame Jewova pral itilize pou l egzekite jijman l yo, pral detwi moun ki pa gen mak senbolik la sou yo. Anrapò ak jijman sa a, apot Pòl di Jezi, Seyè a, ansanm ak “ zanj li yo ki gen pouvwa ” pral “ pini tout moun ki pa konn Bondye yo ansanm ak moun ki p’ap mache dapre bon nouvèl ki pale sou Jezi, Seyè nou an ”. (2 Tes. 1:7, 8.) N ap remake yo pral jije moun yo selon fason yo te reyaji devan bon nouvèl la. Se sa k fè nou dwe kontinye preche mesaj Bondye a san pran souf jiska lafen (Rev. 14:6, 7). Sa bay tout sèvitè Jewova ki vwe lavi yo ba li yon kokenn responsablite. — Li Ezekyèl 3:17-19.

13. a) Ki responsablite apot Pòl te santi l genyen, e poukisa ? b) Ki responsablite w santi w genyen anvè moun ki nan tèritwa w yo ?

13 Apot Pòl te konnen li gen responsablite pou l pataje bon nouvèl la ak lòt moun. Men sa l te ekri : “ Se yon devwa pou mwen pou m’ anonse bon nouvèl la bay tout moun : kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li. Se poutèt sa, m’ anvi vin anonse bon nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm. ” ​(Wom. 1:14, 15). Pòl te gen rekonesans poutèt Bondye te fè l mizèrikòd, se sa k fè li te santi li gen obligasyon pou l ede lòt moun tire pwofi nan bonte Bondye moun pa merite a menm jan li menm li te benefisye l la (1 Tim. 1:12-16). Se te kòmsi li te dwe chak moun li te rankontre yon dèt li t ap ka peye sèlman si li te pataje bon nouvèl la ak moun sa a. Èske w santi w gen yon dèt konsa anvè moun ki nan tèritwa w yo ? — Li Travay 20:26, 27.

14. Bay rezon prensipal ki fè nou preche kay an kay.

14 Se vre, li enpòtan pou moun yo sove lavi yo, men travay predikasyon kay an kay la dwe fèt pou yon lòt rezon ki pi enpòtan lontan pase sa. Men sa Jewova deklare nan yon pwofesi : “ Depi kote solèy la leve a jis rive kote l kouche a, non mwen gen pou l gran pami nasyon yo, e [...] yo gen pou fè yon prezantasyon pou non mwen, wi yon kado pwòp, paske non mwen gen pou l gran pami nasyon yo. ” ​(Malaki 1:11, NW). Nan akonplisman pwofesi sa a, sèvitè Jewova ki vwe lavi yo ba li ap louwe non l an piblik sou tout tè a pandan y ap ranpli ministè yo avèk imilite (Sòm 109:30 ; Mat. 24:14). Prensipal rezon ki fè nou preche kay an kay se pou nou ka bay Jewova “ lwanj ”. — Ebre 13:15.

Gen evènman ki enpòtan anpil k ap tann nou

15. a) Ki jan Izrayelit yo te ogmante aktivite yo lè yo t ap fè wonn vil Jeriko a nan setyèm jou a ? b) Ki sa sa endike anrapò ak travay predikasyon an ?

15 Ki sa k gen pou pase talè konsa anrapò ak travay predikasyon an ? Istwa yo rakonte nan liv Jozye a konsènan lè yo te antoure vil Jeriko a ede nou konprann sa k ka pase. N ap sonje yon ti tan anvan Bondye te detwi Jeriko, li te bay Izrayelit yo lòd pou yo fè wonn vil la yon fwa pa jou pandan sis jou. Sepandan, sou setyèm jou a, yo t apral ogmante aktivite sa a anpil. Men sa Jewova te di Jozye : “ N’a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k’ap kònen kòn belye yo. Lè n’a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. ” ​(Joz. 6:2-5). Li posib pou aktivite predikasyon nou an vin ogmante anpil menm jan an. Pa gen dout nan sa, distans pou destriksyon sistèm sa a rive, n ap gentan wè non Bondye ak Wayòm li an resevwa pi gwo temwayaj yo te ka resevwa nan tout listwa limanite.

16, 17. a) Ki sa k ap gentan fèt anvan fen “ gwo tribilasyon an ” ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

16 Petèt rive yon lè, mesaj n ap anonse a ap tankou “ yon sèl rèl byen fò ”. Nan liv Revelasyon an, yo dekri mesaj jijman yo ki pisan tankou ‘ gwo grenn lagrèl ki pese san (100) liv konsa ki soti nan syèl la e ki tonbe sou moun ’ *. Revelasyon 16:21 fè konnen : “ Se te yon kalamite ki te terib anpil. ” Donk, nou poko konnen ki wòl predikasyon kay an kay la pral jwe nan pwoklame mesaj jijman Bondye yo. Men, nou ka sèten anvan fen “ gwo tribilasyon an ” ​(NW), plis moun ap rive konnen non Jewova pase nan kèlkeswa epòk la nan istwa limanite. — Rev. 7:14 ; Eze. 38:23.

17 Se pou nou kontinye anonse bon nouvèl Wayòm nan toutpandan n ap tann gwo evènman k ap vini yo. Ki difikilte nou jwenn nan travay predikasyon kay an kay la, e ki jan nou fè fas ak difikilte sa yo ? Nou pral konsidere repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Adrès sit Entènèt la se www.watchtower.org.

^ § 16 Petèt mo ki te nan tèks orijinal la te fè referans ak yon talan grèk. Si se sa, chak grenn lagrèl ka peze anviwon 45 liv.

Ki repons nou ta bay?

• Ki rezon ki soti nan Bib la ki fè nou preche kay an kay ?

• Ki jan yo te mete plis aksan sou travay predikasyon kay an kay la nan epòk nou an ?

• Poukisa sèvitè Jewova ki vwe lavi yo ba li gen responsablite pou yo preche ?

• Ki gwo evènman k ap tann nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 4]

Menm jan ak apot Pòl, èske w santi w gen responsablite pou w preche ?

[Foto nan paj 5]

Frè Knorr, nan ane 1953.