Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Korentyen yo

Pwen enteresan ki nan liv Korentyen yo

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Korentyen yo

APOT Pòl te gen anpil sousi pou sante espirityèl kongregasyon ki nan vil Korent lan. Li te aprann gen anpil pwoblèm nan mitan frè yo. Yo tolere imoralite nan kongregasyon an. Kongregasyon an te ekri Pòl tou pou poze l kesyon sou kèk bagay. Donk, pandan Pòl Efèz, nan ane 55 epòk nou an, pandan twazyèm vwayaj misyonè li a, li te ekri kongregasyon Korent lan premye lèt nan de lèt li te ekri l yo.

Sanble Pòl te ekri dezyèm lèt li a kèk mwa sèlman apre li te fin ekri premye a. Lèt sa a te gen rapò ak sa l te ekri nan premye lèt la. Sitiyasyon ki te egziste nan kongregasyon an nan premye syèk la e ki te egziste deyò kongregasyon an koresponn nan anpil domèn ak sitiyasyon ki egziste nan epòk pa nou an. Se sa k fè mesaj Pòl te voye bay kretyen Korent yo nan de lèt li yo gen anpil enpòtans pou nou. — Ebre 4:12.

‘ VEYE, KENBE FÈM, SE POU NOU VANYAN ’

(1 Kor. 1:1–16:24)

Pòl te di se pou nou “ mete nou dakò sou tout bagay ”. (1 Kor. 1:10.) “ Fondasyon an deja la : se Jezikri ” e pa gen lòt fondasyon yo kapab bati kalite kretyen yo dwe genyen yo sou li (1 Kor. 3:11-13). Men sa Pòl te di konsènan yon moun nan kongregasyon an ki te tonbe nan fònikasyon : “ Wete mechan an nan mitan nou. ” ​(1 Kor. 5:13). Apre sa, li te di : “ Kò pa pou imoralite, men, li pou Senyè a. ” — 1 Kor. 6:13, Bib Kreyòl La.

Pou Pòl reponn ‘ kesyon yo te mande l nan lèt yo a ’, li ba yo bonjan konsèy anrapò ak maryaj e anrapò ak vi selibatè (1 Kor. 7:1). Apre li fin pale sou prensip otorite a, sou lòd ki dwe genyen pandan reyinyon kretyen yo e sou rezirèksyon an k ap fèt san mank, men konsèy li te bay : “ Veye ! Kenbe fèm nan lafwa nou ! Mete gason sou nou ! Se pou nou vanyan. ” — 1 Kor. 16:13, Bib Kreyòl La.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:21 — Èske vrèman Jewova sèvi ak “ pawòl moun fou ” pou l sove moun ki kwè yo ? Non. Sepandan, piske “ moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye ”, sa li itilize pou l sove moun yo sanble ak “ pawòl moun fou ”. — Jan 17:25.

5:5 — Sa sa vle di “ lage nonm [mechan] sa a nan men Satan pou kò l’ ka peri. Se konsa lespri l’ ka jwenn delivrans ” ? Lè yo eskominye yon moun nan kongregasyon an k ap pratike gwo peche e ki pa repanti, li vin refè pati monn Satan an ki mechan (1 Jan 5:19). Se sa k fè yo di yo lage l nan men Satan. Lè yo eskominye moun nan, se retire yo retire move enfliyans ki te gen nan kongregasyon an, e konsa yo prezève espri kongregasyon an, sètadi bon atitid li. — 2 Tim. 4:22.

7:33, 34 — Ki sa k “ zafè lemonn ” mesye ak madan marye yo enkyete yo pou yo a ? Pòl ap pale de bagay ki gen rapò ak lavi toulejou kretyen ki marye yo bezwen reflechi sou yo, tankou manje, rad ak kote pou yo rete. Move bagay ki gen nan monn nan pa fè pati bagay sa yo, piske kretyen yo rejte yo. — 1 Jan 2:15-17.

11:26 — Pòl te pale de “ chak fwa ” yo selebre lanmò Jezi, men, sa sa vle di chak fwa, e jis ki lè sa dwe kontinye fèt ? Pòl te vle fè konnen chak fwa kretyen wen yo patisipe nan anblèm Memoryal la, sa vle di yon fwa chak ane, jou 14 Nizan an, ‘ se lanmò Kris la y’ap anonse ’. Yo dwe kontinye fè sa “ jouk jou Seyè a gen pou l’ vini an ”, sa vle di, jiskaske li resevwa yo nan syèl la apre l fin resisite yo. — 1 Tes. 4:14-17.

13:13 — Nan ki sans lanmou pi gran pase lafwa ak esperans ? Lè yon moun “ resevwa sa l’ap tann lan ” e “ sa li sèten li gen pou l’ resevwa a ” reyalize, lafwa ak esperans ki gen rapò ak bagay li t ap tann yo rive nan bout yo (Ebre 11:1). Lanmou pi gran pase lafwa ak esperans paske lanmou ap rete pou toutan.

15:29 — Sa sa vle di pou yon moun “ resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo ” ? Pòl pa t ap fè konprann moun ki vivan dwe batize pou moun ki mouri deja san yo pa t batize. La a, Pòl ap pale de kretyen wen yo ki antre nan yon vi kote yo rete fidèl jiskaske yo mouri e yo resisite pou y al viv antanke espri. Se sa k fè Traduction du monde nouveau a di : “ Moun ki batize nan objektif pou yo vin mò. ”

Leson pou nou jodi a :

1:26-31 ; 3:3-9 ; 4:7. Lè nou enb e lè nou fyè lefètke n ap sèvi Jewova olye nou fyè de tèt nou, li pi fasil pou gen inite nan kongregasyon an.

2:3-5. Pandan Pòl t ap preche Korent, yon vil kote moun yo te kwè nan filozofi ak konesans grèk, petèt li t ap mande tèt li si li t ap rive konvenk moun ki t ap koute l yo. Sepandan, li pa t kite okenn feblès oswa okenn krent li te ka genyen anpeche l akonpli ministè Bondye te ba li a. Menm jan an tou, nou pa ta dwe kite sitiyasyon difisil nou rankontre fè nou pa anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a. Menm jan ak Pòl, avèk konfyans, nou kapab mande Jewova ede nou.

2:16. Nou “ konnen sa ki nan lide Kris la ” lè nou konnen fason Jezi panse ak rezon ki fè li panse konsa, lè nou panse menm jan ak li, lè nou byen konprann pèsonalite li e nou imite egzanp li (1 Pyè 2:21 ; 4:1). Se sa k fè li vrèman enpòtan pou nou etidye lavi Jezi ak ministè l avèk swen !

3:10-15 ; 4:17. Nou dwe analize fason nou anseye ak fason nou fè disip e nou ta dwe chèche mwayen pou nou amelyore nou nan domèn sa yo (Mat. 28:19, 20). Si nou pa anseye byen, etidyan nou yo gendwa pa ka andire devan eprèv lafwa yo jwenn. Lè nou pèdi yo, sa ka tèlman fè nou mal, delivrans nou ka tankou delivrans “ yon moun ki chape nan yon kay k’ap boule ”.

6:18. Yon moun “ kouri pou ” fònikasyon nonsèlman lè li evite pratike por·neiʹa, men tou, lè li evite gade pònografi, li evite konduit ki imoral, li evite reflechi sou bagay ki gen rapò ak sèks, li evite flète. Sa vle di li evite tout bagay ki ka fè yon moun tonbe nan fònikasyon. — Mat. 5:28 ; Jak 3:17.

7:29. De moun ki marye dwe fè atansyon pou yo pa tèlman konsantre youn sou lòt, enterè Wayòm nan vin pran dezyèm plas nan lavi yo.

10:8-11. Jewova te fache anpil lè Izrayelit yo t ap bougonnen kont Arawon ak Moyiz. N ap aji yon fason ki saj si nou pa pale kont frè ak sè nou yo.

16:2. N ap bay ofrann regilyèman pou nou fè enterè Wayòm nan avanse si nou toujou planifye pou sa alavans.

“ KONTINYE KITE YO REDRESE NOU ”

(2 Kor. 1:1–13:14)

Pòl di kretyen Korent yo yo ta dwe “ padonnen ” yon moun ki fè yon bagay ki mal ki te jwenn blam pou sa e ki repanti, e yo ta dwe “ ba li ankourajman pito ” avèk bonte. Byenke nan premye lèt li te ekri yo a li te fè yo tris, li montre li kontan paske “ lapenn [yo] te genyen an te fè [yo] chanje kondit ”. — 2 Kor. 2:6, 7 ; 7:8, 9.

Kòm kretyen Korent yo te “ rich sou tout pwen ”, Pòl te ankouraje yo pou yo “ bay ak tout kè ” yo “ tankou moun ki rich ”. Apre li fin reponn opozan yo, li bay tout moun yon dènye konsèy : “ Kontinye rejwi nou, kontinye kite yo redrese nou. Kontinye kite yo konsole nou, kontinye gen menm panse, kontinye viv an pè. ” — 2 Kor. 8:7 ; 13:11, NW.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:15, 16 — Nan ki sans nou se “ yon bon lansan Kris ” ? Se sa nou ye paske nou rete kole ak Bib la e nou preche mesaj ki ladan l lan. Malgre “ sant ” lan kapab bay moun ki pa gen respè pou Bondye yo degoutans, sepandan, pou Jewova ak moun ki gen kè sensè yo, li santi bon.

5:16 — Nan ki sans kretyen wen yo “ pa konsidere pesonn sou laparans ” ? Yo pa konsidere moun sou laparans, sa vle di yo pa fè moun favè sou baz richès yo genyen, sou baz ras oswa sou baz peyi yo soti. Sa ki pi enpòtan pou yo se relasyon yo genyen ak frè yo nan lafwa.

11:1, 16 ; 12:11 — Anrapò ak kretyen Korent yo, èske Pòl te montre li derezonab ? Non. Sepandan, pou kèk moun, Pòl te gendwa parèt kòmsi li t ap vante tèt li e li te derezonab akoz sa l te oblije di pou l defann tèt li antanke apot.

12:1-4 — Kiyès yo te “ transpòte nan paradi ” a ? Lefètke Labib pa pale de okenn lòt moun ki te gen yon vizyon konsa, e nou jwenn pasaj sa a apre Pòl te fin defann tèt li antanke apot, li pwobab Pòl t ap pale de pwòp eksperyans pa l. Siman paradi Pòl te wè a se paradi espirityèl ki egziste nan kongregasyon an nan epòk ‘ tout bagay gen pou fini an ’. — Dàn. 12:4.

Leson pou nou jodi a :

3:5. An gwo, vèsè sa a fè nou konnen Jewova sèvi ak Pawòl li, ak lespri sen l e ak pati òganizasyon l lan ki sou tè a pou l byen kalifye kretyen yo pou ministè a (Jan 16:7 ; 2 Tim. 3:16, 17). Li bon pou nou etidye Labib ak piblikasyon nou yo ki baze sou Labib avèk dilijans, pou n pèsevere nan priye Bondye pou l ban nou lespri sen, pou n ale nan reyinyon yo regilyèman e pou n patisipe ladan yo regilyèman. — Sòm 1:1-3 ; Lik 11:10-13 ; Ebre 10:24, 25.

4:16. Piske Jewova fè “ lespri [nou] vin pi fèm chak jou ”, nou ta dwe pwofite dispozisyon li pran yo regilyèman e nou pa dwe kite yon jou pase san nou pa reflechi sou kèk panse espirityèl.

4:17, 18. Si nou sonje ‘ sa n’ap sibi ’ yo “ se yon ti soufrans ki la pou pase ”, sa ap kapab ede nou rete fidèl ak Jewova lè nou rankontre difikilte nan lavi nou.

5:1-5. Pòl demontre santiman kretyen wen yo gen nan kè yo pou esperans selès yo a yon fason ki trè bèl.

10:13. An jeneral, nou ta dwe preche sèlman nan tèritwa kongregasyon nou, amwenske gen aranjman ki fèt pou pèmèt nou preche kote ki gen plis bezwen.

13:5. Pou nou “ egzamine tèt nou pou nou wè si nou nan lafwa ” ​(Bib Kreyòl La), nou bezwen konpare konduit nou ak sa nou aprann nan Bib la. Pou nou “ sonde tèt nou nou menm ”, nou bezwen egzamine nivo espirityalite nou, kapasite nou genyen pou nou “ jije ” e nan ki degre nou fè zèv ki montre nou gen lafwa (Ebre 5:14 ; Jak 1:22-25). Si nou aplike bonjan konsèy Pòl bay yo, nou kapab kontinye mache nan chemen verite a.

[Foto nan paj 26, 27]

Ki siyifikasyon pawòl sa yo : “ Chak fwa nou manje pen sa a e nou bwè koup sa a ” ? — 1 Kor. 11:26, NW.