Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Si w rezonab nan sa w ap atann de tèt ou, w ap gen lajwa

Si w rezonab nan sa w ap atann de tèt ou, w ap gen lajwa

Si w rezonab nan sa w ap atann de tèt ou, w ap gen lajwa

“ MECHWE ankò ! ” Konbyen fwa w konn di apeprè menm pawòl sa yo lè w pa rive akonpli yon bagay ou te vle akonpli. Yon jèn kretyèn ki se yon manman kapab eksprime santiman l konsa. Se kapab poutèt li fatige e li strese paske li gen yon bebe ki fèk fèt ki mande anpil atansyon, e li santi l fristre paske li pa kapab pase plis tan nan aktivite espirityèl yo. Yon lòt kretyen kapab santi li limite akoz fason yo te elve l e li kapab panse li pa janm fè ase nan kongregasyon an. Yon sè ki aje kapab santi l dekouraje paske li pa kapab patisipe anpil nan aktivite espirityèl yo, alòske lontan, lè l te gen plis enèji e li te pi fasil pou li pou l mache, li te pran plezi patisipe ladan yo. Sitiyasyon familyal yon sè ki rele Christiane anpeche l fè tout sa l ta renmen nan sèvis Jewova a. Men sa li di : “ Yon diskou yo bay pou ankouraje frè ak sè yo pran sèvis pyonye sifi pou fè m kriye. ”

Ki sa nou kapab fè lè nou gen santiman sa yo ? Ki jan kèk kretyen rive devlope yon pwennvi reyalis parapò ak sitiyasyon yo ? Ki byenfè n ap jwenn lè nou gen yon pwennvi ekilibre ?

Se pou nou rezonab

Apot Pòl ban nou yon sekrè pou nou kenbe jwa nou. Men sa l di : “ Se pou nou toujou kontan nan lavi n’ap mennen ansanm nan Seyè a. M’ap repete l’ ankò : Fè kè nou kontan anpil. Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè [“ ki rezonab ”, NW]. ” ​(Fil. 4:3-5). Pou nou gen lajwa e pou nou gen satisfaksyon nan sèvis n ap bay Bondye a, nou bezwen vin rezonab nan sa n ap atann de tèt nou, sitou lè nou konsidere sa nou kapab fè e lè nou konsidere sitiyasyon nou. Si n ap chèche atenn yon objektif ki pa rezonab kèlkeswa sa sa koute nou, n ap met tèt nou anba twòp presyon. Yon lòt bò, nou ta dwe fè atansyon pou nou pa twò mou ak tèt nou, sètadi pou nou pran limit nou wè nou genyen yo kòm yon eskiz pou nou ralanti nan ministè a.

Nan kèlkeswa sitiyasyon nou ye a, Jewova egzije pou nou sèvi l ak tout nanm nou e ak tout kè nou (Kol. 3:23, 24). Si nou ta bay Jewova mwens pase sa, nou pa t ap aji ann amoni ak ve nou te fè lè nou te vwe lavi nou ba li a (Wom. 12:1). Anplis, nou pa t ap jwenn bonjan satisfaksyon, bonjan kè kontan ak tout benediksyon moun jwenn lè yo sèvi l ak tout nanm yo. — Pwo. 10:22.

Nan Bib la, mo lè yo tradui l ki bay “ rezonab ” la gen sans montre konsiderasyon. Sans literal li se “ konsilyan ”. (Jak 3:17, nòt anba paj.) Li gen sans pa twò strik tou. Kidonk, si nou rezonab, n ap kapab byen analize sitiyasyon nou. Èske sa difisil pou nou fè ? Pou kèk moun, sa kapab difisil, menmsi yo gen konsiderasyon pou lòt moun. Pa egzanp, si nou gen yon zanmi pwòch nou ki parèt fatige paske li antreprann twòp bagay alafwa, èske nou pa t ap eseye montre l li t ap saj pou l fè kèk chanjman nan lavi l ? Menm jan an tou, nou bezwen rekonèt siy ki kapab fè nou wè nou depase limit nou. — Pwo. 11:17.

Li kapab difisil pou n gen yon pwennvi rezonab sou limit nou si paran nou te egzijan anpil. Gen anpil moun, lè yo te piti, ki te panse pou paran yo renmen yo yo te oblije toujou ap fè plis oswa yo te oblije toujou ap eseye fè bagay yo pi byen. Si se konsa sa te ye pou nou, nou kapab pa byen konprann ki jan Jewova wè nou. Jewova renmen nou paske nou sèvi l ak tout kè nou. Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova “ konnen ak kisa nou fèt, li [sonje] se pousyè tè nou ye ”. (Sòm 103:14.) Li konnen ki limit nou genyen e li renmen nou lè nou sèvi l avèk zèl malgre sa. Si nou sonje Bondye pa tankou yon moun ki kanpe avèk yon fwèt dèyè do nou e nou sonje nou gen limit, sa ap ede nou pou nou rezonab anrapò ak objektif n ap fikse pou tèt nou. — Mika 6:8.

Malgre sa, pou kèk nan nou, li difisil pou nou devlope yon pwennvi ki ekilibre konsa. Si se ka pa w, ou kapab mande yon frè oswa yon sè ki konnen w byen e ki gen eksperyans pou l ede w (Pwo. 27:9). Pa egzanp, èske w ta renmen vin pyonye pèmanan ? Se yon bèl objektif ! Èske w twouve li difisil pou w atenn objektif sa a ? Petèt ou ka bezwen èd pou w senplifye lavi w. Petèt tou yon zanmi ou fè konfyans kapab ede w wè si li rezonab pou w gen objektif sa a kounye a, etandone ou gen anpil responsablite familyal. Li kapab ede w wè si l ap vrèman posib pou w rive fè tout sa yon pyonye pèmanan bezwen fè nan sèvis li oswa ki ajisteman ou kapab fè pou w ogmante aktivite w. Yon mari byen plase pou l ede madanm li wè sa l ka fè selon kapasite l. Pa egzanp, nan yon mwa kote madanm li planifye ogmante aktivite l, li kapab ankouraje l repoze anvan li kòmanse mwa a. Sa kapab ede madanm nan konsève enèji l yon fason pou l pa pèdi jwa l nan ministè a.

Chèche bagay ou kapab

Lè nou aje oswa nou gen pwoblèm sante, sa kapab limite sa nou ka fè nan sèvis Jewova a. Si w se yon paran, ou kapab santi ou pa tire anpil pwofi nan etid pèsonèl ou ak nan reyinyon yo paske timoun ou yo, ki piti toujou, pran pifò tan w ak enèji w. Men, èske se konsantre ou konsantre twòp sou limit ou ki fè pafwa ou gendwa pa wè sa ou kapab fè toujou ?

Sa gen plizyè milye ane, gen yon Levit ki te gen yon dezi ki te enposib pou l rive satisfè. Chak ane, li te gen privilèj pou l sèvi nan tanp lan pandan de semèn. Men, li te fè konnen li te vle rete pre lotèl la toutan, e sa te yon bon dezi (Sòm 84:1-3). Ki sa k te ede nonm fidèl sa a gen kè kontan ? Li te reyalize se te yon gwo privilèj pou yon moun pase menm yon sèl jou nan lakou tanp lan (Sòm 84:4, 5, 10). Menm jan an tou, olye nou konsantre sou limit nou genyen, nou ta dwe chèche wè ki posiblite nou gen devan nou e nou ta dwe satisfè ak sa nou ka fè.

Pa egzanp, annou pran Nerlande, yon sè k ap viv o Kanada. Li kondane sou yon chèz woulant e pandan yon tan li te santi li limite anpil nan sa l te kapab fè nan ministè a. Sepandan, fason l te wè bagay yo te vin chanje paske gen yon gwo kote bò lakay li moun konn al achte li vin pran kòm tèritwa pa l pou l preche. Men sa li di : “ Mwen chita sou chèz woulant mwen an bò kot yon ban ki anndan kote sa a moun konn al achte a, e se yon plezi pou mwen pou m preche moun ki vin fè yon ti chita pou yo repoze yo. ” Nerlande jwenn anpil satisfaksyon lè l patisipe nan fòm predikasyon sa a.

Fè ajisteman si sa nesesè

Yon bato ki gen vwal gendwa ap file a tout vitès paske li jwenn bon van. Sepandan, lè kapitèn bato a rankontre yon gwo tanpèt, li oblije ranje vwal yo. Li pa gen kontwòl sou tanpèt la, men li ka gen kontwòl bato a toujou. Menm jan an tou, souvan nou pa gen kontwòl sou sitiyasyon difisil yo ki tankou tanpèt. Men nou ka gen kontwòl sou lavi nou otank posib lè nou kontwole fason nou itilize fòs fizik nou, kapasite mantal nou e lè nou kontwole santiman nou. Lè nou fè ajisteman nan objektif nou akoz sitiyasyon nou ki chanje, sa ap ede nou kenbe satisfaksyon nou ak lajwa nou jwenn nan sèvis Jewova a. — Pwo. 11:2.

Ann pran kèk egzanp. Si nou santi nou pa gen twòp enèji, li kapab bon pandan jounen an pou nou evite aktivite k ap fè nou fatige, yon fason pou nou gen ase fòs pou nou asiste reyinyon ki fèt aswè yo. Sa ap pèmèt nou vrèman pwofite moman nou pase ak frè ak sè nou yo. Si yon manman pa kapab patisipe nan predikasyon kay an kay paske yon pitit li malad, petèt li kapab envite yon sè lakay li e yo ta kapab preche nan telefòn pandan timoun nan ap dòmi.

E si sitiyasyon w pa pèmèt ou etidye alavans tout sa yo pral prezante nan reyinyon yo ? Ou kapab deside ki patisipasyon w ap prepare e otank posib, ou kapab fè yon efò pou w byen prepare yo. Lè nou fè ajisteman nan objektif n ap fikse nan moman an, n ap kapab rete aktif e n ap kapab kenbe jwa nou.

Sa ka mande detèminasyon ak efò pou nou fè ajisteman nan objektif nou. Serge ak Agnès, yon koup k ap viv an Frans, te oblije fè gwo chanjman nan objektif yo. Men sa Serge di : “ Lè nou te aprann Agnès te ansent, nou te vin reyalize rèv nou te genyen pou n vin misyonè a pa t ap ka reyalize. ” Kounye a, Serge se papa de pitit fi. Li esplike ki jan li menm ak madanm li te fikse yon nouvo objektif. Men sa li di : “ Lefètke nou pa t ap kapab al sèvi nan yon peyi etranje, nou te deside n ap ‘ misyonè ’ nan pwòp peyi nou. Nou t al nan yon gwoup kote yo pale yon lang etranje. ” Èske yo te jwenn benediksyon lefètke yo te fikse nouvo objektif sa a ? Men sa Serge di : “ Nou santi nou itil anpil nan kongregasyon an. ”

Odile, yon sè k ap viv an Frans ki gen swasanndizan e ki soufri ostewoatrit nan jenou, yon maladi zo, pa ka ret kanpe lontan. Li te dekouraje paske pwoblèm li te genyen an te anpeche l patisipe nan predikasyon kay an kay. Sepandan, li pa t bay legen. Li te kòmanse bay temwayaj nan telefòn. Konsa, li te chanje fason li te konn preche. Men sa li di : “ Li pi fasil e mwen jwenn plis jwa pase sa m te panse ! ” Fòm predikasyon sa a te ankouraje l preche.

Lè nou gen objektif ki rezonab, sa pote benediksyon

Si nou gen yon pwennvi rezonab sou sa nou kapab fè, sa ap anpeche nou santi nou fristre. Lè nou fikse objektif ki ekilibre, n ap santi nou akonpli yon bagay ki itil malgre nou gen kèk limit. Konsa, n ap kontan pou sa nou akonpli, menmsi sa nou akonpli a gendwa pa parèt anpil. — Gal. 6:4.

Si nou ekilibre nan sa n ap atann de tèt nou, n ap plis konprann kretyen parèy nou yo. Lefètke nou konnen yo gen limit, n ap toujou rekonesan pou sa yo fè pou nou. Lè nou montre nou rekonesan pou èd yo ofri nou, sa ap fè vin gen yon espri kolaborasyon e sa ap fè youn vin plis konprann lòt (1 Pyè 3:8). Sonje sa, antanke yon Papa ki plen lanmou, Jewova pa janm mande nou fè plis pase sa nou kapab fè. Lè nou rezonab nan sa n ap atann de tèt nou e lè nou fikse objektif nou kapab atenn, aktivite nou yo anrapò ak adorasyon n ap bay Jewova a ap ban nou anpil satisfaksyon ak lajwa.

[Antrefilè nan paj 29]

Pou nou gen lajwa ak satisfaksyon nan sèvis n ap bay Bondye a, nou bezwen vin rezonab nan sa n ap atann de tèt nou, sitou lè nou konsidere sa nou kapab fè e lè nou konsidere sitiyasyon nou.

[Foto nan paj 30]

Nerlande jwenn lajwa nan ministè a paske li fè sa li kapab.

[Foto nan paj 31]

Aprann adapte w ak nouvo sitiyasyon.

[Liy kredi]

© Wave Royalty Free/age fotostock

[Foto nan paj 32]

Serge ak Agnès te jwenn benediksyon lefètke yo te fikse nouvo objektif.