Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske nou sonje ?

Èske w te kontan li dènye Toudegad ki te parèt yo ? Gade pou wè si w ka reponn kesyon sa yo :

• Ki gwo difikilte kèk kretyen jwenn apre yo fin marye, e ki sa yo ta dwe chèche fè ?

Gen kèk kretyen ki reyalize yo menm ak konjwen yo pa vrèman wè bagay yo menm jan. Piske yo konnen yon divòs san rezon biblik pa akseptab, yo fè tout sa yo kapab pou yo prezève maryaj yo. — 15/4-CR, paj 17.

• Ki difikilte yon kretyen ki nan yon mezon retrèt ka jwenn ?

Li ka nan yon mezon retrèt ki sou tèritwa yon lòt kongregasyon e li pa abitye ak frè ak sè nan zòn nan. Pifò moun nan mezon retrèt la ka pa gen menm kwayans ak li e yo ka vle antre l nan aktivite relijye yo. Fanmi yo genyen ki kretyen yo ak frè ak sè ki nan kongregasyon nan zòn nan ta dwe konsyan pwoblèm sa yo egziste e yo ta dwe bay sipò yo ak èd yo. — 15/4-CR, paj 25-27.

• Ki kat etap enpòtan ki ka ede konjwen yo rezoud pwoblèm yo ?

Fikse yon lè pou n pale sou pwoblèm yo (Ekl. 3:1, 7). Di sa nou santi vrèman, e fè sa avèk respè (Efe. 4:25). Koute konjwen w lè l ap di w sa l santi e montre l ou konprann li (Mat. 7:12). Antann nou sou yon solisyon epi travay ansanm pou nou aplike l (Ekl. 4:9, 10). — 7-CR, paj 21-23.

• Lè Jezi te ankouraje nou priye pou Bondye efase dèt nou yo, de ki dèt li t ap pale ?

Lè nou konpare Matye 6:12 ak Lik 11:4, nou wè byen klè Jezi pa t ap pale de kòb yon moun ta dwe yon lòt moun. Men, se de peche li t ap pale. Nou bezwen imite Jewova lè nou padone lòt moun ak tout kè nou. — 15/5-CR, paj 9.

• Nan ki komite frè ki manm Kolèj santral la sèvi ?

Komite kowòdinatè yo, komite pou pèsonèl la, komite edisyon, komite pou sèvis, komite pou ansèyman ak komite redaksyon. — 15/5-CR, paj 29.

• Ki jan nou ka sèten delij ki te fèt nan epòk Noye a te fèt sou tout tè a ?

Jezi te kwè delij la te fèt e li te kwè li te fèt sou tout tè a. Bib la bay yon seri avètisman ki baze sou delij la ki se yon evènman ki te fèt sou tout tè a. — 1/6-F, paj 8.

• Èske konduit yo dekri nan Women 1:24-32 a gen rapò ak Juif yo oubyen ak moun lòt nasyon yo ?

Sa yo dekri nan vèsè sa yo te ka pou nenpòt nan de gwoup moun sa yo, sepandan, apot Pòl t ap pale dirèkteman konsènan Izrayelit lontan yo ki pa t suiv Lalwa pandan plizyè syèk. Yo te konnen dekrè Bondye yo ki jis, men yo pa t viv annakò avèk yo. — 15/6-CR, paj 29.

• Ki kote Tel Arad ye, e poukisa sa enpòtan ?

Ti mòn sa a se ann Izrayèl li ye. Li nan ansyen vil Arad la e li nan lwès lanmè Mòt. Akeyològ yo te jwenn yon seri moso potri yo te konn ekri sou yo. Gen kèk nan yo ki te gen non ki sot nan Bib la sou yo. Yo te menm jwenn non Bondye sou yo tou. Sa montre yo te konn itilize non Bondye nan dokiman pwofàn yo. — 1/7-F, paj 23-24.

• Poukisa lè nou chèche atenn objektif ki rezonab, sa ka fè nou gen plis kè kontan ?

Si n ap chèche atenn objektif ki pa rezonab kèlkeswa sa sa koute nou, n ap met tèt nou anba presyon ki pa nesesè. Yon lòt bò, nou ta dwe fè atansyon pou nou pa twò mou ak tèt nou, sètadi pou nou pa pran limit nou wè nou genyen yo kòm yon eskiz pou nou ralanti nan ministè a. — 15/7-CR, paj 29.

• Ki sa k ka fè l pi difisil pou paran yo kominike ak pitit yo ki adolesan ?

Men kèk pwoblèm ki ka genyen : jèn nan ka timid, li ka bezwen endepandan e li ka vle gen vi prive l. Paran yo ka chèche kominike avèk li pandan moman yo ansanm nan aktivite y ap mennen chak jou e yo ka fè efò pou yo konprann nonsèlman sa jèn sa a di, men tou sa k kache dèyè pawòl li yo. — 1/8-F, paj 10-11.