Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se ‘ Bondye ki fè plant lan pouse ’ !

Se ‘ Bondye ki fè plant lan pouse ’ !

Se ‘ Bondye ki fè plant lan pouse ’ !

“ Moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye [...] ki fè plant lan pouse. ” — 1 KOR. 3:7.

1. Nan ki sans nou se “ konpayon travay Bondye ” ?

“ KONPAYON travay Bondye. ” ​(NW) Se konsa apot Pòl dekri privilèj nou tout ka genyen an. (Li 1 Korentyen 3:5-9.) La a, Pòl ap pale de travay fè disip la. Li konpare l ak lè yon moun ap plante semans e lè l ap wouze l. Pou nou reyisi nan travay enpòtan sa a, nou bezwen èd Jewova. Pòl fè nou sonje se ‘ Bondye ki fè plant lan pouse ’.

2. Lefètke nou konnen se ‘ Bondye k ap fè plant lan pouse ’, ki jan sa ede nou gen yon bon pwennvi sou ministè nou ?

2 Sa se yon bagay ki fè nou santi nou piti e ki ede nou gen yon bon pwennvi sou ministè nou. Nou ka patisipe nan travay predikasyon an ak nan travay ansèyman an avèk dilijans, men finalman, kèlkeswa bon rezilta nou ta ka jwenn, tout glwa se pou Jewova. Poukisa ? Paske kèlkeswa jan nou ta fè efò pou n eseye konprann sa, pa gen youn nan nou ki anmezi pou l byen konprann ki jan yon moun grandi pou l vin yon disip, ni pa gen nou youn ki ka kontwole sa. Wa Salomon te pale de verite sa a lè l te ekri pawòl sa yo : “ Ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay. ” — Ekl. 11:5.

3. Nan ki sans plante semans nan tè sanble ak travay fè disip la ?

3 Lefètke nou pa ka konprann ki jan yon moun grandi pou l vin yon disip, èske sa fè nou pa jwenn satisfaksyon nan travay n ap fè a ? Non. Okontrè, sa fè travay la vin enteresan anpil. Men sa wa Salomon te di : “ Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p’ap pran, si tou de p’ap bay menm rannman. ” ​(Ekl. 11:6). Anfèt, lè nou plante semans nan yon tè, nou pa menm konnen si l ap boujonnen ni ki kote l ap boujonnen. Gen anpil bagay nou pa ka kontwole. Nou ka di menm bagay la pou travay fè disip la. Jezi te atire atansyon sou pwen sa a nan de egzanp li te bay nou jwenn nan 4yèm chapit Evanjil Mak la. Annou wè ki sa nou kapab aprann nan de egzanp sa yo.

Divès kalite tè

4, 5. Rezime egzanp nonm ki soti pou l al simen Jezi te bay la.

4 Nan Mak 4:1-9, Jezi pale de yon nonm ki soti pou l al simen grenn oswa semans, e semans lan al tonbe nan divès kalite tè. Men sa l di : “ Koute ! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li. Pandan li t’ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t’ gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t’ fon. Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasin yo pa t’ fon. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t’ ka donnen. Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100). ”

5 Nan tan biblik yo, lè yo t ap simen semans, an jeneral yo te konn voye semans lan yon fason pou l gaye nan tè a. Moun k ap simen an konn pote semans lan nan rad li oswa nan yon sak oubyen yon veso epi li fè yon gwo mouvman ak men li lè l ap voye semans lan. Se sa k fè nan egzanp sa a, se pa nonm k ap simen an ki chèche fè semans lan tonbe nan divès kalite tè yo, men piske l ap voye semans lan, semans lan al tonbe divès kote.

6. Ki esplikasyon Jezi te bay pou egzanp nonm k ap simen an ?

6 Nou pa oblije chèche devine sans egzanp sa a, paske Jezi te esplike l nan Mak 4:14-20. Li di : “ Nonm k’ap simen an, se pawòl Bondye a l’ap simen. Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l’, Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l’ ak kè kontan. Men, yo pa kite l’ pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l’ pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan : yo tande pawòl la, men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a ; yo tande pawòl la, yo resevwa l’ epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn. ”

7. Ki sa semans lan reprezante e ki sa divès kalite tè yo reprezante ?

7 N ap remake Jezi pa di nonm k ap simen an te itilize plizyè kalite semans. Okontrè, li pale de yon sèl kalite semans ki te tonbe nan divès kalite tè, e chak kalite tè sa yo bay yon rezilta diferan. Premye kalite tè a se yon tè ki di oswa yon tè yo danmen. Dezyèm nan se yon tè ki pa fon, twazyèm nan se yon tè ki chaje ak pye pikan, e katriyèm nan se yon tè ki bèl, ki bon e ki donnen byen (Lik 8:8). Ki sa semans lan ye ? Se mesaj Wayòm nan nou jwenn nan Pawòl Bondye a (Mat. 13:19). Ki sa divès kalite tè yo reprezante ? Yo reprezante moun ki pa gen menm kondisyon kè. — Li Lik 8:12, 15.

8. a) Kiyès nonm k ap simen an reprezante ? b) Ki sa k fè moun yo pa reyaji menm jan devan travay predikasyon Wayòm nan ?

8 Kiyès nonm k ap simen an reprezante ? Li reprezante konpayon travay Bondye yo, yo menm k ap preche bon nouvèl Wayòm nan. Menm jan ak Pòl ansanm ak Apolòs, yo plante e yo wouze. Sepandan, menmsi yo travay di pou yo fè sa, rezilta yo pa menm. Poukisa ? Paske kondisyon kè moun k ap koute mesaj la pa menm. Nan egzanp lan, nonm k ap simen an pa gen kontwòl sou rezilta li jwenn. Se pa ti rekonfòtan pwen sa a rekonfòtan, sitou pou frè ak sè fidèl ki gen anpil ane depi y ap preche, pafwa menm plizyè dizèn ane, e ki sanble pa jwenn twò bon rezilta * ! Sa k fè li rekonfòtan pou yo konsa ?

9. Sou ki verite ki rekonfòtan ni Pòl ni Jezi te mete aksan ?

9 Se pa rezilta moun k ap simen an jwenn k ap montre si li fidèl. Pòl te touche pwen sa a lè l te di : “ Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè. ” ​(1 Kor. 3:8). Se travay yon moun fè k ap fè l jwenn rekonpans lan, se pa rezilta travay sa a. Jezi te mete aksan sou pwen sa a tou lè disip li yo te retounen sot fè yon toune predikasyon. Disip yo te kontan anpil paske demon yo te soumèt devan yo lè yo te sèvi ak non Jezi. Menmsi sa te dwe fè yo kontan anpil, Jezi te di yo : “ Nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n’ kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la. ” ​(Lik 10:17-20). Menm lè yon moun k ap simen pa jwenn anpil rezilta pou travay li fè, sa pa vle di li manke dilijan oswa li manke fidèl an konparezon ak yon lòt moun. An jeneral, rezilta yo depann de kondisyon kè moun k ap koute yo. Men, finalman, se Bondye k ap fè semans lan pouse.

Responsablite moun ki tande Pawòl la genyen

10. Ki sa k detèmine si yon moun k ap koute pawòl la sanble ak bon tè a oswa si l pa sanble ak li ?

10 Ki sa nou kapab di konsènan moun k ap koute pawòl la ? Èske Bondye te deside davans ki jan y ap reyaji ? Non. Se yo menm k ap chwazi si yo vle sanble ak bon tè a oswa si yo pa vle sanble ak li. Anfèt, kondisyon kè yon moun kapab chanje swa pou byen swa pou mal (Wom. 6:17). Nan egzanp Jezi te bay la, li te di gen moun “ kou yo tande ” pawòl la, Satan vini, li rache l. Men, sa pa oblije rive. Nan Jak 4:7, yo ankouraje kretyen yo pou yo “ opoze ak Dyab la ” e l ap kouri pou yo. Jezi te pale de lòt moun ki te aksepte pawòl la okòmansman avèk jwa, men ki trebiche akoz “ yo pa kite l’ pouse rasin nan kè yo ”. Sepandan, sèvitè Bondye yo jwenn ankourajman pou yo ‘ pouse rasin, pou yo chita byen fèm nan renmen ’, yon fason pou yo ka konprann ‘ jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo, pou yo rive konnen kalite renmen Kris la gen pou yo, atout pesonn p’ap janm ka rive konnen l’ nèt ’. — Efe. 3:17-19 ; Kol. 2:6, 7.

11. Ki jan yon moun kapab anpeche traka lavi a ak lanmou pou lajan toufe pawòl la ?

11 Jezi te di gen lòt moun ki koute pawòl la, men ki kite “ traka lavi, anvi gen lajan ” antre nan kè yo e konsa bagay sa yo toufe pawòl la (1 Tim. 6:9, 10). Ki jan yo kapab anpeche sa rive yo ? Men sa Pòl reponn : “ Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di : Mwen p’ap janm vire do ba ou, mwen p’ap janm lage ou. ” — Ebre 13:5.

12. Sa k fè moun ki reprezante bon tè pa pote menm kantite fwi ?

12 Finalman, Jezi di moun ki se bon tè kote semans lan tonbe a “ bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100) ”. Menmsi nan moun ki koute pawòl la, genyen ki gen bon kondisyon kè e ki pote fwi, sa yo kapab fè nan preche bon nouvèl la varye selon sitiyasyon yo. Pa egzanp, gen moun ki ka limite nan sa yo ka fè nan travay preche bon nouvèl la akoz yo aje oubyen yo gen yon maladi k ap febli yo. (Konpare ak Mak 12:43, 44.) Nan ka sa a tou, moun k ap plante a prèske pa gen kontwòl sou sa oswa li pa gen kontwòl sou sa menm, men li kontan lè l wè Jewova fè semans lan grandi. — Li Sòm 126:5, 6.

Nonm ki simen e ki dòmi an

13, 14. a) Rezime egzanp mesye k ap simen semans lan. b) Kiyès nonm k ap simen an reprezante e ki sa semans lan reprezante ?

13 Nan Mak 4:26-29, nou jwenn yon lòt egzanp konsènan yon nonm k ap simen : “ Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li. Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l’ pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi. Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la. Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l’, paske sezon rekòt la rive. ”

14 Kiyès nonm ki simen an ye ? Gen kèk moun nan lakretyente ki panse se Jezi. Men, èske Jezi te ka ap dòmi pou l pa menm konnen ki jan semans lan grandi ? Pa gen dout nan sa, Jezi konnen ki jan semans lan grandi. Donk, menm jan ak nonm k ap simen nou te site anvan an, nonm sa a reprezante chak pwoklamatè Wayòm nan, yo menm k ap simen semans Wayòm nan grasa aktivite predikasyon y ap fè avèk zèl la. Semans ki tonbe nan tè a se pawòl y ap preche a *.

15, 16. Nan egzanp nonm k ap simen an, ki verite Jezi te bay anrapò ak plant k ap grandi e anrapò ak moun k ap pwogrese nan domèn espirityèl ?

15 Jezi te esplike nonm k ap simen an ‘ dòmi lannwit, lajounen li leve fè zafè li ’. Sa pa vle di li neglijan. An jeneral, se konsa lavi pifò moun ye. Mo yo itilize nan vèsè sa a montre ki jan, pandan yon peryòd tan, yon moun travay lajounen epi li dòmi lannuit. Jezi te esplike sa k pase pandan tan sa a. Li di : “ Grenn yo pouse, yo grandi. ” Apre sa, li di : “ San l’ pa konnen ki jan pa ki jan. ” Donk, yo montre sa k fè plant yo grandi se tè a menm.

16 Ki sa Jezi te vle montre la a ? Remake li mete aksan sou grandi semans lan te grandi e sou fason sa te fèt tikras pa tikras. Li te di se “ tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la ”. (Mak 4:28.) Sa vle di li grandi tikras pa tikras e li pase plizyè etap. Yo pa ka fòse l ni yo pa ka fè l ale pi vit. Se menm bagay la tou lè moun ap pwogrese nan domèn espirityèl. Sa fèt etap pa etap, ofiramezi Jewova pèmèt laverite grandi nan kè moun ki nan dispozisyon kòrèk yo. — Tra. 13:48 ; Ebre 6:1.

17. Kiyès ki kontan lè semans verite a pote fwi nan yon moun ?

17 Ki jan nonm k ap simen an patisipe nan rekòt la “ lè grenn yo mi ” ? Lè Jewova fè verite Wayòm nan grandi nan kè moun ki vin nouvo disip yo, rive yon lè, lanmou yo gen pou Bondye vin pouse yo fè bonjan pwogrè, yo vwe lavi yo ba li e yo batize pou yo montre sa. Frè ki kontinye chèche gen matirite yo vin anmezi pou yo gen plis responsablite nan kongregasyon yo. Ni pwoklamatè ki te simen semans lan, ni lòt pwoklamatè ki pa t simen semans ki bay disip sa a rekòlte fwi Wayòm nan. (Li Jan 4:36-38.) Konsa, “ moun k’ap simen an kontan ; moun k’ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li ”.

Leson pou nou jodi a

18, 19. a) Ki ankourajman ou jwenn pèsonèlman apre nou fin egzamine egzanp Jezi te bay yo ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 Ki sa nou aprann apre nou fin egzamine de egzanp sa yo nou jwenn nan Mak chapit 4 la ? Nou kapab wè byen klè nou gen yon travay pou nou fè : se simen. Nou pa dwe janm kite okenn rezon, ni pwoblèm, ni difikilte nou kapab jwenn fè nou sispann fè travay sa a (Ekl. 11:4). Anmenmtan, nou konnen nou gen yon privilèj san parèy, privilèj pou nou konpayon travay Bondye. Se Jewova ki fè moun yo grandi nan domèn espirityèl, se konsa li beni efò nou fè ak efò moun ki resevwa mesaj la fè. Nou konprann nou pa kapab fòse okenn moun grandi nan domèn espirityèl. Nou konprann tou, nou pa bezwen dekouraje si yon moun pa pwogrese rapid oswa li manke fè pwogrè. Sa vrèman rekonfòtan pou nou konnen Jewova konsidere nou reyisi nan sèvis li a si nou fidèl ak li e nou fidèl nan privilèj li ban nou pou nou preche bon nouvèl konsènan wayòm nan, kòm temwayaj pou tout nasyon. — Mat. 24:14.

19 Ki lòt bagay Jezi te anseye nou konsènan fason nouvo disip yo pwogrese e konsènan travay Wayòm nan ? N ap jwenn repons kesyon sa a nan lòt egzanp Jezi te bay nan Evanjil yo. Nou pral egzamine kèk ladan yo nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Ou ka egzamine egzanp ministè frè Georg Fjölnir Lindal ann Islann nou jwenn nan Annuaire des Témoins de Jéhovah 2005, paj 210-211 ansanm ak eksperyans kèk frè ak sè fidèl ki te pèsevere nan ministè a pandan anpil ane ann Ilann malgre yo pa t jwenn rezilta tousuit, nan Annuaire des Témoins de Jéhovah 1988, paj 82-99.

^ § 14 Lontan, nan peryodik sa a, yo te fè konnen semans lan reprezante kalite yon moun bezwen devlope grasa efè antouraj li gen sou li. Sepandan, nan egzanp Jezi te bay la, n ap remake semans lan pa vin yon move semans ni li pa pote fwi ki pouri. Tou senpleman semans lan devlope jis li rive pote fwi. — Gade Toudegad 15 septanm 1980 (fransè), paj 17-19.

Èske nou sonje ?

• Nan ki sans travay simen semans nan yon tè sanble ak travay preche mesaj Wayòm nan ?

• Sou ki sa Jewova gade pou l wè si yon moun fidèl antanke pwoklamatè Wayòm nan ?

• Jezi te mete aksan sou resanblans ki genyen ant yon plant k ap grandi ak pwogrè k ap fèt nan domèn espirityèl. Ki resanblans sa a ?

• Nan ki sans ‘ moun k’ap simen an kontan e moun k’ap ranmase a kontan ansanm avèk li ’ ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Poukisa Jezi te konpare yon moun k ap preche Wayòm Bondye a ak yon moun k ap simen semans ?

[Foto nan paj 15]

Moun bon tè a reprezante yo patisipe nan predikasyon mesaj Wayòm nan ak tout kè yo selon sa sitiyasyon yo pèmèt yo fè.

[Foto nan paj 16]

Se Bondye ki kontinye fè plant lan pouse.