Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann imite Jezi annou adore Bondye yon fason ki fè l plezi

Ann imite Jezi annou adore Bondye yon fason ki fè l plezi

Ann imite Jezi annou adore Bondye yon fason ki fè l plezi

Se avèk amou Bondye mande moun ki soti nan tout “ nasyon, tout kalite ras, pèp tout peyi ak tout lang ” pou yo vin adore l (Rev. 7:9, 10 ; 15:3, 4). Moun ki aksepte envitasyon sa a gen posiblite “ kontanple cham Jewova ”. (Sòm 27:4, NW ; 90:17.) Menm jan ak salmis la, yo leve vwa yo pou yo bay Bondye louwanj, yo di : “ Ann bese tèt nou devan li, ann adore li ! Ann tonbe ajenou devan Seyè [“ Jewova ”, NW] ki kreye nou an ! ” — Sòm 95:6.

Yon adorasyon Jewova te bay anpil valè

Jezi, sèl Pitit Bondye fè a, te gen kont tan l pou l konnen panse Papa l ak prensip li yo. Se sa k fè, avèk asirans, li te kapab montre lòt moun vrè fason pou yo adore Bondye a. Li te di : “ Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. ”— Jan 1:14 ; 14:6.

Jezi te soumèt avèk imilite devan Papa l, konsa li kite yon egzanp pafè pou nou. Men sa l te di : “ Mwen pa fè anyen poukont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m mwen di. ” Apre sa, li di : “ Mwen toujou fè sak fè l plezi. ” ​(Jan 8:28, 29). Ki jan Jezi te fè Papa l plezi ?

Yon bagay pou n remake, sèke Jezi te gen yon atachman total pou Papa l, e se sitou sa yon moun bezwen pou l adore Bondye. Jezi te demontre yon atachman pèsonèl pou Papa l, li te obeyi l e li te fè volonte l menm lè sa te mande gwo sakrifis (Fil. 2:7, 8). Youn nan aspè enpòtan nan fason Jezi te adore Bondye, se fason l te konsakre tèt li nèt nan travay fè disip la. Se sa k fè ni moun ki kwayan ni moun ki enkwayan te konn rele l Anseyan (Mat. 22:23, 24 ; Jan 3:2). Anplis de sa, Jezi te konn itilize tan l genyen pou l ede lòt moun. Lespri sakrifis li te genyen te fè l prèske pa t gen tan pou tèt pa l, sepandan, li te kontan sèvi lòt moun (Mat. 14:13, 14 ; 20:28). Malgre Jezi pa t moun ki te gen tan, li te toujou rezève tan pou l pale ak Papa l ki nan syèl la nan lapriyè (Lik 6:12). Nou pa bezwen di ki jan adorasyon Jezi t ap bay Bondye a te gen anpil valè pou Li !

Li te toujou lite pou l fè Bondye plezi

Jewova t ap suiv konduit Pitit li a avèk atansyon e li te fè konnen li apwouve konduit li (Mat. 17:5). Sepandan, Satan Ledyab tou t ap suiv Jezi e li te wè jan l te fidèl. Jezi te vin prensipal moun li te vize pou l fè l dezobeyi Bondye. Poukisa ? Paske potko gen okenn moun sou tè a ki te obeyi Bondye san fay, alòske Bondye vle pou moun adore l konsa e li merite sa. Dyab la te vle bloke Jezi, li te vle fè l sispann bay Jewova adorasyon Li merite a. — Rev. 4:11.

Nan efò Satan t ap fè pou l fè Jezi fè konpwomi, li te fè l yon òf pou l tante l. Li te mennen Jezi “ sou yon mòn men wotè, e li te montre l tout wayòm monn nan ak glwa yo genyen ” epi li di l : “ Tout bagay sa yo, m ap ba ou yo si w tonbe devan m epi ou fè yon jès adorasyon pou mwen. ” Ki jan Jezi te reyaji ? Li te di l : “ Al fè wout ou, Satan, paske sa ekri : ‘ Se Jewova Dye w la ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre. ’ ” ​(Mat. 4:8-10, NW). Wi, kèlkeswa avantaj sa sanble te ka gen ladan l, Jezi te konnen si l ta pwostène devan Satan, se idolatri li t ap fè. Li te refize fè menm yon jès adorasyon devan kèlkeswa moun nan, sof Jewova.

Nan ka pa nou, Satan kapab pa ofri nou tout wayòm ki gen nan monn nan ak tout glwa yo genyen pou nou adore l. Men, li toujou ap bat pou l anpeche kretyen sensè yo adore Bondye. Dyab la vle pou nou adore yon lòt moun oswa yon lòt bagay. — 2 Kor. 4:4.

Kris Jezi te rete fidèl, menm anfas lanmò. Lefètke li te kenbe entegrite l devan Jewova, li te glorifye l yon fason okenn lòt moun sou tè a pa t janm rive fè sa. Jodi a, antanke vrè kretyen, nou fè efò pou nou imite fidelite Jezi te manifeste nan lavi l, lè nou mete adorasyon n ap bay Kreyatè a pi wo pase tout lòt bagay. Vrèmanvre, sa ki gen plis valè pou nou se bon relasyon nou genyen avèk Bondye.

Benediksyon moun jwenn lè yo adore Bondye yon fason ki fè l plezi

Lè moun soutni “ adorasyon ki pwòp e ki san tach ” nan je Bondye a, li ba yo anpil benediksyon (Jak 1:27, NW). Nan epòk n ap viv la, de jou an jou gen pi plis moun ki ‘ renmen pwòp tèt yo, ki renmen lajan, ki awogan ’ e ki “ san lanmou pou sa ki byen ”. (2 Tim. 3:1-5, NW.) Sepandan, anndan mezon Bondye a, nou gen privilèj frekante moun ki pwòp nan domèn espirityèl e k ap fè efò pou yo respekte prensip Bondye fikse pou moun k ap adore l yo. Èske sa pa ankouraje nou ?

Lè nou pa kite monn sa a kòwonp nou, yon lòt benediksyon nou jwenn se yon konsyans ki pwòp. Kidonk, annou kenbe yon konsyans ki pwòp, lè nou respekte prensip dwat Bondye yo e lè nou respekte lwa Seza bay ki pa an kontradiksyon ak lwa Bondye yo. — Mak 12:17 ; Tra. 5:27-29.

Lè nou adore Bondye ak tout nanm nou, sa pote lòt kalite benediksyon. Lè nou detèmine pou nou fè volonte Bondye olye pou nou fè volonte pa nou, lavi nou vin gen yon sans e nou jwenn satisfaksyon. Nou gen esperans pou nou jwenn lavi etènèl nan paradi a sou tè a, yon esperans nou ka fè konfyans. Se sa k fè nou pa moun k ap di “ ann manje ann bwè, paske demen n ap mouri ”. — 1 Kor. 15:32.

Liv Revelasyon an atire atansyon nou sou yon tan kote moun ki kontinye gen yon bèl konduit devan Jewova yo pral chape “ nan gwo tribilasyon an ”. Men sa yo di nan menm liv sa a : “ Sila a ki chita sou twòn nan pral ouvè tant li sou yo. ” ​(Rev. 7:13-15, NW). Sila a ki chita sou twòn nan, se pa lòt moun, se Jewova Dye, Pèsonaj ki gen plis glwa nan linivè a. Eseye imajine ki jwa ki pral genyen lè Jewova pral akeyi w kòm envite anba tant li, epi li ba w tout pwoteksyon ou bezwen pou anyen mal pa rive w. Nan yon sèten sans, depi kounye a Jewova kapab pwoteje w e li kapab pran swen w.

Anplis de sa, tout moun ki bay Bondye yon adorasyon ki fè l plezi, y ap mennen yo “ bò sous dlo ki bay lavi a ”. Sous dlo sa yo ki rafrechisan reprezante tout dispozisyon Jewova pran pou moun sa yo jwenn lavi etènèl. Grasa ranson Kris peye a, yo sèten ‘ Bondye menm va siye dlo nan je yo ’. (Rev. 7:17.) Limanite pral atenn lapèfeksyon, sa pral bay moun sa yo ki gen posiblite pou yo viv sou tè a pou toutan yon jwa ki estrawòdinè. Menm depi kounye a, adoratè Jewova yo ap rele pou yo eksprime rekonesans yo pou Jewova tèlman yo gen lajwa nan kè yo. Anplis de sa, y ap adore l ansanm ak sila yo ki nan syèl la k ap chante : “ Travay ou yo gran, e yo estrawòdinè, Jewova Dye, Toupisan an. Chemen w yo jis e yo vrè, Wa letènite. Kiyès ki pap gen lakrentif pou ou vrèman, Jewova, e kiyès ki pap glorifye non w, paske se ou sèl ki fidèl ? Paske tout nasyon ap vini e y ap adore devan fas ou, paske dekrè jis ou yo parèt aklè. ” — Rev. 15:3, 4, NW.

[Foto nan paj 27]

Ki sa Satan ofri nou pou nou adore l ?