Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova pran swen sèvitè l yo ki aje avèk tandrès

Jewova pran swen sèvitè l yo ki aje avèk tandrès

Jewova pran swen sèvitè l yo ki aje avèk tandrès

“ Bondye pa mechan pou l’ ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li. ” — EBRE 6:10.

1, 2. a) Ki sa k ka vin nan tèt ou lè w wè yon moun ki gen cheve blan ? b) Ki jan Jewova konsidere kretyen ki aje yo ?

LÈ W AP gade moun aje ki gen cheve blan yo nan kongregasyon an, èske w sonje sa yo rakonte nan liv Dànyèl la ? Nan yon vizyon Jewova te bay Dànyèl, Dànyèl te wè Jewova gen cheve blan. Men sa l te ekri : “ Mwen t’ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. ” — Dàn. 7:9.

2 Dabitid, lenn blan. Se sa k fè lè yo pale de cheve blan e lè yo di “ granmoun ki te la depi nan konmansman ” an, sa atire atansyon moun sou de pwen : Bondye te toujou egziste e li gen anpil sajès. De bagay sa yo fè l merite yon kokenn respè. Donk, ki jan Jewova, granmoun ki te la depi nan konmansman an, konsidere frè ak sè fidèl ki aje yo ? Pawòl Bondye a di : “ Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan. ” ​(Pwo. 16:31). Vrèman, si yon kretyen fidèl gen cheve blan, se yon siy ki montre li gen matirite, e sa bèl nan je Bondye. Èske w gen menm pwennvi ak Jewova sou frè ak sè ki aje yo ?

Rezon ki fè Jewova renmen yo konsa

3. Poukisa kwayan menm jan avèk nou yo ki aje gen anpil valè nan je nou ?

3 Pami sèvitè Bondye ki aje yo, nou jwenn manm Kolèj santral Temwen Jewova yo, siveyan itineran ak moun ki te siveyan itineran anvan, pyonye ki zele ak pwoklamatè Wayòm nan ki gen matirite, sètadi frè ak sè k ap sèvi fidèlman nan kongregasyon nou yo. Petèt ou ka konnen kèk nan yo ki te preche bon nouvèl la avèk zèl pandan plizyè dizèn ane ak lòt ki te bay bon egzanp ki ankouraje jèn yo e ki te gen yon bon enfliyans sou lavi yo. Gen kèk kwayan ki aje ki te gen gwo responsablite nan òganizasyon an e ki te andire pèsekisyon poutèt bon nouvèl la. Jewova ansanm ak “ esklav fidèl ki prevwayan an ” gen anpil apresyasyon pou yo pou fason yo te konn patisipe lontan nan travay Wayòm nan ak fason yo patisipe kounye a. — Mat. 24:45, NW.

4. Poukisa nou ta dwe respekte kretyen ki aje yo e poukisa nou ta dwe priye pou yo ?

4 Moun aje ki fidèl sa yo merite pou lòt sèvitè Jewova Dye yo demontre rekonesans ak respè pou yo. Anfèt, Bondye te sèvi ak Moyiz pou l bay Lalwa. Lwa sa a montre konsiderasyon ak respè nou dwe genyen pou moun ki aje yo mache ak lakrentif pou Jewova (Lev. 19:32). Nou ta dwe priye regilyèman pou moun fidèl sa yo e nou ta dwe remèsye Bondye pou travay yo fè akoz lanmou yo gen pou li. Apot Pòl te priye pou konpayon travay li yo, kit yo te jèn, kit yo te granmoun, e li te renmen yo. — Li 1 Tesalonisyen 1:2, 3.

5. Ki jan nou ka tire pwofi lè nou frekante adoratè Jewova ki aje yo ?

5 Anplis, tout moun nan kongregasyon an ka tire pwofi lè yo frekante kretyen ki aje yo. Adoratè fidèl Jewova ki aje yo ranmase yon konesans ki presye grasa etid, grasa sa yo obsève e grasa eksperyans yo fè. Yo aprann pou yo pasyan, pou yo mete yo nan plas lòt moun. Anplis, yo jwenn anpil kè kontan ak anpil satisfaksyon lè yo transmèt sa yo te aprann yo bay lòt jenerasyon ki vin apre a (Sòm 71:18). Nou menm ki jèn, se pou nou montre nou saj lè nou pwofite pran konesans nan men moun aje yo ki se yon sous konesans, kòmsi se te nan yon pi ki fon anpil nou t ap rale dlo. — Pwo. 20:5.

6. Ki jan nou ka montre moun ki aje yo yo gen valè nan je nou ?

6 Èske w fè moun aje yo konnen yo gen anpil valè nan je w menm jan yo gen anpil valè nan je Jewova ? Yon fason w ka fè sa, se lè w di yo jan w renmen yo poutèt fidelite yo e jan w bay opinyon yo anpil valè. Anplis, lè w aplike konsèy yo ba ou, ou montre respè w gen pou yo a se yon respè ki sensè. Anpil kretyen ki aje ka sonje konsèy ki saj yo menm yo te jwenn lè yo te pi jèn nan men kretyen aje ki fidèl e ki jan yo te jwenn byenfè pandan tout vi yo dèske yo te aplike konsèy sa yo *.

Montre konsiderasyon pou yo yon fason pratik

7. Kiyès prensipalman Jewova bay responsablite pou pran swen moun aje yo ?

7 Se fanmi moun ki aje yo prensipalman Bondye bay responsablite pou pran swen yo. (Li 1 Timote 5:4, 8.) Jewova kontan lè fanmi yo respekte obligasyon yo genyen anvè manm fanmi yo ki aje. Paske lè yo fè sa, yo montre yo apresye moun aje yo menm jan li apresye yo. Bondye soutni fanmi sa yo e li beni yo pou efò yo fè e pou tout sakrifis yo fè *.

8. Poukisa frè ak sè nan kongregasyon yo dwe demontre yo gen sousi pou kretyen ki aje yo ?

8 Menm jan an tou, Jewova kontan lè frè ak sè yo ede moun aje ki nan kongregasyon an ki fidèl, lè yo nan bezwen e yo pa gen fanmi ki kwayan oubyen yo pa gen fanmi ki vle pran swen yo (1 Tim. 5:3, 5, 9, 10). Konsa, frè ak sè yo montre yo ‘ gen senpati, afeksyon fratènèl e yo gen konpasyon ak tandrès ’ pou moun aje yo (1 Pyè 3:8, NW). Apot Pòl bay yon egzanp ki ka ede w konprann ki jan w dwe gen sousi pou moun aje ki fè pati kongregasyon an. Li te montre si yon sèl manm nan kò yon moun ap soufri, “ tout lòt yo ap soufri avè l’ tou ”. (1 Kor. 12:26.) Lè w fè yon seri aksyon pratik ki montre konpasyon w gen pou moun ki aje yo, se yon fason w demontre ou suiv prensip ki gen nan konsèy Pòl te bay lè l te di : “ Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo [“ fado yo ”, NW]. Se konsa n’a obeyi lalwa Kris la. ” — Gal. 6:2.

9. Ki fado ki ka sou do yon moun akoz laj ?

9 Ki fado moun ki aje yo dwe pote ? Gen anpil ki fatige rapid. Yo ka santi yon seri bagay ki senp twòp pou yo, tankou al kay doktè, al peye bòdro, fè menaj nan kay la oubyen fè manje. Piske tank y ap pran laj, se tank yo manje mwens e yo bwè mwens, sa fè yo gen tandans pa manje ase e yo pa bwè ase. Menm bagay la ka rive yo nan domèn espirityèl tou. Tank y ap pran laj, vizyon yo ap bese, yo ka vin tande di, e sa ka rann li difisil pou yo li oubyen pou yo koute nan reyinyon yo. Li ka fatigan menm pou yo prepare yo pou y al nan reyinyon. Donk, ki sa frè ak sè yo ka fè pou yo ?

Chèche fason pratik ou kapab ede yo

10. Ki sa ansyen yo ka fè pou yo asire yo moun aje yo jwenn yon èd pratik ?

10 Nan anpil kongregasyon, frè ak sè yo pran swen moun ki aje yo yon fason ki ka sèvi yon bon egzanp. Avèk amou, y al achte sa yo bezwen pou yo, yo fè manje pou yo e yo fè netwayaj lakay yo pou yo. Yo ede moun aje yo etidye, yo ede yo prepare yo pou y al nan reyinyon e pou yo toujou regilye nan ministè a. Temwen ki pi jèn yo akonpaye yo e yo sèvi ak machin yo pou yo mennen yo nan aktivite sa yo. Si moun aje yo pa ka deplase kite lakay yo, yo konn anrejistre reyinyon yo pou yo. Depi sa posib, ansyen yo veye pou yo pran dispozisyon ki pratik yon fason pou yo ka pran swen moun ki aje ki nan kongregasyon an *.

11. Rakonte ki jan yon fanmi te ede yon frè aje.

11 Chak kretyen kapab demontre ospitalite yo pèsonèlman tou e yo ka aji avèk jenewozite. Apre madanm yon kretyen aje te fin mouri, li pa t kapab peye lwaye kay la ankò akoz li pa t gen pansyon madanm li ankò. Anvan sa, li menm ak madanm li te etidye Labib avèk yon fanmi ki gen yon manman, yon papa ak de pitit fi. Fanmi sa a te gen yon gwo kay. Yo te ba li de pyès nan kay la pou l rete. Pandan 15 an, yo te manje ansanm avè l, yo te pase bon ti moman ansanm avè l e yo te demontre lanmou fratènèl youn pou lòt. Sa k pi jèn yo te tire anpil pwofi nan lafwa l e nan kokenn eksperyans li te genyen e moman sa yo yo te konn pase ansanm te pwofitab tou pou frè aje a. Frè sa a te abite ansanm avèk yo pou jis li mouri a 89 an. Jis jodi a, fanmi sa a kontinye remèsye Bondye pou tout benediksyon yo te jwenn lefètke yo te frekante l. Yo pa t “ pèdi rekonpans ” yo a paske yo te ede yon disip Jezi Kris, yon disip parèy yo. — Mat. 10:42 *.

12. Ki sa w ka fè pou w demontre konsiderasyon ak lanmou ou genyen pou frè ak sè ki aje yo ?

12 Petèt ou pa gen posiblite pou w ede yon frè oubyen yon sè aje menm jan ak fanmi sa a, men ou ka gen posiblite pou w ede moun aje yo al nan reyinyon oubyen nan predikasyon. Ou ka envite yo lakay ou e ou ka envite yo lè w ap soti pou w al pran yon ti detant. Ou ka pase wè yo, sitou lè yo malad oubyen lè yo pa ka soti deyò akoz sante yo. Anplis, yon bagay ou ka fè e ou dwe fè se toujou trete yo antanke adilt ki gen matirite. Ou dwe kite kretyen ki aje yo patisipe nan tout desizyon ki konsène yo toutotan yo gen kapasite mantal pou yo fè sa. Menm moun aje ki pèdi yon bon pati nan kapasite mantal yo ka santi lè moun respekte yo.

Jewova pap bliye sa w fè nan sèvis li a

13. Poukisa li enpòtan pou nou demontre konsiderasyon pou kretyen ki aje yo ?

13 Li enpòtan anpil pou nou demontre konsiderasyon pou santiman moun ki aje yo. Souvan yo konn tris anpil dèske yo pa ka fè sa yo te konn fè lè yo te jèn e yo te an sante. Pa egzanp, gen yon sè ki te sèvi Jewova pandan plis pase 50 an e ki te pyonye pèmanan ki te vin devlope yon maladi ki te afebli l e se avèk anpil difikilte li te rive asiste reyinyon yo. Li te pran kriye lè l te konpare fason l te konn patisipe nan ministè a ak sitiyasyon l e ak limit li genyen kounye a. Li te bese tèt li, epi etan l ap kriye, li te di : “ Mwen pa fè anyen ankò. ”

14. Ki ankourajman sèvitè Jewova ki aje yo ka jwenn nan Sòm yo ?

14 Si w se yon moun ki aje, èske w konn santi w konsa tou ? Oubyen èske pafwa ou santi Jewova abandone w ? Gen yon salmis ki sanble te gen menm santiman sa yo lè l te vin granmoun, paske, men ki priyè li te fè Jewova : “ Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m’ jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m’. Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m’. ” ​(Sòm 71:9, 18). Pa gen dout nan sa, Bondye pa t ap abandone salmis la, e Li pap abandone w tou. Nan yon lòt sòm, David te montre ki jan l gen konfyans Bondye t ap soutni l. (Li Sòm 68:19.) Ou mèt sèten, si w se yon kretyen aje ki fidèl, Jewova avèk ou e l ap kontinye soutni w jou apre jou.

15. Ki sa k ka ede moun ki aje yo pou yo pa panse yon fason ki negatif ?

15 Antanke Temwen Jewova k ap pran laj, ou bezwen sonje Bondye pap janm bliye tout sa w te fè e tout sa w kontinye ap fè pou w ba l glwa. Men sa Labib di : “ Bondye pa mechan pou l’ ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li. ” ​(Ebre 6:10). Se sa k fè ou bezwen veye pou w pa panse yon fason ki negatif, pou w panse piske w aje, ou pa itil Jewova anyen ankò. Se pou w fè efò pou w retire panse ki negatif e ki ka deprime w yo nan lespri w epi pou w ranplase yo ak panse ki pozitif. Se pou w kontan pou benediksyon w jwenn e pou espwa w genyen pou lavni ! Ou ka gen asirans alavni w ap ‘ jwenn sa w’ap tann lan ’, e sa w ap tann nan se pi bon bagay ki te ka genyen, e Kreyatè nou an ban nou garanti n ap jwenn li (Jer. 29:11, 12 ; Tra. 17:31 ; 1 Tim. 6:19). Reflechi sou esperans ou genyen an, fè efò pou w ret jèn nan kè w ak nan lespri w, epi pa janm minimize valè w genyen nan kongregasyon an * !

16. Poukisa yon frè aje te panse li ta dwe sispann sèvi kòm ansyen, men ki jan kolèj ansyen an te ankouraje l ?

16 Ann pran egzanp Johan. Li gen 80 an e li pase tout tan l ap pran swen Sannie, madanm li, ki fidèl, men ki paralize kounye a *. Gen plizyè sè ki konn vin rete avèk Sannie yon fason pou Johan ka al nan reyinyon e pou l ka al nan predikasyon. Sè sa yo fè sa pa relèv. Sa pa fè twò lontan, nan yon moman kote Johan te prèske santi l pa kapab ankò, li te kòmanse santi li pa ta dwe ansyen ankò nan kongregasyon an. Ak dlo nan je l, li te di : “ Bon, poukisa m ansyen menm ? Mwen pa fè anyen ki itil kongregasyon ankò. ” Lòt ansyen yo te ba l asirans eksperyans li ak bon jijman l gen anpil valè pou yo. Yo te ankouraje l pou l kontinye sèvi kòm ansyen, menmsi patisipasyon l limite. Sa te ankouraje Johan anpil. Jis kounye a Johan ap sèvi kòm ansyen e se yon vrè benediksyon pou kongregasyon an.

Jewova gen sousi pou nou toutbonvre

17. Ki asirans Labib bay kretyen ki aje yo ?

17 Ekriti yo montre nou byen klè moun ki aje yo ka kontinye pote fwi nan sèvis Jewova malgre pwoblèm laj la pote. Yon salmis te fè konnen moun “ yo plante nan kay Seyè a [...] te mèt granmoun, y’ap donnen, y’ap toujou vèt, y’ap toujou gen fòs ”. (Sòm 92:13, 14.) Apot Pòl, sanble ki te gen yon pwoblèm sante te di ‘ li pa janm dekouraje. Menmsi kò l’ ap bese chak jou, lespri l’ ap vin pi fèm chak jou tou ’. — Li 2 Korentyen 4:16-18.

18. Poukisa kwayan ki aje yo ansanm ak konpayon kretyen k ap pran swen yo bezwen èd lòt moun ?

18 Gen anpil egzanp nan epòk nou an ki montre moun ki aje yo ka kontinye “ donnen ”, sètadi yo ka kontinye pote fwi. Men, difikilte yo jwenn akoz maladi ak vyeyès kapab fè yo pè. Sa ka difisil menm pou moun ki gen fanmi yo k ap ede yo fidèlman. Moun k ap pran swen moun aje yo tou kapab fatige. Frè ak sè nan kongregasyon an gen privilèj e yo gen responsablite pou yo demontre lanmou yo nan fason yo aji ak moun ki aje yo e pou yo pran swen yo (Gal. 6:10). Lè nou aji konsa, n ap ede yo yon fason ki pratik olye nou annik di yo ‘ chofe kò nou, manje plen vant nou ’, e nou pa fè anyen pou yo. — Jak 2:15-17.

19. Poukisa kretyen aje ki fidèl yo ka gen konfyans anrapò ak avni yo ?

19 Akoz laj, yon kretyen oblije fè kèk chanjman nan aktivite l, men, tan k ap pase a pa diminye lanmou Jewova genyen pou sèvitè l yo ki aje e ki fidèl. Okontrè, tout kretyen fidèl sa yo gen anpil valè nan je l e li pap janm lage yo (Sòm 37:28 ; Iza. 46:4). Jewova ap pran swen yo e l ap gide yo pandan tout vyeyès yo. — Sòm 48:14.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Gade atik “ Moun aje yo se yon benediksyon pou jèn yo ” ki nan Toudegad 1ye jen 2007.

^ § 7 Gade Réveillez-vous ! 8 fevriye 1994, paj 3-10.

^ § 10 Nan kèk peyi, sa ka vle di tou ede moun ki aje yo jwenn èd gouvènman an bay. Gade atik “ Dieu se soucie des personnes âgées ” ki nan Toudegad 1ye jen 2006 (fransè).

^ § 11 Gade atik “ Jéhovah se soucie toujours de nous ” ki nan Toudegad 1ye septanm 2003 (fransè).

^ § 15 Gade atik “ La splendeur des cheveux gris ” ki nan Toudegad 15 mas 1993 (fransè).

^ § 16 Yo chanje non yo.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa kretyen aje ki fidèl yo gen anpil valè nan je w ?

• Ki jan nou ka demontre nou gen konsiderasyon ak lanmou pou adoratè Jewova parèy nou ki aje ?

• Ki sa k ka ede sèvitè Jewova ki aje yo pou yo panse yon fason pozitif ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Frè ak sè nan kongregasyon an gen anpil konsiderasyon pou moun ki aje yo.